2010–2019
Verite esansyèl---nesesite pou nou aji
Oktòb 2017


Verite esansyèl---nesesite pou nou aji

Premye Vizyon an ak Pwofèt Joseph Smith te pote konesans ak verite ki esansyèl pou bonè nou nan lavi sa a ak pou egzaltasyon nou.

Lè m te gen setan, m te mande manman m: “Lè oumenm avèk mwen mouri epi nou al nan syèl la, èske w ap toujou manman m ?’’ Li pa t ap atann yon kesyon konsa. Men li te reponn selon sa l te konnen epi l te di: “Non, nan syèl la se frè ak sè nou pral ye. Mwen p ap manman w ankò.’’ Se pa t repons sa a m t ap tann.

Yon ti tan aprè ti diskisyon sa a, de jenòm te prezante nan pòt lakay nou. Mirakilezman, papa m te kite yo antre. Yo te di yo sete misyonè Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Èldè sa yo, jan nou te aprann rele yo, te kòmanse anseye fanmi nou. Mwen sonje trè byen santiman kè kontan ak lajwa nou chak fwa yo te konn vini lakay nou. Yo te di nou ke yon jèn gason te ale nan yon boskè epi l te mande Bondye ki legliz ki te vrè epi li te wè Bondye ak Jezikri.1 Èldè yo te montre nou yon foto vizyon sa a, epi lè m te wè li, mwen te konnen Joseph Smith te efektivman wè Bondye avèk Jezikri. Misyonè yo te di gras ak vizyon sa a, vrè Legliz Jezikri a te sou tè a ankò.2

Imaj
Premye Vizyon an

Misyonè yo te ansenye nou plan Bonè Bondye a tou epi yo te reponn kesyon fanmi m te genyen sou relijyon yo. Yo te ansenye nou ke fanmi yo kapab ansanm aprè lavi sa a antanke papa, manman, pitit gason ak pitit fi.

Fanmi nou te batize. Nou te pase anba kèk moman difisil nan pwosesis pou nou te chanje ansyen abitid yo, abandone tradisyon nou yo epi vin manm aktif nan Legliz la. Men gras ak mizèrikòd ak lanmou Bondye epi avèk èd anpil dirijan ak manm, nou te reyisi travèse premye ane difisil sa yo.

Dè milyon moun ki deja antre Legliz la, osibyen ke sila yo k ap konvèti epi batize chak semèn yo, jwenn yon temwanyaj sou Premye Vizyon an. Sentespri a kapab repete temwayaj sa a bay nou chak souvan, pandan n ap fè efò pou n viv senp verite levanjil Jezikri yo.

Premye Vizyon an ak Pwofèt Joseph Smith te pote konesans ak verite adisyonèl ki esansyèl pou bonè nou nan lavi sa a ak egzaltasyon nou nan prezans Bondye. Mwen pral mansyone twa nan verite sa yo ke nou jwenn paske yon jèn gason te mete l ajenou nan priyè sensè; epi nou bezwen mete yo an pratik.

Bondye aple pwofèt pou dirije nou ak gide nou

Youn nan verite esansyèl nou aprann nan Pemye Vizyon an ak Pwofèt Joseph Smith sèke Bondye aple pwofèt,3 vwayan, ak revelatè pou enstwi nou, pou gide nou, pou avèti nou, ak pou dirije nou.4 Moun sa yo se pòtpawòl Bondye sou tè a,5 avèk otorite pou yo pale aka ji nan non Senyè a.6 Si nou byen suiv konsèy yo, n ap pwoteje epi n ap resevwa bonjan benediksyon nan vwayaj nou sou tè sa a.

Pandan m t ap etidye nan Inivèsite Brigham Youn antanke yon jèn ki te fèk retounen sot nan misyon e ki te selibatè, mwen t al asiste yon sesyon prètriz konferans jeneral nan Tabènak la nan Temple Square. Prezidan Ezra Taft Benson, ki te prezidan Legliz la lè sa a, te egzòte tout ansyen misyonè pou yo te panse seryezman avèk maryaj epi pou yo te fè l vin premye priyorite nan lavi yo.7 Aprè sesyon an, m te konnen sete yon apèl pou mwen pou m te repanti epi m te bezwen suiv konsèy pwofèt la.

