2010–2019
Bote sentete
Avril 2017


Bote Sentete

Papa nou ki nan syèl la prepare pou nou tout sa sa mande pou nou kapab vin sen jan L sen an.

Pandan m t ap prepare m pou reyinyon sa a, kè m te vire sou pil sè fidèl m konn rankontre yo, tou pre ak byen lwen. Pou mwenmenm, yo pi byen dekri yo nan sòm aksyondegras Wa David la: “Fè lwanj pou Senyè a paske li merite sa: pote ofrann ba li, epi vini devan Li: adore Senyè a nan bote sentete.”1

Mwen wè bote sentete a nan sè ki gen kè yo santre sou tout sa ki bon yo, ki vle vin plis tankou Sovè a. Yo ofri tout nanm yo, kè yo, panse yo, lespri yo ak fòs yo bay Senyè a nan fason yo viv chak jou.2 Sentete chita nan eseye ak fè efò pou kenbe kòmandman yo ak onore alyans nou fè avèk Bondye yo. Sentete se fè chwa ki ap kenbe pèmèt nou gen Sentespri a kòm gid nou.3 Sentete se debarase nou de tandans lòm natirèl nou yo pou nou ka vin yon sen atravè ekspyasyon Kris, Senyè a.4 “Chak moman nan [lavi nou] dwe se sentete pou Senyè a.”5

Bondye nan syèl la te kòmande pitit Izrayèl yo: “Paske m se Letènèl, Bondye nou an: se poutèt sa nou dwe sanktifye tèt nou, epi na vin sen; paske mwen sen: ni nou pa dwe souye tèt nou.”6

Èldè D. Todd Christofferson te anseye: “Pè Selès nou an se yon Bondye ki atann anpil nan men nou. … Li pwopoze pou l rann nou sen pou nou kapab ‘sipòte yon laglwa selès’ (D&A 88:22) epi ‘demere nan prezans Li’ (Moyiz 6:57).”7 Lectures on Faith eksplike: “Okenn kretyen vivan pa ka jwi laglwa li san yo pa posede pèfeksyon Li ak sentete Li.”8 Papa nou ki nan Syèl la konnen nou. Li renmen nou, epi Li prepare pou nou tout sa sa mande pou nou kapab vin sen jan Li sen an.

Nou se pitit fi yon Pè Selès, epi nou chak gen yon eritaj sentete diven. Papa nou ki nan Syèl la deklare: “Gade, m se Bondye; Lòm Sentete a se non pa mwen.”9 Nan mond premòtèl la, nou te renmen Papa a epi nou te adore Li. Nou te anvi vin menmjan avèk Li. Nan amou patènèl pafè Li, Li te bay Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri, pou l te vin Sovè nou ak Redanmtè nou. Li se Pitit Lòm Sentete a.10 “Non Li se Sen,”11 “Sen Izrayèl la.”12

Esperans nou pou n rive nan sentete a repoze sou Kris la, nan mizèrikòd Li ak lagras Li. Avèk lafwa nan Jezikri ak nan Ekspyasyon L lan, nou ka vin pwòp, san tach, lè nou debarase nou anba tout endiyite13 epi nou sensèman repanti. Nou batize nan dlo pou remisyon peche nou. Nanm nou sanktifye lè nou resevwa Sentespri a ak kè ouvè. Chak semèn, nou pran òdonans Sentsèn nan. Nan yon espri repantans, avèk dezi sensè pou lajistis, nou fè alyans ke nou dispoze pou pran nou Kris la sou nou, pou nou sonje Li, epi respekte kòmandman L yo pou nou ka toujou gen Lespri Li avèk nou. Avèk letan, pandan n ap kontinyèlman eseye vin fè youn avèk Papa a, ak Pitit Gason an, ak Sentespri a, n ap vin pataje nati divin Yo.14

Sentete se kenbe alyans nou yo

Nou rekonèt pil eprèv, tantasyon, ak tribilasyon ki ka detounen nou de tout sa ki gen vèti, e ki merite louwanj devan Bondye yo. Men, eksperyans nou nan mòtalite a ofri nou opòtinite pou nou chwazi sentete. Trè souvan, se sakrifis nou fè pou n kenbe alyans nou yo ki sanktifye nou ak rann nou sen.

Imaj
Evangeline,yon jènfi nan Gana

M te wè sentete nan figi Evangeline, yon tifi 13 zan nan Gana. Youn nan fason li kenbe alyans li se nan mayifye apèl li kòm prezidant klas Abèy. Li te enbleman eksplike ke l ale kay zanmi l yo, jènfi inaktif yo, pou l mande paran yo pou kite yo vin legliz la. Paran yo di l ke sa difisil paske jou Dimanch timoun yo dwe fè travay nan kay la. Konsa, Evangeline ale epi li ede yo fè travay yo, epi gras ak efò li, yo souvan pèmèt zanmi l yo vini legliz.

