2010–2019
Yon konvèsyon pwofon ak dirab nan Pè Selès la ak nan Senyè a, Jezikri
Oktòb 2018


Yon konvèsyon pwofon ak dirab nan Pè Selès la ak nan Senyè a, Jezikri

Objektif nou se pou balanse eksperyans nan Legliz la ak nan fwaye a nan yon fason ki pral grandman ogmante lafwa ak spirityalite ak apwofondi konvèsyon.

Jan Prezidan Russell M. Nelson sot eksplike byen klè avèk elokans lan, dirijan Legliz yo t ap travay depi lontan sou yon plan santre sou fwaye epi sipòte pa Legliz la pou nou aprann doktrin nan, fòtifye lafwa nou, ak favorize pi plis adorasyon pèsonèl Apresa, Prezidan Nelson te anonse yon chanjman pou nou ka gen “yon nouvo balans ant enstriksyon levanjil la nan fwaye a ak nan Legliz la.”1

Pou atenn objektif sa yo—Prezidan Russell M. Nelson dekri a epi sou direksyon li epi konfòm avèk desizyon Konsèy Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo—orè reyinyon jou Dimanch yo pral chanje nan fason sa yo, kòmanse Janvye 2019.

Orè Reyinyon Dimanch yo

Reyinyon jou Dimanch yo kounyeya pral konpoze pa yon reyinyon sentsèn 60 minit chak Dimanch, santre sou Sovè a, òdonans Sentsèn nan, ak mesaj spirityèl. Lè lè a rive pou n al nan klas apre yo, manm Legliz yo pral asiste yon klas 50 minit ki pral altène chak Dimanch.

  • Lekòldidimanch pral fèt premye ak twazyèm Dimanch nan mwa a.

  • Reyinyon Kowòm Prètriz, Sosyete Sekou ak Jènfi yo ap fèt nan dezyèm ak katriyèm Dimanch nan mwa a.

  • Reyinyon senkyèm Dimanch yo pral fèt sou direksyon evèk la.

Primè ap fèt chak semèn pandan menm peryòd 50 minit sa a epi peryòd sa a ap enkli tan pou chante ak leson yo.

Imaj
Orè Jou Dimanch

Konsènan orè reyinon jou Dimanch yo, dirijan yo nan Legliz la te konsyan depi dèzane ke, pou kèk nan presye manm nou yo, yon orè twazèdtan nan legliz la nan jou Dimanch difisil anpil. Sa patikilyèman vre tou pou paran ki gen timoun piti yo, pou timoun Primè yo, manm aje yo, nouvo konvèti yo, ak lòt moun.1

Men gen plis bagay toujou nan chanjman sa a pase jis rakousi orè reyinyon jou Dimanch yo. Prezidan Nelson rekonesan pou kantite bagay k ap akonpli kòm rezilta fidelite nou nan envitasyon yo te ba nou anvan yo. Limenm, ak tout dirijan yo nan Legliz la, vle pote yon pi gwo lajwa nan levanjil pou paran yo, timoun yo, jèn yo, selibatè yo, granmoun yo, nouvo konvèti yo, ak moun misyonè yo ap anseye yo, atravè yon pwogram balanse ki santre sou fwaye, ki soutni pa Legliz la. Pami objektif ak benediksyon ki asosye avèk chanjman sa yo ak lòt chanjman resan yo, nou ka mansyone:

  • Apwofondi konvèsyon nou nan Pè Selès la ak nan Senyè a, Jezikri, ak fòtifye lafwa nou nan yo.

  • Fòtifye chak moun ak fanmi yo atravè yon pwogram ki santre sou fwaye a, ke Legliz la sipòte, ki kontribye a viv levanjil la jwayezman.

  • Sanktifye jou Saba a, avèk plis konsantrasyon sou òdonans Sentsèn nan.

  • Ede tout pitit Pè Selès yo nan toulède bò vwal la, atravè travay misyonè ak resevwa òdonans ak alyans ak benediksyon tanp yo.

