2010–2019
Ministè Rekonsilyasyon an
Oktòb 2018


Ministè Rekonsilyasyon an

Mwen temwaye de trankilite nan nanm rekonsilyasyon nou avèk Bondye epi avèk pwochen nou ap pote pou nou si nou ase enb ak kouraje pou n chèche li.

An Avril dènye, Prezidan Russell M. Nelson te entwodui sèvis pastoral kòm yon fason pou n kenbe gwo kòmandman pou n renmen Bondye ak renmen pwochen nou an.1 Noumenm, antanke ofisye nan Legliz la, nou felisite nou e konplimante nou chalerezman pou bèl reyaksyon nou ak sa nou te kòmanse antreprann nan sijè sa a. Nou remèsye nou dèske nou te suiv pwofòt byeneme nou an nan gran efò sa a epi nou konseye nou pou n pa tann plis enstriksyon. Jis plonje tèt nou nan pisin nan epi naje. Naje al chèche moun ki nan bezwen yo. Pa kanpe ap mande si nou ta dwe naje sou do oubyen sou vant. Si nou suiv prensip debaz yo anseye nou yo, si nou rete aliye avèk kle prètriz yo, epi nou chèche Sentespri a pou gide nou, nou pa ka echwe.

Maten an, m ta renmen pale de yon aspè ki ankò pi pèsonèl nan sèvis pastoral la, ke nou pa resevwa kòm tach, ki pa mande yon kalandriye entèvyou, e ki pa gen rapò pou nou bay okenn moun sof syèl la. Kite m pale nou de yon aspè ankò pi pèsonèl nan kalite sèvis pastoral sa a.

Grant Morrell Bowen sete yon mari ak papa devwe ki, menmjan ak anpil moun pen kodityen yo se travay jaden, te wè ekonomi l bese paske rekòt pòmdetè a pa t twò bon. Limenm ak madanm ni, Norma, t al chèche travay, epi finalman yo te demenaje al abite nan yon lòt vil, epi yo te kòmanse rejwenn yon stabilite ekonomik. Men, nan yon ensidan teribleman malere, Frè Bowen te santi l blese anpil lè, nan yon entèvyou pou rekòmandasyon tanp, evèk la te yon ti jan pa t twò kwè l lè l te deklare ke l te peye yon dim konplè.

M pa konn kiyès nan moun sa yo ki te gen rezon jou sa a men, m konnen ke Sè Bowen te mache sòti nan entèvyou a avèk rekòmandasyon tanp li renouvle, pandan ke Frè Bowen te mache sòti avèk yon kòlè ki te lakoz li te kite Legliz la pandan 15 zan.

Akote de kiyès ki te gen rezon osijè dim nan, sa aparaman klè ke ni Morrell ni evèk la te bliye egzòtasyon Sovè a pou “rekonsilye w avèk advèsè w la byenvit”2la ak konsèy Pòl pou nou “ Pa al dòmi ak kòlè nan kè nou” an.3 Bagay la sèke yo pa t tonbe dakò epi Frè Bowen te al dòmi ak kòlè l la pandan dè jou, dè semèn, ki te mennen dèzane, sa k pwove pawòl youn nan gran saj Women nan Antikite yo te di a: “Si l pa metrize, kòlè souvan pi destriktè pase blesi ki te pwovoke l la.”4 Men, mirak rekonsilyasyon an toujou disponib pou nou, epi, pa amou pou fanmi li ak pou Legliz li te konnen k te vrè a, Morrell Bowen te retounen Legliz. Kite m brèfman di nou kijan sa fèt.

Brad, pitit gason Frè Bowen nan, se bon zanmi pitit gason pa m nan epi l se yon Swasanndis Otorite Rejyonal devwe k ap sèvi nan Sid Idaho. Brad te gen onzan lè ensidan sa a te pase, epi pandan 15 zan, li te wè angajman relijye papa l bese, kòm konsekans yon rekòt terib kote kòlè ak enkonpreyansyon te simen. Gen yon bagay ki te dwe fèt. Konsa, lè fèt “Thanksgiving” nan t ap pwoche, an 1977, Brad, ki te yon etidyan laj 26zan nan Inivèsite Brigham; madanm ni, Valerie; ak ti bebe gason l lan, Mic, te monte nan machin yo ki sete yon vèsyon otomobil etidyan, epi, malgre move tan an, yo te kondui al Billings, nan Montana. Pa menm yon kolizyon nan yon pil nèj nan zòn Lwès Yellowstone pa t anpeche twa moun sa yo al fè kontak sèvis pastoral yo avèk Frè Bowen.

