2010–2019
Trezò Espirityèl
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Trezò Espirityèl

Amezi n ap egzèse lafwa nan Senyè a ak nan pouvwa prètriz Li a, kapasite nou pou nou rale trezò espirityèl yo Senyè a gen disponib pou nou yo ap ogmante.

Mèsi pou bèl kantik sa a. Pandan nou tout te kanpe pou nou te chante kantik entèlid sa a, “Seigneur, merci pour le prophète” la, m te gen de panse ki te vin rapidman nan tèt mwen. Youn se osijè Pwofèt Joseph Smith, pwofèt dispansasyon sa a. Lanmou m ak admirasyon m pou li ap grandi chak jou. Dezyèm panse a sete pandan m t ap gade madanm mwen, pitit fi m yo, pitit pitit fi m yo, ak aryè pitit pitit pitit fi m yo. M te santi pou m te deklare yo ke nou chak fè pati fanmi mwen.

Sa gen kèlke mwa, nan fen yon sesyon dotasyon tanp, m te di madanm mwen, Wendy: “M espere sè yo konprann trezò espirityèl yo ba yo nan tanp lan.” Sè m yo, m souvan twouve m ap panse avèk nou, espesyalman depi de mwa kote madanm mwen avèk mwen t al vizite Harmony, nan Pennsilvani.

Imaj
Retablisman Prètriz Aawon an

Sete dezyèm vwayaj nou nan kote sa a. Toulède fwa yo, nou te emosyone anpil pandan n t ap mache nan andwa sakre sa a. Sete nan Harmony Jan Batis te parèt devan Joseph Smith epi l te retabli Prètriz Aawon an.

Imaj
Retablisman Prètriz Mèlkisedèk la

Sete la Apot Pyè, Jak, ak Jan te parèt pou retabli Prètriz Mèlkisedèk la.

Sete nan Harmony Emma Hale Smith te sèvi kòm premye sekretè mari l pandan Pwofèt Joseph t ap tradui Liv Mòmon an.

Epitou sete nan Harmony Joseph te resevwa yon revelasyon ki te fè Emma konnen volonte Senyè a pou li. Senyè a te di Emma pou l te eksplike ekriti yo, egzòte Legliz la, resevwa Sentespri a, epi konsakre tan li pou l “aprann anpil.” Li te konseye Emma tou pou l te mete bagay ki nan mond sa a sou kote epi chèche bagay ki pou yon mond ki pi bon. Senyè a te konkli enstriksyon l yo avèk pawòl konvenkan sa yo: “Sa se vwa m pou tout moun.”1

Tout sa k te rive nan Harmony yo gen enplikasyon pwofon pou lavi pa nou tout. Retablisman prètriz la, ansanm ak konsèy Senyè a te bay Emma a, ka gide ak beni nou chak. Ala m ta anvi nou konprann ke retablisman prètriz la konsène noumenm fi yo otan l konsène nenpòt gason. Paske Prètriz Mèlkisedèk la te retabli, fi ak gason k ap kenbe alyans yo gen aksè nan “tout benediksyon espirityèl ki nan legliz la,”2 oubyen, nou ta ka di, tout trezò espirityèl Senyè a gen pou pitit Li yo.

Chak fi ak chak gason ki fè alyans avèk Bondye epi ki kenbe alyans sa yo, epi ki patisipe diyman nan òdonans prètriz yo, gen aksè dirèk nan pouvwa Bondye. Moun ki dote nan kay Senyè a resevwa yon don nan pouvwa prètriz la ansanm ak yon don konesans pou yo konn kijan pou yo atire pouvwa sa a.

Syèl yo ouvri menmjan an pou fi ki dote avèk pouvwa prètriz la jan yo ouvri pou gason ki detantè prètriz yo. Mwen priye pou verite sa a penetre nan kè nou chak paske m kwè ke l ap chanje lavi nou. Sè m yo, nou gen dwa pou nou rale pouvwa Sovè a desann liberalman pou ede fanmi nou ak lòt moun nou renmen.

Nou petèt ap mande tèt nou: “Sa sonnen bèl men, kijan pou m fè sa? Kijan pou m rale pouvwa Sovè a vin nan lavi m?”

Nou p ap jwenn eksplikasyon sou pwosesis sa a nan okenn liv. Se Sentespri a ki ap enstriktè pèsonèl nou lè n ap chèche konprann sa Senyè a ta renmen nou konnen ak sa l ta renmen nou fè. Pwosesis sa a pa fèt vit ni li pa fasil, men li espirityèlman vivifyan. Kisa ki ta ka posibman pi eksitan pase travay avèk Lespri a pou n konprann pouvwa Bondye—pouvwa prètriz la?

Sa m ka di nou sèke, pou nou gen aksè nan pouvwa Bondye nan lavi nou, sa mande menm bagay Senyè a te mande Emma ak nou chak pou n fè yo.

