Konferans Jeneral
Soutni Jenerasyon K ap Grandi a
Konferans jeneral avril 2024


Soutni Jenerasyon K ap Grandi a

Se relasyon ki nan lavi jèn yo ki gen pi gwo enfliyans sou chwa yo.

Nan prepare pou m pale avèk nou an, mwen te santi m atire pa istwa Elaman ak jèn pitit gason pèp Amon yo. Mwen te santi pouvwa pwofèt Liv Mòmon yo k ap anseye paran yo, evèk yo, ak manm pawas yo atravè etid mwen nan istwa sa a.

Elaman sete yon moun jèn Amonit yo te ka fè konfyans. Li te ede yo devlope ak jwenn matirite nan lajistis. Yo te konnen l epi yo te renmen li epi yo “te vle pou [l] dirije yo.”1

Elaman te renmen jèn gason sa yo tankou pitit gason l epi li te wè potansyèl yo.2 Èldè Dale G. Renlund te anseye “pou nou sèvi lòt moun efektivman nou dwe wè yo … atravè je Pè Selès la. Se sèlman lèsa a n ap kapap kòmanse konprann vrè valè yon nanm. Se sèlman lèsa a n ap kapab santi lanmou Pè Selès la genyen pou tout pitit Li yo.”3 Evèk yo jodi a beni avèk disènman pou yo ka wè idantite divin jèn ki sou kont yo.

Elaman “te konte”4 jèn gason ki te sou responsablite l yo. Li te priyorize bati relasyon solid avèk yo.

Nan yon moman kritik kote lavi ak lanmò te pandye nan balans lan, Elaman ak jèn gèrye li yo te pèdi tras lame ki t ap pousuiv yo a. Elaman te konseye avèk jèn yo:

“Gade, nou pa konnen si yo kanpe pou nou kapab mache sou yo, …

“Sa nou di, pitit gason m yo … ?”5

Jènjan fidèl sa yo te reponn: “Papa, gade Bondye nou an avèk nou, epi li pap kite nou tonbe; kite n ale.”6 Jou a te fini an viktwa, Elaman te bay jènjan sa yo sipò nan rezolisyon yo7 pou yo aji.8

Jèn Amonit yo te gen yon gwo kòz e yo te vanyan nan “sipòte moun yo.”9 “Ti gwoup sa a,” ke Elaman te dirije a, te gaye “gwo espwa ak anpil lajwa”10 nan kè lame eksperimante Nefit yo. Evèk yo jodi a kapab dirije jèn avèk talan san parèy yo, nan beni pawas la ak nan rasanble Izrayèl. Prezidan Nelson te anseye ke se pou misyon sa a “[yo] te voye yo sou tè a.”11

Tankou jèn Amonit sa yo ki te “fidèl tout tan, nan tout sa moun te konfye yo,”12 Elaman te fidèl nan suiv dirijan l yo. Kèlkeswa difikilte oswa kontretan, Elaman te toujou “gen detèminasyon“13 pou l te avanse objektif yo. Lè yo te dirije l pou l te ““”mache avèk pitit gason [l] yo,”14 li te obeyi.

Jèn yo jodi a beni pandan evèk yo ap suiv direksyon dirijan nou yo pou yo “fè konsèy avèk prezidans Jènfi pawas [yo].”15 Prezidans pieu yo asire yo ke evèk yo ak prezidans Jènfi yo resevwa enstriksyon sou fason pou yo ranpli responsablite yo anvè jèn yo.16

Elaman te onore alyans yo. Lè Ammon te anseye levanjil la bay paran jèn gèrye yo, paran sa yo te anbrase levanjil la avèk kè ouvè. Yo te tèlman angaje nan nouvo lavi disip ki jis yo a ke yo te fè yon alyans pou “yo mete zam rebelyon yo atè.”17 Sèl bagay ki te lakòz yo te konsidere kraze alyans sa a, pou yo te retounen nan tan lontan kote yo te abitye goumen an, sete lè yo te wè Nefit yo an danje.

