2010–2019
Yon boukan lafwa
Oktòb 2018


Yon boukan lafwa

Pou moun k ap chèche l, ki aksepte l, ki viv pou li, lafwa ap vini epi l ka retounen, pafwa gradyèlman.

Chè frè m ak sè m yo, èske sa pa ekstraòdinè pou n resevwa revelasyon kontinyèl soti nan syèl la palentèmedyè Prezidan Russell M. Nelson ak dirijan Legliz nou yo ki egzòte nou pou n viv nan yon nouvo fason ki pi sen, 1 lakay nou, nan legliz la, ak tout kè nou, tout espri nou ak tout fòs nou?

Èske w janm gen okazyon pou w fè yon bagay ou te santi w pa t prepare ni konpetan pou w te fè men ou te beni paske w te eseye?

Wi. Men yon egzanp.

Kèk ane desa, Èldè Richard G. Scott, yon manm nan Kolèj Douz Apot yo, te mande m jantiman: “Gerrit, èske w ta renmen fè penti akwarèl avèk mwen?”

Èldè Scott te di m penn tablo te ede l obsève ak kreye. Li te ekri: “Eseye kreyatif, menmsi rezilta yo pa twò anfòm. … Kreyativite ka mennen yon espri gratitid pou lavi a ak pou talan Senyè a mete nan ou . … Si w byen chwazi, sa p ap oblije pran w anpil tan.”2

Prezidan Henry B. Eyring dekri meditasyon atistik kòm bagay ki motive pa “yon santiman lanmou,”espesyalman “lanmou yon Kreyatè ki atann pou pitit li yo vin menmjan avèk li—pou yo kreye ak konstwi.”3 Travay kreyatif Prezidan Eyring yo ba nou yon “pèspektif spirityèl san parèy sou temwayaj ak lafwa.”4

Kreyasyon atistik Prezidan Boyd K. Packer yo ilistre yon mesaj fondamantal nan levanjil la: “Bondye se Kreyatè syèl la ak tè a ak tout sa ki ladan yo, lanati rann temwayaj de kreyasyon sou direksyon divin sa a, epi gen [yon] amoni total ant lanati, lasyans, ak levanjil Jezikri a.”5

Alma temwaye: “Tout bagay demontre egzistans yon Bondye.”6 Timoun Primè yo chante: “Chak fwa m tande yon tizwazo ap chante oubyen m wè syèl ble a, … m kontan dèske m ap viv nan bèl mond sa a Pè Selès la kreye pou mwen.”7 Victor Hugo te selebre “relasyon mirakile ki egziste ant moun yo ak choz yo nan tablo san fen sa a, soti nan solèy la rive nan ti foumi an. … Tout zwazo k ap vole yo gen yon ti kal nan fil etènite sa a nan grif yo. … Yon ’nebula’ se yon nich zetwal.”8

Epi, sa mennen nou retounen nan envitasyon Èldè Richard G. Scott te fè m nan.

M te reponn: “Èldè Scott, m ta renmen vin pi kreyatif ak yon pi bon obsèvatè. M tresayi lè m imajine Pè Selès nou an ki fè tablo ak pil nyaj ak tout koulè syèl ak dlo. M te di: “Men”—epi m te fè yon kanpe—“Èldè Scott, m pa gen okenn talan pou akwarèl. M panse sa ka desi w si w ta eseye anseye m li.”

Èldè Scott te souri epi nou te pran yon randevou. Lè jou a te rive, li te prepare papye, penti, ak penso. Li te trase kèk bagay epi l te mouye papye a pou mwen.

Imaj
Boukan nan solèy kouche

Kòm modèl, nou te itilize bèl akwarèl ki rele Feu de camp au crépuscule la. Pandan nou t ap fè penti a, nou te pale de lafwa—kijan lè nou anfas limyè ak chalè yon boukan dife, nou kite fènwa ak ensètitid dèyè—kijan pafwa, nan nuit long solitid yo, boukan lafwa nou ka ba nou esperans ak asirans. Epi li vin fè jou. Boukan lafwa nou—souvni nou yo, eksperyans nou, ak eritaj lafwa nan bonte ak tand mizèrikòd Bondye nan lavi nou—soutni nou pandan nuit la.

Temwayaj mwen, pou moun k ap chèche li, ki aksepte li, ki viv pou li yo, lafwa ap vini oubyen l ka retounen, pafwa ti kal pa tikal. Limyè a ap vini si nou vle l epi nou chèche li, si nou gen pasyans epi nou obeyi kòmandaman Bondye yo, si nou mete nou disponib pou gras, gerizon, ak alyans Bondye.

Lè nou te kòmanse fè penti a, Èldè Scott te ankouraje m: “Gerrit, menm apre yon sèl leson, w ap ka penn yon bagay ou pral anvi konsève ak sonje.” Èldè Scott te gen rezon. M renmen akwarèl boukan lafwa nou an Èldè Scott te ede m fè a. Talan atistik mwen te limite e l toujou limite, men, souvni boukan dife lafwa a ka ankouraje nou nan senk fason.

