Konferans Jeneral
Rele, Pa Tonbe
Konferans jeneral avril 2024


Rele, Pa Tonbe

Si nou rele Senyè a, mwen temwanye nou p ap tonbe.

Jodi a m ap kòmanse kote m ap temwaye de sètitid konplè mwen genyen ak tout kè m ke Seyè a tande priyè nou yo, epi Li reponn yo nan yon fason ki pèsonèl.

Nan yon mond ki ap travèse moman ensètitid, doulè, desepsyon, ak chagren, nou ka santi nou gen plis tandans pou nou apiye sou kapasite ak preferans pèsonèl nou, ansanm ak konesans ak sekirite ki soti nan mond lan. Sa kapab lakoz nou mete an aryè vrè sous sekou ak sipò ki kapab kontre ak difikilte yo nan lavi mòtèl sa a.

Imaj
Yon chanm lopital.

Mwen sonje yon fwa mwen te entène pou yon maladi, epi li te difisil pou m te dòmi. Lè m te etenn limyè a epi chanm lan te vin fè nwa, mwen te wè yon pano reflektè nan plafon an ki te di, “Rele, Pa Tonbe.” Avèk etonman, nan jou aprè a mwen te obsève menm mesaj la ki te repete nan plizyè pati nan chanm nan.

Imaj
Yon pano ki di Rele, pa tonbe.

Poukisa mesaj sa a te si enpòtan konsa? Lè mwen te poze enfimyè a kesyon sou sa, li te di, “Se pou evite yon aksidan ki ta ka ogmante doulè ou deja genyen an.”

Lavi sa a, nan nati li, pote eksperyans ki douloure, genyen ki gen rapò ak kò fizik la, genyen ki gen rapò ak feblès oswa afliksyon nou yo, gen kèk ki rive akoz fason lòt moun itilize libabit yo, epi gen kèk lòt ki rive akoz fason nou itilize libabit nou.

Èske gen pwomès ki pi puisan pase sa Sovè a Li Menm te fè lè li te deklare, “Mande, y ap ban nou. Chache, na jwenn. Frape, y ap louvri pou nou,” oswa rele,“epi yo va louvri pou ou”?1

Lapriyè vle di kominikasyon avèk Papa nou ki nan Syèl la ki pèmèt nou “rele, epi pa tonbe.” Sepandan, gen sikonstans ki ka fè nou panse ke yo pa tande apèl nou an paske nou pa resevwa yon repons imedya, oswa youn ki koresponn ak atant nou.

Sa pafwa lakòz nou gen anksyete, tristès oswa desepsyon. Men sonje ekspresyon lafwa Nefi nan Senyè a, lè l te di, “Si Senyè a te gen gran pouvwa sa a, e l te akonpli anpil mirak sa yo nan pami pitit lèzòm, kòman l fè pa kapab aenstwi m pou m ta konstwi yon bato?”2 Kounye a, mwen mande w, kijan fè Senyè a pa kapab enstwi w, pou w tonbe?

Konfyans nan repons Seyè a enplike ke nou aksepte ke chemen pa L se pa chemen pa nou3 epi “tout bagay dwe fèt nan moman yo dwe fèt.”4

Sètitid nou genyen lè nou konnen nou se pitit yon Pè Selès byenneme ak mizèrikòdye a ta dwe yon motivasyon pou nou “rele L” nan lapriyè fèvan avèk yon atitid pou nou toujou ap priye, epi pa febli; … pou ke fason nou priye a ap pou byennèt nanm nou.”5 Imajine kisa Pè Selès la santi lè L tande nan chak priyè nou yo, nou fè yon siplikasyon nan non Pitit li a, Jezikri. Ala yon pouvwa ak tandrès, mwen kwè, ki manifeste lè nou fè sa!

Ekriti yo plen egzanp kote gen moun ki envoke Senyè a, pou yo pa tonbe. Elaman ak lame l la, lè yo t ap fè fas ak afliksyon yo, te rele Bondye, kote yo te devèse nanm yo nan lapriyè. Yo te resvwa asirans, lapè, lafwa ak espwa epi yo te jwenn kouraj ak detèminasyon jiskaske yo te reyalize objektif yo a.6

Imajine fason Moyiz te rele ak kriye bay Bondye lè l te twouve l ant Lamè Wouj la ak Ejipsyen yo ki t ap pwoche pou atake a, oswa Abraram lè l t ap obeyi lòd pou l te sakrifye pitit li, Izaak la.

Mwen sèten ke chak grenn nan nou konn viv, epi ap gen pou viv eksperyans kote n ap gen pou nou rele l pou ede se ap repons pou nou pa tonbe.

Sa gen trantan, pandan madanm mwen avèk mwen t ap prepare pou maryaj sivil nou ak maryaj tanp nou, nou te resevwa yon apèl ki te enfòme nou ke yo te anile maryaj sivil la akoz yon grèv. Nou te resevwa apèl la twa jou anvan jou seremoni a te planifye a. Aprè plizyè tantativ nan lòt biwo, nou pa t rive jwenn randevou ki te disponib, nou te kòmanse santi detrès epi nou te vrèman kòmanse doute pou nou pa marye jan sa te planifye a.