Amonit yo te vle ede moun sa yo ki te ofri yo yon fwaye an sekirite a. Elaman, ansanm ak lòt moun, te konvenk yo pou yo te kenbe alyans yo te fè pou yo pa t janm goumen ankò a. Li te gen plis konfyans nan fòs Bondye t ap bay pase nan fòs Amonit sa yo te ka bay avèk epe yo ak flèch yo.

Lè Elaman ak jèn gèrye li yo te rankontre difikilte, Elaman te fè prèv detèminasyon. “Men gade, sa pa gen enpòtans—nou gen konfyans Bondye ap delivre nou.”18 Nan yon ka, pandan yo te preske mouri grangou, repons yo sete pou yo “vide nanm [yo] nan lapriyè bay Bondye, pou l kapab ba [yo] fòs ak delivre [yo] … [epi] Senyè a … te vizite [yo] avèk asirans li genyen pou l delivre [yo]”19 “poutèt anpil lafwa yo te aprann genyen nan kwayans yo.”20

Nou aprann nan men Elaman ke jènjan sa yo te gen sipò paran yo. Paran fidèl sa yo te konnen yo te gen responsablite prensipal pou yo anseye pitit yo. Yo te anseye pitit yo pou yo respekte kòmandman yo epi “mache dwat”21 devan Bondye. Manman yo te di yo “si yo pa doute, Bondye ap delivre yo.”22 Papa yo te mete anplas gwo egzanp sou kijan pou yo fè alyans.23 Ansyen gèrye sa yo te konn laterè ki genyen nan batay. Yo te konfye pitit gason yo ki san eksperyans nan men Elaman epi yo te bay sipò nan voye “anpil pwovizyon.”24

Elaman pa t poukont li pandan l t ap sèvi jèn ti lame l la. Li te gen moun bò kote l pou l te ka vire mande sipò ak direksyon. Li te mande Kapitèn Mowoni ede l, epi li te vini.

Pa gen pèsonn k ap sèvi nan wayòm Senyè a poukont li. Senyè a beni nou nan akòde nou pawas ak pieu. Atravè òganizasyon retabli L la, nou gen resous, sajès, ak enspirasyon pou fè fas ak nenpòt difikilte.

Evèk la ofri pawas la gidans atravè konsèy yo.25 Li ankouraje entèvyou sèvis pastoral chak twa mwa epi apresa li ankouraje kowòm ansyen yo ak Sosyete Sekou pou yo akonpli responsablite pastoral yo anvè fanmi yo. Prezidans sa yo pran inisyativ pou detèmine bezwen yo epi jwenn solisyon ki enspire. Prezidan pieu yo ofri sipò nan enstwi prezidans kowòm ansyen yo ak Sosyete Sekou yo nan responsablite sa yo.

Nou jwenn konsèy ki nesesè pou dirijan yo ak paran yo nan Medyatèk Levanjil la ak nan aplikasyon Viv Levanjil la. Nan resous enspire sa yo, nou ka jwenn ekriti yo, ansèyman pwofèt modèn yo ak Manyèl Jeneralla. Onglèt pou Jèn yo ki nan Medyatèk Levanjil la gen anpil resous pou prezidans kowòm yo ak klas yo26 ak Pou fòs jèn yo: Yon gid pou Fè Chwa a. Lè tout manm nan pawas la etidye sous enspire sa yo epi chèche gidans nan Lespri a, tout moun ka jwenn direksyon Senyè a pou fòtifye jèn yo.

Tout pawas la ap beni ak ranfòse lè manm yo konsantre sou jenerasyon k ap grandi a. Malgre enpèfeksyon ak feblès nou yo, Pè Selès la envite nou chak, atravè konpayi Lespri L la, pou nou lonje lanmen bay lòt moun. Li konnen nou grandi epi vin santifye lè nou suiv enspirasyon Sentespri a.27 Sa pa enpòtan si efò nou yo enpafè. Lè nou asosye avèk Senyè a, nou ka gen konfyans ke efò nou yo ap an amoni avèk sa Li ta fè pou jèn yo.

