2010–2019
Poze fondasyon yon gwo travay
Oktòb 2018


Poze fondasyon yon gwo travay

Leson nou anseye atravè tradisyon nou etabli nan fwaye nou yo, menmsi yo piti ak senp, yo ka plis anplis enpòtan nan mond jodia.

Antanke paran nan Siyon, nou gen yon responsablite sakre pou n reveye nan pitit nou yo pasyon ak angajman pou lajwa, limyè, ak verite levanjil Jezikri yo. Pandan n ap elve pitit nou yo, nou etabli tradisyon andedan fwaye nou epi nou bati modèl kominikasyon ak konpòtman nan relasyon familyal nou. Pandan n ap fè sa, tradisyon nou etabli yo dwe enplante kalite bonte solid ak inebranlab nan pitit nou yo ki ap ba yo fòs pou yo afwonte pwoblèm lavi yo.

Pandan anpil ane, fanmi m te gen yon tradisyon anyèl ki sete al nan kan nan altitid Mòn Uintah yo nan Nòdès Uta. Nou te konn vwayaje sou 32 kilomèt sou yon wout wòch plen pousyè pou n te rive nan yon bèl vale byen vèt, antoure pa gwo ravin pwofon, ki te gen yon bèl rivyè ranpli ak dlo frèt klè ki te travèse li. Chak ane, ak espwa pou n reyafime valè doktrin ak pratik levanjil yo andedan kè pitit nou ak pitit pitit nou yo, Susan avèk mwen konn mande chak nan sis pitit gason nou yo ak fanmi yo pou yo prepare yon ti mesaj sou yon sijè yo santi ki yon eleman enpòtan an fondasyon yon fwaye santre sou Kris la. Apresa, nou te konn rasanble pou yon devosyon familyal nan yon andwa izole, epi chak moun te prezante mesaj yo.

Imaj
Mesaj ki ekri sou wòch

Ane sa a, pitit pitit mwen yo te ekri sijè mesaj yo a sou wòch, epi apresa, youn pa youn, yo te antere yo youn bò kote lòt, pou te reprezante yon fondasyon asire kote n ka etabli yon lavi ki gen lajwa. Pami tout sis mesaj yo a, te gen verite etènèl ak konstan ke Jezikri se wòch santral fondasyon sa a.

Jan Ezayi di: “Se poutèt sa, kounyea, men sa Senyè a di: Gade! Se mwen menm k ap poze yon fondasyon byen fèm, byen solid nan lavil Siyon an, yon gwo wòch byen chita, yon fondasyon asire.”1 Jezikri se wòch presye sa a nan fondasyon Siyon an. Sete limenm ki te revele Pwofèt Joseph Smith: “Se poutèt sa, pa sispann fè byen, paske n ap poze fondasyon yon gwo travay. Epi se nan ti bagay, sa ki gran soti.”2

Leson nou anseye atravè tradisyon nou etabli nan fwaye nou yo, menmsi yo piti ak senp, ka plis anplis enpòtan nan mond jodia. Ki kèk bagay piti ak senp, lè nou etabli yo, ki ka akonpli yon gwo travay nan lavi pitit nou yo?

Prezidan Russell M. Nelson te adrese l a yon gwo kongregasyon resamman nan Toronto, nan Canada, epi avèk emosyon, li te raple paran yo responsablite sakre nou genyen pou anseye pitit nou yo. Pami responsablite esansyèl li mansyone yo, Prezidan Nelson te mete aksan sou devwa nou genyen kòm paran pou anseye pitit nou yo pou yo konprann poukisa nou pran sentsèn, siyifikasyon ne nan alyans lan, ak enpòtans pou prepare nou pou n resevwa yon benediksyon patriyakal, epi li te ankouraje paran yo pou yo dirije lekti ekriti yo ansanm avèk fanmi yo. 3 Pa efò sa yo, pwofèt byeneme nou an egzòte nou pou n fè fwaye nou vin “lye lafwa.“4

Nan Liv Mòmon an, Enòs eksprime pwofon rekonesans li te santi pou egzanp papa li, ki te “preche [li] nan lang li, e nan nouriti ak avètisman Senyè a.” Ak gwo emosyon, Enòs te deklare: “Se pou non Bondye m nan beni poutèt sa.”5

Mwen renmen ti tradisyon senp nou te rive enstore nan fwaye nou atravè plis pase 35 kan maryaj nou yo. Anpil nan tradisyon nou yo senp men yo enpòtan. Pa egzanp:

  • Pandan sware kote m pa t konn la yo, m te toujou konnen ke, sou direksyon Susan, pi gran pitit gason nou an t ap pran inisyativ pou l te dirije fanmi an fè etid ekriti ak priyè familyal. 6

  • Yon lòt tradisyon ankò––nou pa janm kite lakay nou oubyen fini yon konvèsasyon telefòn san nou pa di “Mwen renmen w.”

  • Lavi nou te beni paske nou te konsakre tan regilyèman pou n te fè entèvyou pèsonèl avèk chak nan pitit gason nou yo. Pandan yon entèvyou, m te mande pitit gason m nan ki sa l te dezire ak ki preparasyon l te fè pou l te sèvi yon misyon. Apre nou te fin diskite ansanm, te gen yon moman silans, epi li te panche sou mwen epi l te di seryezman: “Papa, èske w sonje lè m te piti epi nou te kòmanse fè entèvyou patènèl?” M te di “wi”. Li te di: “Bon, m te pwomèt ou lè sa a ke m t ap sèvi yon misyon, epi ou te pwomèt ke oumenm ak manman m t ap sèvi yon misyon lè nou granmoun.” Apresa te gen yon lòt silans. “Èske nou kèk pwoblèm ki ap anpeche nou sèvi—paske petèt m ta ka ede nou?”