Fyanse m nan avèk mwen te “rele L,” kote nou te devèse nanm nou bay Bondye nan lapriyè. Finalman, yon moun te pale nou de yon biwo ki te nan yon ti vil nan yon zòn rekile kote yon moun li rekonèt sete majistra a. San ezitasyon, nou te ale vizite l epi nou te mande l si li te posib l te marye nou. Pou pi gran jwa nou, li te dakò. Sekretè a te ensiste pou fè nou konnen nou te dwe resevwa yon sètifika vil la bay, epi nou te dwe bay tout dokiman yo anvan midi nan demen.

Nan jou aprè a, nou te deplase al nan ti vil la epi nou te ale nan pòs polis la pou nou te fè demann dokiman obligatwa yo. Pou pi gran sipriz nou, ofisye a te di nou ke li pa t ap kapab ba nou yo, paske gen anpil jèn koup ki te sove kite fanmi yo pou yo vin marye nan ti vil la, sa ki natirèlman se pa t ka pa nou. Yon lòt fwa laperèz ak tristès te anvayi nou.

Mwen sonje kijan m te rele Papa nou ki nan Syèl la an silans, pou nou p at tonbe. Mwen te resevwa yon enpresyon klè nan lespri m, ki t ap pede repete, “Rekòmandasyon tanp, rekòmandasyon tanp.” Mwen te imedyatman rale rekòmandasyon tanp mwen an, epi mwen te lonje l bay ofisye a, pou gwo etonman fyanse m nan.

Nou te gen yon gwo sipriz lè nou te tande ofisye a di, “Poukisa nou pa t di nou se manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo? Mwen konn legliz nou an byen.” Li te kòmanse prepare dokiman yo tousuit. Nou te menm pi sezi toujou lè nou te wè ofisye a te kite pòs la san li pa t di anyen.

Senkant minit te pase, epi li potko retounen. Li te deja 11:55 nan maten, epi nou te gen jiska midi pou nou te bay papye yo. Toudenkou li te parèt avèk yon bèl ti chyen epi li te di nou sete kado maryaj nou, epi li te ba nou li ansanm ak dokiman an.

Nou te kouri al nan biwo majistra a avèk dokiman an ak nouvo chyen nou an. Lè sa a, nou te wè yon machin ofisyèl ki t ap vini apwoche sou nou. Mwen te kanpe devan l. Machin nan te kanpe, epi nou te wè sekretè a andedan l. Lè l te wè nou li te di, “Mwen dezole; m te di nou midi. Mwen gen yon lòt randevou.”

Enbleman e an silans, mwen te rele Papa m ki nan Syèl la ak tout kè m, pou m te mande l èd li yon fwa ankò pou m “pa t tonbe.” Toudenkou, mirak la te fèt. Sekretè a te di nou, “Ala yon bèl chyen nou genyen. Ki kote m kapab jwenn youn pou pitit gason m nan?”

Mwen te reponn li tousuit “Se pou ou l ye.”

Sekretè a te gade nou avèk sezisman epi li te di, “OK, ann ale nan biwo a epi fè aranjman yo.”

De jou apre, Carol avèk mwen te marye sivilman, jan sa te planifye a, epi nou t ale sele nan Tanp Lima Pewou a.

Se sèten, nou bezwen sonje ke rele L se yon kesyon lafwa ak aksyon—lafwa pou rekonèt ke nou gen yon Papa Ki Nan Syèl la k ap reponn priyè nou yo selon sajès enfini li, epi apresa aksyon ki konsistan avèk sa nou mande a. Priye—rele—kapab yon siy espwa. Men poze aksyon apre nou fin priye se yon siy ki montre ke lafwa nou reyèl—lafwa k ap teste nan moman doulè, laperèz, oswa desepsyon.

Mwen sijere pou nou konsidere pwen sa yo:

  1. Toujou panse ak Senyè a kòm premye opsyon ki pou ede.

  2. Rele l, pa tonbe. Tounen vè Senyè a nan priyè ki sensè.

  3. Lè w fin priye, fè tout sa w kapab pou jwenn benediksyon ou te priye pou li a.

  4. Gen imilite pou w aksepte repons yo nan moman pa L ak nan fason pa L.

  5. Pa kanpe! Kontinye avanse nan chemen alyans lan, pandan w ap tann yon repons.

Petèt gen yon moun kounyea ki, akoz sikonstans yo, santi l pra l tonbe epi li ta renmen rele L jan Joseph Smith te fè l lè l te kriye, “O Senyè, kote ou ye? a … Pandan konbyen tan men ou ap poze?”7

Menm nan sikonstans tankou sa yo, priye avèk “yon elan espirityèl,” jan Prezidan Nelson te anseye a8 paske Li toujou koute priyè nou yo!

Sonje kantik sa a:

Dès le matin dans ta chambre,

Frère as-tu prié ?

Nan non Jezikri, Sovè nou an,

Demandé à notre Père de t’aider, d’un cœur sincère

Invoqué le Dieu de grâce Pour, si le danger menace, etre protégé.

La prière est comme un phare Transformant la nuit en jour.

La prière est comme un phare qui transforme la nuit en jour.

Si la vie te désempare,

Viens à Dieu toujours.9

Lè n ap priye, nou kapab santi men Papa nou ki nan Syèl la ki te voye Sèl Pitit Literal Li a pou soulaje fado nou yo, paske si nou rele Bondye, mwen temwaye ke nou p ap tonbe. Nan non Jezikri, Amèn.