2010–2019
Rasanble tout bagay fè yon sèl nan Kris la
Oktòb 2018


Rasanble tout bagay fè yon sèl nan Kris la.

Pouvwa levanjil Sovè a pou transfòme ak beni nou an devèse sou nou lè nou disène ak aplike eleman yo an korelasyon avèk doktrin, prensip ak pratik li yo.

Yon kòd se yon zouti esansyèl ke nou tout konnen. Kòd yo fèt apati fil twal, vejetal, metalik , oswa lot matyè ke yon moun tòdye oubyen trese endividyèlman ansanm. Sa k enteresan sèke materyèl ki sanble yo pa gen anyen eksepsyonèl, vin parèt eksepsyonèlman solid lè yo trese yo ansanm. Konsa, lè nou relye ak mare kèk materyèl òdinè efikasman, sa ka pwodui yon zouti ekstraòdinè.

Imaj
Fil ki mare ansanm vin fè yon kòd

Menmjan yon kòd tire fòs li nan trese chak branch yo endividyèlman an, se konsa tou levanjl Jezikri a pote yon pi gwo pèspektiv sou laverite epi ofri pi bèl benediksyon yo si nou koute avètisman Pòl la pou n “rasanble tout bagay fè yon sèl nan Kris la, sa k nan syèl yo, ak sa k sou tè a; nan limenm.”1 Sa k pi enpotan, sèke rasanbleman verite enpòtan sa a dwe santre ak fokis sou Senyè a, Jezikri, paske li se “chemen an, verite a, ak lavi a.”2

Mwen priye pou Sentespri a eklere nou chak pandan n ap reflechi sou fason prensip rasanble tout bagay fè yon sèl nan Kris la aplike nan fason pratik pou aprann ak viv levanjil retabli l la nan lavi chak jou nou.

Yon epòk revelasyon

Na p viv nan yon epòk remakab ki chaje ak revelasyon nan Legliz retabli Jezikri a. Chanjman istorik sa yo yo anonse jodia gen yon grenn objektif global: se fotifye lafwa nan Pè Selès la ak nan plan l lan ak nan Pitit Gason l la, Jezikri, ak Sakrifis Ekspyatwa l la. Orè reyinyon jou Dimanch yo pa t senpleman rakousi. Anfèt, kounyeya, nou gen plis opòtinite ak responsablite antanke moun endividyèl ak fanmi pou n itilize tan nou pou n ranfòse Saba a pou vin fèl yon delis nan fwaye a ak nan Legliz la.

Avril ki pase a, konstitisyon òganizasyon kowòm pètriz yo pa t senpleman chanje. Men, anfèt, nou te mete plis aksan ak plis fòs sou yon fason pi elve ak pi sakre pou n sèvi frè n ak sè nou yo.

Menmjan branch fil ki trese vin fòme yon kòd la pwodui yon zouti puisan ak dirab la, se konsa tou tout aksyon ki konekte ansanm sa yo fè pati yon efò ini pou pi byen aliyen objektif, resous ak travay Legliz retabli Sovè avèk misyon fondamantal li: pou ede Bondye nan travay li ki se reyalize sali ak egzaltasyon pitit li yo. Tanpri, pa konsantre nou toudabò sou aspè lojistik bagay ki te anonse yo. Nou pa dwe kite detay nan pwosedi yo bouche rezon espirityèl fondamantal chanjman sa yo k ap fèt kounyea.

Dezi nou se pou lafwa nan Plan Papa a ak nan misyon redanmsyon Sovè a ogmante sou tè a epi pou alyans etènèl Bondye a ka etabli.3 Sèl objektif nou se fasilite konvèsyon kontinyèl nan Senyè a ak pou nou renmen pi totalman epi sèvi frè n ak sè nou yo pi efikasman.

Divize ak separe

Pafwa, noumenm, manm legliz la, nou divize, nou separe epi nou aplike levanjil la nan lavi nou nan kreye lis byen long sou sijè endividyèl pou n editye ak tach pou n akonpli. Men yon apwòch konsa ka potansyèlman limite konpreyansyon nou ak vizyon nou. Nou dwe fè atansyon paske, si tankou farizyen, nou konsantre nou sou lis pou n tcheke, sa ka detounen nou de objektif pou nou rapwoche nou de Senyè a.

Rezondèt ak pirifikasyon, bonè ak lajwa, ak konvèsyon ak pwoteksyon kontinyèl ki soti nan “lage kè [nou] bay Bondye”4 ak nan “[resevwa] imaj li sou vizaj [nou] ”5 an, nou pa ka jwenn ni nan sèlman akonpli ak tcheke tout bagay espirityèl nou sipoze fè yo. Men, pouvwa levanjil Sovè a pou transfòme nou ak beni nou an ap devèse lè nou disène ak aplike eleman yo an korelasyon avèk doktrin, prensip ak pratik li yo. Se sèlman lè nou rasanble tout bagay fè youn nan Kris la, avèk epi nou konsantre nou solidman sou li, ke, pa sinèji, verite levanjil yo ka pèmèt nou vin sa Bondye vle nou devni an6 epi ka pèmèt nou pèsevere avèk vanyans jiskalafen.7

