2010–2019
Senyè a ap dirije Legliz li a
Oktòb 2017


Senyè a ap dirije Legliz li a

Senyè a ap dirije Legliz li a e sa mande moun k ap sèvi l yo sou tè a pou yo gen yon lafwa fèm e konstan.

Chè frè m yo ki detni prètriz Bondye a, aswè a m ta renmen pale avèk nou sou fason mèveye Senyè a ap dirije wayòm ni an sou tè a. Nou deja konn prensip fondamantal yo. Mwen priye pou Sentespri a konfime yo pou nou.

Premyèman, Jezikri se tèt Legliz la sou tout tè a.

Dezyèmman, Li dirije Legliz la jodia kote l pale avèk gason ki aple kòm pwofèt, epi li fè sa pa mwayen revelasyon.

Twazyèmman, li te konn bay pwofèt li yo revelasyon nan tan lontan an, li toujou fè sa, e l ap kontinye fè sa.

Katriyèmman, li bay moun k ap sèvi sou direksyon pwofèt li yo konfimasyon revelasyon yo.

Dapre prensip fondamantal sa yo, nou rekonèt ke Senyè a ap dirije Legliz li a e san mande pou moun k ap sèvi l yo sou tè a gen yon lafwa fèm e konstan.

Paregzanp, sa mande lafwa pou n kwè ke Senyè resisite a ap veye sou detay chak jou yo nan wayòm ni an. Sa mande lafwa pou nou kwè ke l aple moun enpafè nan pòs konfyans. Sa mande lafwa pou n kwè ke l konn moun li rele yo pafètman, li konn kapasite yo ak potansyèl yo, epi konsa, li pa fè erè nan apèl li yo.

Sa ka fè kèk moun nan asanble sa a souri oubyen souke tèt yo---ni sa ki panse ke apèl pa yo pou sèvi a gen dwa se yon erè, ni sa k panse ke gen kèk moun yo konnen ki pa ta dwe nan apèl yo ba yo a nan wayòm Senyè a. Konsèy mwen pou toulède gwoup sa yo se kenbe jijman nou jiskaske nou ka pi byen wè sa Senyè a wè. Jijman nou bezwen pote pito, sè ke nou gen kapasite pou n resevwa revelasyon epi suiv yo san krent.

Sa mande lafwa pou n fè sa. Sa mande menm yon pi gwo lafwa toujou pou n kwè ke Senyè a aple sèvitè imen enpafè pou dirije nou. Objektif mwen aswè a se pou fòtifye lafwa nou pou n konnen Bondye ap dirije nou nan sèvis n ap fè pou li yo. E pi enpòtan toujou, espwa m se fòtifye lafwa nou pou n konnen Senyè a enspire moun enpafè yo li aple kòm dirijan nou yo.

Ou gen dwa panse toudabò ke kalite lafwa sa a pa enpòtan pou reyisit Legliz ak wayòm Senyè a. Men, —kèlkeswa kote w sitiye nan chenn sèvis prètiz la, soti nan pwofèt Senyè a rive nan nouvo detantè Prètriz Aawon an—ou kapab dekouvri ke lafwa sa a esansyèl.

Ann kòmanse avèk kisa lafwa vledi pou yon prezidan kowòm enstriktè oswa dyak. Sa enpòtan pou l gen lafwa ke Senyè a aple li pèsonèlman, konesan feblès li ak fòs li. Li dwe gan lafwa ke moun ki prezante l apèl la te resevwa revelasyon nan men Lespri Bondye a. Konseye l yo ak manm kowòm ni yo bezwen menm lafwa a tou pou yo ka suiv li avèk konfyans.

M te wè yon konfyans sa a lè yon tigason te chita avèk prezidans kowòm dyak li yon Dimanch maten. Li sete nouvo sekretè yo te fèk aple a. Jèn prezidans sa a te chita an konsèy. Yo te pale sou plizyè fason yo te ka akonpli demann evèk la pou yo te fè yon tigason inaktif retounen legliz la. Apre yo te fin priye ak diskite sou sa, yo te chwazi sekretè a pou l t al kay yon tigason ki pa t janm vin nan yon reyinyon an pou l t al envite li.

