2010–2019
Kle ak Otorite Prètriz la
Avril 2014


Kle ak Otorite Prètriz la

Kle prètriz yo dirije ni fi yo ni gason yo, epi òdonans prètriz yo ak otorite prètriz la aplike ni pou fi yo ni pou gason yo tou.

I.

Pandan konferans sa a nou wè yo relve kèk frè fidèl, epi nou soutni apèl lòt frè fidèl. Nan woulman sa a—si familye nan legliz la—se pa “desann” yo desann nou lè yo relve nou, ni se pa “monte” yo monte nou lè yo aple nou. Pa gen “monte ni desann” nan sèvis Senyè a. Se sèlman “avanse oubyen fè bak” ki genyen, e diferans lan depann sou fason nou reyaji pou aksepte ak konfòme nou ak relèv nou yo ak apèl nou yo. Yon fwa m te prezide nan relèv yon jèn prezidan pieu ki te bay bonjan sèvis pandan nevan e ki kounyeya t ap rejwi nan relèv li ak nan nouvo apèl li menm ak madanm ni te fèk resevwa a. Yo te aple yo pou yo te vin dirijan gadri nan pawas yo a. Se sèlman nan legliz sa a sa sanble ak yon apèl egalman onorab tou!

II.

Pandan l t ap pale nan yon konferans pou fi yo, Prezidant Jeneral Sosyete Sekou a, Linda K. Burton, te di: “Nou espere ankre andedan nou chak yon pi gwo dezi pou n pi byen konprann prètriz la.”1 Bezwen sa a aplike pou nou tout, e se nan bi sa a ki fè m pral pale sou kle prètriz yo ak otorite prètriz la. Paske sijè sa yo gen egal enpòtans pou gason yo ak fi, mwen kontan dèske reyinyon sa yo retransmèt e pibliye pou tout manm yo nan legliz la. Pouvwa prètriz la beni nou tout. Kle prètriz yo dirije fi yo osi byen ke gason yo, e òdonans prètriz yo ak otorite prètriz la se pou fi yo osibyen pou gason yo.

III.

Prezidan Joseph F. Smith dekri prètriz la kòm “pouvwa Bondye delege bay lòm pou lòm ka aji sou tè a pou sali fanmi imèn nan.”2 Gen lòt dirijan ki te anseye nou ke prètriz la “se pouvwa siprèm nan sou tè sa a. Se pa pouvwa sa a tè a te kreye.”3 Ekriti yo anseye ke “menm prètriz sa a ki te nan kòmansman an, pral nan finisman mond lan tou” (Moyiz 6:7). Konsa, prètriz la se pouvwa yo pral itilize pou nou resisite e ale nan lavi etènèl.

Konpreyansyon n ap chèche a kòmanse pa yon konpreyansyon sou kle prètriz yo. “Kle prètriz yo se otorite Bondye bay [detantè] prètriz yo pou dirije, kontwole, ak gouvène itilizasyon prètriz la sou tè a.”4 Tout aksyon oubyen òdonans ki akonpli nan legliz la fèt sou otorite dirèk oswa endirèk yon moun ki detni kle pou fonksyon sa a. Jan Èldè M. Russell Ballard eksplike a: “Moun ki gen kle prètriz yo ... literalman pèmèt tout moun k ap sèvi fidèlman sou direksyon yo egzèse otorite prètriz la e gen aksè nan pouvwa prètriz la.”5

Nan kontwole kijan y ap egzèse otorite prètriz la, fonksyon kle prètriz yo elaji e limite an menm tan. Li elaji paske l pèmèt pou otorite ak benediksyon prètriz yo disponib pou tout pitit Bondye yo. Li limite paske l se limenm ki deziyen kimoun ki pral gen otorite prètriz la, kimoun ki pral detni ofis li yo, ak ki fason dwa ak pouvwa l yo pral konfere. Pa egzanp, yon moun ki detni prètriz la pa kapab konfere ofis li oswa otorite li bay yon lòt moun, sof si yon moun ki gen kle sa a otorize l fè sa. San otorizasyon sa a, òdonans lan pap valid. Sa eksplike pouki yon detantè prètriz---kèlkeswa ofis li---pa ka òdone yon manm fanmi li ni beni Sentsèn nan pwòp fwaye li san otorizasyon yon moun ki gen kle apwopriye yo.