Tradisyon familyal bon kalite ki enkli lapriyè, etid ekriti, sware familyal, ak asiste nan reyinyon Legliz yo, menmsi yo parèt senp ak piti, yo ka kreye yon kilti lanmou, respè, inite, ak sekirite. Nan espri ki akonpaye efò sa yo, pitit nou yo vin pwoteje kont flèch anflame advèsè a, ki si prezan nan kilti mond lan nan epòk nou an.

Nou raple nou konsèy saj Elaman te bay pitit gason l lan: “Sonje se sou wòch Redanmtè nou an, ki se Kris la, Pitit Gason Bondye a, nou dwe bati fondasyon nou; konsa, lè dyab la voye gwo van li yo, wi, pik li yo nan toubiyon an, wi, lè tout lagrèl li yo ak gwo siklòn li yo vin bat nou, li p ap gen pouvwa sou nou pou l trennen nou desann nan gouf mizè ak malè etènèl la, poutèt sou wòch nou bati a, ki se yon bon fondasyon, lèzòm pa kapab tonbe si yo bati sou fondasyon sa a.”7

Sa gen kèk ane, pandan m t ap sèvi kòm yon jèn evèk, yon mesye aje te mande m pou l te rankontre avèk mwen. Li te dekri kijan l te kite Legliz la ak tradisyon jis paran l yo lè l te jèn. An detay, li te dekri chagren li te travèse pandan lavi li pandan l t ap eseye chèche yon lajwa dirab nan bonè pasaje mond lan gen pou ofri a. Kounyeya, nan dènye ane lavi li, li te santi apèl dous Sentespri a, pafwa tout tan, ki t ap gide l retounen nan leson, abitid, santiman, ak sekirite spirityèl anfans li yo. Li te eksprime rekonesans li pou tradisyon paran l yo, epi, nan pawòl modèn epòk nou an, li te repete deklarasyon Enòs la: “Se pou non Bondye m nan beni poutèt sa.”

Daprè eksperyans pa m, retou bon mesye sa a nan levanjil la se karakteristik anpil moun epi sa souvan repete pami pitit Bondye yo ki pou yon tan, kite legliz la, epi apresa yo retounen nan ansèyman ak pratik jenès yo yo. Nan moman sa yo, nou temwen sajès moun ki te ekri liv Pwovèb la, ki te egzòte paran yo konsa: “Anseye yon timoun ki wout pou l suiv epi, jouk li mouri, li p ap janm bliye l.”6

Chak paran gen pou fè fas ak moman fristrasyon ak diferan nivo detèminasyon ak fòs pandan y ap elve pitit yo. Sepandan, lè paran yo egzèse lafwa nan anseye timoun yo tout tan, avèk senserite, ak lanmou, pandan y ap fè tout sa yo kapab pou ede yo sou chemen an, yo resevwa pi gwo espwa ke grenn yo simen yo ap pran rasin andedan kè ak lespri timoun yo.

Moyiz te byen konprann bezwen fondamantal pou anseye tout tan an. Li te di: “Na anseye pitit nou yo [pawòl sa yo] avèk dilijans, epi pale avèk yo, kit nou chita lakay nou, kit n ap mache sou wout, lè nou kouche nan kabann nou, ak lè nou leve.”9

Nou ajenou bò kot pitit nou yo pandan priyè familyal, nou pran swen yo nan efòse nou pou n li ekriti yo seryezman an fanmi, avèk pasyans, nou okipe yo pandan n ap patisipe nan sware familyal, epi nou sousye pou yo lè nou ajenou ap priye syèl la an prive. O, ala nou aspire pou semans sa yo nou simen an ka pran rasin andedan kè yo ak lespri yo.

Mwen kwè ke, se pa yon kesyon de si pitit nou yo “konprann” sa nou anseye yo, tankou lè n ap lite pou li ekriti yo oubyen fè sware familyal oubyen travay sou Devwa anvè Bondye yo oubyen Pwojè Jènfi Akonpli a. Se pa yon kesyon de si nan moman sa yo, yo konprann enpòtans aktivite sa yo men, se plis yon kesyon de si, antanke paran, avèk dilijans, nou egzèse ase lafwa nou nou suiv konsèy Senyè a pou nou viv, anseye, egzòte, ak etabli atann enspire pa levanjil Jezikri a. Se yon efò ki motive pa lafwa nou---kwayans ke yon jou grenn nou simen nan jenès yo a ap pran rasin e kòmanse jèmen ak grandi.

Bagay nou pale yo, bagay nou preche ak anseye yo detèmine sa k pral rive nan pami nou. Pandan n ap etabli tradisyon bon kalite ki anseye doktrin Kris la, Sentespri a ap rann temwayaj sou verasite mesaj nou an epi l ap nouri semans levanjil yo ki plante fon nan kè pitit nou yo pa efò nou toutolon chemen an. Konsènan sa m temwaye nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Ezayi 28:16.

  2. Doktrin ak Alyans 64:34

  3. Gade paj Facebook Neil L. Andersen, piblikasyon 19 Out 2018, facebook.com/lds.neil.l.andersen.

  4. Nan Sarah Jane Weaver, “President Nelson Urges ‘Teach the Children,’” Church News, 23 Sept. 2018, 11.

  5. Enòs 1:1

  6. Gade Dallin H. Oaks, “Priesthood Authority in the Family and the Church,” Liahona, Nov. 2005, 24–27.

  7. Elaman 5:12

  8. Pwovèb 22:6.

  9. Detewonòm 6:7.