Aprann ak konekte verite levanjil yo ansanm

Levanjil Jezikri a se yon bèl tapi verite ki “byen kowòdone”8 ak byen trese ansanm. Pandan n aprann ak konekte verite revele levanjil yo ansanm, n ap jwenn benediksyon pou n kapab wè yon pèspektiv ki gen valè ak yon ogmantasyon nan kapasite espirityèl nou atravè zye k ap kapab wè enfliyans Senyè a nan lavi nou ak zorèy ki ka tande vwa li.9 Epi, prensip pou n ransanble tout bagay fè youn—nan li a—ka ede nou chanje lis tradisyonèl pou n tcheke yo pou vin fè yo tounen yon sèl, ini, total ak konplè. Kite m ba nou yon egzanp doktrinal ak yon egzanp anrapò ak Legliz sou sa m sigjere la a.

Egzanp #1 Katriyèm atik lafwa a se youn nan pi bèl ilistrasyon sou ransanble tout bagay ansanm fè youn nan Kris la: “Nou kwè ke, premye prensip ak òdonans Levanjil yo se: premyèman, Lafwa nan Senyè a Jezikri; dezyèmman, Repantans; twazyèmman, Batèm pa imèsyon pou remisyon peche yo; katriyèmman, Enpozisyon men pou don Sentespri a.“10

Imaj
Lafwa nan Senyè Jezikri

Vrè lafwa santre nan Senyè a, Jezikri, ak sou li—nan li kòm Sèl Pitit Gason diven ak Literal Papa a epi sou limenm ak misyon redanmsyon li te akonpli a. “Paske, li te satisfè egzijans lalwa a, e li reklame tout moun ki gen lafwa nan li; e moun ki gen lafwa nan li ap aksepte tout bon bagay; se poutèt sa, li plede kòz pitit lèzòm.”11 Egzèse lafwa nan Kris la se apiye nou sou li ak mete konfyans nou nan li kom Sovè nou, nan non li, ak nan pwomès li yo.

Imaj
Repantans

Premye konsekans natirèl konfyans nou nan Sovè a se repanti nou epi abandone sa ki mal. Lè nou egzèse lafwa nan Senyè a ak sou li, nou natirèlman tounen nou vè li, nou vin jwenn ni epi nou fè l konfyans. Konsa, repantans se mete konfyans ak apiye sou Redanmtè a pou l ka fè pou nou sa nou pa ka fè pou tèt nou. Nou chak dwe “[apiye] nou totalman sou merit limenm ki gen pouvwa pou sove a”12 paske se sèlman “atravè merit, mizerikòd, ak gras Mesi ki Sen an”13 nou kapab vin nouvo kreyati nan Kris la14 epi finalman retounen al abite nan prezans Bondye.

Imaj
Batèm

Òdonans batèm pa imèsyon pou remisyon peche a mande pou nou mete konfyans nan li, apiyenou sou li, epi suivli. Nefi te pwoklame: “Mwen konnen si nou suiv Pitit Gason an, avèk tout kè nou, san fè ipokrizi, ni foub devan Bondye, men avèk yon entansyon reyèl, si nou repanti pou peche nou, si nou temwaye devan Papa a ke nou vle pran non Kris la sou tèt nou, pa mwayen batèm—wi, nan suiv Senyè nou ak Sovè nou an desann nan dlo a, dapre pawòl li, gade, lèsa a, n ap resevwa Sentespri a; wi, lè sa a, batèm dife ak Sentespri a ap vini.”15

Imaj
Konfimasyon

Òdonans enpozisyen dèmen pou don Sentespri a mande pou nou mete konfyans nan li, apiye sou li, suiv li, epi kontinye avanse nan li, avèk èd Sentespri l la. Jan Nefi deklare a: “Epi kounyeya … sa fè m konnen si yon moun pa pèsevere jiska lafen, pou l suiv egzanp Pitit Gason Bondye vivan an, li pa kapab sove.”16

Imaj
Rasanble ansanm fè youn

Katriyèm atik lafwa a pa senpleman idantifye prensip ak òdonans fondamantal yo nan levanjil retabli a. Men, deklarasyon enspire kwayans enspire sa a rasanble tout bagay fè yon sèl nan Kris la: mete konfyans nan li ak sou li, konte sou li, suiv li, epi kontinye avanseavèk li—nan li.

Egzanp 2. Kounyeya m vle dekri kijan tout pwogram ak inisyativ Legliz la rasanble ansanm fè youn nan Kris la. M ta ka mansyone anpil lòt ilistrasyon men, m ap itilize sèlman kèk mwen seleksyone.