Aleksepsyon travay sakre sè yo ap akonpli nan tanp yo sou direksyon kle prezidan tanp lan detni yo, ke m pral dekri nan apre, se sèlman yon moun ki detni yon ofis nan prètriz la ki ka ofisye nan yon òdonans prètriz la. Epi tout òdonans prètriz otorize yo ekri nan rejis yo nan legliz la.

Finalman, tout kle prètriz yo se Senyè a, Jezikri, ki detni yo, li menm ki mèt prètriz la. Se li menm ki detèmine ki kle pou delege bay moun nan mòtalite a ak fason kle sa yo dwe itilize. Abityèlman nou panse ke yo te konfere Joseph Smith tout kle prètriz yo nan tanp Kirtland nan, men ekriti yo deklare ke tout sa yo te konfere ba li lè sa a sete “kle dispansasyon sa a” (D&A 110:16). Sa gen kèk ane, nan yon konferans jeneral, Prezidan Spencer W. Kimball te raple nou ke gen lòt kle prètriz yo poko bay lèzòm sou tè a, enkli kle kreyasyon an ak kle rezirèksyon yo.6

Nati divin limitasyon yo mete nan egzèsis kle prètriz yo eksplike yon diferans esansyèl ant desizyon sou zafè administrasyon Legliz la ak desizyon ki afekte prètriz la. Premye Prezidans lan ak Konsèy Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo, ki prezide legliz la, resevwa otorizasyon pou yo pran anpil desizyon konsènan politik ak règleman Legliz la---nan domèn tankou anplasman bilding legliz yo ak laj yo mande pou sèvis misyonè. Men, byenke otorite prezidan sa yo detni ak egzèse tout kle prètriz yo delege bay lòm nan dispansasyon sa a, yo pa lib pou modifye pwosesis Bondye dekrete a ki di se sèlman gason ki gen dwa detni ofis nan prètriz la.

IV.

Kounyeya m pral pale sou sijè otorite prètriz la. M ap kòmanse avèk twa prensip m fèk sot abòde yo: (1) prètriz la se pouvwa Bondye delege bay lòm pou aji pou sali fanmi imèn nan, (2) otorite prètriz la gouvène pa detantè prètriz ki detni kle prètriz yo, epi (3) etandone ekriti yo deklare “tout lòt otorite [ak] ofis ki nan legliz la se yon branch nan prètriz [Mèlkisedèk] sa a” (D&A 107:5), tout sa ki fèt sou direksyon kle prètriz sa yo fèt avèk otorite prètriz la.

Kijan bagay sa aplike pou fi yo? Nan yon diskou li te fè pou Sosyete Sekou, Prezidan Joseph Fielding Smith, ki te Prezidan Kolèj Douz Apot yo lè sa a, te di: “Byenke yo pa bay sè yo Prètriz la, yo pa konfere l sou yo a, sa pa vle di Senyè a pa ba yo otorite. ... Yon moun, yon frè oswa yon sè, gen dwa gen otorite yo ba li, pou fè kèk bagay nan legliz la ki liyan e absoliman nesesè pou sali nou, tankou travay sè nou yo ap fè nan Kay Senyè a. Yo resevwa otorite pou yo fè kèk gwo bagay ekstraòdinè, ki sakre pou Senyè a, e ki liye moun osi konplètman ke benediksyon gason ki detni Prètriz yo bay yo.”7

Nan diskou siyifikan sa a, Prezidan Smith te repete ankò ke fi yo gen otorite yo resevwa. Li te di fi sa yo: “Nou ka pale avèk otorite, paske Senyè a ba nou otorite sa a.” Li te di tou ke Sosyete Sekou “gen pouvwa ak otorite pou fè anpil gwo bagay. Travay y ap akonpli a fèt pa otorite divin.” E, natirèlman, travay nan legliz la ki fèt pa fi yo ak gason yo, keseswa nan tanp oubyen nan pawas yo oubyen nan branch yo, li fèt sou direksyon moun ki detni kle prètriz yo. Konsa, pandan l t ap pale ak Sosyete Sekou a, Prezidan Smith te eksplike: “[Senyè a] ba yo gwo òganizasyon sa a kote yo gen otorite pou sèvi sou direksyon evèk yo nan pawas yo … , pou veye sou enterè espirityèl ak tanporèl pèp nou an.”8

