Konferans Jeneral
Pawòl yo Enpòtan
Konferans jeneral avril 2024


Pawòl yo Enpòtan

Pawòl kreye yon atmosfè. Yo eksprime panse, santiman, ak eksperyans nou yo, byen kou mal.

Frè m, sè m, ak zanmi m yo atravè mond lan, se yon onè pou mwen pou m adrese gwo kongregasyon sa a, anpil nan nou se manm Legliz nou an e anpil nan nou tou se zanmi ak nouvo moun k ap tande retransmisyon konferans sa a. Byenveni!

Mesaj yo bay yo sou chè sa a, yo kominike an pawòl. Yo bay yo an Anglè epi yo tradui nan prèske 100 lang diferan. Men se toujou menm baz la. Pawòl. E pawòl enpòtan anpil. Kite m di sa ankò. Pawòl trè enpòtan!

Yo jwe yon wòl fondamantal nan fason nou konekte; yo reprezante kwayans nou, valè nou, ak pèspektiv nou. Pafwa nou pale pawòl, gen lòt fwa nou koute. Pawòl kreye yon atmosfè. Yo eksprime panse, santiman, ak eksperyans nou, byen kou mal.

Malerezman, pawòl yo kapab ireflechi, enpasyan, epi blesan. Yon fwa yo soti, nou paka reprann yo. Yo ka blese, pini, minimize, e menm mennen nan aksyon destriktè. Yo ka peze byen lou sou nou.

Yon lòt kote, pawòl yo ka selebre viktwa, bay lespwa ak ankourajman. Yo ka pouse nou pou n repanse, redemare, epi reyoryante pakou nou. Pawòl yo ka louvri lespri nou sou laverite.

Se poutèt sa, anvan tout bagay, pawòl Senyè a enpòtan.

Nan Liv Mòmon an, pwofèt Alma ak pèp li a nan ansyen Amerik la te konfwonte yon lagè san limit kont moun ki te inyore pawòl Bondye a, ki te andisi kè yo, e ki te kòwonpi kilti yo. Men Alma te konseye, “Epi kounyeya, kòm predikasyon pawòl la te gen tandans mennen pèp la fè sa ki jis—wi, li te gen pi gwo pouvwa sou panse pèp la pase epe, oubyen pase nenpòt lòt bagay ki te pase yo—se poutèt sa, Alma te panse li te nesesè pou yo te eseye aplike pawòl Bondye a.”1

“Pawòl Bondye a” depase tout lòt ekspresyon. Sete konsa depi kreyasyon tè a lè Senyè a te di: “Se pou limyè fèt: epi limyè te fèt.”2

Sovè a te bay asirans sa yo nan Nouvo Testaman an: “Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p’ap janm pase.”3

Epi sa a: “Moun ki renmen m’, se li menm ki va fè tou sa m’ di l’ fè. Papa m’ va renmen l’ tou. Papa m’ va vin jwenn li ansanm avè m’, n’a viv nan li.”4

Epi Mari, manman Jezi, te bay temwanyaj enb sa a: “Men mwen, se sèvant Mèt la mwen ye. Mwen swete pou sa rive m jan ou di a.”5.

Si nou kwè ak koute pawòl Bondye a, sa ap mennen nou vin pi pre Li. Prezidan Russell M. Nelson te pwomèt, “Si w etidye pawòl Li yo, kapasite w pou w vin pi sanble ak Li ap ogmante.”6

Èske jan kantik la di a nou tout pa vle, “plus de benediction et de saintete—qui ressemble au tien mon Sauveur (plis benediksyon ak sentete—plis menmjan avèk ou, Sovè mwen)”?7

Mwen imajine jèn Joseph Smith ajenou k ap tande pawòl Papa Li ki nan Syèl la sa yo: “[Joseph,] Sa a se Pitit Gason Mwen Renmen anpil la. Koute Li”8

Nou “koute Li” nan pawòl ekriti yo, men èske nou kite yo chita sèlman nan paj la, oubyen èske nou rekonèt ke L ap pale avèk nou. Èske nou chanje?

Nou “koute Li” nan revelasyon pèsonèl ak enspirasyon Sentespri a, nan repons priyè nou yo, ak nan moman sa yo kote sèlman Jezikri, atravè pouvwa Ekspyasyon Li a, kapab soulaje fado nou yo, akòde nou padon ak lapè, epi anbrase nou “nan bra lanmou Li,”9.

Dezyèman, pawòl pwofèt yo enpòtan.

