2010–2019
Yonn nan Kris la
Oktòb 2018


Youn nan Kris la

Konpayon byeneme m yo nan travay Senyè a, mwen kwè nou ka fè pi byen epi nou dwe fè pi byen nan akeyi nouvo zanmi yo nan Legliz la.

Bonswa, frè m ak sè m yo. ! Jan nou di nan lang natal mwen, Pòtigè Brezilyen an, “Boa tarde!” M santi m beni pou m reyini avèk nou nan bèl konferans jeneral sa a nan Legliz Jezikri pou Sen Denyè Jou yo sou direksyon pwofèt byeneme nou an, Prezidan Russell M. Nelson. Mwen rekonesan anpil pou opòtinite pou m adrese nou aprèmidi sa a.

Imaj
Flèv Amazòn nan
Imaj
Flèv Amazòn nan fòme pa de rivyè ki rankontre ansanm.

Peyi m, Brezil, rich anpil nan resous natirèl. Youn ladan yo se Flèv Amazòn nan, youn nan rivyè ki pi laj ak pi long nan mond lan. Se de rivyè separe ki fòme l, Solimões ak Negro. Sa k enteresan an, sèke rivyè sa yo koule ansanm sou plizyè kilomèt anvan yo vin rankontre ansanm, paske de rivyè sa yo gen orijin, vitès, tanperati ak konpozisyon chimik diferan. Apre plizyè kilomèt, dlo yo fini pa rankontre, pou fòme yon rivyè diferan de pati endividyèl ki fòme l yo. Se sèlman apre pati sa yo fin rankontre ke Flèv Amazon nan vin sitèlman puisan ke lè l rive nan Oseyan Atlantik la, li pouse dlo lanmè a, epi l devèse yon dlo frèch sou plizyè kilomèt andedan oseyan an.

Imaj
Reyinyon dlo Fèv Amazòn yo

Nan menm fason Rivyè Solimões ak Rivyè Negro a koule ansanm pou yo vin fòme gran Flèv Amazòn an, pitit Bondye yo rasanble ansanm nan Legliz retabli Jezikri a soti nan orijin sosyal diferan, nan tradisyon ak kilti diferan, pou yo vin fòme bèl kominote Sen nan Kris sa a. Pandan nou youn ap ankouraje, soutni, ak renmen lòt, nou konbine ansanm pou n vin fòme yon gwo fòs pou fè byen nan mond lan. Antanke disip Jezikri, ki ini ansanm nan rivyè bonte sa a, n ap gen kapasite pou n pote “dlo frèch” levanjil la bay yon mond ki swaf.

Imaj
Nouvo manm yo vini ini avèk lòt pitit Bondye yo
Imaj
Yo fòme yon kominote Sen

Senyè a enspire pwofèt li yo pou yo anseye nou kijan pou nou youn soutni ak renmen lòt, pou nou ka vin ini nan lafwa ak objektif nan suiv Jezikri. Pòl, Apot Nouvo Testaman an te anseye ke moun ki “batize nan Kris yo, mete Kris la sou yo … : paske nou tout fè yonn nan Jezikri.1

Lè nou pwomèt nan batèm pou nou suiv Sovè a, nou rann temwayaj devan Papa a ke nou dispoze pou pran non Kris la sou nou.2 Lè nou fè efò pou nou vin gen atribi diven l yo nan lavi nou, nou vin diferan pase jan nou te ye, atravè Sakrifis Ekspyatwa Kris, Senyè a, epi amou nou pou tout moun ogmante tou natirèlman.3 Nou sousye sensèman pou byennèt ak bonè tout moun. Nou chak konsidere lòt tankou frè ak sè, tankou pitit Bondye ki gen orijin, atribi ak potansyèl diven Nou youn vle pran swen lòt, epi nou youn pote fado lòt.4

Se sa Pòl te dekri kòm charite a.5 Mòmon, yon pwofèt nan Liv Mòmon an dekri l kòm “amou pur Kris la,6 ki se fòm lanmou ki pi siblim, pi nòb ak pi solid ki te ka egziste. Pwofèt aktyèl nou an, Prezidan Russell M. Nelson, te resamman dekri yon manifestasyon amou pur Kris sa a kòm sèvis pastoral, ki se yon apwòch pi santre ak pi sakre pou nou renmen ak pran swen lòt moun jan Sovè a te fè.7

An nou konsidere prensip renmen ak sousye pou moun sa a, jan Sovè a te fè a, nan kontèks pou ankouraje, ede, ak soutni moun ki fèk konvèti yo ak moun ki kòmanse montre yo enterese nan asiste nan sèvis Legliz nou yo.

