2010–2019
Jantiyès, charite, ak lanmou
Avril 2017


Jantiyès, charite, ak lanmou

Annou egzamine lavi nou epi pran desizyon pou nou suiv egzanp Sovè a nan vin janti, eman, ak charitab.

Chè frè m yo, mwen santi m onore pou privilèj m genyen pou m adrese nou nan rasanbleman mondyal detantè fidèl prètriz Bondye sa a. Aswè a m ap fè referans ak yon sijè m te pale deja.

Pwofèt Mòmon te souliyen youn nan karakteristik prensipal Sovè a, ke disip Li yo ta dwe imite. Li te di:

“E si yon moun dou e poze nan kè, e li konfese Jezi se Kris la pa pouvwa Sentespri a, li dwe gen charite; paske si l pa gen charite, li pa anyen; se poutèt sa li dwe gen charite.

“Epi charite gen pasyans, li janti, li pa gen anvi, li pa chaje avèk lògèy, li pa chèche enterè pa l, li pa fache fasil. …

“Se poutèt sa, frè byenneme m yo, si nou pa gen charite, nou pa anyen, paske charite pa janm peri. Se poutèt sa, apiye sou charite, ki se pi gwo don pase tout lòt, paske tout bagay gen pou peri—

“Men, charite se lanmou pi Kris la, e li dire pou tout tan; e nenpòt moun ki genyen l nan dènye jou a, l ap bon pou li.”1

Frè m yo, nou pa onore prètriz Bondye a si nou pa janti avèk lòt moun.

Chè zanmi ak asosye mwen, Èldè Joseph B. Wirthlin sete vrèman yon mesye janti. Li te di:

“Jantiyès se esans yon lavi selès. Jantiyès se fason yon moun kretyen trete lòt moun. Jantiyès dwe parèt nan tout pawòl nou ak aksyon nou, nan travay, nan lekòl, nan legliz la, e espesyalman nan fwaye nou.

“Jezi, Sovè nou an, se egzanp menm sou jantiyès ak konpasyon.”2

Ekriti yo anseye nou ke, pou yo wè si nou byen egzèse prètriz la, sa depann sou fason n ap viv prensip jantiyès, charite, ak lanmou yo. Nan Doktrin ak Alyans nou li:

“Okenn pouvwa oubyen enfliyans pa kapab oubyen pa ta dwe egzèse pa mwayen prètriz la eksepte pou pesyade, … avèk pasyans, avèk jantiyès, dousman, epi avèk amou enfayib;

“Avèk jantiyès, ak konesans ki pi, ki grandi nanm moun anpil san ipokrizi, epi san riz.”3

Frè m yo, annou egzamine lavi nou e pran detèminasyon pou nou suiv egzanp Sovè a nan rete janti, eman, ak charitab. Si nou fè sa, n ap nan yon pi bon pozisyon pou nou rale pouvwa syèl yo desann pou tèt pa nou, pou fanmi nou, ak pou konpayon vwayajè nou yo nan vwayaj pafwa difisil sa a pou nou retounen al nan fwaye selès nou an. Mwen priye pou nou fè sa, nan non Jezikri, amèn.