Premyèman, yon boukan lafwa ka ankouraje nou jwenn lajwa nan bon jan kreyativite.

Gen lajwa nan imajine, aprann, ak fè nouvo bagay ki vo lapèn. Sa patikilyèman vrè lè n ap ranfòse lafwa nou ak konfyans nou nan Pè Selès la ak Pitit Gason l lan, Jezikri. Nou pa ka renmen tèt nou ase pou n ta sove tèt nou. Men Pè Selès la renmen nou plis e l konnen nou pi byen pase nou renmen oubyen konnen tèt nou. Nou ka fè Senyè a konfyans e pa apiye sou pwòp konpreyansyon pa nou.9

Èske w janm konn nan sityasyon kote w se sèl moun yo pa envite nan fèt yon moun?

Èske sa konn rive ke yo chwazi w an dènye, oubyen yo pa chwazi w ditou, lè y ap seleksyone yon ekip.

Èske w prepare w pou yon egzamen lekòl, yon entèvyou travay, pou yon opòtinite t ap tann anpil—epi ou santi w echwe?

Èske w konn priye pou yon relasyon ki, pou kèlkeswa rezon an, pa mache?

Èske w janm konn fè fas a yon maladi kwonik, yon konjwen ki abandone w, trakase w pou fanmi ou?

Sovè nou an konnen sitiyasyon nou. Lè nou egzèse libabit Bondye ba nou an epi nou angaje tout failite nou nan imilite ak lafwa, Sovè nou an, Jezikri, ka ede nou afwonte pwoblèm ak lajwa lavi yo. Lafwa se yon dezi ak chwa pou w kwè. Lafwa soti nan obeyi kòmandman Bondye yo tou, ke l ba nou pou beni nou, si nou suiv chemen alyans li a.

Lè nou santi nou nou ensèten, solitè, desi, fache, an kòlè, tris oubyen separe de Bondye ak Legliz retabli l la, sa ka petèt mande yon pi gwo efò ak lafwa pou retounen sou chemen alyans la ankò. Men, sa vo lapèn! Tanpri vini, oubyen retounen, vin jwenn Senyè a, Jezikri! Amou Bondye pi fò pase tout kòd lanmò—tanporèl oswa spirityèl.10 Sakrifis Ekspyatwa Sovè a enfini ak etènèl. Nou chak konn egare epi tonbe. Nou gen dwa pèdi wout nou pou yon moman. Men Bondye asire nou avèk amou ke, kèlkeswa kote nou ye oubyen sa n ap fè a, gen yon fason pou nou retounen. L ap tann nou, tou pare pou l anbrase nou.11

Dezyèmman, yon boukan lafwa ka ankouraje nou sèvi nan nouvo fason spirityèlman kreyatif, ki pi elve ak pi sen ak pi ranpli avèk Sentespri a.

Sa ap pote mirak ak benediksyon apatenans nan alyans Bondye yo—kote nou santi amou li epi nou chèche sèvi lòt moun nan menm espri sa a.

Dènyèman, Sè Gong avèk mwen te rankontre yon papa ak fanmi li ki te gen benediksyon pou yon frè prètriz fidèl te mande evèk la si l te ka vin konpayon papa sa a pou fè vizit ofwaye. Papa a te inaktif epi li pa t enterese nan vizit ofwaye. Men, pandan ke kè l te chanje, li menm avèk frè eman sa a nan prètriz la te kòmanse al vizite fanmi yo te responsab yo. Apre youn nan vizit sa yo, madanm ni—ki te inakfif tou—te mande mari l kijan bagay yo te ye. Li te admèt ke l “te petèt santi yon bagay”—epi li t al nan kuizin nan pou l t al pran yon byè.12

Men, yon bagay te antrene lòt: bèl eksperyans, sèvis postoral, chanjman kè, klas preparasyon pou tanp, al legliz, sele antanke fanmi nan tanp. Imajine kijan pitit li ak pitit pitit yo te rekonesan anvè papa yo ak manman yo, ak anvè frè konpayon sèvis pastoral sa a ki te vin tounen yon zanmi ak yon patnè pou papa yo pou yo te ka renmen ak sèvi lòt yo.

Twazyèmman, boukan ankourajman: lajwa ak benediksyon kreyatif levanjil yo vini lè nou chèche renmen Senyè a ak renmen lòt moun ak tout kè nou ak tout nanm nou.

Ekriti yo envite nou pou n mete tout sa nou ye ak tout sa n ap fè sou lotèl lanmou ak sèvis la. Nan AnsyenTestaman an, yo ba nou konsèy sa a nan Detewonòm: “Renmen Senyè a, Bondye nou an” avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouraj nou.13 Jozye egzòte nou: “Se pou nou renmen Senyè a, … mache nan chemen li, … obeyi kòmandman l yo, … kenbe pye l fèm, … sèvi l ak tout kè nou ak tout nanm nou.”14

Nan Nouvo Testaman an, Sovè nou an raple nou de gran kòmandman yo: “Se pou ou renmen Senyè a, Bondye ou, ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout fòs kouraj ou, … renmen frè parèy ou tankou w renmen pwòp tèt pa w.”15

