2010–2019
Leve tèt ou epi rejwi.
Oktòb 2018


Leve tèt ou epi rejwi.

Pandan n ap fè fas ak difikilte yo nan fason Senyè a, se pou nou leve tèt nou epi rejwi.

Nan lane 1981 an, papa m, de bon zanmi m, avèk mwen te ale nan yon vwayaj Alaska. Nou te gen pou n ateri sou yon lak izole epi eskalade kèk bèl montay bien wo. Pou nou te ka redui chay nou chak te dwe pote yo, nou te vlope pwovizyon ak materyèl nou yo nan bwat, nou te kouvri yo ak eponj, nou te tepe yo ak gwo adezif koulè, epi nan fenèt avyon an, nou te lage yo nan kote nou ta prale a.

Lè nou te rive, nou te chèche sou chèche, men pou gwo etonman nou, nou pa t ka jwenn okenn nan bwat yo Finalman nou te jwenn youn. Li te gen yon ti recho a gaz, yon gwo tapi, kèk bonbon, ak de pake engredyan pou anmbègè – men pa anmbègè. Nou pa t gen okenn mwayen pou n te kominike avèk mond eksteryè a epi randevou pou yo te vin chèche nou an sete pou aprè yon semèn.

M te aprann de leson enpὸtan nan eksperyans sa a: premyèman, pa jete manje nou nan fenèt. Dezyèmman, pafwa nou dwe afwonte difikilte.

Souvan, premye reaksyon nou devan difikilte se mande “Poukisa se mwen?” Men, kesyon sa a pa janm fè pwoblèm yo disparèt. Senyè a mande nou pou nou simonte difikilte yo, epi li eksplike nou ke “tout bagay sa yo ap ba [nou] eksperyans, epi yo pral pou byen [nou].”1

Pafwa Senyè a mande pou nou fè sa k difisil, epi pafwa nou kreye pwὸp difikilte nou nan fason nou itilize libabit nou oubyen fason lòt moun itilize libabit yo. Nefi te rankontre tou de sitiyasyon sa yo. Lè Leyi te envite pitit li yo pou yo te retounen al chèche plak yo nan men Laban, li te di, “Gade frè w yo plenyen, yo di se yon bagay ki rèd mwen te mande yo fè; men gade se pa mwen ki te mande yo fè l, se kòmandman Senyè a.” 2 Nan yon lὸt okazyon, frè Nefi yo te itilize libabit yo te limite pa l la: “yo te mete men sou mwen, paske yo te fache anpil, e yo te mare m avèk kòd e yo te chèche detwi lavi m.” 3

Joseph Smith te konfwonte yon moman difisil nan prizon Libète a. Li pa t wè okenn soulajman ak espwa nan orizon an, epi, nan dezepwa, Joseph te rele, “O Bondye, kote w ye?” 4 San okenn dout, gen nan nou ki konn santi n jan Joseph te santi l la.

Tout moun rankontre moman difisil: lanmὸ yon moun ki chè pou nou, divὸs, yon timoun ki kite legliz, maladi, eprèv lafwa, pèdi travay, oswa tout lὸt difikilte.

Mwen te pwofondeman touche lè m te tande pawòl sa yo Eldè Neal A. Maxwell nan Kolèj Douz Apot yo te di, pandan l t ap lite anba yon kansè. Li te di: “M te plonje nan yon meditasyon lè pawòl rekonfòtan ak enstriktif sa yo te vin nan lespri mwen: “M ba w kansè a pou w ka anseye pèp mwen an dapre sa w konnen.” Epi li te kontinye dekri kijan eksperyans sa a te beni l avèk “yon pèspektiv sou gwo reyalite etènèl letènite yo. … Kalite apèsi sa yo sou letènite a kapab ede nou pakouri pwochen 100 mèt yo, sa k kapab trè difisil.”5

Pou ede nou travèse difikilte yo e triyonfe de yo gras ak apèsi sa yo sou letènite a, kite m sigjere de bagay. Nou dwe afwonte moman difisil yo, premyèman, nan padone lὸt moun epi, dezyèmman, nan ofri tèt nou bay Pè Selès la.