Konsa, m te deside al nan peyi natal mwen, Brezil, pou m te jwenn yon madanm. Anvan m te deplase ale Brezil pou yon peryòd de mwa pou m t al fè yon staj, m te rele manman m ak kèk zanmi nan telefòn epi nou te prepare yon lis dis jènfi apeprè---yo chak kòm yon fiti madanm potansyèl.

Lè m te rive Brezil, aprè anpil refleksyon ak lapriyè, m te rankontre youn nan jènfi yo ki te sou lis la, m te sòti avèk li, nou te fiyanse, epi nou te fikse yon dat pou n te marye. Nou pa t bat rekò rapidite etidyan Provo, Utah yo men, selon prensip Brezilyen yo, sa te rapid pou n te sòti ansanm epi fiyanse vit konsa.

Kèk mwa apre, m te marye avèk Elaine. Li se amou lavi mwen ak yon gwo benediksyon.

Mwen p ap sijere ke yon moun dwe fè yon lis menmjan an, men m ap sijere---petèt plis pase sijere---pou nou toujou aji lòske pwofèt vivan nou yo pale.

Imaj
Foto Prezidan Thomas S. Monson

Pwofèt Bondye jodia se Prezidan Thomas  S. Monson, epi n ap beni si nou suiv konsèy li avèk egzaktitid.

Konesans sou vrè nati Bondye

Yon lòt verite nou aprann gras ak Premye Vizyon an ak pwofèt Joseph Smith se vrè nati Bondye. Jis imajine kòman nou beni pou nou konnen ke Bondye se yon èt ki posede yon kò lachè avèk zo menmjan ak pa nou an,8 ke nou kapab adore yon Bondye ki reyèl, ke nou kapab konprann, ki te parèt epi revele tèt limenm ak Pitit Gason l lan bay pwofèt yo--- pwofèt ansyen yo osibyen ke pwofèt dènye jou yo.9 Li se yon Bondye ki tande epi reponn priyè nou;10 yon Bondye k ap veye sou nou anwo nan syèl la11 epi ki toujou sousye pou byennèt esprirityèl ak tanporèl nou; yon Bondye ki ba nou libabit pou n ka deside pou tèt pa nou pou n suiv Li ak obeyi kòmandman l yo san fòse;12 yon Bondye ki ba nou benediksyon e ki pèmèt nou travèse eprèv pou nou kapab pwogrese e vin menmjan avèk li.

Li se yon Bondye eman ki te prepare yon plan pou nou kapab jwenn bonè nan lavi sa a ak nan letènite.

Jezikri se Sovè nou

Gras ak Premyè Vizyon an avèk Pwofèt Joseph Smith, nou resevwa konesans sou reyalite ak karaktè sakre misyon Senyè a, Jezikri, ki se fondman relijyon nou an.

Paske lanmò te entwodwi nan mond lan, osi siman ke n ap viv kounyeya, n ap mouri yon jou. Yonn nan efè lanmò, se t ap pèdi kò fizik nou an pou tout tan; nou pa t ap kapab fè anyen pou reklame li. Epitou, paske nou tout peche pandan vwayaj nou isit sou tè a, nou pa t ap janm kapab retounen nan prezans Papa nou ki nan Syèl la.

Èske w ka imajine konsekans ki genyen nan prive de prezans Bondye e pa janm gen yon kò ankò?

Yon Sovè ak Redanmtè te nesesè pou te libere nou anba lanmò ak peche. Sou direksyon Papa nou ki nan Syèl la, Jezikri te vin sou tè a, li te soufri, li te mouri sou kwa a, epi l te resisite pou nou kapab resisite tou epi, ak sensè repantans ak fè ak kenbe alyans sakre, nou kapab yon lòt fwa ankò retounen nan prezans Bondye.

Jakòb te eksplike: “O, bonte Bondye nou an gran anpil, li prepare yon fason pou nou chape anba priz mons terib sa a; wi, mons sa a, lanmò ak lanfè m rele lanmò kò a ak lanmò lespri a.”13

Imaj
Jezi ak Mari nan tonb lan

Jezi se Mesi yo te pwomèt la, lejislatè a, Sèl Sen Izrayèl la, Senyè nou, Sovè nou, Redanmtè nou, Wa nou, Tout bagay pou nou.

Se pou nou tout kontinye suiv verite ak konesans esansyèl sa yo, pou nou ofri obeyisans nou bay Bondye avèk Pitit Gason Byenneme l la. Nan non Jezikri, amèn.