Lè nouvo zanmi sa yo kite mond la pou yo vin anbrase levanjil Jezikri a, pou yo vin manm Legliz li a, yo vin tounnen disip Li, yo nedenouvo nan Li.8 Yo kite yon mond yo te konnen trè byen dèyè epi yo chwazi pou yo suiv Jezikri, ak tout senserite kè yo, pou yo vin antre nan yon nouvo “rivyè” tankou Amazòn puisan an—yon rivyè ki se yon fòs ki karakterize pa vanyans ak bonte lajistis ki devèse al nan prezans Bondye. Apot Pyè dekri l kòm “yon jenerasyon chwazi, yon prètriz wayal, yon nasyon sen, yon pèp patikilye.”9 Lè nouvo zanmi sa yo mete vin melanje nan nouvo rivyè ki pa familye sa a, yo ka santi yo yon tijan pèdi toudabò. Nouvo zanmi sa yo twouve yo vin blende nan yon rivyè ki gen {nb} orijin, tanperati, ak konpozisyon chimik unique—yon rivyè ki gen pwòp tradisyon, kilti, ak vokabilè pa li. Nouvo lavi nan Kris sa a ka parèt twòp pou yo. Panse pou yon moman sou jan yo ka santi yo lè, pou lapremyè fwa, yo tande ekspresyon tankou “Sware familyal,” “dimanch jèn,” “batèm pou mò,” “Sosyete Sekou,” “Prètriz Mèlkisedèk,” “Triptik,” eksetera.

Li fasil pou nou wè poukisa yo ka santi yo pa apatni. Nan kalite sitiyasyon sa yo, yo gen dwa mande tèt yo, “Èske gen plas pou mwen la a?” ?” Èske m entegre nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo? Èske Legliz la bezwen m? Èske Legliz la bezwen m? Èske m ap jwenn nouvo zanmi ki dispoze pou ede m ak sipòte m?”

Chè zanmi m yo, nan moman sa yo, sila yo nan pami nou ki nan etap diferan nan vwayaj disip long sa a dwe lonje yon men fratènite amikal bay nouvo zanmi sa yo, pou aksepte yo jan yo ye a, ede yo, renmen yo, epi entegre yo nan lavi nou. Tout nouvo zanmi sa yo se pitit gason ak pitit fi presye Bondye.10 Nou pa ka pèmèt nou pèdi okenn ladan yo paske, menmjan ak Flèv Amazòn nan ki depann sou branch yo pou alimante l la, nou bezwen yo menmjan yo bezwen nou.

Nouvo zanmi nou yo pote talan Bondye ba yo, eksitasyon yo, ak bonte yo avèk yo. Antouzyas yo pou levanjil la ka kontajye, epi l ka ede nou revitalize temwayaj pa nou. Yo pote nouvo pèspektif pou konpreyasyon nou sou lavi a ak sou levanjil la.

Depi lontan y ap anseye nou kijan nou ka ede nouvo zanmi nou yo pou fè yo santi yo byenveni epi nou renmen yo nan Legliz retabli Jezikri a. Yo bezwen twa bagay pou yo ka rete solid ak fidèl pandan tout lavi yo:

Premyèman, yo bezwen frè ak sè nan Legliz la ki onètman ak sensèman enterese nan yo, vrè zanmi lwayal ke yo ka al jwenn tout tan, ki ap mache bò kote yo, epi k ap reponn kesyon yo. Antanke manm, nou dwe toujou atantif a nouvo vizaj lè nou vin nan aktivite ak reyinyon Legliz yo, nou dwe fè sa kèlkeswa responsablite, tach oubyen sousi nou ka genyen. Nou ka fè ti bagay tou senp pou fè nouvo zanmi nou yo santi amou Sovè a nan Legliz Li a, tankou salye yo avèk chalè, souri sensèman, chita youn bò kote lòt lè n ap chante oubyen adore ansanm, epi prezante yo bay lòt manm ekstera. Lè nou ouvri kè nou pou nouvo zanmi nou yo nan fason sa a, nou aji nan lespri sèvis pastoral la. Lè nou sèvi yo tankou Sovè a te fè, yo p ap santi yo tankou “etranje devan pòt nou.“ Y ap santi yo nan plas yo epi y ap fè nouvo zanmi, epi, pi enpòtan toujou, y ap santi amou Sovè a gras ak atansyon sensè nou pote yo.

Dezyèmman, nouvo zanmi yo bezwen yon tach—yon opòtinite pou yo sèvi lòt moun. Sèvis se youn nan gwo don Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Se yon pwosesis kote lafwa nou ka grandi vin pi solid. Chak nouvo zanmi merite opòtinite sa a. Pandan ke evèk la ak konsèy pawas la gen responsablite dirèk pou bay moun apèl la, pa gen anyen ki anpeche nou envite nouvo zanmi sa yo pou yo ede nou sèvi lòt moun nan fason enfòmèl oubyen atravè pwojè sèvis.