Konsa, m envite nou pou nou etidye seksyon 25 Doktrin ak Alyans yo nan lapriyè pou nou ka dekouvri kisa Sentespri a ap anseye nou. Efò pèsonèl ak espirityèl nou ap pote lajwa pou nou pandan n ap akeri, konprann, ak itilize pouvwa yo te dote nou an.

Yon pati nan efò sa a ap mande pou nou mete anpil bagay mond sa a sou kote. Pafwa, nou pale prèske avèk lejète de elwanye nou de mond lan ak kontansyon li, tantasyon toujou prezan l yo, ak fo filozofi l yo. Men pou nou vrèman fè l, sa mande pou nou egzamine lavi nou trè seryezman e regilyèman. Lè nou fè sa, Sentespri a ap enspire nou pou n konnen sa k pa nesesè pou n fè ankò, sa ki pa merite tan nou ak enèji nou ankò.

Pandan n ap detounen atansyon de distraksyon mond lan, gen kèk bagay ki parèt enpòtan pou nou kounyeya ki pa pral priyorite nou ankò. Nou pral oblije di non pou kèk bagay, menmsi yo ka sanble yo inofansif. Pandan n ap anbake nou epi kontinye nan pwosesis tout yon lavi sa a pou konsakre lavi nou bay Senyè a, nou pral etone pa chanjman nou pral obsève nan pèspektiv nou, nan santiman nou, ak nan fòs espirityè nou.

Kounyea yon ti mo avètisman! Gen moun ki pral souzestime kapasite ou pou w rale pouvwa Bondye a. Gen kèk moun ki pral fè w doute tèt ou e minimize kapasite espirityèl ekstraòdine w genyen kòm yon fi ki jis la.

Pi sètènman, advèsè a pa vle w konprann alyans ou te fè nan batèm nan, ni pwofon dotasyon konesans ak pouvwa w te resevwa oubyen w pral resevwa nan tanp lan—kay Senyè a. Epi, asireman Satan pa vle pou w konprann ke chak fwa w diy pou w sèvi ak adore nan tanp lan, ou soti ame avèk pouvwa Bondye epi avèk zanj k ap “veye sou” ou.3

Satan ak sèvitè l yo ap konstamman kreye obstak pou anpeche w konprann don espirityèl ou te resevwa epi w ka resevwa yo. Malerezman, kèk nan obstak sa yo gen dwa se rezilta move konpòtman yon lòt moun. Sa fè m mal lè m ap panse a moun nan pami nou ki santi yo rejte, oubyen ki santi yon dirijan prètriz pa gen konfyans nan yo, oubyen yon mari oubyen yon swadizan zanmi te abize yo oswa trayi yo. Mwen santi m tris anpil dèske gen nan nou ki santi yo inyore nou, yo manke nou respè, oswa mal jije nou. Kalite ofans sa yo pa gen plas yo nan wayòm Bondye a.

Kontrèman ak sa, m kontan lè m tande pale de dirijan prètriz ki kontan pou yo chèche patisipasyon fi yo nan konsèy pawas ak konsèy pieu yo. Mwen enspire pa chak mari ki demontre ke responsablite ki pi enpòtan li se pran swen madanm ni.4 Mwen konplimante yon gason ki pwofondeman respekte kapasite madanm ni pou l resevwa revelasyon e kontribye nan maryaj yo a antanke yon patnè egal ego.

Lè yon gason konprann majeste ak pouvwa yon fi Sen Dènye Jou jis, ki dote, epi k ap chèche konesans, èske se pa nòmal pou l santi li anvi kanpe pou salye l lè l antre nan yon sal?

Depi nan kòmansman tan yo, fi yo te resevwa yon gid moral unique —kapasite pou yo distenge ant sa ki bon ak sa k pa bon. Don sa a ogmante nan moun ki fè ak kenbe alyans yo. Epi li diminye nan sila yo ki volontèman inyore kòmandman Bondye yo.

M ap prese ajoute ke m pa ekskize okenn gason ki manke a obligasyon Bondye ba yo pou yomenm tou yo distenge ant byen ak mal la. Men, chè sè m yo, kapasite nou pou disène laverite nan plas erè , pou nou se gadyen moralite sosyete a, se yon bagay vital nan dènye jou sa yo. Epi, nou konte sou nou pou n anseye lòt moun pou yo fè sa tou. Kite m trè klè osijè sa: si mond sa a pèdi onètete moral fi l yo, mond lan p ap janm refè.

Noumenm, Sen Dènye Jou yo, nou pa fè pati mond lan, nou se Izrayèl alyans lan. Nou aple pou n prepare yon pèp pou Dezyèm Vini Senyè a.

Kounyea, kite m klarifye plizyè lòt pwen konsènan fi yo ak prètriz la. Lè yon moun ki detni kle prètriz yo mete w apa pou w sèvi nan yon apèl—tankou evèk ou oswa prezidan pieu ou—yo ba ou otorite prètriz pou w fonksyone nan apèl sa a.