Lè yo te rive, Brad ak sè li, Pam, te mande papa yo pou yo te pale avèk li yon ti moman an prive. Avèk emosyon, Brad te kòmanse: “Ou se yon papa ekstraòdinè, e nou toujou konnen kijan w renmen nou. Men, gen yon bagay ki pa mache byen, epi sa dire twò lontan. Paske w te blese yon jou, tout fanmi sa a an soufrans depi dèzane. Nou kraze, e ou se sèl moun ki ka fikse nou. Tanpri, tanpri, apre tout tan sa a, èske w ka jwenn mwayen nan kè w pou w bliye ensidan malere k te pase avèk evèk la epi gide fanmi sa a nan levanjil la ankò, jan w te konn fè otrefwa?”

Te gen yon gwo silans. Epi, Frè Bowen te gade de pitit sa yo, ki sete zo nan zo li ak chè nan lachè li,5epi l te di tou dousman, “Wi. Wi, m ap fè sa.”

Kontan, men etone pa repons inatandi sa a, Brad Bowen ak fanmi li te gade mari ak papa sa a ki t al jwenn evèk li nan yon espri rekonsilyasyon pou l te ka remete lavi l annòd. Nan yon reyaksyon pafè devan vizit kouraje men totalman inatandi sa a, evèk la, ki te toujou ap envite Frè Bowen pou l te retounen, te pase bral sou zepòl Morrell epi li te jis kenbe l—kenbe l nan yon gwo, gwo akolad.

Nan lespas kèlke semèn—sa pa pran lontan—Frè Bowen te totalman angaje nan Legliz la ankò epi l te kalifye tèt li pou l te ka diy pou l retounen nan tanp. Byenvit, li te aksepte apèl pou l te prezide sou yon ti branch 25 moun ki t ap lite epi l te transfòme l fè l vin tounen yon kongregasyon plis pase 100 moun. Tout sa te pase sa gen prèske demi syèk men, konsekans rekèt yon pitit gason ak yon pitit fi te fè papa yo ak dispozisyon papa a pou l te padone epi avanse devan malgre enpèfeksyon lòt moun, te pote benediksyon fanmi Bowen ap resevwa jiska jodia—epi ap kontinye resevwa pou tout tan—pou fanmi Bowen.

Frè m ak sè m yo, Jezi mande nou pou nou “viv ansanm nan lanmou”6epi pou pa gen “okenn kerèl nan mitan nou.”7 Li te avèti Nefit yo: “yon moun ki gen lespri chirepit se pa mwen ki voye.”8 Anfèt, nan yon gwo degre, relasyon nou avèk Kris la pral detèmine—oubyen omwen afekte—pa relasyon nou youn ak lòt.

Li te di: “Si w … vle vin jwenn mwen epi,ou sonje frè w la te gen yon bagay kont ou—

“Al jwenn frè w la, epi rekonsilye w avèk li toudabò, epi apresa, vin jwenn mwen avèk tout kè ou epi m ap resevwa ou.9

Se sèten ke nou chak ta ka site yon tralye ansyen blesi ak chagren, ak souvni douloure ki, jiska jodia, ap wonje lapè nan kè yon moun oubyen yon fanmi oubyen yon katye. Keseswa se noumenm ki te lakoz soufrans sa a oubyen nou se viktim ni, blesi sa yo bezwen geri pou lavi a ka osi anrichisan ke Bondye vle pou l ye a. Tankou manje nan frijidjè nou ke pitit pitit nou yo verifye pou nou avèk swen, dat ekspirasyon ansyen blesi sa yo siman pase depi lontan. Tanpri, pa bayo plas presye nan kè nou ankò. Jan Prospero te di Alonson ki te malere nan The Tempest la, ”Annou pa chaje nou anba pwa souvni sa k deja pase.”10