Konsa, se vre ke Sosyete Sekou se pa jis yon klas pou fi yo men se yon òganizasyon yo apatni---yon branch nan prètriz la ki divinman etabli.9.9

Nou pa gen abitid pou n di ke fi yo gen otorite prètriz la nan apèl yo nan legliz la, men, ki lòt otorite sa ka ye? Lè yon fi---jèn oswa granmoun---resevwa mizapa pou preche levanjil la kòm misyonè aplentan, yo ba l otorite pou akonpli yon fonksyon nan prètriz la. Se menm otorite sa a yo bay tou lè yo mete yon fi apa pou sèvi kòm konseyè oswa enstriktris nan yon òganizasyon legliz la sou direksyon yon moun ki detni kle prètriz yo. Kèlkeswa moun k ap sèvi nan yon ofis oswa yon apèl li resevwa nan men yon moun ki detni kle prètriz yo, li egzèse otorite prètriz la nan akonplisman devwa yo ba li yo.

Moun k ap egzèse otorite prètriz yo pa dwe konsantre sou dwa yo men konsantre sou responsablite yo. Sa se yon prensip nou bezwen nan sosyete a anjeneral. Gwo ekriven Ris renome a, Aleksandr Solzhenitsyn, te di: “Li lè … pou n defann non pa tèlman dwa lòm men obligasyon lòm.”10 Sen Dènye Jou yo sètènman rekonèt ke kalifikasyon pou egzaltasyon se pa yon zafè revandike dwa men yon zafè ranpli responsablite.

V.

Senyè a bay direksyon pou se sèlman gason yo òdone nan ofis yo nan prètriz la. Men, jan plizyè dirijan Legliz la souliyen an, se pa gason yo ki “prètriz la.”11 Gason yo detni prètriz la, avèk devwa sakre pou itilize l pou benediksyon tout pitit Bondye yo.

Pi gwo pouvwa Bondye bay pitit gason l yo pa kapab egzèse san konpayi youn nan pitit fi l yo, paske se sèlman pitit fi l yo Bondye bay pouvwa “pou kreye kò ... pou desen Bondye ak Gwo Plan l lan kapab akonpli.”12 Pawòl sa yo se pawòl Prezidan J. Reuben Clark.

Li kontinye: “Sa se plas madan nou ak manman nou nan Plan Etènèl la. Yo pa detni Prètriz la; yo pa gen responsablite pou ranpli devwa ak fonksyon nan Prètriz la; ni yo pa chaje yo avèk responsablite prètriz yo; yo se batisè ak òganizatè anba pouvwa li, e yo se moun ki pataje benediksyon l yo, paske yo posede konpleman pouvwa Prètriz la ak yon fonksyon yo osi divinman aple pou yo ranpli, ki gen yon enpòtans osi etènèl nan domèn ni ke Prètriz la li menm.”13

Nan pawòl enspire sa yo, Prezidan Clark t ap pale de fanmi. Jan yo deklare nan pwoklamasyon sou fanmi an, papa a prezide nan fanmi an, li menm ak manman an gen responsablite separe, men yo “gen obligasyon pou youn ede lòt kòm asosye egal.”14 Kèk ane anvan pwoklamasyon sou fanmi an, Prezidan Spencer W. Kimball te bay eksplikasyon divinman esnpire sa a: “Lè nou pale de maryaj antanke yon asosyasyon an, annou di maryaj se yon asosyasyon total egal ego. Nou pa vle pou fi yo nan legliz la se asosye silansye oubyen limite nan tach etènèl sa a! Tanpri se pou nou yon aktiv e total patnè.”15

Konsa, nan je Bondye, keseswa nan legliz la oubyen nan fanmi an, fi yo ak gason yo egal ego men yo gen responsablite diferan.

M ap fini afèk kèk verite sou benediksyon nan prètriz la. Kontrèman ak kle prètriz yo ak òdinasyon prètriz yo, benediksyon prètriz yo disponib ni pou fi yo ni pou gason yo sou menm kondisyon yo. Don Sentespri a ak benediksyon tanp yo se egzanp klè sou verite sa a.

