Konferans Jeneral
Tout Bagay Ap Byen Gras Ak Alyans Tanp yo
Konferans jeneral avril 2024


Tout Bagay Ap Byen Gras Ak Alyans Tanp yo

Pa gen anyen ki pi enpòtan pase lè ou onore alyans ou te fè oswa ou pral fè nan tanp lan.

Frè ak sè byeneme m yo, sesyon konferans jeneral sa a te, pou mwenmenm, yon tan sakre. Mwen rekonesan pou tach pou m pale avèk plizyè milyon Sen Dènye Jou ak zanmi nou atravè mond lan. Mwen renmen nou, e mwen konnen Senyè a renmen nou.

Sa gen plis pase 50 ane, mwen te gen privilèj pou m te sèvi kòm prezidan Ricks College, nan Rexburg, Idaho. Nan maten 5 jen 1976 la, madanm mwen, Kathy, avèk mwen te kondui soti Rexburg ale nan tanp Idaho Falls pou nou te asiste sèlman yon zanmi pwòch. Natirèlman, avèk kat jèn tigason nan fwaye nou nan epòk la, vwayaj nan tanp nou an te kapab akonpli sèlman avèk èd yon moun plen kouraj pou te rete avèk yo pou nou! Nou te kite pitit presye nou yo nan swen li epi nou te kondui pou 30 minit.

Eksperyans nou nan tanp jou sa a te bèl anpil, jan li te toujou ye. Sepandan, apre sèlman an te fini—epi pandan n t ap prepare pou retounen lakay nou—nou te remake anpil ouvriye tanp ak izaje ki t ap konvèse avèk enkyetid nan antre tanp lan. Nan lespas kèk moman, youn nan ouvriye tanp yo te enfòme nou ke Baraj Teton an ki te fèk konstwi nan lès Idaho a te kraze! Plis pase 80 milya galon (300 milyon mèt kib) dlo t ap koule soti nan baraj la ale nan vale 300 mil kare (775 km kare) ki te tou pre yo. Anpil kote nan vil Rexburg la te anba dlo, ak kay ak machin dlo inondasyon yo te pote ale. De tyè nan 9000 rezidan yo te toudenkou san kay.1

Kòm ou ta ka imajine, panse ak enkyetid nou te imedyatman vire sou sekirite ak byennèt timoun nou yo, dè santèn etidyan kolèj ak fakilte, ak yon kominote nou te renmen. Nou te a mwens pase 30 mil (50 km) de lakay nou, e poutan jou sa a, lontan anvan telefòn selilè ak mesaj tèks, nou pa t gen okenn mwayen pou nou te kominike imedyatman avèk pitit nou yo, ni nou pa t kapab konduit soti Idaho Falls tounen Rexburg, paske tout wout yo te fèmen.

Sèl opsyon nou te genyen se te pase nuit la nan yon otèl lokal nan Idaho Falls. Kathy avèk mwen te mete ajenou ansanm nan ti chanm otèl nou an epi avèk imilite nou te sipliye Papa nou ki nan Syèl la pou sekirite pitit nou yo ak pou plizyè milye lòt moun ki te afekte pa evenman trajik la. Mwen sonje Kathy t ap mache toutotou chanm nan jiska nan maten, akable anba enkyetid, san somèy. Malgre pwòp enkyetid evidan pa mwen, mwen te kapab mete lespri m alèz epi finalman dòmi te pran m.

Sa pa t pran lontan pou konpay etènèl mwen an te reveye m epi l te di, “Hal, kijan ou ka fè dòmi nan yon moman konsa?”

Lè sa a, pawòl sa yo te vini klè nan kè m ak nan lespri m. Mwen te di madanm mwen: “Kathy, kèlkeswa rezilta a, tout bagay ap byen akoz tanp lan. Nou fè alyans avèk Bondye epi nou te sele kòm yon fanmi etènèl.”

