Konferans Jeneral
Alyans yo ak Responsablite yo
Konferans jeneral avril 2024


Alyans yo ak Responsablite yo

Yo konnen Legliz Jezikri a kòm yon legliz ki mete aksan sou fè alyans avèk Bondye.

“Kijan Legliz ou a diferan de lòt yo?” Repons mwen pou kesyon enpòtan sa a te varye pandan vin gen plis matirite epi Legliz la te grandi. Lè m te fèt nan Utah an 1932, kantite manm nan Legliz nou an sete apeprè 700.000, ki te gwoupe pifò nan Utah ak eta vwazen yo. Nan tan sa a, nou te genyen 7 tanp sèlman. Jodia kantite moun ki manm Legliz Jezikri pou Sen dènye jou yo plis pase 17 milyon nan apeprè 170 peyi. Rive 1e Avril sa a nou genyen 189 tanp ki konsakre nan anpil peyi ak 146 lòt ki nan planifikasyon ak konstriksyon. Mwen santi pou m pale konsènan rezondèt ak istwa tanp sa yo ak wòl alyans yo nan adorasyon nou. Sa pral konplete ansèyman enspire oratè avan yo.

I.

Yon alyans se yon angajman pou akonpli kèk responsablite. Angajman pèsonèl yo esansyèl nan reglemante lavi endividyèl nou ak fonksyonman sosyete a. Ide sa a aktyèlman anba gwo defi. Yon minorite ki pale fò opoze ak otorite enstitisyonèl epi ensiste ke moun yo ta dwe lib anba tout restriksyon ki limite libète endividyèl yo. Men nou konnen apati eksperyans milenè ke nou abandone kèk libète endividyèl pou akeri avantaj viv nan kominote òganize yo. Kalite konsesyon libète endividyèl sa yo baze prensipalman sou angajman oswa alyans, eksprime oswa enplisit.

Imaj
Pèsonèl militè.
Imaj
Pèsonèl medikal.
Imaj
Ponpye.
Imaj
Misyonè aplentan.

Sa yo se kèk egzanp sou responsablite alyans nan sosyete nou an: (1) jij, (2) militè, (3) pèsonèl medikal ak (4) ponpye. Tout moun ki enplike nan okipasyon familye sa yo pran yon angajman—ki souvan fòmalize pa yon sèman oswa yon alyans—pou yo akonpli devwa yo asiyen yo a. Menm bagay la vrè pou misyonè aplentan nou yo. Abiman oswa non distenktif yo deziyen pou siyifye ke moun ki pote yo a anba alyans epi konsa li gen yon devwa pou anseye ak sèvi epi l ta dwe jwenn sipò nan sèvis sa a. Siy sa yo egalman se pou raple moun ki pote l yo responsablite alyans yo. Pa gen anyen majik nan abiman ak senbòl patikilye yo mete yo, sèlman yon rapèl nesesè sou responsablite spesyal moun ki pote yo a asime. Sa vrè tou pou senbòl bag fiyansay ak bag maryaj yo ak wòl yo nan avize obsèvatè yo oswa raple moun ki pote l yo responsablite yo nan alyans yo.

Imaj
Bag maryaj.

II.

Sa m di konsènan alyans kòm yon fondasyon pou reglemante lavi endividyèl nou yo aplike patikilyèman pou alyans relijye yo. Fondasyon ak istwa anpil afilyasyon ak obligasyon relijye baze sou alyans. Pa egzanp, alyans Abrahamik la fondamantal pou anpil gran tradisyon relijye. Li entwodui gran ide sou pwomès alyans Bondye avèk pitit Li yo. Ansyen Testaman an souvan fè referans ak alyans ant Bondye ak Abraham nan ak desandan li yo.1

Premye pati nan Liv Mòmon an, ki te ekri pandan peryòd Ansyen Testaman an, klèman demontre wòl alyans yo nan istwa ak adorasyon Izrayelit yo. Yo te di Nefi ke ekriti Izrayelit yo sou peryòd sa a sete “yon rejis sou Jwif yo, ki genyen ladan alyans yo ak Senyè a, ke li te fè avèk kay Izrayèl la.”2 Liv Nefi yo fè referans souvan tou ak alyans Abrahamik la3 epi ak Izrayèl kòm “pèp alyans Senyè a.”4 Pratik fè alyans avèk Bondye oswa avèk dirijan relijye a rapòte tou nan ekriti nan Liv Mòmon an konsènan Nefi, Joseph an Ejip, Wa Benjamen, Alma, ak Kapitèn Mowoni.5

III.

