Konferans Jeneral
Pouvwa ak Vèti ki nan Mouvman Siklik nan Doktrin Kris la
Konferans jeneral avril 2024


Pouvwa ak Vèti ki nan Mouvman Siklik nan Doktrin Kris la

Mwen envite nou pou n viv doktrin Kris la regilyèman (repetitivman), iterativman, ak entansyonèlman epi ede lòt moun sou wout pa yo.

Anpil ane pase, madanm mwen, Ruth, piti fi nou, Ashley, avèk mwen te rejwenn lòt touris nan yon pwomnad sou kayak nan eta Awayi nan Etazini. Yon kayak se yon ti kannòt ki tou ba nan dlo a kote navigatè a chita ak fas li gade devan epi itilize yon zaviwon de fasèt pou rale soti devan ale dèyè sou yon kote epi apresa sou lòt bò. Plan an sete pou nou navige (pedale) rive sou de ti zile sou lakòt Oahu epi retounen. Mwen te gen konfyans paske, kòm yon jèn gason, mwen te navige (pedale) kayak travèse anpil lak nan mitan mòn. Li pa janm bon pou nou twò konfyan, pa vre?

Gid nou an te ba nou enstriksyon epi l te montre nou kayak pou oseyan nou ta pral itilize yo. Yo te diferan te sa yo nou te konn navige (pedale) avan yo. Mwen te sipoze chita sou tèt kayak la, olye nan fon andedan l. Lè m te rantre nan kayak la, sant gravite mwen te pi wo pase sa m te abitye, epi mwen te vin mwen stab nan dlo a.

Lè nou te kòmanse bouje, mwen te rame pi vit pase Ruth ak Ashley. Pou yon ti tan, mwen te byen lwen devan yo. Pou montre fyète m pou vitès ewoyik mwen an, m te sispann pedale pou m te tann yo rive jwenn mwen. Yon gwo vag—gwosè apeprè 13 santimèt1—te frape yon bò kayak mwen an epi chavire m tonbe nan dlo a. Rive tan pou m te repozisyone kayak la epi redi pou m te twouve m anlè l ankò, Ruth ak Ashley te pase kite m, men m te twò esoufle pou m te rekòmanse pedale. Avan m te ka reprann souf mwenm, yon lòt vag, fwa sa a vrèman vyolan—ki te omwen mezire 20 santimèt2—te frape kayak mwen an epi chavire m ankò. Rive tan pou m te degaje m pou m te redrese kayak la, souf mwen te tèIman kout ke m te krenn ke m pa t ap kapab grenpe monte sou li.

Lè l te wè sitiyasyon m, gid la te navige vin jwenn mwen epi l te stabilize kayak mwen an, pou sa te pi fasil pou m te grenpe monte sou li. Lè l te wè ke souf mwen te toujou twò kout pou m ta rame poukont mwen, li te akwoche yon kòd pou remòke kayak mwen an, epi kòmanse l te (pedale) pou rale m ansanm avèk li. Avan lontan m te reprann souf mwen epi m te kòmanse rame (pedale) kòrèkteman poukont mwen. Li te demare kòd la, epi mwen te rive nan premye zile a san m pa t bezwen plis asistans. Lè m rive, m te lage kò m nan sab la, fatige.

Apre gwoup la te fin repoze, gid la te trankilaman di m, “Mr. Renlund, si w jis kontinye pedale, epi kenbe elan ou, m panse tout bagay ap anfòm pou ou.” Mwen te suiv konsèy li a pandan m t ap rame (pedale) ale nan dezyèm zile a epi apresa retounen nan pwen de depa nou an. Gid la te pwoche kote m defwa pou l te di m t ap fè trè byen. Menm lè pi gwo vag te frape kayak mwen an sou kote l, men mwen pa t chavire.

Paske m te rame (pedale) kayak la avèk konsistans, mwen te kenbe elan an epi m te kontinye pwogrese, sa ki te redui efè vag yo ki te kontinye frape m sou kote a. Menm prensip la aplike nan lavi espirityèl nou tou. Nou vin vilnerab lè nou ralanti e espesyalman lè nou kanpe.3 Si nou kenbe elan spirityèl nou nan kontinye “rame (pedale)” al nan direksyon Sovè a, nou plis an sekirite paske lavi etènèl nou depann de lafwa nou nan Li.4