Sa gen dwa difisil pou n padone moun ki lakoz nou bagay difisil yo ak rekonsilye nou “avèk volonte Bondye.” 6 Sa ka fè nou pi mal ankò lè moman difisil yo koze pa yon manm fanmi nou, yon zanmi pwὸch, oubyen pa noumenm.

Lè m te yon jèn evèk, m te aprann sa padon te ye lè prezidan pye mwen, Bruce M. Cook, te pataje istwa sa a. Li te eksplike:

“Nan fen ane 1970 yo, kèk asosye avèk mwen te kὸmanse yon biznis. Malgre nou pat fè anyen k te ilegal, nou te pran kèk move desizyon, ki te mete avèk difikilte ekonomik epὸk la, ki te lakoz nou te fè fayit.

“Gen kèk nan envestisè yo ki te rele nou lajistis pou yo te ka rekipere sa yo te pèdi. Epi, avoka yo a sete yon konseye nan episkopa pawas mwen an. Sa te vrèman difisil pou m te soutni mesye sa a ki te sanble l t ap chèche detwi m nan. M te devlope yon bonjan rankin kont li epi m te konsidere l kòm enmi mwen. Aprè senkan batay jiridik, nou te pèdi tout sa nou te posede, enkli kay nou.

“An 2002, madanm mwen avèk mwen te aprann ke yo ta pral reyòganize prezidans pieu kote m t ap sèvi kὸm konseye a. Pandan nou te pran yon ti vakans anvan relèv la, li te mande m kiyès m t ap chwazi kὸm konseye m si yo ta aple m kὸm nouvo prezidan pye a. M pat anvi pale sou sa, men li te ensiste. Finalman, yon non te vin nan lespri m. Lè sa a, li te mansyone non avoka sa a nou te konsidere k te nan sant difikilte nou yo 20 tan pase a. Pandan l t ap pale a, Lespri a te konfime ke l ta dwe lὸt konseye a. Èske m t ap ka padone mesye sa a?

“Lè Eldè David E. Sorensen te prezante m apèl pou m te sèvi kòm prezidan pieu a, li te banm inèdtan pou m te chwazi konseye m yo. Ak dlo nan je m, mwen te reyalize ke Senyè a te gentan ban m revelasyon sa a. Pandan m t ap di non mesye a m te konsidere kòm enmi m nan, kolè, rankin, ak rayiman m te nouri yo te disparèt. Nan moman sa a, m te aprann lapè ki akonpaye padon atravè Sakrifis Ekspyatwa Kris la.”

Otremandi, prezidan pye m nan te l “padone sensèman”, menm jan ak Nefi. 7 M te konnen Prezidan Cook ak konseye l la sete dirijan prètriz jis, youn te renmen lὸt. Mwen te deside pou m te sanble avèk yo.

Kèk ane anvan sa, pandan move avanti nou nan Alaska a, m te aprann vit ke rann lòt moun responsab pou sitiyasyon difisil nou—tankou pilὸt la ki te lage manje nou nan fenèt la nan yon limyè ki pat twὸ klè a—se pa t yon solisyon. Men, pandan nou t ap fè eksperyans fatig fizik, grangou, maladi, ak dòmi atè pandan yon gwo tampèt avèk sèlman yon twal pou kouvri nou an, m te aprann ke “avèk Bondye, pa gen anyen ki enposib.”8

Jèn zanmi m yo, Bondye mande nou pou nou fè bagay ki difisil. Yon jènfi 14 zan te patisipe nan plizyè konpetisyon basketbὸl. Li te reve pou l te jwe nan ekip basketbὸl lekòl la menm jan ak gransè li. Epi li te aprann ke paran l te resevwa apèl pou yo t al prezide yon misyon nan Gwatemala.

Lè yo te rive, li te dekouvri kèk nan klas li yo tap pral an espanyὸl, yon lang li potko pale. Pa t gen yon grenn ekip espὸ feminen nan lekὸl li a. Li t ap viv nan 14zyèm etaj yon kay ki te gen pil sekirite. Epi, pou kouwone tout bagay, li pa t kapab soti poukont li pou rezon sekirite.