Sekretè a pa t konn tigason an, men l te konnen ke youn nan paran tigason sa a te inaktif epi lòt la pa t manm e li pa t twò senpatik. Li te santi l enkyè men li pa t pè. Li te konnen pwofèt Bondye a te mande detantè prètriz yo pou yo te mennen brebi egare yo retounen. Epi li te tande priyè prezidans li a. Li te tande yo tout dakò sou non tigason sa a ak sou non pa li.

M ta p gade lè sekretè a te mache desann lari a pou l t al kay tigason inaktif la. Li te mache lantman kòmsi li ta pral devan yon gwo danje. Men, nan lespas yon demi èdtan li te retounen nan lari a avèk tigason an, ap souri. Mwen pa panse l te konn sa lè sa a, men li te ale ak lafwa ke sete travay  Senyè a li t ap fè. Lafwa sa a te rete avèk li e l te vin grandi atravè ane yo lè l te yon misyonè, yon papa, yon dirijan jènjan, ak yon evèk.

Ann pale de kisa kalite lafwa sa a vledi pou yon evèk. Yon evèk aple pafwa pou l sèvi moun ki konnen l byen. Manm pawas yo konsyan de feblès imèn ni ak fòs spirityèl li, epi yo konnen gen lòt moun nan pawas la yo ta ka aple—lòt moun ki sanble yo pi byen fòme, ki gen plis eksperyans, ki pi plezan, ou menm pi bèl gason.

Manm sa yo dwe konnen apèl pou l sèvi kòm evèk la soti nan Senyè a, pa revelasyon. San lafwa yo, evèk la Bondye aple a ap twouve l difisil pou l jwenn revelasyon l bezwen pou ede yo a. Li pap reyisi san lafwa manm yo pou soutni li.

Erezman, kontrè a vrè tou. Panse a Wa Benjamen, sèvitè Senyè a, ki te dirije pèp la mennen nan repantans lan. Kè moun yo te adousi pa lafwa yo te genyen ke sete Bondye ki te aple li, malgre feblès imèn ni, epi pawòl li yo te soti nan Bondye. Nou sonje sa pèp sa a te di: “Wi, nou kwè tout pawòl ou te pale nou yo; … nou konnen reyèlman yo se verite, akoz Lespri Senyè Toupisan an, ki te opere yon gwo chanjman nan nou, oubyen nan kè nou, ki fè nou pa gen okenn dispozisyon pou nou fè mal ankò, men okontrè pou nou kontinye fè byen nètalkole” (Mozya 5:2).

Pou yon dirijan gen siksè nan travay Senyè a, konfyans moun Bondye aple l pou l dirije yo dwe pi fò pase pèsepsyon yo sou enfimite li ak feblès li. Nou sonje kijan Wa Benjamen te eksplike wòl li kòm dirijan:

“M pa t kòmande nou pou nou monte isit la, pou nou kapab pè m, oubyen pou nou panse pou tèt pa m, m plis pase yon nonm mòtèl.

“Men, m menm jan avèk nou, m soumèt anba tout enfimite kò ak panse a; malgre sa, pèp sa a te chwazi m, papa m te konsakre m, e men Senyè a te kite m sèvi kòm yon dirijan ak yon wa pou pèp sa a; e pouvwa san parèy li te pwoteje m, prezève m, pou m kapab sèvi nou avèk tout pouvwa, panse ak fòs Senyè a te ban mwen” (Mozya 2:10–11).

Dirijan w lan nan Legliz Senyè a gen dwa parèt fèb ak imen oubyen l gen dwa parèt solid ak enspire pou ou. Bagay la sèke chak dirijan se yon melanj trè sa yo ak plis toujou. Sa k ede sèvitè Senyè a ki aple pou dirije nou yo, se lè nou ka wè yo jan Senyè a te wè yo l te aple yo a.

