2010–2019
Fèm ak inebranlab nan lafwa nan Kris la
Oktòb 2018


Fèm ak inebranlab nan lafwa nan Kris la

Pou nou pèsevere fèm ak inebranlab nan lafwa nan Kris la, sa mande pou levanjil Jezikri a penetre kè nou ak nanm nou.

Nan istwa Ansyen Testaman an, nou li peryòd kote pitit Izrayèl yo te onore alyans yo avèk Jewova epi adore li ak lòt fwa kote yo te inyore alyans sa a epi yo te adore zidòl oswa Baal.1

Gouvènman Akab la sete youn nan peryòd apostazi nan wayòm Nò ki te rele Izrayèl la. Yon jou, Pwofèt Eli te di Wa Akab pou l te rasanble pèp Izrayèl la ansanm avèk pwofèt oswa prèt Baal yo sou Mòn Carmel la. Lè moun yo te rasanble, Eli te di yo: “Kilè n ap sispann woule de bò? [otremandi, “Kilè n ap deside yon fwa pou tout?”]; si se Senyè a ki Bondye, se li pou n sèvi; si se Baal, enben sèvi li. Men, pèp la pa t di yon mo.”2 Konsa, Eli te òdone ke limenm ak pwofèt Baal yo te dekoupe yon jèn towo epi pou yo chak te mete l sou bwa otèl pa yo a, men, “piga yo limen dife anba l.” 3 Apresa, “Rele bondye nou yo. Mwen menm, ma rele Senyè a. epi Bondye ki va voye dife pou reponn nan se li ki va Bondye. Epi, tout pèp la te reponn epi yo te di: Nou dakò.4

Na raple nou ke prèt Baal yo te rele bondye ireyèl yo a pandan anpil èdtan pou yo te mande l pou l te voye dife men, “okenn vwa pa t reponn! anyen pa t pati.”5 Lè sete tou pa Eli, li te repare lotèl brize Senyè a, li te depoze bwa yo ak ofrann nan sou li, epi apresa, li te kòmande pou dlo te vin wouze yo, non pa yon fwa, men twa fwa. Pa t gen okenn dout ke ni limenm ni okenn lòt pouvwa imen pa t ap ka limen dife a.

“Lè lè pou yo te fè ofrann apremidi a te rive, pwofèt Eli te pwoche bò lotèl la, epi l te di: Senyè, Bondye Abraam, Bondye Izaak ak Bondye Izrayèl la, fè yo wè jòdi a se ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la. Fè yo rekonèt se sèvitè ou mwen ye. Se ou menm ki ban m lòd pou m fè tout bagay sa yo. …

“Epi, Senyè a voye dife soti nan syèl la, li boule ofrann nan, bwa yo, wòch yo ak anplasman tè a, epi li fè tout dlo ki te nan kannal la seche.

“Epi, lè pèp la wè sa, yo tonbe fas atè, yo pran rele: Se Senyè a ki Bondye! Se Senyè a ki Bondye!”6

Jodia, Eli te ka di:

  • Oubyen Bondye, Papa nou ki nan syèl la egziste, oubyen l pa egziste. Men, si l egziste, adore li!

  • Oubyen Jezikri se Pitit Bondye, Redanmtè resisite limanite a, oubyen se pa sa l ye; men, si se sa l ye, suiv li!

  • Oubyen Liv Mòmon an se pawòl Bondye, oubyen se pa sa l ye, men, si se sa l ye, enben “rapwoche nou de Bondye nan [etidye li epi] suiv presèp li yo.” 7

  • Oubyen Joseph Smith te wè Papa a ak Pitit la epi l te pale avèk yo jou prentan 1820 an, oubyen sa pa t fèt; men, si sa te fèt, enben, suiv manto pwofèt la, enkli kle sèlman ke mwen menm, Eli, m te konfere l yo.

Nan dènye konferans jeneral la, Prezidan Russell M. Nelson te deklare: “Nou pa oblije mande tèt nou kisa k vrè [gade Mowoni 10:5]. Nou pa oblije mande tèt nou kimoun nou ka vrèman fè konfyans. Atravè revelasyon pèsonèl, nou ka resevwa pwòp temwayaj pa nou ke Liv Mòmon an se pawòl Bondye, ke Joseph Smith se yon pwofèt, epi legliz sa a se Legliz Senyè a. Kèlkeswa sa lòt moun di oubyen fè, pèsonn p ap janm ka retire yon temwayaj ou te resevwa nan kè w ak nan lespri w konsènan sa ki vrè.”8

Lè Jak te pwomèt ke Bondye “bay tout moun san mezire” lè yo chèche sajès li a,9 li te avèti tou:

“Men, se pou li mande ak konfyans, san l pa gen dout. Paske moun ki doute, li tankou vag lanmè van ap boulvèse.

“Paske yon moun konsa pap resevwa anyen nan men Senyè a.