Pwofèt yo temwaye de divinite Jezikri. Yo ansenye levanjil Li a epi yo montre lanmon Li pou tout moun.10 Mwen rann temwanyaj mwen ke Pwofèt vivan nou an, Prezidan Russell M. Nelson, tande epi pale pawòl Senyè a.

Prezidan Nelson gen don pou eksprime pawòl yo. Li te di: “Rete sou chemen alyans lan,”11 “Rasanble Izrayèl,”12 “Bay Bondye Priyorite,”13 “Bati pon konpreyansyon,”14 “Bay remèsiman,”15 “Ogmante lafwa nan Jezikri,”16 “Pran temwayaj nou anchaj”17 ak “Vin yon patizan lapè.18.

Sa pa fè lontan li te mande pou nou “Panse selès.” Li di, “Lè nou anfas yon dilèm,” “panse selès!.” Lè tantasyon ap teste nou, panse selès! Lè lavi a oswa moun ou renmen abandone w, panse selès! Lè yon moun mouri “prematireman,” panse selès. …Lè presyon lavi yo tonbe sou ou, panse selès! … Lè nou panse selès, kè nou ap chanje gradyèlman, …n ap wè eprèv ak opozisyon yo yon fason diferan. …[epi] lafwa nou ap grandi.”19

“Lè nou panse selès, nou wè “bagay yo jan yo ye ak jan yo pral ye reyèlman.”20 Nan mond chaje konfizyon ak kontansyon sa a, nou tout bezwen pèspektiv sa a.

Elder George Albert Smith, lontan anvan l te vin Prezidan Legliz la, te pale sou soutni pwofèt la ak koute pawòl li. Li te di: bligasyon nou pran lè nou leve men nou yo…se yon obligasyon ki sakre anpil. … Sa vledi … ke n ap kanpe dèyè l ; n ap priye pou li; … epi n ap fè efò pou nou egzekite enstriksyon l yo jan Senyè a kòmande a.”21 Sa vledi, n ap aji avèk dilijans pou nou suiv pawòl pwofèt nou an.

Antanke youn nan 15 pwofèt, vwayan, ak revelatè ki te soutni yè yo nan Legliz la atravè mond lan, mwen vle pataje avèk nou youn nan eksperyans mwen te fè nan soutni pwofèt la ak anbrase pawòl li yo. Sa te rive pou mwen prèske menm jan pwofèt Jakòb te rakonte a, “M te tande vwa Senyè a pale avèk mwen avèk pawòl ki reyèl.”22

Imaj
Èldè ak Sè Rasban nan Tayiland.

Oktòb ki sot pase a, madanm mwen, Melanie, avèk mwen te nan Bangkok, nan Thailande, pandan m t ap prepare pou m te konsakre sa ki t apral 185yèm tanp Legliz la.23 Pou mwen, tach la te alafwa etranj epi enb. Se te premye tanp nan sidès penensil Azi a.24 Achitekti a te ekstraòdinè—yon edifis sis etaj ak nèf flèch, “byen ankadre”25 pou vin yon kay Senyè a. Mwen te kontanple konsekrasyon an pandan anpil mwa. Sa k te rete nan nanm mwen ak nan lespri m sèke peyi a ak tanp lan te byen chita nan bra pwofèt ak apot. Prezidan Thomas S. Monson te anonse tanp lan26 epi Prezidan Nelson te anonse konsekrasyon an.27

Imaj
Tanp Bangkok la nan Thailande.

Mwen te prepare priyè konsekrasyon an plizyè mwa anvan. Pawòl sakre sa yo te tradui nan 12 lang. Nou te pare. Se se sa m te panse.

Nuit anvan konsekrasyon an, mwen te reveye nan domi avèk yon santiman malèz ijan konsènan priyè konsekrasyon an. Mwen te eseye ekate santiman sa a, ap panse ke priyè a te nòmal. Men Lespri a pa t kite m anpè. Mwen te santi gen sèten mo ki te manke, epi pa desen diven, yo te vin jwenn mwen nan yon revelasyon, e mwen te mete pawòl sa yo prèske nan fen priyè a: “Se pou nou panse a bagay ki selès, bay Lespri W la priyorite nan lavi nou, epi fè efò pou nou toujou patizan lapè.”28 Senyè a te raple m pou koute pawòl pwofèt vivan nou an: “Panse a bagay ki selès,” “Bay Lespri a priyorite” “fè efò pou fè lapè.” Pawòl pwofèt yo enpòtan pou Senyè a avèk noumenm.

