Konferans Jeneral
Entansyon Bondye se pou L Mennen W Lakay
Konferans jeneral avril 2024


Entansyon Bondye se pou L Mennen W Lakay

Tout bagay nan plan Papa a pou pitit byenneme Li yo te prepare pou mennen tout moun lakay.

M ta renmen eksprime gratitid pou priyè nou yo pandan m te kòmanse pwosesis pou ajiste m a apèl mwen resevwa men Prezidan Nelson, pou m sèvi kòm yon Apot Senyè a, Jezikri. Nou ka pwobableman byen imajine kijan sa te fè m santi m gen imilite, epi sete yon moman boulvèsman ekstraòdinè ak egzamen konsyans ki te fè m reflechi anpil. Natirèlman, se yon gran onè pou mwen pou sèvi Sovè a, nan kèlkeswa kapasite a, epi pou m angaje avèk nou nan pataje bòn nouvèl levanjil esperans Li a.

Odela de sa, yo te toujou di konsa dèyè chak nouvo Apot gen yon bèlmè ki kanpe tou etone. M pa konnen si se yon bagay moun di reyèlman, men, nan ka sa a, yo ta ka sètènman di sa. Epi, mwen sispèk ke, malgre bèlmè m pa avèk nou ankò, sa p ap fè anyen diminye etònman li.

Sa gen plizyè mwa, pandan madanm mwen avèk mwen t ap vizite yon lòt peyi pou ranpli plizyè tach pou Legliz la, m te reveye bonè yon maten epi m te gade deyò fenèt otèl la avèk yon rega tris. Anba a nan lari okipe a, m te wè yo te mete yon baraj anplas avèk yon polisye kanpe bò kote l pou fè machin yo vire tounen lè yo te rive nan baraj la. Nan kòmansman, sete sèlman kèk grenn machin ki te vin sou wout la epi yo te fè yo retounen. Men, amezi tan t ap pase epi sikilasyon an t ap ogmante, liy fil machin yo te kòmanse vin pi plis.

Anlè a nan fenèt la, m t ap gade pandan polisye a sanble l te jwenn satisfaksyon nan pouvwa l pou l te bloke flo trafik la epi fè moun yo retounen an. Anfèt, sanble l te devlope yon resò nan chak pa, kòmsi li te kòmanse fè yon ti danse, pandan chak machin t ap apwoche bò baraj la. Si yon chofè te kontrarye poutèt baraj la, polisye a pa t sanble l te vle ede oubyen senpatize. Li te sèlman souke tèt li plizyè fwa epi l te pwente l sou direksyon opoze a.

Zanmi m yo, disip parèy mwen yo sou wout lavi mòtèl la, bèl plan Papa a, “plan ekstraòdinè L la”,1 prepare pou mennen nou retounen lakay, pa pou kenbe nou deyò.2 Pa gen pèsonn ki bati yon baraj sou wout la ni mete yon moun ladan l pou fè nou fè demitou epi retounen. Anfèt, se egzakteman opoze a. Bondye ap chèche nou san rete. Li vle pou tout pitit Li yo chwazi pou retounen al jwenn Li,”3 epi Li anplwaye tout mezi posib pou mennen yo retounen.

Papa eman nou an te sipèvize Kreyasyon tè sa a nan objektif presi pou L te bay oumenm avèk mwen yon opòtinite pou nou depase nou epi fè eksperyans epwouvan ak pirifyan mòtalite a, chans pou nou itilize libabit Bondye ban nou an, pou nou chwazi Li,4 pou nou aprann, pou nou pwogrese, fè erè, repanti, renmen Bondye ak pwochen nou, epi retounen al jwenn Li lakay yon jou.

Li te voye Pitit Gason Byenneme presye L la vin nan mond dechi sa a pou L te viv tout dimasnyon konplè eksperyans imèn nan, pou bay yon egzanp pou rès pitit Li yo suiv, epi pou ekspye ak rachte. Gwo don ekspyatwa Kris la retire tout baraj lanmò fizik ak espirityèl ki ta ka separe nou avèk fwaye etènèl nou an.

Tout bagay nan plan Papa a pou pitit byenneme Li yo te prepare pou mennen tout moun lakay.