Imaj
Bati ak fòtifye Siyon

An 1978, Prezidan Spencer W. Kimball te mande manm Legliz yo pou yo te edifye fòs Siyon nan tout mond lan. Li te konseye Sen yo pou yo te rete nan peyi natif natal yo pou yo te ka etabli pieu solid nan rasanble fanmi Bondye a ak anseye yo fason Senyè a. Li te endike tou ke plis tanp ta pral bati epi l te pwomèt benediksyon pou Sen yo kèlkeswa kote y ap viv nan mond lan.17

Imaj
Twazèdtan
Imaj
Pwoklamasyon sou fanmi an

Paske kantite pieu yo t ap ogmante, sa te vin plis anplis nesesè pou fwaye manm yo te vin “tounen [andwa] kote manm fanmi yo [ta renmen] rete, kote yo [te ka] anrichi lavi yo epi jwenn lanmou, sipò, apresyasyon ak ankourajman youn nan men lòt.”18 An konsekans, an 1980, yo te regwoupe reyinyon jou Dimanch yo vin fè yon blok twazèdtan pou yo te ka “remete aksan sou responsablite pèsonèl ak familyal nan aprann, viv, ak anseye levanjil la.”19 Yo te reyafime aksan sa a sou fanmi ak fwaye a ankò nan “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” ke Prezidan Gordon B. Hinckley te prezante an 1995 la.20

Imaj
Konstriksyon tanp

An Avril 1998, Prezidan Hinckley te anonse konstriksyon anpil ti tanp, konsa, li te pote benediksyon òdonans sakre yo nan kay Senyè api pre Sen Dènye Jou yo ak fanmi yo nan tout mond lan.21 Epi, opòtinite pou pwogresyon ak devlopman espirityèl sa yo te konplete pa amelyorasyon ki te anrapò avèk nivo otonomi tanporèl moun yo atravè entwodiksyon Fon Pèpetyèl Edikasyon an 2001 an.22

Imaj
Pran swen pòv yo ak moun ki nan bezwen yo

Pandan administrasyon l la, Prezidan Thomas S. Monsonn te toujou ap egzote Sen yo pou yo t al “pote sekou” epi l te toujou ensiste sou pran swen pòv yo ak moun ki nan nesesite yo kòm youn nan responsablite divin Legliz la. Pou te kontinye ensiste sou preparasyon tanporèl, yo te mete inisyativ Sèvis Otonomi an anplas an 2012.

Imaj
Fè Saba a vin yon delis

Depi plizyè ane, yo te remete aksan ak ranfòse prensip esansyèl ki anrapò avèk sanktifikasyon jou Saba a nan fwaye a ak nan legliz la, 23 sa k te prepare nou pou chanjman nan orè reyinyon jou Dimanch yo, y te anonse nou nan sesyon konferans jeneral sa a.

Imaj
Kowòm Prètriz Mèlkisedèk yo aliyen avèk òganizasyon oksilyè yo

Epi, sa gen sis mwa, yo te ranfòse kowòm Prètriz Melkisedèk yo epi yo fonksyone pi efikasman avèk oksilyè yo pou akonpli yon apwòch pi elve ak pi sakre nan sèvis pastoral la.

Imaj
Yon travay ini

Mwen kwè ke, sekans ak moman aksyon sa yo depi plizyè deseni sa yo ka ede nou wè yon travay ini ak global e pa sèlman yon seri inisyativ separe ak endepandan. “Bondye revele yon modèl pwogresyon espirityèl pou moun yo ak fanmi yo atravè òdonans, ansèyman, pwogram, ak aktivite ki santre sou fwaye a epi sipòte pa Legliz la. Òganizasyon ak pwogram Legliz yo egziste pou beni moun yo ak fanmi yo epi yo pa yon fen an yomenm.”24

Mwen priye pou nou ka rekonèt travay Senyè a kòm yon gran travay mondyal k ap vin pi plis santre sou fwaye a avèk sipò Legliz la. Mwen konnen e m temwaye ke Senyè a ”pral revele anpil gwo bagay ki enpòtan ankò konsènan Wayòm Bondye a.”25

Pwomès ak Temwayaj

M te komanse mesaj mwen an nan souliyen fòs ki kreye lè moso matyè endividyèl diferan trese ansanm pou fòme yon kòd. Nan menm fason an tou, m pwomèt ke pèspektiv, entansyon ak pouvwa nou ap ogmante epi y ap vin evidan lè n ap aprann ak viv levanjil retabli a pandan n ap fè efò pou n rasanble tout bagay ansanm fè youn nan Kris la.

Tout opòtinite ak benediksyon ki gen konsekans etènèl yo pran orijin yo nan Senyè a, Jezikri, epi se gras avèk li yo vin posib epi gen yon rezondèt yo, epi kontinye. Jan Alma te temwaye: “Pa gen okenn lòt chemen oubyen mwayen ki kapab sove lèzòm, sèlman nan Kris la e atravè Kris la. Gade, li se lavi a ak limyè mond lan.”26

Ak lajwa mwen deklare temwayaj mwen sou divinite ak reyalite vivan Papa Etènèl la ak Pitit Gason Byenneme l la, Jezikri. Nan Sovè nou an, nou jwenn lajwa. Epi nan li nou jwenn asirans “lapè nan mond sa a, ak lavi etènèl nan mond k ap vini an.”27 Mwen temwaye konsa nan non sakre Senyè a Jezikri, amèn.