Paran l te tande l ap kriye chak swa anvan dὸmi te pran l pandan dè mwa. Sa te fè yo mal anpil! Yo te deside finalman pou yo te voye l kay gran ni pou l t al kontinye lekòl li.

Lè madanm mwen te antre nan chanm pitit fi nou an pou nou t al anonse l desizyon nou, li te wè pitit fi nou an ajenou ap priye avèk Liv Momon an ouvri sou kabann nan. Lespri a te chichote madanm mwen, “L ap oke” epi madanm mwen te kite chanm nan san bri.

Nou pa t janm tande l kriye anvan l t al dὸmi ankὸ. Avèk detèminasyon epi ak èd Senyè a, li te afwonte twa ane sa yo bravman.

Nan fen misyon nou an, m te mande l si l te panse pou l sèvi yon misyon aplentan. Li te reponn mwen: “Non, Papa, m deja sèvi.”

Sa te oke pou mwen! Men, anviwon sis mwa aprè, Lespri a te reveye m lannuit la avèk panse sa: “M aple pitit fi w la pou l sèvi yon misyon.”

Reyaksyon m sete: “Pè Selès, li gentan bay sitèlman anpil.” Lespri a te reprimande m byen vit epi m te vin konprann ke Senyè a te vle pou l t al fè yon misyon.

Byen vit m te envite pitit fi m nan al manje. Pandan nou te sou tab la, m te di l, “Ganzie, èske w konn poukisa nou la a?”

Li te di, “Wi, Papa. Ou konnen ke m dwe sèvi yon misyon. M pa anvi ale, men m prale.”

Paske l soumèt volonte l a Pè Selès la, li te sèvi l ak tout kè l, tout pouvwa li, tout lespri li ak tout fὸs li. Li te ansenye papa l kijan pou fè bagay difisil.

Nan devosyon mondyal Prezidan Russel M. Nelson pou jèn yo, li te mande yo pou yo te fè kèk bagay difisil. Prezidan Nelson te di: “Senkyèm envitasyon m nan se pou nou fè yon diferans, se pou nou diferan de mond la. … Se poutèt sa, Senyè a vle pou aparans nou, langaj nou, akson nou, ak abiye nou sanble avèk pa yon vrè disip Jezikri.”9 Sa kapab yon bagay ki difisil, men, m konnen nou kapab fè l—avèk jwa.

Sonje ke “lèzòm fèt pou yo kapab gen lajwa.”10 Malgre tout sa Leyi te rankontre, li te toujou jwenn lajwa. Èske w sonje lè Alma te “te koube anba lapenn”11 akoz pèp Amoniyah a? Zanj lan te di l: “Ou beni, Alma; se poutèt sa, leve tèt ou pou w rejwi … paske w te respekte kòmandman Bondye yo avèk lafwa.”12 Alma te aprann yon gwo verite: nou ka toujou rejwi lè nou respekte kὸmandman yo. Sonje ke pandan lagè ak difikilte yo te rankontre nan epὸk kapitèn Mowoni an, “pa t janm gen plis lajwa nan pami pèp Nefi a.” 13 Nou kapab e nou ta dwe gen lajwa lè n ap afwonte moman difisil.

Epi, poutèt inikite lèzòm, yo pral jije l tankou yon bagay san valè; se poutèt sa, yo bat li, li pa di anyen; yo frape l, e li pa di anyen. Wi, yo krache sou li, li aksepte sa poutèt amou sansib li, ak reziztans li genyen pou byen pitit lèzòm.”14

Akoz bonte sansib sa a, Jezikri te soufri Ekspiyasyon an. Kὸm rezilta, li di nou chak: “Nan mond la nou pral gen tribilasyon: men se pou nou pran kouraj; paske mwen pote viktwa sou mond la.”15 Gras ak Kris la, nou menm tou nou ka pote viktwa sou mond la.

Pandan n ap afwonte moman difisil yo nan fason Senyè a, m priye pou nou leve tèt nou epi rejwi. Nan opòtinite sakre sa a pou m temwanye devan mond lan, mwen proklame ke Sovè nou an vivan epi l ap gide Legliz li a Nan non Jezikri, amèn.