2010–2019
“Se pou nou avèk yo epi fòtifye yo”
Avril 2018


“Se pou nou avèk yo epi fòtifye yo”

Priyè nou jodia se pou chak gason ak chak fi kite konferans jeneral sa a avèk yon angajman pi pwofon pou youn sensèman pran swen lòt.

Pou m parafraze Ralph Waldo Emerson, moman ki pi memorab nan lavi yo se moman kote nou santi yon pouse revelasyon yo.1 Prezidan Nelson, m pa konn si gen plis nan “pouse” sa yo n ap kapab jere ankò wikenn sa a. Gen kèk nan nou ki gen kè frajil. Men, si m byen reflechi, ou ka pran swen sa tou. Ala yon pwofèt!

Nan espri bèl deklarasyon ak temwayaj Prezidan Nelson te bay yèswa ak maten an, mwen rann pwòp temwayaj pa m ke ajisteman sa yo se egzanp revelasyon ki gide Legliz sa a depi nan kòmansman li. Yo se plis prèv toujou ki montre ke Senyè a ap akselere travay li an nan tan pa li.2

Pou sila nan pami nou yo ki enpasyan pou konnen detay konsènan bagay sa yo, m vle nou konnen ke, imedyatman apre fen sesyon konferans sa a, gen yon seri aksyon ki pral deklanche, ki pral gen ladan yo, petèt pa nan lòd m pral bay la a, men y ap gen yon lèt Premye Prezidans lan pral voye bay chak manm nan Legliz la nou gen adrès email yo. Gen yon dokiman sèt paj ki gen kesyon ak repons yo pral voye bay tout dirijan prètriz ak oksilyè yo. Epi, nou pral mete dokimantasyon sa yo disponib imedyatman nan ministering.lds.org. “Mande, epi n ap resevwa; chèche, epi nou va jwenn.”3

Kounyeya, annou retounen nan bèl tach Prezidan Russell M. Nelson bay mwenmenm ak Sè Jean B. Bingham nan. Frè m ak sè m yo, pandan travay kowòm yo ak òganizasyon oksilyè yo ap pran matirite nan òganizasyon yo, sa lojik ke nou ta dwe pran matirite pèsonèlman tou—pou nou chak leve tèt nou pi wo pase tout woutin mekanik ki te konn fè nou aji san santiman yo, pou n ka vin tounen disip sensè Sovè a te mande pou n ye nan fen ministè li sou tè a. Pandan l t ap prepare l pou l te kite ti gwoup disip ankò inosan l yo ki te yon tijan gen konfizyon an, li pa t ba yo lis yon douzèn etap administratif pou yo te suiv ni li pa t lonje yon pake rapò ba yo pou yo te ranpli an twa egzanplè. Non, li te rezime tach yo nan yon sèl kòmandman fondamantal: “Se pou nou youn renmen lòt, jan m renmen nou an you. … Si nou fè sa, tout moun va konnen se disip mwen nou ye, si nou youn renmen lòt.”4

Nan yon efò pou nou rapwoche n pi pre ideyal levanjil sa a, nouvo apwòch sèvis pastoral yo fèk anonse pou prètriz ak Sosyete Sekou a ap gen eleman sa yo ladan, gen kèk nan yo Sosyete Sekou deja mete anplas avèk anpil siksè.5

  • Nou p ap itilize tèm vizit enstriksyon nan fwaye ak vizit ofwaye yo ankò. An pati paske pifò nan sèvis pastoral nou pral fè yo pral fèt nan lòt kote pase nan fwaye a e anpati paske kontak nou an pa pral defini nan anseye yon leson ki deja prepare, byenke nou ka toujou bay yon leson sis a nesesè. Objektif prensipal ide sèvis pastoral sa a se pral, jan yo te di apwopo moun yo nan epòk Alma a, pou nou “voye je sou pèp [la], epi … nouri yo avèk nouriti lajistis.”6

  • N ap kontinye vizite fwaye yo otan sa posib men, sikonstans lokal tankou kantite fwaye, distans, sekirite moun yo, ak lòt kondisyon difisil ka anpeche nou vizite chak fwaye chak mwa. Jan Premye Prezidans lan te konseye sa gen kèk ane a, fè tout sa nou kapab.7 Anplis kalandriye n ap prepare pou n fè vizit reyèl yo, nou ka ajoute apèl telefòn, ekri nòt, voye tèks, email, videyo chat, konvèsasyon nan reyinyon Legliz, pwojè sèvis nou pataje, aktivite sosyal, ak yon pakèt lòt posiblite k ap soti nan mond rezo sosyal ki si elaji sa a. Sepandan, mwen dwe souliyen ke tout kantite posiblite sa yo pa enkli mesaj dezolan m te wè dènyèman ekri sou vit yon machin nan. Li te di: “Si m klaksonnen w, konte sa kòm yon vizit ofwaye.” Tanpri, frè m yo, avèk ajisteman sa yo, nou vle pou nou sousye plis de moun yo, pa mwens.

