2010–2019
Paran ak Timoun yo
Oktòb 2018


Paran ak Timoun yo

Gran plan bonè Pè Selès nou an di nou kiyès nou ye ak objektif lavi nou.

Chè sè m yo, ala yon mèvèy pou nou gen sesyon konferans jeneral sa a pou fi yo nan Legliz la ki gen yuit an ak pi gran. Nou te tande mesaj enspire apati sè dirijan yo epi apati Prezidan Henry B. Eyring. Prezidan Eyring ak Mwen renmen travay sou direksyon Prezidan Russell M. Nelson, epi nou pa ka tann diskou pwofetik li a.

I.

Timoun yo se kado k pi presye Bondye ba nou—pwogresyon etènèl nou. Nou toujou ap viv nan yon epòk kote anpil fi ta swete yo pa patisipe ditou nan pote ak nouri timoun. Anpil jèn adilt retade maryaj yo jistan bezwen materyèl yo satisfè. Laj mwayèn marayj manm legliz nou yo ogmante de plis pase dezan, epi kantite nesans nan pami manm Legliz yo ap diminye. Etazini ak kèk lòt nasyon yo ap fè fas ak yon fiti kote pa gen ase timoun k ap grandi vin adilt pou sipòte granmoun k ap retrete yo1 Plis pase 40 pousan nesans nan Etazini se pou manman selibatè. Timoun moun sa yo vilnerab. Chak nan tandans sa yo ap travay kont plan sali divin Papa nou an.

II.

Fi Sen Dènye-jou yo konprann ke vini yon manman se pi gwo proyorite yo, lajwa siprèm yo. Prezidan Gordon B. Hinckley te di: “Pifò nan fi yo dekouvri pi gwo akonplisman yo, pi gwo lajwa yo nan fwaye ak fanmi. Bondye te enplante nan fi yo yon bagay diven ki manifeste nan fòs trankil, nan delikatès, nan lapè, nan bonte, nan vèti, nan verite, nan lanmou. Epi tout kalite remakab sa yo atenn ekspresyon ki pi otantik ak pi satisfezan yo nan matènite.”

Li te kontinye, “Pi gwo djòb nenpòt fi ap janm fè se nouri ak anseye epi okipe ak ankouraje ak elve pitit li nan vèti ak laverite. Pa gen okenn lòt bagay ki ap konpare avèk sa, kelkeswa sa l fè.”2

Manman yo, sè byenneme yo, nou renmen nou pou moun nou ye ak pou sa nou fè pou nou tout.

Nan mesaj enpòtan li an 2015 la ki rele “Yon Siplikasyon pou Sè yo” Prezidan Russell M. Nelson te di:

“Wayòm Bondye a pa epi pa kapab konplè san fi ki fè alyans sakre epi apresa ki kenbe yo, fi ki ka pale avèk pouvwa ak otorite Bondye!

“Jodia, … nou bezwen fi ki konnen kijan pou fè bagay enpòtan yo rive pa lafwa yo epi ki se defansè kouraje moralite ak fanmi nan yon mond ka p sonbre nan peche. Nou bezwen fi ki devwe pou gide pitit Bondye yo sou wout alyans pou rive nan egzaltasyon an; fi ki konnen kijan pou resevwa revelasyon pèsonèl, ki konprann pouvwa ak lapè nan dotasyon tanp; fi ki konnen kijan pou envoke pouvwa selès yo pou pwoteje ak fòtifye timoun ak fanmi yo; fi ki ka anseye san krent.”3

Tout ansèyman enspire sa yo baze sou “Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” kote Legliz retabli sa a reyafime doktrin ak pratik esansyèl yo nan plan Kreyatè a anvan Li te kreye tè a.

III.

Kounyea m ap adrese ak gwoup ki pi jèn nan asistans lan. Chè jèn sè mwen yo, akòz konesans nou sou levanjil retabli Jezikri a, nou enkonparab. Konesans nou pral ba nou kapasite pou n andire ak simonte difikilte yo pandan n ap grandi. Depi n tou jèn, nou patisipe nan pwojè ak pwogram ki te devlope talan nou, tankou ekri, pale ak planifye. Nou aprann konpòtman responsab ak kijan pou n reziste anba tantasyon pou n bay manti, pou n vòlè, oubyen itilize alkòl oswa dwòg.