Nan Liv Mòmon an: Yon lòt temwayaj konsènan Jezikri, Wa Benjamen te travay “avèk tout pouvwa kò li e avèk fakilte tout nanm liavèk tout pouvwa kò li e avèk fakilte tout nanm li” epi l te etabli lapè nan peyi a. 16 Nan Doktrin ak Alyans yo, jan tout misyonè konnen, Senyè a mande nou pou nou sèvi l ak tout “tout kè nou, tout pouvwa nou, tout panse nou, ak tout fòs nou.”17 Lè Sen yo te antre nan Konte Jakson nan, Senyè a te kòmande yo pou yo sanktifye Jou Saba a, li te di “Renmen Senyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout pouvwa nou, tout panse nou, epi tout fòs nou; epi nou dwe sèvi l nan non Jezikri.”18

Nou kontan pou envitasyon pou n konsakre tout nanm nou nan chèche fason pi elve ak pi sen pou n renmen Bondye ak moun bò kote nou ak pou fòtifye lafwa nou nan Pè Selès la ak Jezikri nan kè nou ak nan fwaye nou ak nan legliz la.

Katriyèmman, boukan lafwa nou an ankouraje nou pou n etabli tradisyon regilye ak jis ki apwofondi lafwa ak spirityalite.

Abitid sakre sa yo, bon woutin sa yo, oubyen modèl pyete sa yo ka enkli lapriyè; etid ekriti; jèn; sonje Sovè nou an ak alyans yo atravè òdonans Sentsèn yo; pataje benediksyon levanjil yo atravè travay misyonè, tanp ak istwa familyal, ak lòt sèvis; kenbe yon jounal pèsonèl enspiran; eksetera.

Lè modèl ki jis ak aspirasyon spirityèl sa yo reyini ansanm, tan ak letènite vin ini ansanm. Nou resevwa limyè ak lavi spirityèl lè nou gen pratik relijye regilye ki rapwoche nou pi pre Pè Selès nou an ak Sovè nou an, Jezikri. Lè nou renmen espri ak lèt lalwa a, bagay letènite yo ka vide sou nanm nou tankou lawouze k soti nan syèl la.19 Ak obeyisans ak dlo lavi rafrechisan chak jou, n ap jwenn repons, lafwa, ak fòs pou nou afwonte pwoblèm ak opòtinite chak jou yo avèk pasyans, pèspektiv ak lajwa.

Senkyèmman, lè nou aplike pi bon chema familye yo pandan n ap chèche nouvo fason ki pi sen pou n renmen Bondye ak sèvi youn lòt, yon boukan lafwa ka ankouraje nou pou n sonje ke pèfeksyon se nan Kris la, non pa nan noumenm ni nan fason mond lan wè l.

Envitasyon Bondye yo ranpli ak lanmou ak posiblite paske Jezikri se “chemen an, verite a, ak lavi a.”20 Pou moun ki santi yo akable anba fado yo, li envite, “Vin jwenn mwen,” epi pou moun ki vin jwenn ni yo, li pwomèt, “M ap ba nou soulajman.”21 “Vin jwenn Kris la, epi pèfeksyone nou nan li, … renmen Bondye avèk tout pouvwa nou, panse nou, ak fòs nou, lè sa a gras li ap ase pou nou, pou nou kapab vin pafè nan Kris la atravè gras li.”22

Nan asirans sa a “pou nou kapab vin pafè nan Kris la atravè gras li” a, nou jwenn rekonfò, lapè, ak pwomès ke nou ka kontinye avanse ak lafwa ak konfyans nan Senyè a, menm lè bagay yo pa mache jan nou espere, jan nou atann, ou petèt jan nou merite, san se pa fòt nou, menm apre nou fin fè tout sa n kapab.

Nan plizyè fason ak mwayen, nou santi n enkonpetan, ensèten, petèt endiy. Men, nan efò fidèl nou pou n renmen Bondye ak sèvi pwoche nou yo, nou ka santi amou Bondye ak enspirasyon ki nesesè a, pou yomenm ak lavi nou, nan nouvo fason ki pi sen.

Avèk konpasyon, li ankouraje nou e l pwomèt ke nou ka “avanse avèk fèmte nan Kris la, avèk yon esperans pafètman klè, e avèk yon lanmou pou Bondye ak tout moun.”23 Doktrin Kris la, Ekspyasyon Sovè nou an, ak angajman total nou pou n suiv chemen alyans la ka ede nou konn verite l yo e rann nou lib. 24

Mwen temwaye ke plenitid levanjil li a ak plan sali l la te retabli epi yo anseye yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nan ekriti yo, epi pa pwofèt yo soti nan Pwofèt Joseph Smith rive nan Prezidan Russell M. Nelson. Mwen temwaye ke chemen alyans li a mennen nan pi gwo don Pè Selès eman nou an pwomèt nou an: “N ap gen lavi etènèl.”25

Se pou nou gen benediksyon li ak yon lajwa dirab pandan n ap rechofe kè nou ak esperans nou ak angajman nou nan boukan lafwa a, nan non sakre Jezikri, amèn.