  • Avèk nouvo apwòch sèvis pastoral sa a ki plis baze sou levanjil la, m santi nou kòmanse panike apwopo sa nou pral mete sou rapò yo. Bon, rilaks, paske pa gen okenn rapò—omwen pa p gen rapò vizit fen mwa a “m te debwouye m pou te m fè jiska la dènyè minit la”. La a tou, n ap eseye gen matirite. Sèl rapò nou pral gen pou n bay la pral konsène kantite entèvyou dirijan yo te fè avèk ekip frè ak sè sèvis pastoral yo nan pawas la pandan dènye twa mwa yo. Osi senp ke sa ka sonnen, zanmi m yo, entèvyou sa yo absoliman enpòtan. San enfòmasyon sa yo, evèk la p ap gen okenn mwayen pou l konnen sitiyasyon spirityèl ak tanporèl manm li yo. Sonje: frè sèvis pastoral yo reprezante evèk la ak prezidans kowòm ansyen an; yo pa ranplase yo. Kle evèk la ak prezidan kowòm nan posede yo ale pi lwen pase konsèp sèvis pastoral la.

  • Paske rapò sa a diferan de tout lòt rapò nou te konn soumèt nan lepase yo, pèmèt mwen ensiste sou lefèt ke noumenm nan syèj legliz la, nou pa bezwen konn kijan ni ki kote ni kilè w kontakte moun yo; sa k enterese nou epi sa k sèl sousi nou se jis konnen ke ou li epi w se yon benediksyon pou moun ou yo nan tout fason w kapab.

Frè m ak sè m yo, nou gen yon opòtinite syèl la bay nou tout nan Legliz la la a pou n demontre yon relijyon pur e san tach devan Bondye”8—“pou youn pote fado lòt, pou yo ka lejè” epi pou nou “konsole moun ki bezwen konsolasyon,”9 pou nou asiste vèv yo ak òfelen yo, moun ki marye ak sa k selibatè, moun ki solid ak moun ki dewoute, moun ki aflije ak moun ki an sante, moun ki kontan ak moun ki tris—an brèf, nou tout, chak grenn nan nou, paske nou tout bezwen santi men amitye plen chalè a epi tande yon deklarasyon lafwa fèm. Sepandan, m ap avèti nou, yon nouvo non, nouvo fleksiblite, ak diminisyon rapò p ap fè okenn diferans nan sèvis nou si nou pa wè bagay sa a kòm yon envitasyon pou nou youn pran swen lòt nan yon nouvèl fason pi dirèk ak pi sakre, jan Prezidan Nelson fèk sot di a. Lè nou leve rega spirityèl nou nan aplike lwa lanmou an nan yon fason pi inivèsèl, nou rann omaj a jenerasyon ki te sèvi nan fason sa yo pandan dèzane yo. Kite m mansyone yon egzanp resan sou kalite devouman sa a, nan espwa ke anpil moun va plis konprann kòmandman Senyè a “pou n avèk epi pou n fòtifye”10 frè n ak sè nou yo.

14 Janvye  k sot pase a, yon Jou Dimanch, yon ti kras apre 5:00 aprèmidi, jèn zanmi m yo, Brett ak Kristin Hambling te chita ap pale lakay yo nan Tempe, Arizona, apre Brett te fin sèvi pou jounen an nan episkopa a epi Kristin te fin pase yon jounen ap pran swen senk pitit yo.

Toudenkou, Kristin, ki te aparaman siviv anba yon kansè nan sen ane anvan an, te tonbe san konesans. Yo te rele anbilans ki te vini avèk yon ekip ijans medikal ki te dezespereman eseye reyanime li. Pandan Brett t ap priye ak tout kè li, li te vit fè de apèl telefòn: youn pou l te mande manman l vin ede timoun yo, lòt la pou Edwin Potter, enstriktè ofwaye li. Men kijan dezyèm apèl la te dewoule:

Edwin, ki te wè nimewo telefòn nan parèt, te di, “Allo, Brett, sa k pase?”