Nan moman sa a, se kòmsi Lespri Senyè a te konfime nan kè nou ak nan lespri nou sa nou toulède te deja konnen ki vrè: òdonans sèlman yo, ke n jwenn sèlman nan kay Senyè a epi ki te administre pa bon otorite prètriz la, lye nou ansanm antanke mari ak madanm, epi pitit nou yo te sele ak nou. Pa t vrèman gen bezwen pou nou te pè, e nou te rekonesan pou n te aprann nan apre ke ti gason nou yo te an sekirite.

Petèt deklarasyon sa a Prezidan Thomas S. Monson te fè ka ilistre pi byen sa Kathy avèk mwen te santi nan nuit inoubliyab sa a. “Lè nou al nan tanp, nou ka rive atenn yon dimansyon espirityalite ak yon santiman lapè. … Nou kapte vrè siyifikasyon pawòl Sovè a lè l te deklare: ‘M ap ba nou kè poze, mwen kite lapè m pou nou. … Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè [Ja 14:27]a.’”2

Mwen gen benediksyon pou m santi lapè sa a chak fwa m antre nan tanp sakre a. Mwen sonje premye jou mwen te antre nan tanp Salt Lake la. M te yon jèn gason.

M te gade plafon blan wo a ki te fè sal la tèlman briyan ke l te sanble se te syèl la kòmsi sal la pa t gen plafon. Nan moman sa a, yon panse te vin nan lespri m avèk pawòl klè sa yo: “M te vin nan kote ilimine sa a deja.” Men apresa, imedyatman pawòl sa yo, ki pa t nan vwa m, te vini nan lespri m: “Non, ou potko janm vin la a anvan sa. Se yon epòk avan nesans ou w ap sonje la a. Ou te nan yon kote sakre tankou sa a kote Senyè a te kapab vini.”

Frè m ak sè m yo, mwen temwaye avèk imilite ke lè nou ale nan tanp lan, nou ka sonje nati etènèl lespri nou, relasyon nou avèk Papa a ak Pitit Gason diven L lan, ak dezi final nou pou nou retounen lakay nou nan syèl la.

Nan yon diskou konferans resan, Prezidan Russell M. Nelson te anseye:

“Kote pou nou pi an sekirite espirityèlman an se viv andan alyans tanp nou yo!”

Tout bagay nou kwè ak tout pwomès Bondye fè pèp alyans li a reyini nan tanp lan.”3

“Chak moun ki fè alyans … nan tanp yo—epi ki kenbe yo—ogmante aksè yo nan pouvwa Jezikri.”4

Li te anseye tou “Apre nou fin fè yon alyans avèk Bondye, nou kite teritwa san patipri a pou tout tan. Bondye p ap abandone relasyon Li avèk moun ki fòje yon lyen konsa avèk Li. Anfèt, tout moun ki fè alyans avèk Bondye gen aksè nan yon kalite lanmou ak mizerikòd espesyal.”5

Anba direksyon enspire Prezidan Nelson, Senyè a akselere, epi l ap kontinye akselere, konstriksyon tanp atravè mond lan. Sa pral pèmèt tout pitit Bondye yo resevwa òdonans sali ak egzaltasyon yo epi fè epi kenbe alyans sakre. Kalifye pou fè alyans sakre se pa yon efò yon sèl fwa, men se yon modèl pou tout lavi. Senyè a te di sa ap pran tout kè nou, tout panse nou, tout lespri nou ak tout fòs nou.5

Patisipasyon souvan nan òdonans tanp yo kapab kreye yon modèl devosyon pou Senyè a. Lè w kenbe alyans tanp ou yo epi w sonje yo, ou envite konpayi Sentespri a pou fòtifye w ak pirifye w.

Lè sa a, ou ka santi yon santiman limyè ak espwa ki temwaye ke pwomès yo se verite. W ap vin konnen ke chak alyans avèk Bondye se yon opòtinite pou w vin pi pwòch li, sa ki pral kreye yon dezi nan kè w pou w kenbe alyans tanp yo.