“Yon moun ki pa konn sa l vle, li enstab nan tout bagay.”10

Yon lòtbò, Sovè nou an sete egzanp pafè sou stabilite. Li te di: “Papa a pa kite m poukont mwen; paske m toujou fè sa ki fè l plezi.”11 Konsidere deskripsyon sa yo nan ekriti yo konsènan gason ak fi ki, tankou Sovè a, te fèm ak inebranlab:

“Yo te konvèti nan vrè lafwa a; yo pa t kite l, paske yo te fèm, yo te mache dwat, moun pa t kapab souke yo, yo te vle respekte kòmandman Senyè a avèk dilijans.”12

“Panse yo fèm epi yo fè Bondye konfyans tout tan.”13

“Epi gade, nou konnen pou tèt pa nou, paske nou se temwen, nou konnen tout kantite ladan yo ki vin gen konesans verite a, … ki jan yo djanm nan lafwa a, e nan bagay ki ba yo libète a.”14

“Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t ap moutre yo, yo t ap viv ansanm tankou frè, epi yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t ap lapriyè.”15

Pou n rete fèm ak inebranlab nan lafwa nan Kris la, sa mande pou levanjil Jezikri a penetre nan kè nou ak nan nanm nou, kivledi levanjil la vin pa sèlman youn nan pil enfliyans nan lavi yon moun men l se santral lavi li ak pèsonalite li. Senyè a di:

“M ap ba nou yon nouvo kè, epi m ap mete yon nouvo espri andedan nou. M ap wete tèt di nou an, m ap ba nou yon kè lachè.

“Epi, m ap mete lespri m nan nou, epi, m ap fè nou mache selon òdonans mwen, pou nou fè tou sa m mande nou fè.

“Epi … n ap vin pèp mwen, epi m ap Bondye nou.”16

Sa se alyans nou fè atravè batèm ak nan òdonans tanp yo. Men, gen moun ki poko totalman resevwa levanjil Jezikri a nan lavi yo. Malgre ke, jan Pòl di a, “avèk batèm yo te antere avèk Kris la’, yo ankò rate pati ki di: “menmjan Kris la te leve soti nan lanmò … , se menmjan tou… , nou dwe mache nan yon nouvo lavi” a.17 Levanjil la poko defini yo. Yo poko santre nan Kris la. Yo chwazi pwen doktrin ak kòmandman pou yo suiv epi yo deside ki kote y ap sèvi nan Legliz la. Pa kontras, se nan kenbe alyans yo avèk egzaktitid ke moun ki “chwazi dapre alyans la“18 evite desepsyon epi yo rete fèm nan lafwa yo nan Kris la.

Nan moman sa a la a, anpil nan nou twouve n ap balanse ant patisipe nan seremoni levanjil yo motive pa konsiderasyon sosyal yon bò ak pran yon angajman kretyen total pou n fè volonte Bondye yon lòtbò. Yon kote sou trajektwa sa a, bòn nouvèl levanjil Jezikri a penetre nan kè nou epi l pran posesyon nanm nou. Sa gen dwa pa rive toudenkou, men nou tout dwe avanse al nan eta beni sa a.

Li difisil men enpòtan pou nou rete fèm ak inebranlab lè nou twouve n rafine “nan flanm dife afliksyon an,” 19, yon bagay ki vini yon lè kèlkonk pou nou tout nan mòtalite a. San Bondye, eksperyans sonb sa yo mennen nan dekourajman, dezespwa, e menm amètim. Avèk Bondye, konsolasyon ranplase doulè, lapè ranplase toumant, epi lespwa ranplase chagren. Rete fèm nan lafwa nan Kris la ap pote gras li ak soutyen li pou nou.20 L ap transfòme eprèv nou yo an benediksyon, epi, jan Ezayi di: l ap “ba yo … yon kowòn olye de sann.”21

Kite m mansyone twa egzanp ke m konnen pèsonèlman:

Gen yon madanm ki soufri avèk yon maladi kwonik k ap pèsiste malgre swen medikal, benediksyon prètriz, ak jèn ak lapriyè. Men, lafwa l nan pouvwa lapriyè ak nan reyalite amou Bondye pou li pa diminye. Li pèsevere jou apre jou (e pafwa chak èdtan) ap ranpli apèl li nan Legliz la epi, ansanm ak mari li, ap pran swen jèn fanmi li, pandan l ap souri otan l kapab. Konpasyon l pou lòt moun pwofon anpil, e rafine pa pwòp soufrans li, epi li souvan lage tèt li nan sèvi lòt moun. Li kontinye tennfas, epi moun santi yo kontan lè yo bò kote l.