Kijan mesaje Bondye yo, pwofèt Li yo, rele plan sa a nan ekriti Retablisman yo? Yo rele l plan redanmsyon an,5 plan mizèrikòd la,6 gran plan bonè a,7 ak plan sali a, ki pou tout moun, “atravè san Sèl Pitit Gason Literal Mwen an.”8

Objektif gran plan bonè Papa a se bonènou, isit la, kounyea, ak nan letènite yo. Se pa pou anpeche bonè nou ak lakoz nou gen enkyetid ak laperèz.

Objektif plan redanmsyon Papa a se anfèt redanmsayon, nou, pou nou ka sove atravè soufrans ak lanmò Jezikri,9 libere anba kaptivite peche ak lanmò. Li pa la pou l kite nou jan nou ye a.

Objektif plan mezèrikòd Papa a se pou ofri mizèrikòd lè nou retounen vin jwenn Li epi onore alyans fidelite nou avèk Li a. Se pa pou refize mizèrikòd epi enflije doulè ak chagren.

Entansyon plan sali Papa a se, anfèt sali nou nan wayòm laglwa selès la lè nou resevwa “temwayaj Jezikri a”10 epi nou ofri tout nanm nou ba Li.11 Se pa pou kenbe nou deyò.

Èske sa vledi tout bagay akseptab kèlkeswa jan nou viv lavi nou? Ke fason nou chwazi pou itilize libabit nou an pa enpòtan? Ke nou ka aksepte oubyen pa aksepte kòmandman Bondye yo? Non, natirèlman non. Jan sa ekri nan levanjil yo, asireman, yonn nan envitasyon ak siplikasyon pi konsistan Jezikri pandan ministè Li nan mòtalite a sete pou nou chanje ak repanti epi vin jwenn Li.12 Sa ki fondamantalman sigjere nan tout ansèyman L yo pou nou viv nan yon nivo konduit moral ki pi elve a13 se yon apèl pou pwogresyon pèsonèl, pou lafwa transfòmatris nan Kris la, pou yon chanjman puisan nan kè nou.14

Li vle pou nou genyen yon re-oryantasyon radikal sou santiman egoyis ak ògèye nou yo, pou chase lòm natirèl la,15 pou nou “ale, epi pa peche ankò.”16

Si nou kwè ke entansyon plan inivèsèl Papa a se pou sove nou, rachte nou, ofri nou mizèrikòd, epi konsa pote lajwa pou nou, kisa ki entansyon Pitit Gason an ki te pèmèt plan sa a reyalize a?

Pitit Gason an di nou Limenm: “Paske, se pa pou fè volonte pa m mwen desann sot nan syèl la, men pou m fè volonte moun ki voye m nan.”17

Volonte Jezi se volonte Papa byenveyan an! Li vle rann posib pou chak grenn pitit Papa L yo resevwa bi final plan an—lavi etènèl avèk Yo. Okenn moun pa ekskli de potansyèl diven sa a.

Si w gen tandans w santi ke w p ap janm alawotè, oubyen ke Sakrifis Ekspyatwa enfini Kris la ki plen mizerikòd ak amou an kouvri tout lòt moun, eksepte oumenm, enben, ou pa konprann anyen. Enfini vledi enfini. Enfini kouvri oumenm avèk moun ou renmen yo.18

Nefi eksplike bèl verite sa: “Li pa fè anyen si se pa pou benefis mond lan; paske li renmen mond lan tèlman, li bay lavi pa l pou l kapab atire tout moun sou li. Se poutèt sa, li pa kòmande pèsonn pou yo pa pran pa nan sali pa li a.”19

Sovè a, Bon Bèje a, al chèche brebi pèdi L yo jiskaske Li jwenn yo.20 Li pa vle pou okenn moun peri.”21

“Bra mizèrikòd mwen lonje ba nou, nenpòt moun ki vini, m ap resevwa li.”22

“Èske gen moun ki malad nan mitan nou? Mennen yo vini. Èske gen moun ki paralize, oubyen avèg, oubyen bwate, oubyen domaje, oubyen lepre, oubyen ki vyeyi, oubyen ki soud, oubyen ki aflije nan nenpòt fason? Mennen yo vini e m ap geri yo, paske m gen konpasyon pou nou.”23

Li pa t repouse fi ki te gen maladi san an, Li pa t rale kò L sou lepre a, Li pa t rejte fi yo te pran nan adiltè a, Li pa t rejte penitan yo kèlkeswa peche yo. Epi Li pa p refize oumenm oubyen moun ou renmen yo lè nou pote yon kè brize ak yon lespri kontri ba Li. Se pa entansyon Li ni objektif Li, ni se pa plan Li, ni bi Li, ni souwè Li, ni espwa Li.