Yon etid levanjil santre sou fwaye a, sipòte pa Legliz la

Orè jou Dimanch sa a pral pèmèt nou gen plis tan pou n pase yon sware lakay nou ak pou n etidye levanjil la lakay nou jou Dimanch yo, oubyen nan lòt moman ke moun yo ak fanmi yo kapab chwazi. Yon sware aktivite familyal ka fèt nan jou Lendi yo oubyen nenpòt lòt jou. Pou rezon sa a, dirijan yo dwe kontinye kite Lendi swa yo lib, yo pa dwe fè reyinyon ak aktivite Legliz nan jou sa a. Sepandan, nou ka pwograme tan n ap konsakre a sware familyal, etid levanjil la ak aktivite pou moun yo endividyèlman ak fanmi yo selon sikonstans pèsonèl nou.

Imaj
Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo

Etid levanjil familyal ak endividyèl nan fwaye a pral amelyore grandman pa yon pwogram etid ak yon nouvo [manyèl] ki rele Vini, Suiv Mwen pou Moun yo ak Fanmi yo ki kowòdone avèk ansèyman k ap fèt nan Lekòldidimanch ak nan Primè yo.3 An Janvye, jèn ak adilt yo nan Legliz la nan pral etidye Nouvo Testaman an nan klas Lekòldidimanch ak Primè. Nouvo manyèl Vini, Suiv Mwen pou Moun yo ak Fanmi yo a—ki kouvri Nouvo Testaman an tou—prepare pou ede manm yo aprann levanjil la lakay yo. Ladan, yo eksplike: “Dokimantasyon sa a destine pou tout moun ak tout fanmi nan Legliz la. Yo prepare l pou ede nou [pi byen] aprann levanjil la—keseswa poukont nou oubyen ansanm avèk fanmi nou. … Plan leson yo nan nouvo manyèl sa a òganize selon yon kalandriye … chak semèn.”4

Nouvo leson Primè Vini, Suiv Mwen yo ki anseye nan legliz la pral suiv menm kalandriye chak semèn nan tou. Nan premye ak twazyèm Dimanch yo, klas adilt yo ak jèn yo pral kowòdone pou yo ka itilize nouvo manyèl Vini, Suiv Mwen pou fwaye a. Nan dezyèm ak katriyèm Dimanch yo, adilt nan Prètriz ak Sosyete Sekou yo pral kontinye etidye ansèyman dirijan Legliz yo, avèk aksan sou mesaj resan pwofèt aktyèl yo.5 Jènfi yo ak jènjan nan Prètriz Aawon yo pral etidye sijè levanjil yo nan jou Dimanch sa yo.

Nouvo manyèl etid pou fwaye a bay “Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal.”6 Plan leson pou chak semèn yo gen ide pou etid ak aktivite ki ka itil pou moun yo endividyèlman ak fanmi yo. Manyèl Vini, Suiv Mwen, pou moun yo ak fanmi yo a gen anpil ilistrasyon tou ki pral ede amelyore aprantisaj pèsonèl ak familyal la, espesyalman pou timoun yo.7 Nouvo manyèl sa yo pral disponib pou chak fwaye rive mwa Desanm ane sa a.

Nan premye diskou l te bay manm Legliz yo an Janvye a, Prezidan Nelson te egzòte nou pou n prepare nou pou Dezyèm Vini Jezikri a nan mache sou chemen alyans la.8

Kondisyon ki egziste nan mond lan plis an plis mande yon konvèsyon pèsonèl apwofondi ak yon lafwa fòtifye nan Pè Selès la ak nan Jezikri ak Ekspyasyon l lan. Senyè a te prepare nou, liy pa liy, pou tan boulvèsman n ap fè fas jodia. Nan ane k sot pase yo, Senyè a te gide nou pou n te adrese kèk domèn enpòtan ki enkli:

  • Onore jou Saba a ak òdonans sakre Sentsèn nan ke nou te souliyen pandan twa dènye ane yo.

  • Sou direksyon evèk la, kowòm ansyen ak Sosyete fòtifye yo konsantre sou objektif ak responsablite Legliz la resevwa divinman9 yo epi y ap ede manm yo fè ak kenbe alyans sakre.

  • Sèvis Pastoral nan yon “nivo ki pi wo ak pi sakre” te jwayezman adopte.