Lè moman an te rive pou Retablisman plenitid levanjil Jezikri a, Bondye te aple yon pwofèt, Joseph Smith. Nou pa konnen kontni konplè premye enstriksyon Anj Mowoni te bay jèn pwofèt sa a ki t ap grandi sa a. Men nou konnen li te di Joseph ke “Bondye te gen yon travay pou [li] pou l fè” epi ke “plenitid Levanjil etènèl la” te dwe pibliye, sa ki enkli “pwomès li te fè zansèt yo.”6 Nou konnen tou ke ekriti yo jèn Joseph te li entansivman yo—menm avan li te jwenn direksyon pou òganize yon legliz—te genyen anpil ansèyman konsènan alyans li t ap tradui nan Liv Mòmon yo. Liv sa a se sous prensipal Retablisman an pou plenitid levanjil la, enkli plan Bondye pou pitit Li yo, epi Liv Mòmon an ranpli ak referans sou alyans.

Paske l te byen li Bib la, Joseph siman te tande pale de referans nan liv Ebre yo avèk entansyon Sovè a pou “fè yon alyans tounèf avèk kay Izrayèl la epi avèk kay Jida a.”7 Ebre fè referans tou ak Jezi kòm “medyatè nouvo alyans lan.”8 Remakableman, resi biblik sou ministè mòtèl Sovè a rele “Nouvo Testaman an,” yon sinonim vityèl pou “Nouvèl Alyans la.”

Alyans yo te fondamantal nan Retablisman levanjil la. Sa a evidan nan premye etap Senyè a te kòmande Pwofèt la pou l te pran nan òganize Legliz Li a. Osito ke Liv Mòman an te pibliye, Senyè a te dirije òganizasyon Legliz retabli Li a, ki ta pral vit vin rele Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.9 Revelasyon ki anrejistre an April 1830 lan anseye ke moun yo “dwe batize pou yo rantre nan Legliz Li a” apre yo “temwaye” (ki vledi solanèlman deklare) “ke yo vrèman repanti pou tout peche yo, epi yo dispoze pou pran non Jezikri sou yo, avèk yon detèminasyon pou sèvi li jiska lafen.”10

Menm revelasyon sa a anseye pou Legliz la “reyini ansanm souvan pou pran pen an ak diven an [dlo] an souvni de Senyè a, Jezi.” Enpòtans òdonans sa a evidan nan pawòl alyans yo ki spesifye pou ansyen oswa prèt k ap ofisye a. Li beni anblèm pen an pou “nanm tout moun ki pran …, pou yo … temwaye ba ou, O Bondye Papa Etènèl la, ke yo vle pran sou yo non Pitit Gason w lan, epi toujou sonje li epi kenbe kòmandman Li bay yo.”11

Wòl santral alyans yo nan Legliz ki te fèk retabli a te reyafime nan prefas Senyè a te bay pou premye piblikasyon revelasyon Li yo. Ladan Senyè a te deklare ke Li te aple Joseph Smith paske abitan latè yo “te ekate lwen òdonans mwen yo, epi yo te kraze alyans etènèl mwen an.”12 Revelasyon sa a eksplike pi lwen ke Li te bay kòmandman Li yo “pou te ka etabli alyans etènèl mwen an.”13

Jodia nou konprann wòl alyans yo nan Legliz retabli a ak nan adorasyon manm li yo. Prezidan Gordon B. Hinkley te bay yon rezime sou efè batèm nou ak pran sentsèn nan chak semèn: “Chak manm nan Legliz sa a ki te antre nan dlo batèm yo vin fè pati yon alyans sakre. Chak fwa nou pran sentsèn soupe Senyè a, nou renouvle alyans sa a.”14