Yo te pwomèt nou, “Gras ak alyans nou avèk Bondye a, Li p ap janm fatige nan efò L pou ede nou, epi nou p ap janm epuize pasyans plen mizerikòd Li genyen pou nou an.”7

Se grasa alyans sèlman yo nan tanp yo ke nou ka resevwa asirans koneksyon familyal plen lanmou ki pral kontinye apre lanmò e ki pral dire pou letènite. Onore alyans maryaj ak fanmi nou fè nan tanp Bondye yo ap bay pwoteksyon kont mal ki se egoyis ak ògèy la.

Swen konstan frè ak sè youn pou lòt ap vini sèlman ak efò pèsistan pou dirije fanmi ou nan chemen Senyè a. Bay timoun yo opòtinite pou yo priye youn pou lòt. Detekte byen vit kòmansman dezakò, epi rekonèt pozitivman zak sèvis ki pa egoyis, espesyalman youn pou lòt. Lè frè ak sè yo priye youn pou lòt epi youn sèvi lòt, kè yo ap adousi epi youn tounen jwenn lòt ak paran yo.

An pati, se sa Malachi te dekri lè l te predi vini pwofèt Eli a: “Li pral plante nan kè timoun yo pwomès yo te fè papa yo, e kè timoun yo ap tounen vin jwenn zansèt yo. Si se pa t sa, tout tè a t ap devaste nèt lè li vini an.”8

Eprèv, pwoblèm, ak chagren ap asireman vini pou nou tout. Okenn nan nou pa alabri “pikan [nan] lachè a.”9 Men, lè nou ale nan tanp epi sonje alyans nou yo, nou ka prepare pou nou resevwa direksyon pèsonèl nan men Senyè a.

Lè Kathy avèk mwen te marye ak sele nan tanp Logan Utah a, Èldè Spencer W. Kimball, ki sete yon èldè lè sa a, te fè sèlman nou an. Nan pawòl li te pale yo, li te bay konsèy sa a, “Hal ak Kathy, viv yon jan pou lè apèl la vini, nou ka ale fasilman.”

Okòmansman, nou pa t konprann sa konsèy sa a te vle di pou nou, men nou te fè tout sa n te kapab pou nou te viv lavi nou yon fason pou nou t ap prepare pou sèvi Senyè a lè apèl la te vini. Apre nou te marye pou prèske 10 an, yon apèl ke nou pa t prevwa te vini soti nan men Komisyonè Edikasyon Legliz la, Neal A. Maxwell.

Konsèy lanmou Prezidan Kimball te bay nan tanp lan pou nou te kapab “ale fasil” la te vin yon reyalite. Kathy avèk mwen te resevwa yon apèl pou nou te kite sa ki te sanble yon sitiyasyon familyal ideyal nan Kalifòni pou nou te al sèvi nan yon tach ak yon kote mwen pa t konnen anyen de li. Sepandan, fanmi nou te pare pou l te ale paske yon pwofèt, nan yon tanp sakre, yon andwa revelasyon, te wè yon evenman fiti ke nou te prepare pou li lè sa a.

Chè frè m ak sè m yo, mwen rann temwayaj ke pa gen anyen ki pi enpòtan pase onore alyans ou te fè oswa ou pral fè nan tanp lan. Kèlkeswa kote w ye sou chemen alyans lan, mwen ankouraje w pou w kalifye epi vin elijib pou w ale nan tanp. Ale osi souvan ke sikonstans yo pral pèmèt ou. Fè epi kenbe alyans sakre avèk Bondye. Mwen kapab asire w de menm verite mwen te pataje avèk Kathy a nan mitan nuit sa a, sa gen prèske senk deseni, nan yon ti chanm otèl nan Idaho Falls la: “Kèlkeswa rezilta a, tout bagay ap byen gras ak alyans tanp yo.”

Mwen rann nou temwayaj asire mwen ke Jezi se Kris la. Li vivan epi L ap dirije Legliz Li a. Tanp yo se kay Senyè a. Prezidan Russell M. Nelson se pwofèt Bondye sou tè a. Mwen renmen li, e mwen renmen nou chak. Nan non sakre Jezikri, amèn.