Konferans Jeneral
Fè Youn avèk Kris la
Konferans jeneral avril 2024


Fè Youn avèk Kris la

Nou ini pa lanmou ak lafwa nou nan Jezikri ak nan Ekspyasyon L lan. Esans vrè apatenans la se fè youn avèk Kris la.

Mwen te toujou pwofondeman touche pa Ekspyasyon Jezikri a depi m te byen jèn, men reyalite Ekspyasyon Sovè a te antre nan mwen lè m te gen 25 an. Mwen te fèk diplome nan lekòl Dedwa Stanford la epi mwen t ap etidye pou egzamen bawo a nan Kalifòni. Manman m te telefone m epi l te di granpapa m, Crozier Kimball, ki t ap viv Utah, te prèske mouri. Li te di si mwen te vle wè l, li t ap pi bon pou m ta vini lakay. Granpapa m te gen 86 an e li te malad anpil. Se te yon bèl vizit. Li te sitèlman kontan wè m epi l te pataje temwayaj li avèk mwen.

Lè Crozier te gen sèlman twazan, papa l, David Patten Kimball, te mouri nan laj 44 an.1 Crozier te espere ke papa l ak granpapa l, Heber C. Kimball, t ap kontan ak lavi li epi santi ke l te fidèl anvè eritaj li.

Pemye konsèy granpapa m te ban mwen se te evite tout santiman awogans oswa siperyorite poutèt m gen zansèt fidèl sa yo. Li te di m ke m ta dwe konsantre m sou Sovè a ak Ekspyasyon Sovè a. Li te di ke nou tout se pitit yon Pè Selès ki plen lanmou. Kèlkeswa moun ki zansèt terès nou yo, nou chak pral gen pou n bay Sovè a rapò sou kijan nou te respekte kòmandman l yo.

Granpapa m te fè referans ak Sovè a kòm “Gadyen Pòt la”, yon referans ki nan 2 Nefi 9:41. Li te di m ke l te espere ke l te repanti sifizamman pou l kalifye pou mizèrikòd Sovè a.2

Sa te pwofondeman touche mwen. Mwen te konnen li te yon moun jis. Li te yon patriyach epi li te sèvi plizyè misyon. Li te anseye m ke pèsonn pa ka retounen al jwenn Bondye atravè bon zèv sèlman, san benefis Ekspyasyon Sovè a. Jiska jodi a, mwen ka sonje gwo lanmou ak apresyasyon GranPapa m te genyen pou Sovè a ak Ekspyasyon L lan.

An 2019 pandan m te nan yon misyon nan Jerizalèm,3 mwen te vizite yon chanmòt ki te ka toupre sit kote Sovè a te lave pye Apot li yo anvan Krisifiksyon l la. Mwen te touche espirityèlman epi m te reflechi sou kijan li te kòmande Apot li yo pou yo youn renmen lòt.

Mwen te sonje lapriyè Sovè a te fè anfavè nou an. Lapriyè sa a te fèt literalman nan dènye moman lavi mòtèl Li, jan sa ekri nan Levanjil Jan an.

Lapriyè sa a te fèt pou disip Kris yo, enkli nou tout.4 Nan demann Sovè a te fè Papa l la, li te priye “pou yo fè youn; menm jan ou menm, Papa, nan mwen, e mwen nan ou, pou yo menm tou yo ka fè yon sèl nan nou.” Apre sa, Sovè a kontinye: “Epi glwa ou te ban m nan, mwen ba yo li; pou yo ka fè yon sèl, menm jan nou fè yon sèl.”5 Inite se pou sa Kris la te priye anvan trayizon L ak Krisifiksyon L lan. Ou ka jwenn inite avèk Kris la ak Papa nou ki nan Syèl la atravè Ekspyasyon Sovè a.

Mizèrikòd Senyè a pa depann de lineyaj, edikasyon, nivo ekonomik, oswa ras. Li baze sou fè youn avèk Kris la ak kòmandman L yo.

Pwofèt Joseph Smith ak Oliver Cowdery te resevwa revelasyon sou òganizasyon ak gouvènman Legliz la an 1830, tousuit apre Legliz la te òganize. Sa ki kounye a se seksyon 20 Pwofèt Joseph te li nan premye konferans legliz la e sete premye revelasyon ki te apwouve pa konsantman komen.6

Kontni revelasyon sa a vrèman remakab. Li anseye nou siyifikasyon ak wòl Ekspyasyon Sovè a ak fason pou nou jwenn aksè nan pouvwa ak benediksyon Li atravè gras ekspyatwa Li. Pwofèt Joseph te gen 24 an e li te deja resevwa anpil revelasyon epi li te fini tradiksyon Liv Mòmon an pa don ak pouvwa Bondye. Yo idantifye Joseph ak Oliver kòm Apot òdone, ki te gen otorite pou prezide sou Legliz la.