  • Kòmanse avèk fen an nan lespri nou, alyans tanp yo ak travay istwa familyal vin yon pati detèminan nan chemen alyans la.

Chanjman yo anonse yo maten an se ankò yon lòt egzanp sou gidans pou pwoblèm epòk nou yo.

Pwogram etid tradisyonèl Legliz la mete aksan sou eksperyans jou Dimanch yo nan Legliz la. Nou konnen ke, lè nou gen manm klas ki pi byen anseye ak pi prepare espirityèlman, nou fè yon pi bèl eksperyans nan Jou Dimanch lan. Nou gen benediksyon pou Lespri a ogmante ak fòtifye konvèsyon nan kad Legliz la.

Nouvo pwogram santre sou fwaye ki soutni pa Legliz la sa a dwe sitou pi plis enfliyanse konpòtman relijye fanmi yo ak konpòtman ak obsèvans relijye pèsonèl. Nou konn enpak spirityèl ak pwofon yon konvèsyon dirab ka atenn nan kad fwaye a. Sa gen kèk ane, yo te fè yon etid ki te di ke pou jènjan yo ak jènfi yo, enflyans Sentespri a pi souvan akonpaye etid ekriti ak priyè pèsonèl yo nan fwaye a. Objektif nou se pou n balanse eksperyans Legliz la ak eksperyans fwaye a nan yon fason ki pral grandman ogmante lafwa, spirityalite, ak apwofondi konvèsyon nan Pè Selès la ak nan Senyè a, Jezikri.

Nan pati ki santre sou fwaye e soutni pa Legliz la nan chanjman sa a, gen fleksibilite pou chak moun ak fanmi yo pou yo ka detèmine, nan lapriyè, kijan ak kilè yo pral aplike li. Paregzanp, pandan ke chanjman sa a pral grandman beni tout fanmi yo, selon bezwen lokal yo, li t ap totalman apwopriye pou jèn adilt yo, adilt selibatè, paran selibatè, fanmi ki anpati manm yo, nouvo manm yo, 10 ak lòt reyini an gwoup, andeyò sèvis adorasyon jou Dimanch yo, pou yo ka rankontre pou jwi sosyabilite levanjil la epi pou yo ka etidye resous santre sou fwaye, ki soutni pa Legliz sa a ansanm. Moun ki vle fè l konsa yo ka fè sa san pwoblèm.

Nan plizyè kote nan mond lan, gen moun ki chwazi pou yo rete nan chapèl yo apre orè nòmal jou Dimanch yo pou yo ka pase yon ti moman ansanm. Pa gen anyen nan chanjman sa yo nou anonse a ki ap chanje bèl pratik anrichisan sa a nan okenn fason.

Pou ede manm yo prepare yo pou Saba a, gen kèk pawas ki deja ap voye yon mesaj email, tèks, oswa mesaj sou rezo sosyal nan mitan semèn nan bay manm yo. Nan kad chanjman sa a, nou grandman rekòmande tip kominikasyon sa a. Envitasyon sa yo pral raple manm yo orè reyinyon jou Dimanch la pou semèn nan, enkli sijè ki pral pale nan klas la, ak konvèsasyon sou levanjil ki pou fèt nan fwaye a. Epitou, reyinyon adilt jou Dimanch yo pral bay enfòmasyon pou kowòdone etid k ap fèt nan Legliz la ak nan fwaye a chak semèn.

Reyinyon Sentsèn nan ak peryòd klas la pral mande bonjan konsiderasyon nan lapriyè pou asire nou ke nou mete priyorite spirityèl yo anlè tout fonksyon administratif yo. Pareganp, gen anons ki ka fèt nan envitasyon n ap voye nan mitan semèn nan oubyen sou yon pwogram enprime. Pandan ke reyinyon sentsèn nan dwe gen yon priyè ouvèti ak yon priyè kloti a, dezyèm reyinyon an bezwen yon priyè kloti sèlman.10

Jan nou te mansyone deja a, nouvo orè jou Dimanch la ap kòmanse an Janvye 2019. Gen plizyè rezon pou sa. De nan rezon k pi enpòtan yo se: premyèman, pou n ka gen tan pou n distribye manyèl Vini, Suiv Mwen pou moun yo ak fanmi yo a epi, dezyèmman, pou kite tan pou prezidan pieu yo ak evèk yo aranje orè reyinyon yo pou plis pawas ka reyini bonè nan jounen an.