Elan spirityèl kreye “pandan tout lavi a pandan nou kontinyèlman anbrase doktrin Kris la.”5 Si n fè sa, Prezidan Russell M. Nelson te anseye, rezilta a se yon “mouvman siklik puisan ki chaje vèti.”6 Anfèt, eleman yo nan doktrin Kris la—tankou lafwa nan Senyè a Jezikri, repantans, antre nan yon relasyon alyans avèk Senyè a atravè batèm, resevwa Sentespri a, epi andire jiska lafen7—pa t kreye pou nou fè yon grenn fwa, ni kòm kazye sou yon lis pou nou tcheke. An patikilye “pèsevere jiska lafen” se pa yon etap separe nan doktrin Kris la—tankou konplete kat premye etap yo epi apresa nou koube nou, sere dan nou, epi tann pou nou mouri. Non, andire jiska lafen se kontinye aplike lòt eleman yo nan doktrin Kris la kontinyèlman e regilyèman, pou kreye “mouvman siklik puisan chaje vèti a” ke Prezidan Nelson te dekri a.8

Kontinyèlman vledi ke nou fè eksperyans eleman yo nan doktrin Kris la ale pou vini pandan tout lavi nou. Regilyèman vledi ke nou ke nou bati sou chak repetisyon epi amelyore avèk chak repetisyon. Malgre nou repete eleman yo, nou pa ap tounen an won san yon trajèktwa pou n pwogrese. Okontrè, nou rapwoche n pi pre Jezikri chak fwa nou konplete yon sik (mouvman siklik).

Elan enplike alafwa vitès ak direksyon.9 Si mwen te rame (pedale) kayak la vigourezman nan move direksyon an, mwen te ka vrèman pran yon gran elan, men mwen pa t ap rive nan destinasyon m te dwe rive a. Menmjnan tou, nan lavi, nou bezwen “rame (pedale)” nan direksyon Sovè a pou nou al jwenn Li.10

Lafwa nou nan Jezikri bezwen pou nou nouri l chak jou.11 Nou nouri li lè n priye chak jou, etidye ekriti yo chak jou, reflechi sou lanmou Bondye chak jou, repanti chak jou, epi suiv enspirasyon Sentespri a chak jou. Menmjan li pa bon pou sante si nou tann se chak Dimanch pou n manje epi lèsa plen vant nou ak tout eleman nitritif pou semèn nan yon kou, li pa ede sante sprityèl nou pou n limite konpòtman k ap nouri temwayaj nou a yon grenn jou nan semèn nan.12

Lè nou asime responsablite pou pwòp temwayaj nou,13 nou akeri elan sprityèl epi gradyèlman devlope lafwa byen fonde nan Jezikri, epi doktrin Kris la vin tounen eleman santral objektif lavi nou.14 Nou kosntwi elan tou lè nou fè efò pou obeyi lwa Bondye yo epi repanti. Repantans pote lajwa epi pèmèt nou aprann apati erè nou yo, ki se fason nou pwogrese etènèlman. Nou pral san okenn dout genyen moman kote nou chavire nan kayak nou yo epi twouve nou fon anba dlo. Atravè repantans, nou ka retounen anlè ankò epi kontinye, kelkeswa kantite fwa nou te tonbe.15 Pati ki enpòtan an sèke nou pa janm abandone.

Pwochen eleman nan doktrin Kris la se batèm, ki enkli batèm nan dlo a, epi, atravè konfimasyon, batèm Sentespri a.16 Pandan ke batèm se yon evenman yon sèl fwa, nou renouvle alyans batvèm nou an regilyèman lè nou pran sentsèn. Sentsèn nan pa ranplase batèm, men li konekte eleman inisyal yo nan doktrin Kris la—lafwa ak repantans—avèk resevwa Sentespri a.17 Lè nou pran sentsèn nan an tout konsyans,18 nou envite Sentespri a nan lavi nou, menm jan lè nou te batize ak konfime a.19 Lè nou kenbe alyans ki dekri nan priyè sentsèn yo, Sentespri a vin tounen konpayon nou.

Sentespri a egzèse yon pi gran enfliyans nan lavi nou, nou pwogresivman e iterativman devlope atribi Kretyen yo. Kè nou chanje. Dispozisyon nou pou fè mal diminye. Tandans nou pou n fè byen ogmante jiskaske nou vin sèlman vle “fè byen kontinyèlman.”20 Epi konsa nou gen aksè nan pouvwa selès la ki nesesè pou andire jiska lafen an.21 Lafwa nou ogmante, epi nou pare pou repete mouvman siklik puisan chaje vèti a ankò.

