2010–2019
Wòl Liv Mòmon an nan konvèsyon.
Oktòb 2018


Wòl Liv Mòmon an nan konvèsyon.

N ap rasanble Izrayèl pou ladènye fwa e n ap fè sa avèk Liv Mòmon an, youn nan zouti konvèsyon ki pi presye yo.

Anpil moun jodi an ap reflechi sou reyalite Bondye ak relasyon nou avèk li. Gen anpil moun ki pa konn anpil oubyen ki pa konn anyen sou gran plan bonè l la. Sa gen plis pase 30 tan, Prezidan Ezra Taft Benson te obsève ke ”Majorite mond lan … jodia rejte divinite Sovè a. Yo kesyone nesans mirakile l la, lavi pafè li, ak reyalite rezireksyon gloriye l la.”1

Jounen jodia, kesyon yo fokis non sèlman sou Sovè nou an men sou Legliz li a tou—Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo—ke l te retabli palentèmedyè Pwofèt Joseph Smith la. Souvan, kesyon sa yo fokis sou listwa, sou ansèyman, oubyen pratik Legliz Sovè a.

Liv Mòmon an ede nou grandi temwayaj nou

Nan Preche Levanjil Mwen an, nou li: ”Sonje ke konpreyansyon nou genyen [de Pè Selès la ak plan bonè l la] soti nan pwofèt modèn—Joseph Smith ak siksesè l yo— ki resevwa revelasyon dirèk nan men Bondye. Konsa, premye kesyon yon moun dwe reponn se èske Joseph Smith sete yon pwofèt, epi moun sa a ka reponn kesyon sa a lè l l li Liv Mòmon an epi l priye konsènan li.” 2

Temwayaj mwen konsènan apèl diven Pwofèt Joseph Smith lan ap fòtiye lè m li Liv Mòmon an: Yon Lòt Temwayaj Konsènan Jezikri. Mwen te aplike envitsyon Mowoni an pou ”mande Bondye, Papa Etènèl la, nan non Kris la,” pou konnen si Liv Mòmon an vrè a.3 Mwen temwaye ke m konnen li vrè. Konesans sa a te vini, menm jan l ka vini pou nou tou, ”pa pouvwa Sentespri a.”4

Entwodiksyon Liv Mòmon an di: ”Moun ki resevwa temwayaj diven [Liv Mòmon an] nan men Lespri Sen an ap vin konnen tou pa mwayen menm pouvwa sa a Jezikri se Sovè mond lan, Joseph Smith se revelatè ak pwofèt li nan dènye jou sa yo, e Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se wayòm Senyè a ki tabli yon fwa ankò sou tè a pou prepare Dezyèm Vini Mesi a.”5

Lè m yon jèn misyonè ki t ap prale Chili, m te aprann yon leson puisan sou pouvwa konvèsyon Liv Mòmon an. Mesye Gonzalez te sèvi nan yon pozisyon respekte nan Legliz li pandan dèzane. Li te gen anpil fòmasyon relijyon, e menm yon diplom nan teyoloji. Li te vrèman fyè de metriz li te genyen nan Bib la. Nou tout te ka wè se te yon savan relijyon.

Li te byen konnen misyonè Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ki t ap travay nan vil natal li Lima, nan Perou. Li te toujou vle rankontre yo pou l te ka aprann yo kèk bagay konsènan Bib la.

Yon jou, prèske tankou yon kado ki soti nan syèl la, omwen se sal te panse, de misyonè te rete l nan lari a epi yo te mande l si yo te ka vin lakay li pou pataje ekriti avèk li. Sa sete yon bagay li te toujou reve! Priyè l yo te ekzose. Anfen, li t ap kapab mete jenòm sa yo ki pèdi a sou bon wout la. Li te di yo ke l t ap kontan anpil si yo te vin lakay li pou diskite ekriti yo.

Li pa t ka tann randevou a. Li te pare pou itilize l te itilize Bib la pou l te kontrekare kwayans yo. Li te pèsyade ke Bib la t apral klèman demontre yo ke yo te sou move wout. Jou swa randevou a te rive, epi misyonè yo te frape pòt la. Li te eksite anpil. Moman l lan te rive anfen.

Li te ouvri pòt la epi l te envite misyonè yo antre lakay li. Youn nan misyonè yo te lonje yon liv ble ba li epi l te rann temwayaj sensè ke l te konnen liv la te gen pawòl Bondye. Dezyèm misyonè a a te ajoute temwayaj puisan li konsènan liv la, kote l te temwaye ke yon pwofèt aktyèl Bondye, ki te rele Joseph Smith, te tradui li, epi l ansenye konsènan Kris lan. Misyonè yo te eskize tèt yo, epi yo te ale.