Menmjan tou, nan tanp sakre a, ou otorize pou w akonpli ak ofisye nan òdonans prètriz chak fwa w ale ladann. Dotasyon tanp ou a prepare w pou w fè sa.

Si w dote men aktyèlman ou pa mariye avèk yon moun ki detni prètriz la epi yon moun di w: “Mwen regrèt ou pa gen prètriz la nan fwaye w,” tanpri, konprann ke deklarasyon sa a pa kòrèk. Gen dwa pa gen yon detantè prètriz nan fwaye ou, men ou te resevwa ak kontrakte alyans avèk Bondye nan tanp Li a. Apati alyans sa yo w ap resevwa pouvwa Prètriz Li a k ap vide sou ou. Epi sonje, si mari w ta mouri, se oumenm ki pral prezide nan fwaye a.

Antanke yon fi Sen Dènye Jou ki jis epi ki dote, ou pale ak anseye pa pouvwa ak otorite w resevwa nan men Bondye. Keseswa pa egzòtasyon oswa ankourajman, nou bezwen vwa ou pou anseye doktrin Kris la. Nou bezwen avi ou nan fanmi w, nan konsèy pawas yo ak konsèy pieu yo. Patisipasyon w esansyèl e li pa janm san enpòtans.

Chè sè m yo, pouvwa nou ap ogmante pandan n ap sèvi lòt moun. Priyè nou, jèn nou yo, tan nou pase nan ekriti yo, ak sèvi nan tanp ak travay istwa familyal ap louvri pòt syèl yo pou nou.

Mwen sipliye nou pou nan yon espri lapriyè, nou etidye tout verite nou ka jwenn osijè pouvwa prètriz la. Nou ka kòmanse avèk Doktrin ak Alyans, seksyon 84 ak 107. Seksyon sa yo va dirije nou nan lòt pasaj. Ekriti ak ansèyman pwofèt, vwayan, ak revelatè aktyèl yo ranpli ak verite sa yo. Pandan konpreyansyon ou ap ogmante epi pandan w ap egzèse lafwa nan pouvwa prètriz sa a, kapasite w pou w rale trezò espirityèl yo Senyè a gen disponib pou ou yo ap ogmante. Si w fè sa, w ap wè w vin gen plis kapasite pou w ede kreye fanmi etènèl ki ini, ki sele nan tanp Senyè a, epi ki ranpli ak lanmou pou Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Tout efò nou pou nou youn sèvi lòt, pwoklame levanjil la, pèfeksyone Sen yo, ak rachte mò yo mennen nan tanp sakre a. Kounyea nou gen 166 tanp atravè mond lan, ak plis ankò k ap vini.

Jan nou konnen, Tanp Salt Lake la, Temple Square, ak plas ki tou pre Bilding Biwo Legliz la pral sibi renovasyon nan yon pwojè ki pral kòmanse nan fen ane sa a. Tanp sakresa a dwe prezève ak prepare pou l enspire jenerasyon fiti yo, menmjan l enfliyanse nou nan jenerasyon sa a.

Pandan Legliz la ap grandi, plis tanp pral bati pou plis fanmi ka gen aksè nan pi gwo nan tout benediksyon yo, benediksyon lavi etènèl la.5 Nou konsidere yon tanp kòm edifis ki pi sakre nan legliz la. Kèlkeswa lè nou anonse plan pou n konstwi yon nouvo tanp, li vin yon pati enpòtan nan istwa nou. Jan nou pale desa aswè a, noumenm sè yo enpòtan nan travay tanp lan, epi tanp lan se kote nou pral resevwa trezò espirityèl ki pi gwo yo.

Tanpri koute byen epi avèk reverans pandan m pral anonse plan pou bati uit nouvo tanp kounyea. Si m anonse youn nan yon kote ki chè pou ou, m sigjere pou w senpleman bese tèt ou nan yon espri lapriyè avèk rekonesans nan kè ou. Nou kontan pou n anonse plan pou konstwi tanp an kote sa yo: Freetown, Sierra Leone; Orem, Utah; Port Moresby, Papouasie-Nouvelle-Guinée; Bentonville, Arkansas; Bacolod, Philippines; McAllen, Texas; Cobán, Guatemala; ak Taylorsville, Utah. Mèsi, chè sè m yo. Nou remèsye nou dèske nou akeyi anons tanp sa yo ansanm avèk reverans.

Pou m fini, mwen ta renmen kite yon benediksyon sou nou, pou ke nou ka konprann pouvwa prètriz la yo dote nou an epi pou nou ka gen ogmante pouvwa sa a nan egzèse lafwa nou nan Senyè a ak nan pouvwa Li.

Chè sè m yo, avèk pwofon respè ak gratitid, mwen eksprime lanmou m pou nou. Mwen deklare enbleman ke Bondye vivan! Jezi se Kris la. Sa a se Legliz pa li. Mwen rann temwanyaj de sa nan non sakre Jezikris, amèn.