Gen yon mesye ki te grandi nan Legliz la, ki te sèvi yon misyon aplentan, epi k te marye avèk yon bèl fi, ki te etone lè kèk nan frè l ak sè l yo te kòmanse ap kritike Legliz la ak Pwofèt Joseph Smith. Apre yon sèten tan, yo te kite Legliz la epi yo te eseye pèsyade l pou l te suiv yo. Kòm souvan nan ka sa yo, yo te bonbade l avèk atik, mesaj, ak videyo moun ki t ap kritike legliz la te fè, pifò ladan yo sete ansyen manm Legliz la ki te tonbe nan rebelyon. Frè l ak sè l yo te pase lafwa l nan betiz, yo te di l li te nayif epi moun te twonpe l. Li pa t gen repons pou tout sa yo t ap di yo, epi lafwa l te kòmanse ebranle anba opozisyon achane moun sa yo. Li te mande tèt li si l ta dwe sispann al legliz la. Li te pale ak madanm ni. Li te pale avèk moun li te fè konfyans. Li te priye. Pandan l t ap medite sou sa k t ap pètibe lespri l la, li te raple l kèk okazyon kote l te konn santi Sentespri a epi l te konn resevwa yon temwayaj konsènan laverite nan men Lespri a. Li te deside: “Si m onèt avèk tèt mwen, mwen dwe admèt ke Lespri a konn touche m plis pase yon fwa epi temwayaj mwen de Lespri a reyèl.” Li te gen yon nouvo santiman bonè ak lapè ke l te pataje avèk madanm ni ak pitit li.

Yon mari ak madanm ni, ki te toujou suiv konsèy dirijan yo avèk jwa nan lavi yo, te aflije paske yo pa t ka fè pitit. Yo te depanse yon pakèt lajan pou yo te travay avèk doktè konpetan epi, apre yon tan, yo te vin jwenn benediksyon pou yo te gen yon pitit gason. Men, trajikman, anviwon ennan apre, tibebe a te viktim yon aksidan ki se pa t fot pèsonn men ki te kite l nan yon move eta, avèk domaj nan sèvo. Li te resevwa pi bon swen k te ka egziste, men doktè yo pa t ka predi kijan maladi a pral evolye. Koup sa a santi ke, nan yon sèten sans, pitit sa a yo te travay si di epi yo te priye si anpil pou l te ka vin fèt la, yo pran l nan men yo, epi yo pa konn si l t ap retounen vin jwenn yo ankò. Kounyeya, y ap lite pou yo pran swen bezwen kritik tibebe sa a pandan ke y ap ranpli lòt responsablite yo genyen. Nan moman ekstrèmeman difisil sa a, yo tounen yo vè Senyè a. Yo konte sou “pen kotidyen” yo resevwa nan men l lan. Paran ak zanmi konpatisan ede yo epi yo fòtifye pa benediksyon prètriz. Yo youn rapwoche de lòt, maryaj yo a petèt vin pi solid ak pi konplè kounyeya pase jan sa t ap posib otreman.

23 Jiyè 1837 la, Senyè a te bay yon revelasyon pou Thomas B. Marsh, ki te Prezidan Kolèj Douz Apot yo lè sa a. Li te di bagay sa a:

“Epi priye pou frè ou yo ki douz yo. Avèti yo seryezman akoz non mwen, epi se pou yo avèti pou tout peche yo, epi rete fidèl devan mwen pou non mwen.

Epi apre tantasyon yo ak anpil tribilasyon, gade, mwen menm Senyè a, m ap gen pitye pou yo, epi si yo pa fè kè yo di, epi yo pa fè kou yo rèd kont mwen, y ap konvèti epi m ap geri yo.”22

Mwen kwè ke prensip yo eksprime nan vèsè sa yo aplike pou nou tout. Plis pase tout mizaleprèv Senyè a jije bon pou l enpoze nou, tantasyon ak tribilasyon n ap travèse yo ka mennen nan konvèsyon ak gerizon total nou. Men sa ap fèt si, e sèlman si nou pa andisi kè nou oubyen fè kou nou rèd kont li. Si nou rete fèm ak inebranlab, kèlkeswa sa k vini, n ap atenn konvèsyon Sovè a t ap pale a lè l te di Pyè: “Lè w konvèti, fòtifye frè w yo,”23 yon konvèsyon si total ke l pa ka defèt. Gerizon yo pwomèt la se pirifikasyon ak sanktifikasyon nanm nou ki blese anba peche, sa k ap fè nou vin sen.

Mwen sonje konsèy manman nou yo: “Manje vejetab; yo bon pou ou.” Manman nou te gen rezon, epi, nan konsèks konstans nan lafwa a, “manje vejetab” nou yo se priye san rete, fè festen ak ekriti yo chak jou, sèvi ak adore nan Legliz la, rete diy pou pran sentsèn chak semèn, renmen pwochen nou, epi pote kwa nou nan obeyisans anvè Bondye chak jou.24

Toujou sonje pwomès bon bagay ki gen pou vini, kounyeya ak nan apre, pou moun ki rete fèm ak inebranlab nan lafwa nan Kris la. Sonje: “lavi etènèl, ak lajwa sen yo.”25 “O, tout moun ki gen kè pi, leve tèt nou pou nou resevwa bon pawòl Bondye, fè fèt avèk lanmou li; paske, nou kapab, si panse nou fèm pou tout tan.”26 Nan non Jezikri, Amèn.