Twazyèmman, pwòp pawòl pa nou trè trè enpòtan tou. Nou mèt kwè m, nan mond chaje emoji nou an29 pawòl nou enpòtan.

Pawòl nou pwononse yo kapab pawòl sipò oswa kolè, pawòl kè kontan oswa mechanste, konpasyon oswa imiliasyon. Nan chalè moman an, pawòl yo ka pike epi penetre doulourezman byen fon aantre nan nanm moun—epi rete la. Keseswa sou entènèt, nan tèks, medya sosyal, oswa twit, pawòl nou yo difisil pou nou kontwole. Sepoutèt sa nou dwe pran prekosyon ak sa n ap di ak fason n ap di l. Nan fanmi nou, espesyalman avèk mari, madanm, ak pitit yo, pawòl nou yo kapab rapwoche nou ansanm oubyen yon divizyon antre nou.

Kite m sigjere twa fraz senp ke nou kapab itilize pou n soulaje difikilte ak diferans yo, pou nou motive ak reyasire youn ak lòt.

“Mèsi.”

“Mwen dezole.”

Epi “Mwen renmen ou.”

Pa sere fraz enb sa yo pou yon evenman espesyal oswa yon katastwòf. Itilize yo souvan avèk senserite, paske yo montre respè pou lòt moun. Pale gen mwens valè de jou an jou; pa suiv tandans sa a.

Nou ka di “mèsi” nan asansè a, nan pakin nan, nan mache a, nan biwo a, nan yon liy pandan n ap tann, oswa avèk vwazen ak zanmi nou yo. Nou ka di “Mwen dezole” lè nou fè yon erè, lè nou rate yon randevou, lè nou bliye yon anivèsè nesans, oswa lè nou wè yon moun ap soufri. Nou ka di “Mwen renmen ou” epi mo sa yo pote mesaj “M ap panse avèk ou,” “Mwen sousye de ou,” “Mwen la pou ou,” oswa “Ou se tout bagay pou mwen.”

Kite m pataje yon egzanp pèsonèl avèk nou. Mari yo, koute. Sè yo, sa pral ede nou tou. Anvan m te sèvi aplentan nan Legliz la, mwen te konn vwayaje anpil pou konpayi m nan. Mwen te konn an deplasman souvan nan tout nan mond lan. Nan fen jounen mwen, kèlkeswa kote m ye, mwen te toujou rele lakay mwen. Lè madanm mwen, Melanie, te konn pran telefòn nan lè m rele, konvèsasyon nou toujou fè nou eksprime “Mwen renmen ou.” Chak jou, pawòl sa yo te sèvi yon boukliye pou nanm mwen ak konduit mwen; yo te yon pwoteksyon pou mwen kont move plan. Pawòl Melanie kii te konn di“Mwen renmen ww” yo te temwaye konfyans presye ki genyen antre nou.

Prezidan Thomas S. Monson te konn di: “Gen pye pou nou fòtifye, men pou nou gripe, lespri pou nou ankouraje, kè moun pou nou enspire ak nanm pou nou sove.”30 Di “mèsi,” “Mwen dezole,” ““”Mwen renmen w” ap fè egzakteman sa.

Frè m ak sè m yo, pawòl enpòtan.

Mwen pwomèt ke si nou “fè yon festen avèk pawòl Kris yo;”31 ki mennen nan sali a, pawòl pwofèt nou yo ki gide nou ak ankouraje nou yo, ak pwòp pawòl pa nou ki temwaye de kiyès nou ye ak sa ki chè pou nou, pouvwa syèl yo ap devèse sou nou. “Pawòl Kris yo ap di nou tout bagay nou dwe fè.”32 Nou se pitit Pè Selès la epi Li se Bondye nou, epi Li espere pou nou pale avèk “lang zanj yo”33 pa pouvwa Sentespri a.34

Mwen renmen Senyè a, Jezikri. Li se, dapre pawòl Ezayi yo nan Ansyen Testaman, “Mèveye, Konseye, Bondye puisan an, Papa etènèl la, Prens lapè a.”35 Epi jan Apot Jan te di klèman an, Kris la Limenm se “Pawòl la.”36.

Konsènan sa mwen temwanye antanke yon Apot ki aple nan sèvis diven Senyè a—pou deklare pawòl Li—epi ki aple pou kanpe kòm yon temwen espesyal Li. Nan non Senyè a, Jezikri, amèn.