2010–2019
Pou Li
Oktòb 2018


Pou li

Lè nou konn kiyès n ap sèvi ak poukisan ap sèvi lòt moun, sa ka ede nou konprann ke pi gran manifestasyon amou an se devosyon pou Bondye.

Nan sware istorik sa a, m eksprime lanmou m ak apresyasyon m pou nou chak, sè byenneme m yo. Kèlkeswa laj, lokalite oubyen sikonstans nou, nou rasanble apremidi a nan inite, nan fòs, nan objektif, epi avèk temwayaj ke Papa nou ki nan syèl la, Sovè a, Jezikri; ak pwofèt vivan nou an, Prezidan Russell M. Nelson renmen nou epi y ap gide nou.

Lè nou te fèk marye, evèk nou an te aple mari m avèk mwen pou n te vizite ak sèvi yon fanmi ki pa t vin legliz depi dèzane. Nou te aksepte responsablite a san ezite, epi nou t al lakay yo kèlke jou apre. Imedyatman nou te rann nou kotn ke yo pat vle Legliz la voye moun vin vizite yo.

Konsa, nan pwochèn vizit la, nou te pote yon asyèt bonbon ba yo, avèk konfyans ke bonbon chokola yo t ap adousi kè yo. Sa pat fèt. Koup la te pale avèk nou deyè pòt la, pou yo te di nou klèman ke nou pa t byenveni. Men, pandan nou t ap kondui tounen lakay nou, nou te prèske sèten ke nou t ap ka gen plis siksè si nou te pote Rice Krispy pito.

Paske nou te manke vizyon spirityèl, tantativ apre yo sete echèk fristran. Sa pa janm agreyab lè moun rejte nou. Apre kèk tan, nou te kòmanse mande tèt nou, “Poukisa n ap fè sa? Ki objektif nou?”

Eldè Carl B. Cook te fè obsèvasyon sa a: “Sèvi nan Legliz la … kapab difisil si yo mande nou pou nou fè yon bagay ki fè efreye nou, si nou fatige sèvi, oubyen si nou aple pou n fè yon bagay ki pa atiran toudabò.”1 Nou t ap fè eksperyans verite k te nan pawòl Elder Cook yo epi nou te deside ke n te bezwen chèche direksyon nan men yon moun ki gen yon pigran pèspektif pase pa nou an.

Konsa, apre anpil priyè sensè ak etid, nou te resevwa repons sou rezon sèvis nou an. Nou te vin gen yon chanjman nan konpreyansyon nou, yon chanjman kè, anfèt, yon eksperyans revelasyon.2 Pandan nou t ap chèche direksyon nan ekriti yo, Senyè a te anseye nou kijan pou n te fè pwosesis sèvis la vin pi fasil ak pi siyifikan. Men vèsè nou te li ki te chanje kè nou ak apwòch nou an: “Se pou ou renmen Senyè a, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout pouvwa ou, ak fòs ou; epi se pou w sèvi li nan non Jezikri.”3 Malgre vèsè sa a te familye anpil, li sanble l te pale avèk nou nan yon fason nouvo ki te pi enpòtan.

Nou te reyalize ke nou te sensèman ap eseye sèvi fanmi sa a ak sèvi evèk la, men nou te bezwen mande tèt nou si nou te reyèlman ap sèvi paske nou renmen Senyè a. Wa Benjamen te fè distenksyon sa a klè lè l te di, “Gade, m di nou, poutèt m di nou, m te pase lavi m nan sèvis nou, m pa vle fè chèlbè, paske m te sèlman nan sèvis Bondye..”4

Kiyès Wa Benjamen t ap reyèlman sèvi? Pè Selès la ak Sovè a. Lè nou konn kiyès n ap sèvi ak poukisa n ap sèvi lòt moun, sa ka ede nou konprann ke pi gran manifestasyon amou an se devosyon pou Bondye.

Amezi fokis nou te chanje, se konsa priyè nou te chanje tou. Nou te kòmanse renmen vizit nou yo avèk fanmi sa a akoz amou nou pou Senyè a.5 Se pou Li nou t ap fè l. Li te fè lit nou an vin pa yon lit ankò. Apre yo te fin kite nou kanpe devan pòt la pandan plizyè mwa, fanmi an te kòmanse kite nou antre. Alafen, nou te fè priyè regilye ak diskisyon sou levanjil a ansanm. Yon amitye dirab te devlope. Nou t ap adore l ak renmen li nan renmen pitit li.

Èske w ka panse a yon lè kote w te lonje lamen avèk amou nan efò sensè pou w te ede yon moun ki te nan bezwen, epi w te santi moun nan pa t remake ni petèt apresye efò a, oubyen li pat menm vle l? Nan moman sa a, èske w te kesyone valè sèvis ou a? Si se wi, fè pawòl Wa Benjamen yo ranplase dout ou e menm lapenn ou: “Lè n ap sèvi pwochen nou yo, se sèlman nan sèvis Bondye nou ye.”6

Olye pou nou nouri rankè, atravè sèvis, nou ka bati yon relasyon ki pi pafè avèk Papa nou ki nan syèl la. Amou nou ak devouman nou pou Li pran priyorite sou bezwen pou nou chèche rekonesans ak apresyasyon an epi sa pèmèt lanmou l devèse nan noumenm e atravè nou.