Vèsè 17 jiska 36 genyen yon rezime sou doktrin esansyèl Legliz la, ki gen ladan reyalite Bondye, Kreyasyon limanite, Chit la, ak plan sali Papa nou ki nan Syèl la atravè Ekspyasyon Jezikri a. Vèsè 37 la genyen kondisyon esansyèl pou batèm nan Legliz Senyè a. Vèsè 75 jiska 79 etabli priyè Sentsèn nou itilize chak jou Saba a.

Doktrin, prensip, sentsèn, ak pratik Senyè a te etabli atravè Joseph Smith, Pwofèt Retablisman an, vrèman enpòtan.7

Kondisyon pou batèm yo, byenke yo pwofon, yo inikman senp. Yo prensipalman enkli imilite devan Bondye, yon kè brize ak yon lespri kontri,8 repanti pou tout peche, pran non Jezikri sou tèt nou, pèsevere jiska lafen, epi montre atravè zèv nou ke nou resevwa Lespri Kris la.9

Li siyifikatif ke tout kalifikasyon pou batèm yo espirityèl. Pa gen okenn akonplisman ekonomik oswa sosyal ki nesesè. Pòv kou rich gen menm kondisyon espirityèl yo.

Pa gen okenn kondisyon baze sou ras, sèks, oswa koulè. Liv Mòmon an endike klèman ke tout moun envite pou yo patisipe nan bonte Senyè a, “nwa kou blan, esklav ak lib, gason ak fi; … tout se menm devan Bondye.”10 “Tout moun gen menm privilèj la, ni youn ni lòt, li pa anpeche yo youn.”11

Etandone nou “menmjan” devan Bondye, sa pa fè okenn sans pou nou mete aksan sou diferans nou genyen. Gen moun ki malerezman ankouraje nou “pou imajine ke moun pi diferan de noumenm epi diferan youn ak lòt pase yo vrèman ye. [Kèk moun] pran diferans reyèl, men ki tou piti, epi anplifye yo fè yo vin tounen gwo divizyon.”12

Anplis de sa, gen kèk moun ki malerezman sipoze ke, paske tout moun envite pou yo resevwa bonte ak lavi etènèl Senyè a, pa gen okenn kondisyon nan konduit yo.13

Sepandan, ekriti yo sètifye ke tout moun ki responsab gen obligasyon pou yo repanti pou peche yo epi respekte kòmandman yo.14 Senyè a fè konnen klèman ke tout moun gen libabit epi “yo lib pou yo chwazi libète ak lavi etènèl, atravè gwo Medyatè tout moun, … epi koute gran kòmandman l yo; epi rete fidèl ak pawòl li yo, epi chwazi lavi etènèl.”15 Pou nou resevwa benediksyon Ekspyasyon Sovè a, nou dwe afimativman egzèse libète moral nou pou nou chwazi Kris la epi obeyi kòmandman l yo.

Pandan lavi mwen, siyifikasyon “libabit” ak “libète volontè” yo te diseke epi fè objè anpil deba. Te genyen epi kontinye ap genyen anpil agiman entelektyèl sou sijè sa yo.

Nan kouvèti yon gwo revi inivèsitè ki destine pou ansyen etidyan yo, yon pwofesè biyoloji renome deklare: “Pa gen plas pou libabit.”16 Sa pa etonan ke yo site pwofesè sa a nan atik la k ap di: “Pa gen okenn Bondye ki egziste, … epi pa gen okenn libabit,, … epi n ap viv nan yon inivè ki laj anpil, ki endiferan, epi ki vid.”17 Pa gen okenn jan pou m ta dakò avèk sa.

Yon doktrin fondamantal nan lafwa nou sèke nou gen libète moral18 ki gen enkli libabit.19 Libabit se kapasite pou nou chwazi ak aji. Li esansyèl nan plan sali a. San libète moral, nou pa t ap ka aprann, pwogrese, oubyen chwazi pou nou fè youn avèk Kris la. Gras ak libète moral, nou “lib pou nou chwazi libète ak lavi etènèl.”20 Nan Konsèy premòtèl la nan syèl la, plan Papa a te enkli libabit kòm yon eleman esansyèl. Lisifè te rebele epi l te “chèche pou detwi libabit lòm.”21 Pa konsekan, yo te refize Satan ak moun ki te suiv li yo privilèj pou yo te gen yon kò mòtèl.