Elan spirityèl pou pi devan pouse nou fè alyans adisyonèl yo avèk Bondye nan kay Senyè a. Anpil alyans rapwoche n pi pre Kris epi konekte nou pi solidman ak Li. Atravè alyans sa yo, nou gen pi gran aksè nan pouvwa Li. Pou klarifye, alyans batèm ak tanp yo se pa, an yomenm sèlman, sous pouvwa a. Sous pouvwa a se Jezikri ak Papa nou ki nan Syèl la. Fè ak kenbe alyans yo kreye yon kanal pou pouvwa Yo nan lavi nou. Lè nou viv nan amoni avèk alyans sa yo, nou finalman vin tounen eritye tout sa Papa nou ki nan Syèl la genyen.22 Elan ki pwodui nan viv doktrin Kris la non sèlman alimante transfòmasyon nati divin nou an destine etènèl nou, men li motive nou tou pou nou ede lòt moun nan fason ki apwopriye.

Konsidere kijan gid ekspedisyon an te ede m apre m te fin chavire nan kayak la. Li pa t rele m fò byen lwen avèk yon kesyon initil tankou, “Mr. Renlund, kisa w ap fè nan dlo a?” Li pa t rame (pedale) pou vin reprimande m avèk pawòl tankou, “Mr. Renlund, ou pa t ap nan sitiyasyon sa a si w te pi anfòm fizikman.” Li pa t kòmanse remòke kayak mwen an pandan m te jis ap eseye remonte sou li. Epi li pa korije m devan gwoup la. Okontrè, li te ban m èd mwen te bezwen an nan moman m te bezwen li. Li te ban m konsèy lè mwen te reseptif. Epi li te fè tout sa l te kapab pou ankouraje m.

Lè n ap sèvi lòt moun, nou pa bezwen poze kesyon ki initil ni sinyale bagay ki evidan. Pifò moun ki gen pwoblèm yo konnen ke yo gen pwoblèm. Nou pa ta dwe pote jijman; jijman nou an pa ede ni byenveni epi pi nou souvan mal enfòme.

Konpare tèt nou avèk lòt moun ka mennen nou nan erè grav, espesyalman si konklizyon an sèke nou plis dwat pase moun ki gen pwoblèm yo. Yon konparezon konsa se tankou si w ap nwaye san espwa nan yon dlo 3 mèt23 pwofondè, ou wè yon lòt k ap nwaye nan yon dlo 4 mèt25 pwofondè, epi w jije ke li se yon pi gwo pechè, epi w santi w byen nan po ou. Apre tou, nou chak gen pwòp difikilte pa nou. Okenn nan nou pa merite sali.25 Nou pa janm kapab. Jakòb, nan Liv Mòmon an, te anseye, “Sonje, apre [nou] rekonsilye avèk Bondye, ke se sèlman nan ak atravè gras Bondye ke [nou] ka sove.”26 Nou tout bezwen Ekspyasyon enfini Sovè a, pa jis yon pati ladan.

Nou vrèman bezwen tout konpasyon n, konpreyansyon, ak lanmou lè n ap entèaji ak moun ki antoure nou yo.28 Moun ki gen pwoblèm yo “bezwen fè eksperyans lanmou pur Jezikri a ki reflete nan pawòl ak aksyon [nou] yo.”28 Lè nou sèvi, nou souvan ankouraje lòt moun epi ofri asistans. Menm si yon moun pa reseptif, nou kontinye sèvi l si l pèmèt sa. Sovè a te anseye ke “se moun sa yo nou dwe kontinye sèvi; paske nou pa konnen si yo p ap retounen vin repanti, pou yo vin jwenn mwen sensèman, e m ap geri yo; e n ap vin yon mwayen pou yo jwen sali a.”29 Travay Sovè a se pou geri. Travay pa nou se pou nou renmen—pou renmen ak sèvi nan yon fason ki pèmèt lòt moun rapwoche yo pi pre Jezikri. Sa se youn nan fwi mouvman siklik nan Doktrin Kris la.

Mwen envite nou pou nou viv doktrin Kris la regilyèman (repetitivman), iterativman, ak entansyonèlman epi ede lòt moun sou wout pa yo. Mwen temwaye ke doktrin Kris la se eleman santral nan plan Pè Selès la; se, aprèt tou, doktrin Li. Lè nou egzèse lafwa nan Jezikri ak Ekspyasyon Li a, nou ap avanse sou wout alyans la epi nou motive pou ede lòt moun yo vin disip fidèl Jezikri. Nou ka vin eritye wayòm Papa nou ki nan Syèl la, ki se apoje nan viv fidèlman doktrin Kris la. Nan non Jezikri, amèn.