Anpil oratè nan konferans sa a te raple nou ke Prezidan Russell M. Nelson souvan fè referans ak plan sali a kòm “chemen alyans lan,” ki “mennen nou tounen al jwenn [Bondye], … epi “ki totalman gen pou wè avèk relasyon nou avèk Bondye.”15 Li anseye sou enpòtans alyans yo nan seremoni tanp nou yo epi l ankouraje nou pou konsidere lafen depi nan kòmansman an epi pou nou “panse selès.”16

IV.

Kounyea m ap pale plis de alyans tanp yo. Nan akonplisman responsablite l pou retabli plenitd levanjil Jezikri a, Pwofèt Joseph Smith te pase pifò nan dènye ane l yo ap dirije konstriksyon yon tanp nan Nauvoo, Illinois. Atravè li Senyè a te revele ansèyman, doktrin, ak alyans sakre pou siksesè l yo te administre nan tanp yo. Ladan, moun ki te dote yo te dwe resevwa ansèyman sou plan sali Bondye a epi envite pou yo fè alyans sakre. Moun ki te rete fidèl ak alyans sa yo te jwenn pwomès lavi etènèl, kote “tout bagay vin pou yo” epi yo “pral demere nan prezans Bondye ak Kris lia pou tout tan gen tan.”17

Seremoni dotasyon yo nan Tanp Nauvoo a te administre jis avan yo te pouse do premye pyonye nou yo al kòmanse vwayaj istorik yo pou ale nan montay Lwès yo. Nou genyen temwayaj anpil pyonye ki di ke pouvwa yo te resevwa a paske yo te lye yo avèk Kris la nan dotasyon yo nan Tanp Nauvoo a te bayo fòs pou yo te fè vwayaj istorik yo a epi etabli yo nan Lwès la.18

Moun ki dote nan yon tanp sakre yo gen responsablite pou yo mete yon gaman tanp, yon tranch abiman ki pa vizib paske yo mete li anba vètman eksteryè yo. Li raple manm ki dote yo òdonans sakre yo fè yo ak benediksyon yo pwomèt yo nan tanp sakre a. Pou atenn objektif sa yo, nou jwenn enstriksyon pou nou mete gaman tanp yo san rete, avèk eksepsyon sèlman lè sa vrèman nesesè. Paske alyans yo pa “pran yon jou konje,” nou ka konprann ke lè yon moun retire gaman li se kòmsi li renonse a responsablite ak benediksyon ki liye avèk alyans lan. An kontras, moun ki pote gaman yo fidèlman epi ki kenbe alyans tanp yo kontinyèlman yo afime wòl yo kòm disip Senyè a Jezikri.

Imaj
Kat tanp.

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ap konstwi tanp tout kote nan mond lan. Rezondèt yo se pou beni pitit alyans Bondye yo avèk adorasyon nan tanp epi avèk responsablite ak pouvwa sakre ak benediksyon ak pouvwa etènèl san parèy ki liye yo ak Kris la, ke yo resevwa pa alyans yo.

Imaj
Tanp São Paulo a nan Brezil

Yo rekonèt Legliz Jezikri a kòm yon legliz ki mete aksan sou fè alyans avèk Bondye. Alyans yo entegre nan chak òdonans ak egzaltasyon Legliz retabli sa a administre. Òdonans batèm nan ak alyans ki asosye avèk li yo se kondisyon esansyèl pou nou antre nan wayòm selès la. Òdonans ak alyans ki asosye yo nan tanp lan se kondisyon pou egzaltasyon nan wayòm selès la, ki se lavi etènèl, “pi gran nan tout don Bondye yo.”19 Sa se fokis Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Mwen temwaye sou Jezikri, ki alatèt Legliz sa a, epi mwen envoke benediksyon L yo sou nou tout k ap chèche kenbe alyans sakre yo. Nan non Jezikri, amèn.