“Padone, epi yo va padon w tou,”11 Kris la te anseye nan epòk Nouvo Testaman an. Epi nan epòk pa nou an: ,”Mwenmenm Senyè a, m ap padone moun m vle padone, men, pou nou menm se yon egzijans pou nou padone tout moun.”12 Men, li enpòtan ke sila yo k ap viv nan angwas yo note sa li pa tdi tou. Li d pa t di ke “nou pa dwe santi vrè lapenn oubyen doulè reyèl pou eksperyans douloure yon lòt moun fè nou travèse.” Ni li pa t di: “Pou nou padone totalman, nou dwe retounen nan yon relasyon ki pa bon pou nou oubyen retounen al viv nan yon sikonstans vyolan ak destriktè. Men, malgre ofans ki pi tèrib yo ka fè nou, nou ka elve nou anlè doulè nou sèlman lè nou mete pye nou sou chemen ki mennen nan vrè gerizon an. Chemen sa a se chemen padon Jezi, Moun Nazarèt la te suiv la, ki lanse apèl sa a bay nou tout “Vini, suiv mwen.”13

Nan envitasyon pou n vin disip li epi eseye fè sa l fè a, Jezi mande nou pou nou vin enstriman lagras li—pou n vin “anbasadè pou Kris” nan “ministè rekonsilyasyon an,” jan Pòl te dekri pou Korentyen yo.14 Gerisè tout blesi yo, limenm ki korije tout tò yo, mande nou pou nou travay avèk li nan gwo tach pou pote lapè nan yon mond ki p ap jwenn lapè sa a nan okenn lòt fason.

Konsa, jan Phillips Brooks te ekri: “Nou menm ki kite malantandi yo kouri ane apre ane, avèk entansyon pou nou rezoud yo yon jou, noumenm ki kenbe kerèl pitwayab paske nou pa ka vrèman pran desizyon ke jodi a se jou pou n sakrifye ògèy nou epi [rezoud] yo; noumenm ki mare figi nou lè n ap kwaze moun nan lari, pou n pa pale avèk yo poutèt bagay veksan yo fè nou … ; noumenm ki kite … yon moun soufri nan kè l poutèt yon mo apresyasyon oubyen senpati, ke nou konte di l … yon jou, … ale imedyatman epi fè sa w gen dwa petèt jamè jwenn okenn lòt chans pou w fè yo.”15

Frè ak sè byeneme m yo, mwen temwaye ke padone epi bliye ofans, ansyen oubyen resan, se bagay santral Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a. Mwen temwaye ke, alafen, kalite remèd spirityèl sa a ka soti sèlman nan Redanmtè diven nou an, limenm ki kouri vin ede nou “ak gerizon nan zèl li.”16 Nou remèsye limenm ak Pè Selès la ki voye l la, paske renouvo ak renesans sa a, yon fiti libere anba ansyen lapenn ak erè lepase, non sèlman posib men yo deja achte yo e peye yo nan yon pri ki senbolize pa san Anyo a ki te vèse li.

Avèk otorite apostolik m resevwa nan men Sovè mond lan, mwen temwaye de trankilite nan nanm rekonsilyasyon avèk Bondye epi youn ak lòt la ap pote si nou ase enb ak kouraje pou nou chèche li. Sovè a sipliye nou: “Sispann goumen youn ak lòt.”17 Si nou konnen n gen yon ansyen blesi, repare li. Se pou nou youn pran swen lòt nan lanmou.

Zanmi byeneme m yo, nan ministè rekonsilyasyon sa a nou pataje a, m ap mande nou pou nou vin patizan lapè—pou nou renmen lapè, chèche lapè, kreye lapè, cheri lapè. Mwen lanse apèl sa a nan non Prens Lapè a, ki konn tout bagay sou kisa sa vledi pou yon moun “blese andedan kay zanmi [li]”18 men ki sepandan te jwenn fòs pou l te padone ak bliye—pou l te geri—e jwenn lajwa. Pou sa mwen priye, pou noumenm avèk mwen, nan non Senyè a, Jezikri, amèn.