2010–2019
Patisipasyon Sè yo nan Rasanbleman Izrayèl
Oktòb 2018


Patisipasyon Sè yo nan Rasanbleman Izrayèl la

Aswè a, kòm pwofèt, m ap adrese yon siplikasyon a noumenm, fi yo nan Legliz la, pou nou fasone lavni nan ede ransable Izrayèl ki dispèse a.

Se yon gran plezi pou m avèk nou la a, chè sè m yo. Petèt youn nan eksperyans resan m yo pral ba nou yon apèsi sou sa m santi pou nou ak sou kapasite divin nou te genyen yo.

Yon jou, pandan m ta p pale avèk yon kongregasyon nan Amerik Disid, m te vin sitèlman eksite pa sijè m t ap pale a ke, nan yon moman kle, m te di: “Antanke manman 10 pitit, m ka di nou ke …” Epi, apresa m te kontinye bay mesaj mwen an.

Mwen pat reyalize ke m te site mo manman an. Tradiktè m nan, ki te sipoze ke sete yon erè, te chanje momanman anpou papa, konsa, kongregasyon an pat janm konnen m te fè referans ak tèt mwen kòm yonmanman. Men madanm mwen, Wendy, te tande l, epi li te anchante pou erè langaj mwen an.

Nan moman sa a, dezi pwofon nan kè m pou m fè yon diferans nan mond lan—jan sèl yon manman ka fè—te bouyi nan kè mwen. Atravè ane yo, kèlkeswa lè moun mande m poukisa m te chwazi pou m te vin yon doktè, repons sete toujou menm nan: “Paske m pa t ka chwazi pou m te yon manman.”

Tanpri note ke chak fwa m itilize mo manman an, m p ap pale sèlman de fi ki fè pitit oubyen ki adopte timoun nan lavi sa a. M ap pale de toutpitit fi adilt Paran Selès nou yo. Chak fi se yon manman pa nati destine divin etènèl li.

Donk aswè a, antanke papa10 pitit—nèf pitit fi ak yon pitit gason—epi antanke Prezidan Legliz la, mwen priye pou nou ka santi santiman pwofon m genyen pou nou—osijè kiyès nou ye ak tout bon bagay n ap fè. Pèsonn pa ka fè sa yon fi jis ka fè. Pèsonn pa ka repwodui enfliyans yon manman.

Mesye yo ka kominike lanmou Pè Selès la ak Sovè a bay lòt moun epi yo fè sa souvan. Men fi yo gen yon don espesyal pou sa—yon dotasyon diven. Nou gen kapasite pou n santi sa yon moun bezwen—ak yo bezwen li. Nou ka lonje men, konsole, anseye, ak fòtifye yon moun nan moman li plis gen bezwen an.

Fi yo wè bagay yo diferaman de gason yo, epi oh, nou vrèman bezwen pwendvi nou! Nati nou pouse nou pou n panse ak lòt moun dabò, pou konsidere konsekans nenpòt aksyon nou genyen sou lòt moun.

Jan Prezidan Eyring te di a, sete manman gloriye nou Eve—avèk visyon apwofond l te genyen apwopo plan Pè Selès la—ki te deklanche sa nou rele “Chit la.” Chwa saj chaje kouraj li a ak desizyon Adan pou sipòte l la te fè plan bonè Bondye a avanse. Yo te rann posib pou nou chak vini sou tè a, resevwa yon kò, epi pwouve ke nou t ap chwazi pran pozisyon pou Jezikri kounyea,menmjan nou te fè nan lavi premòtèl la.

Chè sè m yo, nou gen don ak talan espirityèl espesyal. Aswè a mwen egzòte nou, avèk tout espwa nan kè mwen, pou nou priye pou n ka konprann don espirityèlnou yo—pou n kiltive yo, itilize yo , epi devlope yo, plis pase jan nou te janm fè anvan. Nou va chanje mond lan lè nou fè sa.

Antanke fi, nou se yon enspirasyon pou lòt moun epi nou tabli yon modèl diy pou moun suiv. Kite m eksplike nou kontèks de nan anons enpòtan yo k te fèt nan dènye konferans jeneral nou an. Nou menm, sè m yo, sete potomitan chak.