Brett te reponn prèske byen fò: “M bezwen w la a—kounyeya!”

Nan lespas kèlke minit apèn Brett te fin pale avèk li a, kòlèg li nan prètriz la te bò kote li, ap ede timoun yo, epi kondui frè Hamblin al lopital la dèyè anbilans la ki t ap pote madanm ni an. Lè yo te rive, nan mwens pase 40 minit apre l te fin pèdi konesans la, doktè yo te di Kristin te mouri.

Pandan Brett t ap kriye, Edwin te kenbe l nan bra l epi l te kriye avèk li—pandan yon moman trè trè long. Apresa, Edwin te kite Brett ap kriye avèk lòt manm fanmi yo, epi l te kondui al kay evèk la pou l te di l sa k sot pase a. Evèk la te derape al nan lopital la imedyatman pandan Edwin te kondui retounen lakay Hamblins yo. La, limenm ak madanm ni, Charlotte, ki te kouri vini tou, te jwe avèk senk pitit Hamblin yo ki te san manman kounyeya, ki te nan laj 12 desann nan 3 zan, yo te ba yo soupe, yo te òganize yon ti prezantasyon mizikal avèk yo epi yo te ede yo pare pou yo t al kouche.

Brett te di m nan apre: “Pati pi etonan nan istwa a se pa lefèt ke Edwin te vini lè m te rele la. Nan yon ka ijans, toujou gen moun ki dispoze pou ede. Non, pati etonan istwa a sèke sete avèk li m te panse. Te gen lòt moun bò kote nou. Kristin te gen yon frè l ak yon sè l ki te abite nan mwens pase twa kilomèt. Nou gen yon gwo evèk, ki vrèman bon. Men relasyon k te genyen ant Edwin avèk mwen an te fè ke m te imedyatman santi pou m te rele l lè m te bezwen èd la. Legliz la ba nou yon fason byen estriktire pou nou pi byen viv dezyèm kòmandman an—pou n renmen, sèvi, ak devlope relasyon avèk frè n ak sè nou yo ki ede nou rapwoche pi pre Bondye.”11

Edwin te di apwopo eksperyans sa a: “Èldè Holland, sa k iwonik nan tout bagay la sèke Brett te enstriktè ofwaye nou pandan pi lontan pase m te enstriktè ofwaye pa yo. Pandan tan sa yo, li te vin ap vizite nou plis tankou yon zanmi pase yon devwa l t ap ranpli. Li te yon gwo egzanp, ki te reprezante sa yon detantè prètriz aktif ak angaje dwe ye. Madanm mwen, pitit gason m yo, avèk mwen pa konsidere l kòm yon moun ki oblije pote yon mesaj pou nou nan fen chak mwa; men, nou panse avèk li kòm yon zanmi k ap viv tou pre a, nan pwent lari a, ki ap fè tout bagay nan mond sa a pou byen nou. Mwen kontan m te ka repeye l jis yon ti kal nan dèt mwen dwe l la.”12

Frè m ak sè m yo, m ap ini avèk nou pou salye chak enstriktè katye, chak enstriktè ofwaye ak chak enstriktris ofwaye nan pawas yo, ki te renmen ak sèvi nan fason sa a toutolon istwa nou. Priyè nou jodia se pou chak gason ak chak fi—ansanm ak jènjan ak jènfi ki pi aje yo—kite konferans jeneral sa a avèk yon pi gwo angajman pou youn sensèman pran swen lòt, motive sèlman pa amou pi Kris la pou yo fè sa. Malgre tout sa nou panse ki se limitasyon nou ak feblès nou—e nou tout gen difikilte—men, malgre sa, se pou nou travay kòtakòt nan jaden Senyè a,13 pandan n ap bay Bondye, Papa nou tout la, yon men edan nan gwo tach imans li pou reponn priyè, pote rekonfò, seche dlo ak ranfòse jenou ki fèb yo.14 Si nou fè sa, n ap vin plis tankou vrè disip Kris la nou ta dwe ye a. Nan jou Dimanch Pak sa a, se pou nou youn renmen lòt jan l te renmen nou an,15 mwen priye, nan non Jezikri, amèn.