Pandan dirijan yo t ap chèche revelasyon an, direksyon yo te resevwa nan dènye ane yo se pou fòtifye reyinyon sentsèn yo, sanktifye jou Saba a, ak ankouraje epi ede paran yo ak moun yo endividyèlman pou yo fè fwaye yo vin yon sous fòs espirityèl ak lafwa ogmante—yon kote ki gen lajwa ak bonè.

Benediksyon ekstraòdinè

Kisa chanjman sa yo vledi pou manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo? Nou konnen ke manm yo pral beni nan fason ekstraòdinè. Dimanch ka yon jou etid ak ansèyman levanjil nan legliz la ak nan fwaye a. Pandan ke chak moun endividyèlman ak fanmi yo angaje yo nan konsèy familyal, istwa familyal, sèvis pastoral, sèvis, adorasyon pèsonèl, ak bon tan familyal ansanm, jou Saba a ap vin reyèlman yon delis.

Imaj
Fanmi Carvalho

Gen yon fanmi ki soti Brezil ki nan yon pieu kote nou te teste nouvo pwogram Vini Suiv Mwen pou fwaye a. Papa a, Fernando, yon ansyen misyonè, ki, avèk madanm ni, Nancy, se paran kat timoun piti, te rapòte: “Lè yo te entwodui pwogram Vini, Suiv Mwen an nan pieu nou an, m te eksite anpil, epi m te panse: ‘fason nou etidye ekriti yo lakay la pral chanje.‘ Sa reyèlman fè nan fwaye mwen, epi, antanke yon dirijan nan Legliz la, m te wè sa rive nan lòt fwaye. … Sa te ede nou vrèman fè diskisyon ekriti nan fwaye nou. Madanm mwen avèk mwen te gen yon konpreyansyon pi apwofondi sou sijè nou t ap etidye yo. … Sa te ede nou … anplifye konesans nou sou levanjil la, ak ogmante lafwa nou ak temwayaj nou. … Mwen rann temwayaj … ke m konnen sa te enspire pa Senyè a pou ke etid konsistan ak efikas prensip ak doktrin ki nan ekriti yo ka pote plis lafwa, temwayaj, ak limyè pou fanmi yo … nan yon mond ki plis anplis ap tonbe.”12

Nan pieu nou te chwazi pou n te teste pwogram sa a toupatou nan mond lan, te gen yon gwo reyaksyon favorab pou nouvo pwogram Vini, Suiv Mwen pou fwaye a. Anpil moun te di yo te pwogrese anpil soti nan senpleman li ekriti yo pou yo al nan etidye ekriti yo kounyeya. Tout moun yo te santi ke eksperyans lan te ogmante lafwa epi l te gen yon bèl enpak nan pawas la.13

Konvèsyon pwofon ak dirab

Bi chanjman sa yo se pou ka vin gen yon konvèsyon ki pi pwofon ak pi dirab nan adilt yo ak jenerasyon k ap grandi a. Premye paj nan manyèl pou moun yo ak fanmi yo a: “Objektif tout sa n ap aprann ak tou sa n ap anseye nan levanjil la se pou apwofondi konvèsyon nou ak pou ede nou vin pi plis menmjan avèk Jezikri.… Sa vledi apiye nou sou Kris la pou chanje kè nou.”14 Nou ede sa fèt lè nou “ale odela kad yon klas pou antre nan kè yon moun ak nan fwaye li. Sa mande efò pèsistan chak jou pou n ka konprann levanjil la ak pou n viv li. Vrè konvèsyon mande enfliyans Sentespri a.”15

Objektif ki pi enpòtan ak benediksyon siprèm yon konvèsyon pwofon ak dirab se mete nou diy pou n resevwa alyans ak òdonans yo ki nan chemen alyans lan.16

Nou konte sou nou pou n al chita ansanm pou n chèche revelasyon sou fason pou n enplante chanjman sa yo—san nou p ap gade odela mak la ni eseye fòse moun yo ak fanmi yo. Gen enfòmasyon adisyonèl ki pral vini nan kominikasyon nou pral voye, enkli yon lèt Premye Prezidans lan avèk eksplikasyon.