Karaktè enkonparab nou te parèt evidan nan yon etid Inivèsite Kawolin Dinò sou tinedjè Ameriken yo ak relijyon. Atik yon Obsèvatè nan Chalòt te gen tit, “Tinedjè Mòmon yo andire pi byen: Etid la w↕ ke yo depase kamarad yo nan jere adolesans.” Atik sa a te konkli ke “Mòmon yo pi bon lontan nan evite konpòtman riske, reyisi pi byen nan lekòl epi gen yon atitid pozitif konsènan lavni.” Youn nan chèchè yo nan etid la, ki te fè entèvyou pou pifò nan jèn nou yo, te di, “Nan preske tout kategori nou te obsève yo, te gen yon chema klè: Mòmon yo te premye.” 4

Poukisa nou ka pi byen fè fas ak difikilte yo pandan na p grandi a? Jènfi, se paske nou konprann gran plan bonè Pè Selès la. Li di nou kiyès nou ye ak rezondèt lavi nou. Jèn ki gen konpreyansyon sa yo, yo se premye nan rezoud pwoblèm epi premye nan chwazi bon bagay. Nou konnen nou ka jwenn èd Senyè a pou simonte tout difikilte pandan n ap grandi yo.

Yon lòt rezon ki fè nou pi efikas se paske nou konprann ke nou se pitit yon Pè Selès ki renmen nou. Mwen sèten nou byen konnen bèl kantik nou an “Chers enfants, Sur Vou Dieu Veille.” la. Men premye vèsè a nou tout chante ak kwè:

Chers enfants, Sur vous Dieu veille,

Vous protège jour et nuit,

Vous bénit car il vous aime,

Si vous vous fiez à lui5

Gen de ansèyman nan vèsè sa a: Premyèman, Pè Selès nou an toupre nou epi la p veye sou nou lajounen ak lannuit. Panse sou sa! Bondye renmen nou, Li toupre nou, L ap veye sou nou. Dezyèman, Li kontan beni nou pandan na p “fè efò poun fè bon bagay.” Ala rekonfòtan sa ye nan mitan anksyete ak difikilte nou yo!

Wi, jènfi yo, nou beni e nou ekstraòdinè, men nou tankou tout pitit Pè Selès la nan bezwen pou n “efòse nou pou n fè bon bagay” la.

Jodia m ta ka ba nou konsèy sou anpil bagay diferan, men m chwazi pou m pale de de sèlman.

Premye konsèy mwen se konsènan telefòn selilè. Yon ankèt resan nan tout peyi a te montre ke plis pase mwatye nan adolesan nan Etazini yo di ke yo pase twòp tan nan telefòn selilè yo. Plis pase 40 pousan te di yo te santi yo anksye lè yo te separe de selilè yo.6 Sa te pi kouran pami tifi yo ke tigason yo. Jèn sè mwen yo—ak medam adilt yo tou—lavi nou ap beni si nou limite itilizasyon ak depandans nou sou telefòn selilè yo.

Dezyèm konsèy mwen an pi enpòtan toujou. Se pou nou janti avèk lòt moun. Jantiyès se yon bagay anpil jèn nou yo deja ap pratike. Kèk gwoup jèn nan kèk kominote montre egzanp lan pou nou tout. Nou te enspire pa aksyon jantiyès jèn manm nou yo anvè sila yo ki bezwen lanmou ak èd yo. Nan anpil fason, nou pote èd sa a epi nou youn montre lòt lanmou sa a. M swete tout moun ta suiv egzanp ou yo.

An menm tan tou, nou konnen advèsè a tante nou tout pou nou pa janti, e kontinye gen anpil egzanp sou sa, menm pami timoun yo ak jèn yo. Mechanste pèsistan pote plizyè non, tankou entimidasyon, fè kò sou yon mounm, oswa mete ansanm pou rejte lòt moun. Egzanp sa yo delibereman pote soufrans pou kamarad nou oswa zanmi nou. Jèn sè m yo, Senyè a pa kontan lè nou kriyèl oswa mechan avèk lòt moun.

Men yon egzanp. Mwen konn yon jèn gason, yon refijye isit la nan Utah, ke yo te takinen paske l te diferan, epi pafwa paske l t ap pale lang peyi li. Yon gang jèn ki privilejye te pwovoke l jiskaske l te reyaji nan yon fason ki te lakòz li te pran 70 jou prizon, pandan yo t ap anvizaje pou te depòte li. M pa konn sa k te pwovoke gwoup jèn sa a, enpil ladan yo sete Sen Dènye-jou menmjan avèk nou, men, mwen ka wè efè mechanste yo, yon eksperyans trajik ak yon pri trajik yo enflije youn nan pitit Bondye yo. Ti aksyon mechanste yo ka gen konsekans devastatè.