Twazyèmman, nouvo zanmi yo bezwen “nouri pa pawòl Bondye.”11 Nou ka ede yo renmen ekriti yo epi familiarize yo avèk yo pandan n ap li ak diskite sou ansèyman yo avèk yo, pandan n ap ba yo kontèks istwa yo epi eksplike yo mo difisil yo. Nou ka anseye yo kijan pou yo resevwa gidans pèsonèl atravè etid ekriti regilye tou. Epitou, nou ka lonje lamen bay nouvo zanmi nou yo lakay yo, epi envite yo lakay nou pafwa, andeyò reyinyon regilye nou yo ak aktivite Legliz regilye nou yo, pou ede yo rantre pi byen nan gran rivyè ki se kominote Sen yo.

Lè nou rekonèt ajisteman ak difikilte nouvo zanmi nou yo dwe fè lè yo vin manm fanmi Bondye a, antanke frè ak sè nou, nou ka rakonte yo kijan nou te travèse menm difikilte yo nan lavi nou tou. Sa ap ede yo konnen ke yo pa poukont yo epi Bondye ap beni yo si yo egzese fwa nan pwomès Li yo.12

Lè Rivyè Solimões ak Rivyè Negro yo melanje ansanm, Flèv Amazòn nan vin puisan ak fò. Nan menm fason tou, lè nou menm ak nouvo zanmi nou yo vrèman blende, Legliz retabli Jezikri a vin ankò pi fò ak pi solid. Madanm mwen, Rosana, avèk mwen rekonesan anpil pou tout moun ki te nou blende nan nouvo rivyè sa a sa gen kèk ane, lè nou te anbrase levanjil Jezikri a nan peyi natal nou. Atravè ane yo, bon moun sa yo te vrèman sèvi nou epi yo te ede nou pèsevere nan flo jistis la. Nou vrèman rekonesan pou yo.

Pwofèt nan Emisfè Oksidantal yo te byen konn kijan pou yo kenbe nouvo zanmi yo pou yo te ka koule fidèlman ansanm nan nouvo rivyè bonte sa a ki mennen nan lavi etènèl la. Paregzanp, paske l te wè epòk nou an epi l te konnen nou ta pral rankontre menm kalite difikilte yo,13 Mowoni te mete kèk nan etap enpòtan sa yo nan sa l te ekri nan Liv Mòmon an:

“Epi lè yo te fin batize, yo te jwenn akseptasyon, e pouvwa Sentespri a te lave yo, yo te konte nan pami pèp legliz Kris la; e non yo te enskri pou legliz la te kapab sonje yo, nouri yo avèk bon pawòl Bondye a, pou kenbe yo nan bon chemen an, pou kenbe yo sou gad yo nan priyè pou yo depann sèlman sou merit Kris la, ki te kòmansman ak finisman lafwa yo.

“Epi legliz la te reyini ansanm souvan, pou jene ak priye e pou pale yonn ak lòt konsènan byennèt nanm yo.”14

Konpayon byenneme m yo nan travay Senyè a, mwen kwè nou ka fè pi byen epi nou ta dwe fè pi byen nan akeyi nouvo zanmi nan Legliz la. M envite nou pou nou reflechi a sa nou ka fè pou n ka pi ouvè, pi akeyan, ak pi edan avèk yo, kòmanse Dimanch pwochen. Fè atansyon pou nou pa kite responsablite nou nan Legliz la anpeche nou akeyi nouvo zanmi yo nan reyinyon ak aktivite Legliz la. Apretou, nanm sa yo presye pou Bondye epi yo ankò pi enpòtan pase pwogram yo ak aktivite yo. Si nou sèvi nouvo zanmi nou yo avèk kè nou ranpli avèk amou pur jan Sovè a te fè a, m pwomèt nou, nan non li, ke l ap ede nou nan efò nou yo. Lè nou aji antanke sèvitè fidèl, jan Sovè a te fè a, nouvo zanmi nou yo ap jwenn èd yo bezwen pou yo ka rete solid, angaje, ak fidèl jiskalafen an. Y ap ini avèk nou pandan n ap vin yon pèp puisan Bondye, epi y ap ede nou pote frèch bay yon mond ki dezespereman bezwen benediksyon levanjil Jezikri yo. Pitit Bondye sa yo ap santi yo “pa moun deyò ni etranje ankò, men konsitwayen Sen yo.”15 M pwomèt nou ke y ap rekonèt prezans Sovè a, Jezikri, nan Legliz li a. Y ap kontinye koule avèk nou al nan fontèn tout jistis la jiskaske Senyè Jezikri resevwa yo avèk bra l louvri; epi yo tande Papa a di: “W apgen lavi etènèl.”16

M envite nou pou nou chèche èd Senyè a pou nou ka renmen lòt moun jan l renmen nou an. Annou suiv egòtasyon sa a Mòmon te bay la: “Se poutèt sa, frè [ak sè] byenneme m yo, priye Papa a avèk tout enèji kè nou, pou nou kapab chaje avèk lanmou l, li te devèse sou tout moun ki se vrè disip Pitit Gason li a, Jezikri.”17 Konsènan verité sa yo, mwen temwaye epi m fè sa nan non Jezikri, amèn.