Nan yon diskou li te fè nan Semèn Edikatif Inivèsite Brigham Youn nan, Èldè M. Russell Ballard te bay ansèyman sa yo:

“Nan doktrin legliz nou an, fi yo egal ak gason yo pandan ke yo toulède diferan. Bondye pa konsidere youn pi bon ni pi enpòtan pase lòt la. …

“Lè fi yo ak gason yo ale nan tanp, yo toulède dote ak menm pouvwa a, ki se pouvwa prètriz la. … Aksè nan pouvwa ak benediksyon prètriz yo disponib pou tout pitit Bondye.”16

Mwen temwaye sou pouvwa ak benediksyon prètriz Bondye a, ki disponib pou pitit gason l yo ansanm ak pitit fi l yo. Mwen temwaye sou otorite prètriz Bondye a, ki fonksyone gras ak tout ofis ak aktivite nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Mwen temwaye sou fonksyon kle prètriz yo ki divinman dirije yo, detni e egzèse nan plenitid yo pa pwofèt/prezidan nou, Thomas S. Monson. Finalman e pi enpòtan, mwen temwaye de Senyè nou ak Sovè nou an, Jezikri, ki se mèt prètriz la e se sèvitè li nou ye, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Linda K. Burton, “Priesthood: ‘A Sacred Trust to Be Used for the Benefit of Men, Women, and Children’” (diskou nan konferans jeneral fi yo, Me 3, 2013), 1; ce.byu.edu/cw/womensconference/transcripts.php.

  2. Joseph F. Smith, Gospel Doctrine, 5th ed. (1939), 139.

  3. Boyd K. Packer, “Priesthood Power in the Home” (worldwide leadership training meeting, Fev. 2012); lds.org/broadcasts; gade tou James E. Faust, “Power of the Priesthood,” Ensign, Me 1997, 41–43.

  4. Manyèl Enstriksyon 2: Administrasyon Legliz la (2010), 2.1.1.

  5. M. Russell Ballard, “Men and Women in the Work of the Lord,” New Era, Avr. 2014, 4;Liahona, Avr. 2014, 48; gade tou Filles dans mon royaume: L’histoire et l’oeuvre de la Société de Secours (2011), 138.

  6. Gade Spencer W. Kimball, “Our Great Potential,” Ensign, Me 1977, 49.

  7. Joseph Fielding Smith, “Relief Society—an Aid to the Priesthood,” Relief Society Magazine, Jan. 1959, 4.

  8. Joseph Fielding Smith, “Relief Society—an Aid to the Priesthood,” 4, 5; gade tou Enseignements des présidents de l’église: Joseph Fielding Smith (2013), 302.

  9. Gade Boyd K. Packer, “The Relief Society,” Ensign, Me 1998, 72; gade tou Daughters in My Kingdom, 138.

  10. Aleksandr Solzhenitsyn, “A World Split Apart” (diskou ki fèt nan remiz diplòm nan Inivèsite Harvard la, Jen 8, 1978); gade tou Patricia T. Holland, “A Woman’s Perspective on the Priesthood,” Ensign, Jiyè 1980, 25; Tambuli, Jen 1982, 23; Dallin H. Oaks, “Rights and Responsibilities,” Mercer Law Review, vol. 36, no. 2 (winter 1985), 427–42.

  11. Gade James E. Faust, “You Are All Heaven Sent,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2002, 113; M. Russell Ballard, “This Is My Work and Glory,” Ensign oswaLiahona, Me 2013, 19; Dallin H. Oaks, “Priesthood Authority in the Family and the Church,” Ensign oswaLiahona, Nov. 2005, 26. Pafwa nou di Sosyete Sekou se “patnè frè yo nan prètriz la.” Li ta pi bon pou nou di nan travay Senyè a, Sosyete Sekou ak fi yo nan Legliz la se “patnè detantè prètriz yo.”

  12. J. Reuben Clark Jr., “Our Wives and Our Mothers in the Eternal Plan,” Relief Society Magazine, Des. 1946, 800.

  13. J. Reuben Clark Jr., “Our Wives and Our Mothers,” 801.

  14. “The Family: A Proclamation to the World,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2010, 129.

  15. Spencer W. Kimball, “Privileges and Responsibilities of Sisters,” Ensign, Nov. 1978, 106.

  16. M. Russell Ballard, New Era, Avr. 2014, 4;Liahona, Avr. 2014, 48; gade tou Sheri L. Dew, Women and the Priesthood (2013), espesyalman chapit 6, pou yon eksplikasyon apwofondi sou doktrin yo prezante la yo.