Gen lòt espri premòtèl ki te egzèse libabit yo pou yo te suiv plan Pè Selès la. Espri yo ki te jwenn benediksyon pou yo te fèt nan lavi mòtèl sa a, yo kontinye gen libabit. Nou lib pou nou chwazi ak aji, men nou pa gen kontwòl sou konsekans yo. “Chwazi bon bagay ak ladwati mennen nan bonè, lapè ak lavi etènèl pandan ke chwazi peche ak mal ap alafen mennen nou nan chagren ak mizè.”22 Jan Alma te di, “Mechanste pa t janm bonè.”23

Nan mond ki ekstrèmeman konpetitif sa a, gen yon efò konstan pou moun eksele. Efòse n pou nou fè pi byen nou kapab se yon demach ki jis ak diy. Li konsistan avèk doktrin Senyè a. Efò pou diminye oubyen blame lòt moun oubyen kreye baryè pou siksè yo kontrè ak doktrin Senyè a. Nou pa ka blame sikonstans yo ni lòt moun pou yon desizyon pou aji kontrèman a kòmandman Bondye yo.

Nan mond jodia, li fasil pou n konsantre sou siksè materyèl ak pwofesyonèl. Gen moun ki pèdi vizyon sou prensip ak chwa etènèl ki gen siyifikasyon etènèl yo. Nou dwe saj pou nou suiv konsèy Prezidan Russell M. Nelson an pou n “Panse Selès” la.”24

Prèske tout moun kapab fè chwa ki pi siyifikatif yo, kèlkeswa talan, kapasite, opòtinite, oswa sikonstans ekonomik yo. Li esansyèl pou nou mete aksan sou priyorize chwa familyal yo. Sa klè atravè tout ekriti yo. Panse a istwa nan Nefi a kote Leyi te “pati al nan dezè a. Epi li te kite kay li, ak tè eritaj li, ak lò l, ak lajan l, ak bagay chè li yo, epi li pa t pran anyen avèk li, eksepte fanmi li, ak pwovizyon li yo, ak tant li yo, e li te pati nan dezè a.”25

Pandan n ap fè fas ak latwoublay yo nan lavi a, gen anpil evenman ki rive, ke nou prèske pa gen kontwòl sou yo. Pwoblèm sante ak aksidan yo evidaman tonbe nan kategori sa a. Pandemi COVID-19 ki sot pase a te gravman afekte moun ki te fè tout bagay byen. Pou sa ki konsène chwa ki pi enpòtan yo, nou gen kontwòl sou yo. Pou m retounen nan epòk kote m te misyonè a, Èldè Marion D. Hanks, prezidan misyon nou, te fè nou tout memorize yon pati nan yon powèm Ella Wheeler Wilcox:

Pa gen okenn chans, okenn destine, okenn sò, ki

pa ka detounen ni anpeche ni kontwole pa

Rezolisyon fèm yon nanm ki detèmine.26

Nan zafè prensip, konduit, obsèvans relijye, ak viv dwat, nou gen kontwòl la. Lafwa nou ak adorasyon nou pou Bondye Papa a ak Pitit Gason l lan, Jezikri, se yon chwa ke nou fè.27

Tanpri, konprann ke mwen pa di pou nou pote mwens enterè a etid ak pwofesyon. Sa m ap di sèke lè efò nou bay etid ak pwofesyon priyorite sou fanmi an oubyen sou vin fè youn ak Kris la, konsekans enprevi yo kapab konsiderableman nefas pou nou.

Doktrin klè ak senp ke yo deklare nan Doktrin ak Alyans 20 an touchan ak konvenkan, paske li anplifye ak klarifye konsèp spirityèl ki sakre. Li anseye ke sali vini lè Jezikri jistifye ak sanktifye nanm repantan yo atravè gras Sovè a.28 Li prepare teren pou wòl dominan Ekspyasyon L lan.

Nou dwe fè efò pou nou enkli lòt moun pou fè youn avèk nou. Si nou vle suiv egzòtasyon Prezidan Russell M. Nelson an pou ransanble Izrayèl ki dispèse a nan toulède bò vwal la, nou bezwen enkli lòt moun nan sèk inite nou an. Jan Prezidan Nelson si byen anseye a: “Sou chak kontinan e atravè zile sou lanmè yo, moun fidèl ap rasanble vin antre nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo. Diferans nan kilti, lang, sèks, ras, ak nasyonalite vin pèdi tout sans lè moun ki fidèl yo antre sou chemen alyans lan epi vin jwenn Redanmtè byenneme nou an.”29

Nou ini atravè lanmou ak lafwa nou nan Jezikri epi kòm pitit yon Papa eman ki nan Syèl la. Esans vrè apatenans la se fè youn avèk Kris la. Òdonans batèm ak sentsèn yo ki nan Doktrin ak Alyans 20an, ansanm avèk alyans tanp nou yo ini nou nan fason espesyal epi yo pèmèt nou vin fè youn nan tout fason ki gen siyifikasyon etènèl epi viv nan lapè ak amoni.