Mwen temwaye nou ke, nan pi reyinyon ak diskisyon Konsèy Premye Prezidan lan ak Kolèj Douz Apot yo te fè nan tanp lan, epi apre pwofèt byeneme nou an te fin priye Senyè a pou l te ka jwenn revelasyon pou l te avanse avèk chanjman sa yo, nou tout te resevwa yon konfimasyon puisan. Russell M. Nelson se Prezidan ak pwofèt vivan nou. Anons sa yo nou fè jodia pral pote anpil benediksyon pou moun ki, avèk antouzyas, pral anbrase chanjman sa yo e chèche gidans Sentespri a. N ap vin pi pwòch Papa nou ki nan Syèl la ak Senyè ak Sovè nou an, Jezikri, ke m se temwen sèten an. Nan non Jezikri, Amèn.

Nòt

  1. Russell M. Nelson, “Diskou ouvèti,” Lyawona,Nov. 2018, 8.

  2. Nou konnen tou ke, nan sosyete a anjeneral, gwo majorite aktivite pou enfòme, enstwi, ak menm divèti yo te redui nan yon fason siyifikan.

  3. Pwogram etid sa a pral eisponib nan vèsyon dijital ak enprime.

  4. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo (2019), vi.

  5. Gade “Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Ansyen ak Sosyete SekouLiahonaMe 2018, 140. Olye de dezyèm ak twazyèm Dimanch yo, nou pral diskite mesaj konferans jeneral yo nan dezyèm ak katriyèm Dimanch yo.

  6. Gade Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, 4. Moun yo ak fanmi yo ap deside ki pati nan etid levanjil nan fwaye a, sware familyal, ak aktivite familyal ki pral sware familyal (ke anpil moun deja rele sware familyal). Paske moun yo ak fanmi yo pral pran desizyon sa a, nou itilize tèm sware familya ak sware anfanmi yo nan fason entèchanjab nan chanjman sa yo nou anonse yo.

  7. Gade Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, 29.

  8. Gade Russell M. Nelson, ”Pandan n ap avanse ansanm,”Lyawona, Avr. 2018, 7.

  9. Gade Manyèl 2: Administration de l’église (2010), 2.2. Responsablite divinman delege yo “gen ladann ede manm yo viv levanjil Jezikri a, rasanble Izrayèl atravè travay misyonè, pran swen pòv yo ak moun ki nan bezwen yo, epi rann sali posib pou mò yo nan bati tanp ak akonpli òdonans pa pwokirasyon.” Gade Doktrin ak Alyans 110 tou, ki gen resi sou retablisman kle esansyèl yo.

  10. Pote atansyon patikilye a timoun ki gen paran ki pa manm legliz la oubyen ki pa vini legliz regilyèman yo. Moun selibatè yo ak lòt yo ka reyini avèk yon fanmi yo tou si sa ap benefisye tout moun ki konsène yo.

  11. P ap gen egzèsis ouvèti pou dezyèm reyinyon an.

  12. Fanmi Fernando ak Nancy de Carvalho, Brezil.

  13. Moun ak fanmi ki te patisipe nan tès pou eseye pwogram sa yo, an mwayèn, te etidye levanjil la pi souvan epi yo te fè etid ekriti ak diskisyon levanjil ki pi siyifikan nan fwaye a. Yo te di ke yo te gen diskisyon levanjil pi enfòmèl avèk fanmi yo ak manm pawas yo epi yo te pi plis apresye etidye menm blòk ekriti yo avèk fanmi yo. Sa te patikilyèman vrè pou jèn yo.

  14. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, v; gade2 Korentyen 5:17 tou.

  15. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, v.

  16. Gade Russell M. Nelson, “Pandan n ap avanse ansanm,“ 7.