Pafwa, nou ka sèvi pa devwa oubyen obligasyon toudabò, men, menm sèvis sa a ka mennen nou fè resòti yon bagay ki pi elve andedan nou, ki ap mennen nou sèvi nan “yon fason ki pi ekselan”7—tankou nan nvitasyon Przidan Nelson an, nan “yon nouvo apwòch pi sakre pou nou pran swen ak sèvi lòt moun.”8

Lè nou konsantre nou sou tout sa Bondye fè pou nou, sèvis nou ap soti nan yon kè plen rekonesans. Pandan n ap vin mwens sousye pou sèvis nou an pwofite nou, n ap reyalize olyesa ke konsantre sou sèvis nou an se pral mete Bondye anpremye.9

Prezidan M. Russell Ballard te anseye, “Se sèIman lè nou renmen Bondye avèk Kris la ak tout kè nou, tout nanm nou, ak tout panse nou ke n ap vin ka pataje amou sa a avèk pwochen nou atravè aksyon jantiyès ak sèvis.”10

Premye nan Dis Kòmandman yo repete prensip sajès divin sa a ankò: “M se Senyè a, Bondye nou. … Nou pa dwe gen lòt Bondye devan m.”11 Lòd kòmandman sa a parèt la ede nou konprann ke, si si nou fè l vin priyorite prensipal nou, tout bagay ap vin tonbe nan plas yo alafen—menm sèvis nou rann lòt moun yo. Lè nou fè chwa volontèman pou n mete l nan premyè plas nan lavi nou, l ap ka beni aksyon nou yo pou byen nou ak byen lòt moun.

Senyè a te konseye, “Gade sou mwen nan chak panse.”12 Epi chak semèn nou fè alyans pou nou fè jis sa—pou nou “toujou sonje l.”13 Èske nou ka aplike konsantrasyon sou Bondye sa a nan tout sa n ap fè? Èske menm yon tach san enterè ka vin tounen yon okazyon pou nou demontre amou nou ak devosyon nou pou li? M kwè sa posib epi se sa n pral fè.

Nou ka fè chak tach sou lis nou an vin yon tounen yon fason pou n glorifye li. Èske nou ka wè chak devwa kòm yon privilèj ak yon opòtinite pou n sèvi li, menm lè nou akapare pa dat limit, responsablite, oubyen chanje kouchèt tibebe?

Jan Amon te di a,Wi, m konnen m pa anyen; kanta pou fòs pa m, m se yon moun fèb; se poutèt sa, m pap fè louwanj pou tèt pa, men map fè louwanj pou Bondye m nan,paske avèk fos Li m kapab fè tout bagay.”14

Lè sèvi Bondye vin tounen priyorite prensipal nan lavi nou, nou pèdi tèt nou, men lè moman an rive, nou jwenn tèt nou.15

Sovè a te anseye prensip sa a trè senpleman e trè dirèk: “Se poutèt sa, kite limyè nou an limen devan pèp sa a, pou yo kapab wè bon zèv nou e pou yo glorifye Papa nou ki nan syèl la.”16

Kite m pataje avèk nou kèk pawòl sajès ki ekri sou miray yon òfelina nan Calcutta, nan Inde: Si w janti, moun gen dwa petèt di w gen motivasyon egoyis nan panse w. Se pou w janti kanmèm. Sa w te pase dèzane ap konstwi a, yon moun ka detwi l petèt nan yon nuit. Bati kanmèm. Byen w ap fè jodia, souvan, moun yo vin bliye l nan demen. Fè byen kanmèm. Bay mond la sa w genyen ki pi bon, e sa gen dwa pa janm ase. Bay mond la sa w genyen ki pi bon kanmèm. Ou wè, finalman, se pral ant oumenm ak Bondye … de tout fason.”17

Sè m yo, se toujou ant noumenm ak Senyè a. Jan Prezidan James E. Faust te di a: “‘Ki pi gwo bezwen k gen nan mond la?’ … ’Èske pi gwo bezwen k gen nan mond la se pa pou chak moun gen yon relasyon pèsonèl, kontinyèl, kotidyèn e dirab avèk Sovè a? Yon relasyon konsa ka libere divinite ki andedan nou an, epi anyen pa p ka fè yon pi gwo diferans nan lavi nou pase vin konnen ak konprann relasyon divin nou avèk Bondye.”18

Se konsa tou, Alma te eksplike pitit gason l la, “Wi, kriye nan pye Bondye pou tout sa w bezwen; wi, fè tout sa w ap fè nan Senyè a, epi nenpòt sa w ap fè, fè l nan Senyè a; wi, dirije panse w nan Senyè a, mete afeksyon kè w nan Senyè a pou tout tan.”19

Epi, Prezidan Russell M. Nelson te anseye nou menmjan an tou: “Lè nou konprann Ekspyasyon l te akonpli volontèman an, tout santiman sakrifis nou genyen ap totalman efase pa yon santiman gratitid pwofon pou privillèj nou genyen pou n sèvi l la. ”20

Sè m yo, mwen tyemwaye nou ke lè Jezikri travay sou nou ak nan nou, atravè pouvwa ekspyasyon l la, li kòmanse travay atravè nou pou beni lòt moun. Nou sèvi yo, men, nou fè sa pa amou pou li ak pou n sèvi li. Nou vin tounen sa ekriti yo dekri a: “Chak gason [ak fi] k ap chèche enterè pwochen yo, epi k ap fè tout bagay avèk je yo fikse sou glwa Bondye”21

Petèt, evèk nou an te konnen ke sete leson mari m avèk mwen ta pral tire nan premye aksyon byen-entansyone, men enpafè sa yo pou n te sèvi piti gason ak fi byenneme l yo. Mwen rann nou temwayaj pèsonèl mwen avèk sètitid sou bonte ak amou l devèse sou nou lè n ap fè efò pou n sèvi li. Nan non sakre Jezikri, amèn.