Si nou kenbe alyans ki asosye avèk li yo, òdonans sakre prètriz yo ap chanje nou, sanktifye nou, epi prepare nou pou n antre nan prezans Senyè a.15 Konsa, nou youn pote fado lòt; nou youn fòtifye lòt. Nou toujou gen padon pou peche nou lè nou bay sekou spirityèl ak tanporèl pou pòv yo, moun ki grangou, moun toutouni, ak malad yo.16 Nou kenbe tèt nou san tach devan mond lan lè nou respekte jou Saba a epi nou resevwa sentsèn diyman nan jou sakre Senyè a.17

Nou se yon benediksyon pou fanmi nou epi nou fè fwaye nou vin lye sakre. Nou bride pasyon nou yo pou nou ka ranpli avèk amou pi ak andiran.18 Nou lonje lamen bay lòt nan bonte, ak konpasyon, epi nou kanpe kòm temwen Bondye. Nou vin yon pèp Siyon, ki gen yon sèl kè ak yon sèl espri, yon pèp pi ki demere ansanm nan inite ak lajistis.19 “Paske Siyon dwe grandi nan bèlte ak nan sentete.”20

Sè m yo, ale nan tanp. Si nou vle vin yon pèp sen k ap prepare pou resevwa Sovè a lè L vini, nou dwe leve epi mete bèl rad nou.21. Avèk fòs ak onè, nou abandone fason mond lan epi mpi kenbe alyans nou, pou nou kapab “kouvri avèk sentete, wi, reyèlman avèk wòb lajistis la.”22

Sentete se pran Sentespri a kòm Gid nou

Sentete se yon don Lespri. Nou aksepte don sa a lè nou chwazi pou nou fè sa k ap ogmante pouvwa sanktifyan Sentespri a nan lavi nou.

Imaj
Mari ap tande pawòl Sovè a

Lè Marthe te resevwa Jezikri lakay li a, li te santi yon gwo dezi pou sèvi Senyè a pi byen l te kapab. Sè l la, Marie, te chwazi pou l te chita “nan pye Jezi” pou l te tande pawòl Li. Lè Marthe te santi l kraze anba sèvi a san l pa t jwenn okenn èd, li te plenyen, “Senyè, èske sa pa fè w anyen pou w wè sè m nan kite m sèvi poukont mwen?”

M renmen pawòl sa yo ki se pawòl reprimand ki pi dous m ka imajine. Ak lanmou pafè ak konpasyon enfini, Sovè a te konseye li:

“Mat, Mat, w ap trakase tèt ou, w ap bat kò w pou anpil bagay:

“Men, se yon sèl bagay ki nesesè; epi Mari chwazi bon pati a, yo p ap janm wete l nan men li.”23

Sè m yo, si nou vle vin sen, nou dwe aprann chita nan pye Sen Izrayèl la epi konsakre tan pou sentete. Èske nou depoze telefòn nou, lis tach ki sanfen yo, ak sousi mond lan? Lapriyè, etid, ak koute pawòl Bondye a envite amou pirifyan ak gerisè Li nan nanm nou. Annou pran tan pou nou sen pou n kapab ranpli avèk Lespri sakre ak sanktifyan Li. Avèk Sentespri a kòm gid nou, n ap prepare pou n resevwa Sovè a nan bote sentete.24

Sentete se vin tounen yon Sen atravè Ekspyasyon Jezikri a

Selon pawòl enspire Wa Benjamen yo, moun ki vin sen atravè Ekspyasyon Jezikri yo se moun ki obeyisan, dou, enb, pasyan, epi ranpli avèk amou, jan Sovè a ye a.25 Li te pwofetize ke Jezikri, “Senyè Toupisan an k ap gouvène a, ki te egziste e ki egziste depi nan letènite jouk nan letènite a, pral desann sòti nan syèl la avèk pouvwa, nan pami pitit lèzòm, e li pral rete nan yon kò fizik.” Li te vini pou geri malad, moun paralize, moun soud, moun avèg, epi leve moun ki te mouri. Men, Li te soufri “plis pase lèzòm kapab soufri san yo pa mouri.”26 Epi, malgre Li se sèl moun ki pote sali a, yo te moke Li, flajele Li, e krisifye Li. Men, Pitit Gason Bondye a te leve soti nan tonm nan, pou nou tout ka simonte lanmò. Se Limenm ki pral kanpe pou jije mond lan nan lajistis. Se Limenm ki pral rachte nou tout. Li se Sen Izrayèl la, Jezikri se bote sentete a.

Lè pèp Wa Benjamen an te tande pawòl li yo, yo te tonbe atè, paske imilite yo ak reverans yo pou lagras ak laglwa Bondye nou an te gran anpil. Yo te rekonèt eta chanèl yo. Èske nou wè depandans total nou sou gras ak mizèrikòd Kris la, Senyè nou an? Èske nou rekonèt ke chak bon don, tanporèl ak espirityèl, vini atravè Kris la? Èske nou sonje ke, selon plan etènèl Papa a, lapè nan lavi sa a ak laglwa nan letènite yo ap pa nou sèlman nan Pitit Gason sen L la e atravè Li?

Se pou nou fè menmjan avèk pèp Wa Benjamen an ki te kriye byen fò ak yon sèl vwa: “O, gen mizèrikòd, e aplike san ekspyatwa Kris la pou nou kapab resevwa padon pou peche nou yo, e pou kè nou kapab pirifye; paske nou kwè nan Jezikri, Pitit Gason Bondye a ki te kreye syèl la ak tè a ak tout bagay.”27

Mwen temwaye ke si nou vin jwenn Sen Izrayèl la, Lespri Li ap desann sou nou pou nou kapab ranpli ak lajwa, pou n resevwa yon remisyon pou peche nou ak lapè nan konsyans nou.

Papa nou ki nan syèl la bay nou chak kapasite pou nou vin sen. Se pou nou fè sa nou kapab pou n kenbe alyans nou yo epi pran Sentespri a kòm gid nou. Ak lafwa nan Jezikri, n ap fè efò pou n vin sen atravè Ekspyasyon L lan, pou nou ka resevwa imòtalite ak lavi etènèl epi bay Bondye Papa nou an glwa non L merite a. Se pou lavi nou toujou yon ofrann sakre, pou nou kapab kanpe devan Senyè a nan bote sentete. Nan non sakre Jezikri, amèn.