Mr Gonzalez te desi anpil. Men li te ouvri liv la epi l te kòmanse gade paj yo. Li te li premye paj la. Li te li paj apre paj apre paj e l pa t sispann jiskaske l te byenta nan demen aprèmidi. Li te li tout liv la epi l te konnen liv la te vrè. Li te konnen sa l te bezwen fè. Li te rele misyonè yo, li te fè leson yo, epi l te renonse a lavi l t ap mennen an pou l te vin manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Bon mesye sa a sete pwofesè m nan Sant Fòmasyon Misyonè yo nan Provo, Utah. Istwa konvèsyon frè Gonzalez la ak pouvwa Liv Mòmon an te fè yon gwo enpresyon sou mwen.

Lè m te rive Chili, prezidan misyon m nan, Prezidan Royden J. Glade, te envite nou li temwayaj pwofèt Joseph Smith la ki nan Istwate anrejistre nan Istwa—Joseph Smith la chak semèn. Li te aprann nou ke yon temwayaj konsènan Premye Vizyon an ap gen yon lyen dirèk avèk temwayaj nou konsènan levanjil la ak temwayaj nou konsènan Liv Mòmon an.

M te pran envitasyon sa a seryezman. M te li istwa Premye Vizyon an; m te li Liv Mòmon an. M te priye jan Mowoni te konseye a epi m te mande ”Bondye, Papa Etènèl la, nan non Kris la”6 si Liv Mòmon vrè. Mwen temwaye jodia ke m konnen Liv Mòmon an, jan Pwofèt Joseph Smith te di a, se ”liv ki pi kòrèk pase tout lòt liv sou tè a, e li se fondman relijyon nou an, e si yon moun syiv presèp liv la, l ap vin pi pre Bondye pase si l suiv presèp nenpòt lòt liv.”7 Pwofèt Joseph Smith te deklare tou: ”Retire Liv Mòmon an ak revelasyon yo, epi kote relijyon nou an? Non pa gen youn.”8

Konvèsyon Pèsonèl

Lè nou pi byen konprann kiyès nou ye ak objektif Liv Mòmon an, konvèsyon nou ap vin pi pwofon e pi asire. Nou fòtifye nan angajman nou pou nou respekte alyans nou te fè avèk Bondye yo.

Objektif prensipal Liv Mòmon an se pou rasanble Izrayèl ki dispèse a. Rasanbleman sa a bay tout pitit Bondye yo opòtinite pou yo antre nan chemen alyans lan epi, si yo onore alyans sa yo, y ap retounen nan prezans Papa a. Lè nou ansenye repantans epi nou batize moun ki konvèti yo, n ap rasanble Izrayèl.

Liv Mòmon an gen 108 referans ak kay Izrayèl la. Nan kòmansman Liv Mòmon an, Nefi te ansenye, ”Paske, tout entansyon m se pou m konvenk lèzòm pou yo vin jwenn Bondye Abraram nan, ak Bondye Izarak la, ak Bondye Jakòb la, e pou yo sove.”9 Bondye Abraram, Izaak, ak Jakòb la se Jezikri, Bondye Ansyen Testaman an. Nou sove lè nou vin jwenn Kris la atravè viv Levanjil li a.

Nan apre, Nefi te ekri:

”Wi, papa m menm te pale anpil konsènan Janti yo, e konsènan kay Izrayèl la. Yo te gen pou yo konsidere yo tankou yon pye oliv ki gen tout branch li kase, dispèse sou tout sifas tè a. …

”Epi, lè kay Izrayèl la fin dispèse yo pral rasanble ansanm ankò, oubyen, nan dènye moman, lè Janti yo fin resevwa plenitid levanjil la, branch natirèl yo ki nan pye oliv la, oubyen rès kay Izrayèl la pral grefe ladan l, oubyen li pral vin konnen vrè Mesi a, Senyè li a, ak Redanmtè l la.”10

Nan menm fason an, nan fen Liv Mòmon an, pwofèt Mowoni raple nou alyans nou yo, li di ”Pou w kapab pa nan konfizyon ankò, pou alyans Papa Etènèl la te fè avèk w a, O, ou menm kay Izrayèl la kapab akonpli.”11

Alyans Papa Etènèl la

Kisa ”alyans Papa etènèl” Mowoni fè referans yo ye? Nou li nan liv Abraram nan:

”Non mwen se Jewova, epi m konnen lafen depi nan kòmansman; se poutèt sa, men mwen pral sou ou.

”Epi m pral fè w tounen yon gran nasyon, epi m pral beni w san mezire, epi m pral fè non ou gran pami tout nasyon, epi w pral yon benediksyon pou desandan ou yo apre w, pou yo pote nan men yo ministè sa a ak la Prètriz sa a bay tout nasyon yo;”12

Prezidan Russell M. Nelson te anseye nan yon reyinyon mondyal sa pa gen lontan ke ”Asireman epòk sa a se dènye jou yo, epi Senyè a ap akselere travay li pou rasanble Izrayèl la. Rasanbleman sa a se bagay ki pi enpòtan k ap fèt sou tè a jodi a. Pa gen anyen ki konparab avèk li nan grandè li, pa gen anyen ki konparab avèk li nan enpòtans li, pa gen anyen ki konparab avèk li nan majeste li. Si nou chwazi, si nou vle, nou kapab jwe yon gwo wòl ladan. Nou kapab vin fè pati yon bagay ki gwo, yon bagay ki gran, yon bagay ki majestye!