Premyèman, sèvis pastoral. Modèl siprèm pou sèvis pastoral la se Sovè nou an, Jezikri. Jeneralman, fi yo rive, epi te toujou, rive pi pre modèl sa a pase gason yo. Lè n ap vrèman sèvi, nou suiv santiman nou genyen pou ede yon lòt moun plis fè eksperyans lanmou Sovè a. Tandans pou sèvi a tou natirèl lakay fi vètye yo. Mwen konne fi ki priye chak jou pou mande; “Kiyès ou ta renmen m ede jodia?”

Avan anons Avril 2018 la sou fason pi gran ak pi sakre pou pran swen lòt yo, tandans kèk nan gason yo sete tcheke ke yo “konplete” tach yo kòm enstriktè ofwaye yo epi pase nan pwochen tach la.

Men noumenm sè yo, lè nou te santi yon sè nou t ap vizite te bezwen èd, nou te reponn imedyatman epi nou te kontinye pandan tout mwa a. Konsa, sete fason nou te fè vizit ofwaye yo ki te enspire nou pou n elve nivo a pou fè sèvis pastoral la.

Dezyèmman, nan dènye konferans jeneral la, nou te reyòganize kowòm Prètriz Melkisedèk yo. Lè nou t ap diskite sou fason pou nou ede gason yo nan legliz la vin pi efikas nan responsablite yo, nou te atantivman konsidere egzanp Sosyete Sekou.

Nan Sosyete Sekou, fi tout kalite laj ak etap reyini ansanm. Chak deseni nan lavi a mache avèk difikilte pa li, men, toutan, noute la, semèn apre semèn, tout ansanm, ap pwogrese nan levanjil la epi anseye l ansanm, ap fè yon diferans reyèl nan mond lan.

Kounyea, daprè egzanp nou, detantè Pretriz Melkisedèk yo se manm kowòm ansyen an. Mesye sa yo gen laj soti 18 rive 98 (petèt plis), avèk menm eksperyans nan pretriz la ak nan legliz la ki tout osi varye. Frè sa yo kounyea ka kreye lyen fratènèl pi solid, aprann ansanm, epi beni lòt pi efikasman.

Nou sonje ke mwa Jen k sot pase a, Sè Nelson avèk mwen te pale ak jèn yo nan Legliz la. Nou te envite yo pou yo angaje nan batayon Senyè a pou jèn yo pou ede rasanble Izrayèl sou toude bòvwal la. Rasanbleman sa a se “pi gwodefi, pi gran kòz, ak pi grantravay sou tè a jodia”!1

Se yon kòz ki dezespereman bezwen fi yo, paske fi yo fòje lavni. Donk aswè a, m ap adrese yon siplikasyon pwofetik pou noumenm, fi yo nan Legliz la, pou nou modle lavni nan ede ransable Izrayèl dispèse a.

Kikote nou ka kòmanse?

Kite m lanse kat envitasyon:

Premyèman, m envite nou pou n patisipe nan yo 10-jou jèn pou n rete lwenn medya sosyal ak tout lòt medya ki pote panse negatif ak enpi nan lespri nou. Priye pou pou nou ka konnen ki enfliyans pou nou retire pandan jèn nou an. Efè jèn 10 jou sa a ka byen etone nou. Kisa nou remake apre nou fin pran yon brek lwen enfliyans mond lan k ap blese lespri nou an? Èske gen yon chanjman nan kote nou vle depanse tan nou ak enèji nou kouneya? Èske gen nan priyorite nou yo ki chanje—menmsi se tou piti? Mwen egzòte noupou nou ekri epi suiv chak enpresyon nou te resevwa.

Dezyèman, mwen envite nou pou nou li Liv Mòmon an soti jodia rive nan fen ane a. Menmsi sa ka sanble l prèske enposib avèk tout sa n ap eseye jere nan lavi nou, si nou aksepte envitasyon sa a avèk yon kè byen detèmine, Senyè ap ede nou jwenn yon fason pou akonpli l. Epi, si nou etidye nan lapriyè, mwen pwomèt ke syèl yo ap louvri pou nou. Senyè a ap beni nou avèk plis enspirasyon ak revelasyon.

Pandan n ap li, mwen ta ankouraje nou pou nou make chak vèsè ki pale de Sovè a oubyen ki fè referans ak Sovè a. Apresa, pale delibereman de Kris la, rejwi nan Kris la, epi preche sou Kris la avèk fanmi nou ak zanmi nou.2 Noumenm avèk yo ap rapwoche pi pre Sovè a atravè pwosesis sa a. Epi chanjman, mirak menm, pral kòmanse rive.