Lè m te tande istwa sa a, m te konpare l ak sa pwofèt nou an, Prezidan Nelson, te di resaman nan devosyonèl mondyal pou jèn yo. Pandan l t ap ande noumenm ak tout lòt jèn yo pou ede nan rasanbleman Izrayèl la, li te di: “Kanpe fèm; montre nou diferan de mond lan. Noumenm avèk mwen konnen ke nou se yon limyè pou mond lan. Se poutèt sa, Senyè a bezwen pou aparans nou, langaj nou, akson nou, ak abiye nou sanble avèk pa yon vrè disip Jezikri.” 7

Batayon jèn nan Prezidan Nelson te envite nou pou nou antre a pap gen mechanste youn kont lòt. Jèn sa yo pral suiv ansèyman Sovè a pou lonje lamen epi montre lanmou ak konsiderasyon pou lòt moun, menm ofri lòt bò figi a lè yo santi yon moun fè yo ditò.

Nan yon diskou konferans jeneral sou epòk kote anpil nan nou te fèt la, Prezidan Gordon B. Hinckley te rann omaj pou “bèl jènfi yo ki ap fè efò pou yo viv levanjil la.” Li te dekri yo, egzakteman jan m santi pou m dekri nou an:

“Yo gen jenewozite youn pou lòt. Yo chèche pou youn fòtifye lòt. Yo se yon onè pou paran yo ak fwaye kote yo soti yo. Y ap pwoche nan laj matirite yo epi pandan tout lavi a yo pral konsève ideyal ki motive yo aktyèlman yo.”8

Antanke sèvitè Senyè a, M ap di noumenm, jènfi yo, mond lan bezwen bonte nou ak lanmou nou. Se pou nou youn janti ak lòt. Jezi te anseye nou pou nou youn renmen lòt epi pou nou youn trete lòt yo jan nou vle yo trete nou. Pandan na p fè efò pou n janti a, n ap vin pi pre Li ak pi pre enfliyans eman Li .

Chè sè m yo, si nou konn patisipe nan konpòtman mechan oubyen mesken—endividyèlman oubyen an gwoup---pran rezolisyon kounyea pou nou chanje ak pou n ankouraje lòt pou yo chanje. Sa se konsèy mwen, epi m ba nou li antanke yon sèvitè Senyè Jezikri paske Lespri L te pouse m pou m pale sou sijè enpòtan sa a. Mwen temwaye de Jezikri, Sovè nou, ki te anseye nou pou renmen youn lòt tankou Li renmen nou. Mwen priye pou nou fè sa, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Sara Berg, “Nation’s Latest Challenge: Too Few Children,” AMA Wire, Jen 18, 2018, wire.ama-assn.org.

  2. Ansèyman Gordon B. Hinckley yo1997)387, 390; gade tou M. Russell Ballard, “Manman ak Pitit fi yo,“ Lyawona, Me 2010, 18 (nan Pitit fi yo nan Wayòm Mwen an: Istwa ak Travay Sosyete Sekou2011], 156).

  3. Russell M. Nelson, “Yon Siplikasyon pou Sè Mwen yo,“ Lyawona, Novanm 2015, 96; gade tou Russell M. Nelson, “Timoun yo nan Alyans la,“Ensign, Me 1995, 33.

  4. Etid sa te pibliye pa Sèvis Près Inivèsite Oxford pa Christian Smith ak Melinda Lundquist Denton, Rechèch Nanm: The Religious and Spiritual Lives of American Teenagers (2005).

  5. “Chers Enfants, Sur Vous Dieu Veille,” Kantik, no. 96.

  6. Gade “In Our Opinion: You Don’t Need to Be Captured by Screen Time,“ Deseret News, 31 Out, 2018, deseretnews.com.

  7. Russell M. Nelson, “Hope of Israeldevosyonèl mondyal pou jèn yo, 3 Jen, 2018), 8, broadcasts.lds.org.

  8. Gordon B. Hinckley, “Nesesite pou Pi gwo Jantiyès,“ Lyawona, Me 2006, 60–61.