Lè nou suiv enstriksyon Sentespri a pou lonje lanmen bay jèn yo, nou vin temwen lanmou Pè Selès la nan lavi yo. Aji sou enspirasyon nou resevwa nan men Senyè a ap bati relasyon lanmou ak konfyans. Se relasyon yo ki nan lavi jèn yo ki gen pi gwo enfliyans sou chwa yo.

Jèn yo ap aprann chema revelasyon an pandan y ap patisipe avèk nou nan pwosesis pou chèche ak aji sou enspirasyon pou sèvi lòt moun nan. Lè jèn yo vire jwenn Senyè a pou gidans enspire sa a, relasyon yo avèk Li ak konfyans yo nan Li ap apwofondi.

Nou eksprime konfyans nou nan jèn yo lè nou ofri yo sipò ak direksyon san nou pa pran kontwòl.28 Pandan n ap fè yon retrè epi nou kite jèn yo aprann atravè konsèy n ap fè ansanm, pandan y ap chwazi yon direksyon enspire, epi mete plan yo an aksyon, yo pral fè eksperyans vrè lajwa ak pwogresyon.

Prezidan Henry B. Eyring te anseye: “Sa ki pral pi enpòtan an se kisa [jèn yo] aprann nan men [nou] konsènan kiyès yo ye vrèman ak kisa yo ka devni. Mwen pa kwè y ap vrèman aprann bagay sa yo nan diskou. Y ap aprann li atravè santiman yo genyen konsènan kiyès nou ye, kiyès nou panse yo ye, ak ki moun nou panse yo kapab ye nan lavni.”29

Jèn nou yo emèveye nou avèk kouraj yo, lafwa yo ak kapasite yo. Pandan y ap chwazi pou yo vin disip Jezikri ki totalman angaje, levanjil Li a pral grave sou kè yo. Suiv Li ap vin yon pati nan ki moun yo ye, pa sèlman nan sa y ap fè.

Elaman te ede jèn Amonit yo wè kijan yon disip vanyan Jezikri viv. Nou kapab vin bon egzanp pou jèn yo sou fason disip Kris yo viv jodi a. Paran fidèl yo ap priye pou egzanp sa yo nan lavi pitit yo. Pa gen pwogram ki ka ranplase enfliyans adilt plen lanmou k ap kenbe alyans yo.

Antanke prezidan kowòm prèt yo, evèk la kapab yon egzanp pou jèn yo ka wè kijan pou yo vin yon mari fidèl ak yon papa plen lanmou30 atravè fason li pwoteje ak reponn bezwen fanmi li, ak jan li prezide sou fanmi li31 nan fason ki jis. Evèk yo, avèk yon “konsantrasyon fikse sou jèn yo,”32 ap gen yon enfliyans ki pral dire pou anpil jenerasyon.

Jodi a, jèn yo pami espri ki pi nòb33 Pè Selès la genyen yo. Yo te pami defansè devwe pou laverite ak libabit nan mond premòtèl la.34 Yo te fèt nan epòk sa a pou yo te ka rasanble Izrayèl atravè temwayaj puisan yo konsènan Senyè a, Jezikri. Li konnen chak nan yo epi Lli konn gwo potansyèl yo. Li gen pasyans pandan y ap pwogrese. L ap rachte yo e L ap pwoteje yo. L ap geri yo e L ap gide yo. Li pral enspire yo. Nou menm, paran yo ak dirijan yo, te prepare pou nou soutni yo. Nou gen Legliz Sovè a pou ede nou pandan n ap elve pwochen jenerasyon an.

Mwen rann temwayaj ke Legliz Kris la, ki retabli atravè Pwofèt Joseph Smith la, epi ki dirije jodi a pa Prezidan Russell M. Nelson, òganize pou ede jèn yo akonpli gwo objektif yo nan dènye jou sa yo. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Alma 53:19.

  2. “Si nou chwazi, si nou vle, … nou kapab vin fè pati yon bagay ki gwo, yon bagay ki gran, yon bagay ki majestye! … Nou fè pati moun ki pi bon Bondye te janm voye nan mond sa a. Nou gen kapasite pou nou pi entelijan, ak pi saj epi pou nou fè plis enpak sou mond lan pase nenpòt lòt jenerasyon avan yo! (Russell M. Nelson, “Lespwa Izrayèl” [devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen 2018], Libreri Levanjil).