Non, Li pa mete barikad ak baryè; Li retire yo. Li pa kenbe w deyò; Li envite w antre.24 Ministè Li annantye a sete yon deklarasyon vivan sou objektif sa a.

Apresa, natiralman, gen sakrifis ekspyatwa L la, ki pi difisil pou nou konprann, ki depase kapasite mòtèl nou pou nou konprann. Men, epi se yon “men,” ki enpòtan, nou konprann, nou ka konprann entansyon sakre sakrifis ekspyatwa L la pou sove nou an.

Vwal tanp la te dechire an de lè Jezi te mouri sou kwa a, pou senbolize ke aksè pou retounen nan prezans Papa a te ouvri byen gran—pou tout moun ki vle tounen vin jwenn Li, fè L konfyans, lage fado yo ba Li, epi pran jouk Li sou yo atravè koneksyon alyans.25

Otreman di, plan Papa a se pa konsènan baraj. Li pa t janm sa; li p ap janm sa. Èske gen bagay nou dwe fè, kòmandman pou nou respekte, aspè nan nati nou pou nou chanje? Wi. Men, avèk gras Li, bagay sa yo alapòte nou, yo pa depase kapasite nou.

Sa se bòn nouvèl la! Mwen pa gen mo pou eksprime gratitid mwen pou verite senp sa yo. Desen Papa a, plan Li, objektif Li, entansyon Li, souwè Li, ak espwa Li se pou geri nou, pou ban nou tout lapè, pou mennen nou tout retounen lakay. Konsènan sa, mwen se yon temwen, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Russell M. Nelson, “Panse Selès!,” Lyawona, Nov. 2023, 117, 118.

  2. Gade nan 2 Nefi 26:25, 27.

  3. Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 1.1, Bibliyotèk Levanjil la.

  4. Gade Moyiz 7:33.

  5. Gade Jakòb 6:8; Alma 12:30.

  6. Gade Alma 42:15.

  7. Gade Alma 42:8, 16.

  8. Moyiz 6:62.

  9. Gade Doktrin ak Alyans 45:4.

  10. Doktrin ak Alyans 76:50–70.

  11. Gade Omni 1:26.

  12. Gade Matye 4:17.

  13. Gade Matye 5; 7. Pa egzanp, nan Matye 5:43–44, Sovè a te asneye disip Li yo ke li pa te sifi pou “renmen pwochen nou,epi rayi enmi nou.” Pou suiv Li, y ap bezwen pou yo “renmen enmi [yo].”

  14. Gade Mozya 5:2. Pou mizerikòd Jezikri kapab pran efè nan lavi nou, nou dwe retounen al jwenn Li. Se poutèt sa, daprè lajistis, plan redanmsyon an pa t ap kapab fèt, eksepte si lèzòm repanti … ; paske si se pa t pou kondisyon sa yo, mizèrikòd pa t ap kapab aplike san l pa detwi zèv lajistis la” (Alma 42:13).

  15. Gade Mozya 3:19.

  16. Jan 8:11.

  17. Jan 16:38

  18. Gade nan Russell M. Nelson, “L’Expiation,” Ensign, Nov. 1996, 35: “Ekspyasyon L lan te enfini—san fen. Li te enfini tou nan sans ke tout limanite t ap sove anba lamò san fen an. Li te enfini nan tèm gwo soufrans Kris la te pase yo. Li te enfini nan letan, paske l mete fen nan sakrifis animal presedan yo. Li te enfini nan pòte li—li te dwe fèt yon fwa pou tout. Epi mizèrikòd Ekspyasyon an disponib non sèlman pou yon kantite moun enfini, men pou yon kantite mond enfini ke L te kreye tou. Li te enfini odela tout fason lèzòm ka mezire e odela tout konpreyansyon imèn.”

  19. 2 Nefi 26:24.

  20. Gade Lik 15:4.

  21. 2 Pyè 3:9; gade tou Doktrin ak Alyans 18:11–12.

  22. 3 Nefi 9:14.

  23. 3 Nefi 17:7; gade tou nan 6.

  24. Nan ansèyman Jezikri yo ki endike ke kèk moun pa pral eritye wayòm selès la, Li fè l klè ke konkesans sa a se pa dezi Li pou yo men se yon rezilta pw(òp chwa yo (gade Mayye 7:13–14, 21–25).

  25. Gade nan Matye 27:50–51; Ebre 9:6–12.