”Lè nou pale de rasanbleman an, nou tou senpleman eksprime verite fondamantal sa a: Chak grenn pitit Papa nou ki nan Syèl la, sou toulède bò vwal la, merite pou yo tande mesaj levanjil retabli Jezikri a. Yo deside pou tèt pa yo si yo vle konn plis.”13

Se sa n ap fè antanke manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo: n ap chache mennen mond lan nan yon konpreyansyon—ak yon konvèsyon—nan levanjil Jezikri a. Nou se “rasanblè dènye jou yo.”14 Misyon nou klè. Frè m ak sè m yo, annou fè moun rekonèt nou kòm moun ki te pran pwomès Mowoni an oserye, ki te priye epi ki te resevwa yon repons pou konnen ke Liv Mòmon an se verite, epi ki te pataje konesans sa a avèk lòt moun an pawòl epi pi enpòtan toujou, an aksyon.

Wòl Liv Mòmon an nan konvèsyon

Liv Mòmon an gen levanjil Jezikri a.15 Li mennen nou fè alyans avèk Papa a, ki, si nou kenbe yo, ap asire nou pi gran nan don l yo—lavi etènèl.16 Liv Mòmon an se fondman konvèsyon tout pitit gason ak pitit fi Papa ki nan Syèl la.

Pou m site Prezidan Nelson ankò: “Lè nou … li nan Liv Mòmon an chak jou, n ap aprann doktrin rasanbleman an, verite konsènan Jezikri, Sakrifis Ekspyatwa la la, ak plenitid Levanjil li a ke nou pa jwenn nan Bib la. Liv Mòmon an esansyèl pou rasanbleman Izrayèl la. Anfèt, si pa t gen Liv Mòmon an, pwomès rasanbleman Izrayèl la pa t ap fèt.”17

Ban m fini avèk pawòl Sovè a lè l te ansenye Nefit yo konsènan benediksyon yo pwomèt yo: “Nou se pitit pwofèt yo; e nou konte nan pami kay Izrayèl la; e nou konte nan alyans Papa a te fè avèk zansèt nou yo, lè l te di Abraram: Epi tout pèp sou tè a ap beni nan jenerasyon nou yo.”18

Mwen temwaye ke nou se pitit gason ak pitit fi Bondye, desandan Abraram, kay Izrayèl la. N ap rasanble Izrayèl pou ladènye fwa epi n ap fè sa avèk Liv Mòmon an—yon liv ki, konbine avèk Lespri Senyè a, se zouti konvèsyon ki pi puisan ki egziste. Nou dirije pa yon pwofèt Bondye, Prezidan Russell M. Nelson, ki ap dirije rasanbleman Izrayèl nan epòk pa nou an. Liv Mòmon an vrè. Li te chanje lavi m. M pwomèt nou, menm jan ak Mowoni ak anpil lòt pwofèt atravè syèk yo, ke l ka chanje lavi w. 19 Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Enseignements des presidents de l’église: Ezra Taft Benson2014), 129.

  2. “Ki Wòl Liv Mòmon an?Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Sèvis Misyonè, rev. ed. (2018), lds.org/manual/missionary.

  3. Mowoni 10:4.

  4. Mowoni 10:4.

  5. Entwodiksyon Liv Mòmon an.

  6. Mowoni 10:4.

  7. Entwodiksyon Liv Mòmon an.

  8. Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 196.

  9. 1 Nefi 6:4.

  10. 1 Nefi 10:12–14.

  11. Mowoni 10:31 .

  12. Abraram 2:8–9.

  13. Russell M. Nelson, ”Espwa Izrayèl” (devosyon jèn yo, 3 Jen, 2018), 4, broadcasts.lds.org.

  14. Gade Jakòb 5:72.

  15. Prezidan Ezra Taft Benson te ansenye: “Senyè a limenm te deklare ke Liv Mòmon an gen ‘plenitid levanjil Jezikri a‘ (D&A 20:9). Sa pa vle di ke l gen tout ansèyman, tout doktrin ki te janm revele. Men, sa vle di ke, nan Liv Mòmon an, n ap jwenn plenitid doktrin ki nesesè pou sali nou yo. Epi yo anseye yo klèman e senpleman yon fason pou menm timoun yo ka aprann chemen sali ak ekzaltasyon yo.” (Ansèyman: Ezra Taft Benson, 131).

  16. Gade Doktrin ak Alyans 14:7.

  17. Russell M. Nelson, “Hope of Israel,” 7.

  18. 3 Nefi 20:25.

  19. Gade, pa egzanp, Henry B. Eyring, ”Liv Mòmon an ap chanje lavi w ,” Lyawona, Fev. 2004, 12–16.