Mwen rann temwayaj sèten e asire mwen ke Jezikri vivan, epi, gras ak Ekspyasyon L lan, nou kapab fè youn avèk Kris la Nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. David, nan laj 17 an, te ede kèk nan Sen yo travèse Sweetwater ranpli glas la lè yo te bloke nan plèn Wyoming yo (gade Les Saints: Histoire de l’ église de Jésus-Christ dans les derniers jours, volim 2, No Unhallowed Hand, 1846–1893 [2020], 237).

  2. Gade Mowoni 7:27–28.

  3. Chèf Rabbi of Norway, Rabbi Michael Melchior, avèk mwen te oratè prensipal nan yon dyalòg ant save Juif ak Sen Dènye Jou ki te fèt le 5 Jen 2019, nan Sant BYU Jerizalèm nan Izrayèl.

  4. Gade Jan 17:20.

  5. Jan 17:21–22.

  6. Gade “The Conference Minutes and Record Book of Christ’s Church of Latter Day Saints, 1838–1839, 1844” (commonly known as the Far West Record), June 9, 1830, Church History Library, Salt Lake City; Steven C. Harper, Making Sense of the Doctrine and Covenants (2008), 75.

  7. Doktrin ak Alyans 20 sete premye revelasyon ki te pibliye nan jounal legliz la epi te itilize pa misyonè yo ki konsène alafwa doktrin ak adminsitrasyon òdonans batèm ak sentsèn nan (gade Harper, Making Sense of the Doctrine and Covenants, 75).

  8. Gade nan 2 Nefi 2:7.

  9. Gade Doktrin ak Alyans 20:37.

  10. 2 Nefi 26:33.

  11. 2 Nefi 26:28.

  12. Peter Wood, Diversity: The Invention of a Concept (2003), 20.

  13. Neyò te pran pozisyon sa a (gade Alma 1:4).

  14. Gade Doktrin ak Alyans 29: 49-50.

  15. 2 Nefi 2:27-28.

  16. Stanford (piblikasyon Stanford Alumni Association), Des. 2023, kouvèti.

  17. Nan Sam Scott, “As If You Had a Choice (Si w te gen yon Chwa),” Stanford, Des. 2023, 44. Atik la idantifye pwofesè a kòm Robert Sapolsky, yon pwofesè byoloji nan Stanford, anewoloji, ak newochiriji, ak yon ekriven renome nan liv sou lasyans. Atik la genyen opinyon opoze ki enkli Alfred Mele, yon pwofesè filozofi nan Inivèsite Leta Florida, ki te dirije yon gwo pwojè Fondasyon John Templeton nan sou libabit. Li te deklare, “Syentis yo absoliman pa pwouve ke libabit—menm libabit anbisye—se yon ilizyon” (nan Scott, “As If You Had a Choice,” 46).

  18. Gade D. Todd Christofferson, “Libète Moral” (devosyon nan Inivèsite Brigham Young, Jan. 31, 2006).

  19. Gade Doktrin ak Alyans 58:27.

  20. 2 Nefi 2:27.

  21. Moyiz 4:3.

  22. Ankre nan lafwa: Yon Referans Levanjil (2004), 12.

  23. Alma 41:10.

  24. Gade Russell M. Nelson, “Panse Selès!,” Lyawona, Nov. 2023, 117–20.

  25. 1 Nefi 2:4.

  26. Poetical works of Ella Wheeler Wilcox (1917), 129.

  27. Mwen te toujou apresye sitasyon Elder Neal A. Maxwell te deklare sa a nan fason ki pi klè ki egziste: “Si w pa chwazi wayòm Bondye a anpremye, sa w te chwazi nan plas li a p ap fè okenn diferans alafen” (atribye a William Law, yon pastè Anglè 18tyèm-syèk la; site nan Neal A. Maxwell, “Response to a Call,” Ensign, Me 1974, 112).

  28. Gade Doktrin ak Alyans 20:29–31. Teyoloji Kalvinis la te mete aksan sou jistifikasyon ak sanktifkasyon nanm dechi atravè gras Jezikri yo. Li te anseye ke yon fwa Bondye fin predestine yon nanm pou sali, anyen pa ka chanje rezilta a. Doktrin ak Alyans 20 demonte Kalvinis la. Li di, “Gen yon posiblite pou lòm tonbe soti nan lagras epi elwaye l de Bondye vivan an” (gade Doktrin ak Alyans 20:32–34; gade tou Harper, Making Sense of the Doctrine and Covenants, 74).

  29. Russell M. Nelson, “Bati Pon,” Liahona, Des. 2018, 51.