Senyè a wè sèvitè l yo pafètman. Li wè potansyèl yo ak fiti yo. Epi, li konn kijan nati yo kapab chanje. Li konn kijan yo ka chanje pa eksperyans y ap fè avèk moun yo pral dirije yo tou.

Petèt ou te te gen okazyon kote ou te santi w fòtifye pa moun ou te aple pou sèvi yo. Yon fwa, yo te aple m kòm evèk yon pawas jèn adilt sèl. M pa konnen si bi Senyè a sete plis pou chanjman m ta ka ede l fè nan yo oubyen chanjman li te konnen yo t ap pote nan mwenmenm.

Nan yon degre m pa ka konprann, pifò nan jèn sa yo nan pawas sa a te aji kòmsi Bondye te aple m espesyalman pou yo. Yo te wè feblès mwen men yo pa t okipe sa.

M sonje yon jenòm ki te mande m konsèy apwopo chwa etid li. Li te fèk antre nan yon trè bon inivèsite. Yon semèn apre m te fin ba l konsèy la , li te mande pou l te rankontre mwen.

Lè l te rive nan biwo a, li te siprann mwen lè l te mande: “Evèk, èske nou ka priye anvan n pale? E èske nou ka met ajenou? Epi èske m mèt priye?”

Sa l te mande yo te etone mwen. Men priyè l la te etone m plis toujou. Li te di yon bagay konsa: “Pè Selès, Ou konnen Evèk Eyring te ban m konsèy semèn pase a, e sa pa t mache. Tanpri, enspire l pou l ka konnen kisa pou m fè kounyeya.”

Sa gen dwa fè nou souri kounyeya, men m pa t souri. Li te deja konn sa Senyè a te vle pou l fè. Men li te onore ofis yon evèk nan Legliz Senyè a e petèt li te vle pou m te gen chans akeri yon pi gwo konfyans pou m resevwa revelasyon nan apèl sa a.

Sa te mache. Osito ke nou te leve epi nou te chita, m te resevwa revelasyon an. M te di l sa m te santi Senyè a ta renmen l fè. Li te gen 18 tan lè sa a, men li te gen anpil matirite spirityèl.

Li te deja konnen li pa t bezwen al konsilte yon evèk pou yon pwoblèm konsa. Men li te aprann pou l soutni sèvitè Senyè a menm nan feblès imèn ni. Li te finalman vin yon prezidan pieu. Li te kenbe leson nou te aprann ansanm nan: si w gen lafwa ke Senyè a ap dirije Legliz li a atravè revelasyon li bay sèvitè enpafè li aple yo, Senyè a ap louvri fenèt syèl yo pou yo, jan L ap fè pou ou tou.

Apati eksperyans sa a, m te aprann leson ke lafwa moun n ap sèvi yo pote revelasyon pou nou nan sèvis Senyè a, pafwa plis pase pwòp lafwa pa nou.

Te gen yon lòt leson m te aprann. Si tigason sa a te jije m paske m pa t ba l bon konsèy premye fwa a, li pa t ap janm vin mande ankò. Epi konsa, paske l te chwazi pou l pa t jije mwen, li te resevwa konfimasyon l te bezwen an.

Men yon lòt leson nan eksperyans sa a ki te sèvi m byen. Pou sa m konnen, li pa janm di yon moun nan pawas la ke m pa t ba l bon konsèy premye fwa a. Si l te fè sa, sa ta ka diminye lafwa lòt moun yo nan pawas la nan konfyans yo nan enspirasyon evèk la.

M eseye pa jije sèvitè Senyè yo ni pale sou feblès aparan yo. Epi m eseye anseye pitit mwen yo sa pa legzanp. Prezidan James E. Faust te pataje yon kredo m ap eseye fè vin pa mwen. Mwen rekòmande nou li:

“Nou … bezwen soutni ak sipòte dirijan lokal nou yo paske yo … “aple e chwazi”. Chak manm Legliz sa a kapab resevwa konsèy nan men yon evèk oswa yon prezidan branch, yon prezidan pieu oswa yon prezidan misyon, ak nan men Prezidan Leglzi la ak asosye l yo. Okenn nan frè sa yo pa t mande apèl la. Okenn nan yo pa pafè. Men se sèvitè Senyè a yo ye, ke l aple palentèmedyè moun ki gen dwa a enspirasyon. Moun ki aple, ke yo soutni, ak mete apa yo gen dwa a soutyen nou.