Maten an, yo te anonse nou nouvo orè Lekòldidimanch la ak pwogram santre sou fwaye ki sipòte pa Legliz la. Noumen, chè sè m yo, nou se kle pou siksè nouvo efò ansèyman levanjil balanse ak kowòdone sa a. Tanpri anseye moun ki chè pou nou yo sa n ap aprann nan ekriti yo. Anseye yo kijan pou yo vire gade Sovè a pou yo ka jwenn pouvwa gerizon ak netwayaj li lè yo peche. Epi anseye yo kijan pou yo atire pouvwa li pou fòtifye yo chak jou nan lavi yo.

Twazyèmman, pran abitid pou nou ale nan tanp regilyèman. Sa ka mande yon tikras plis sakrifis nan lavi nou. Si nou pase plis tan nan tanp lan regilyèman, sa ap pèmèt Senyè a anseye nou kijan pou nou atire pouvwa prètriz li a yo te dote sou nou nan tanp li a. Pou moun ki p ap viv pre yon tanp yo, mwen envite nou pou nou etidye tout sa ki anrapò avèk tanp nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt vivan yo, nan lapriyè. Chèchekonn plis, konprann plis, santi plis osijè tanp yo pase jamè anvan.

Nan devosyon mondyal pou jèn yo mwa Jen k sot pase a, m te pale de yon jèn gason ki te gen lavi l chanje lè paran l te ranplase telefòn “smartphone“ ni an pa yon telefòn regilye. Manman jèn gason sa a se yon fi lafwa kouraje. Li te wè pitit gason l lan t ap pran wout ki ta ka anpeche l sèvi yon misyon. Li te pote siplikasyon li nan tanp lan pou l te ka konnen ki pi bon fason pou l te ede pitit gason l lan. Apresa, li te suiv chak enspirasyon l te resevwa.

Li di: “Mwen te santi Lespri a pouse m pou m te tcheke telefòn pitit gason m nan dè moman byen espesifik pou m te ka jwenn kèk bagay espesifik. Mwen pa konn kijan pou itilize smartphone sa yo, men Lespri a te gide atravè tout medya sosyal ke m pa menm konn itilize! Mwen konnen Lespri a ede paran k ap chèche direksyon pou pou pwoteje pitit yo. [Okòmansman] pitit gason m te fache anpil kont mwen. … Men apre twa jou sèlman, le te di m mèsi! Li te ka santi diferans la.”

Konpòtman ak atitid pitit gason l te chanje radikalman. Li te vin pi sèvyab nan fwaye a, pi souriyan ak pi atantif nan legliz la. Li te renmen sèvi pandan yon ti tan nan sal batèm tanp lan epi prepare l pou misyon li.

Katriyèm envitasyon m nan, pou sa ki gen laj yo, se pou nou patisipe totalman nan Sosyete Sekou. Mwen egzòte nou pou n etidye deklarasyon aktyèl sou bi Sosyete Sekou a. Li enspiran. Li ka gide nou nan devlope pwòp objektif pa nou pou lavi pa nou. Mwen sipliye nou pou nou savoure verite yo ki nan deklarasyon Sosyete Sekou a ki te pibliye sa gen preske 20 tan an.3 Gen yon kopi ankadre deklarasyon sa a ki sou mi nan biwo Premyè Prezidans lan. Mwen ranpli lajwa chak fwa m li l. Li dekri kiyès nou ye ak kimoun Senyè a vle nou ye nan moman presi sa a kote n ap fè pati pa nou pou nou ede nan rasanbleman Izrayèl dispèse a.

Chè sè mwen, nou bezwen ou! Nou “bezwen fòs ou, konvèsyon ou, konviksyon ou, kapasite ou pou dirije a, sajès ou, ak vwa ou.”4 Nou tou senpleman pa ka rasanble Izrayèl san noumenm.

Mwen renmen nou epi m remèsye nou, epi kounyea m beni nou avèk kapasite pou nou vire do bay mond la pandan na p ede nan travay ijan ak esansyèl sa a. Ansanm nou ka fè tout sa Pè Selès la bezwen nou fè pou prepare mond lan pou Dezyèm Vini Pitit Gason l lan.

Jezi se Kris la. Sa a se Legliz pa li. Konsènan sa mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.