“Mank respè pou dirijan eklezyastik yo ka lakoz anpil moun soufri afeblisman spirityèl e menm chite. Nou dwe gade odela sa kèk moun konsidere kòm enpèfeksyon, oswa tach moun yo aple pou prezide sou nou yo, e soutni ofis yo detni an. ” (“Called and Chosen,” Liahona, Nov. 2005, 54–55).

Konsèy sa a beni sèvitè Bondye nan tout kondisyon

Nan premye jou Legliz Senyè a, dirijan ki te toupre Pwofèt Joseph Smith yo te kòmanse pale de fot li. Malgre tout sa yo te wè e konnen sou pozisyon li devan Senyè a, espri kritik yo ak jalouzi yo te simaye tankou yon fleo. Youn nan Douz yo te montre nou tout prensip lafwa ak lwayote nou dwe imite si pou nou sèvi nan wayòm Senyè a.

Men rapò l bay: “Plizyè ansyen te konvoke yon reyinyon nan tanp lan pou tout moun ki te konsidere ke Joseph Smith sete yon Pwofèt dechi. Yo te gen entansyon pou rele David Whitmer kòm nouvo dirijan Legliz la. … Apre l te fin koute agiman yo kont pwofèt la, Brigham Young te leve epi l te temwaye: ‘Joseph sete pwofèt, e m te konnen sa, e yo gen dwa denonse li ak kalomnye li jan yo te vle, yo pa t ap ka detwi apèl pwofèt Bondye a, yo te ka detwi sèlman pwòp otorite pa yo, koupe fil ki tache yo avèk Pwofèt Bondye a, epi plonje tèt yo nan lanfè hell’” (Manyèl etidyan Istwa Legliz la nan plenitid tan yo [Manyèl Sistèm Edikatif Legliz la, 2003], 2nd ed., 174; gade tou Teachings of Presidents of the Church: Brigham Young [1997], 79).

Gen yon fil ki mare nou avèk Senyè a nan sèvis nou. Li soti de kèlkeswa kote yo aple nou pou nou sèvi nan wayòm nan, pase pa moun yo aple pou dirije nou yo nan prètriz la, rive nan pwofèt la, ki liye avèk Senyè a. Sa mande lafwa ak imilite pou n sèvi kote yo aple nou an, pou n gen konfyans ke se Senyè a ki aple noumenm ak moun k ap dirije nou yo, epi pou nou soutni yo ak tout lafwa nou.

Ap gen moman, jan sa te ye nan epòk Kirtland nan, kote n ap bezwen lafwa ak entegrite yon Brigham Young pou n sèvi nan plas Senyè a aple nou an, lwayal anvè pwofèt li ak dirijan l mete anplas yo.

Mwen rann temwayaj solanèl e plen lajwa mwen ke Senyè a, Jezikri, alatèt legliz la. Li dirije Legliz la ak sèvitè l yo. Mwen rann temwayaj ke Thomas S. Monson se sèl moun ki detni ak egzèse tout kle prètriz sakre yo sou tè a nan epòk sa a. E m priye pou benedikson tonbe sou tout enb sèvitè k ap sèvi si byen e ak tout kè yo nan Legliz retabli Jezikri a, ke l ap dirije pèsonèlman. Mwen temwaye ke Joseph Smith te wè Bondye Papa a ak Jezikri. Yo te pale avèk li. Kle prètriz yo te retabli pou benediksyon tout pitit Pè Selès la. Misyon nou ak konfyans se sèvi nan pòs nou an nan travay Senyè a. Nan non Jezikri, amèn.