  3. Dale G. Renlund, “Atravè je Bondye,” Lyawona, Nov. 2015, 94.

  4. Alma 56:55.

  5. Alma 56:43–44.

  6. Alma 56:46.

  7. “Objektif Papa nou ki nan Syèl la antanke paran se pa pou fè pitit Li yo sa ki jis; men se pou fè pitit Li yo chwazi pou yo fè sa ki jis” (Dale G. “Chwazi Jodi A Menm,” Lyawona, Nov. 2018, 104).

  8. “Si nou bay jèn yo pouvwa nan envite yo ak pèmèt yo aji, Legliz la ap avanse devan nan fason mirakile” (dapre yon reyinyon avèk David A. Bednar; gade, 2020 Temple and Family History Leadership Instruction tou, 27 fev. 2020, Libreri Levanjil).

  9. Alma 53:22.

  10. Alma 56:17.

  11. Russell M. Nelson, “Lespwa Izrayèl,” Libreri Levanjil.

  12. Alma 53:20.

  13. Alma 58:12.

  14. Alma 56:30.

  15. Manyèl Jeneral la: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 7.1.2, Libreri Levanjil la.

  16. Gade Manyèl Jeneral, 6.1.2.

  17. Alma 23:7.

  18. Alma 58:37.

  19. Alma 58:10–11.

  20. Alma 57:26.

  21. Alma 53:21.

  22. Alma 56:47.

  23. Gade Alma 23:7; 24:17–19

  24. Alma 56:27.

  25. Gade nan Manyèl Jeneral, 7.1.1

  26. “Pandan n ap chèche verite etènèl, de kesyon sa yo ka ede nou rekonèt si yon konsèp soti nan Bondye oswa nan yon lòt sous: Èske konsèp la anseye regilyèman nan ekriti yo ak pa pwofèt vivan yo? Èske konsèp la konfime atravè temwayaj Sentespri a? Bondye revele verite doktrinal yo atravè pwofèt yo, epi Sentespri a konfime verite sa yo ba pou ede nou aplike yo” (John C. Pingree Jr., ”Verite etènèl yo,” Liahona, Okt. 2023).

  27. Gade Doktrin ak Alyans 4:2–4.

  28. “Si Jèn [nou] yo pa twò enplike [nan travay Bondye] a, l ap vin pi fasil pou mond la anvlope yo. … Konbyen prezidans kowòm dyak ak enstriktè ki sèlman chèche envite yon moun pou l fè yon priyè oubyen distribye sentsèn? Frè m yo, an verite jèn sa yo se espri espesyal, epi yo ka fè bagay ki gen gwo enpòtans si nou ba yo yon chans!” (Neal A. Maxwell, “Unto the Rising Generation,” Ensign, Avr. 1985, 11).

  29. Henry B. Eyring, “Teaching Is a Moral Act” (diskou li te bay nan yon konferans anyèl nan Inivèsite Brigham Young, 27 out 1991), 3, speeches.byu.edu.

  30. Gade “Tèm Kolèj Prètriz Aawon an,” Libreri Levanjil la.

  31. Gade “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” Bibliyotèk Levanjil.

  32. “Nou espere ke episkopa yo pral mete gwo aksan ak konsantrasyon sou responsablite jènjan yo nan prètriz la epi ede yo nan devwa kowòm yo. Yo pral aple kèk adilt ki kapab sèvi kòm konsiltan Jènjan yo pou ede prezidans kowòm Prètriz Aawon yo ak episkopa a nan devwa yo. Nou sèten ke plis jènjan ak jènfi pral relve defi a epi yo pral rete sou chemen alyans lan avèk gwo atansyon sa a n ap mete sou jèn nou yo.” (Quentin L. Cook, “Ajisteman pou Fòtifye Jèn yo,” Lyawona, Nov. 2019, 41).

  33. “Papa nou ki nan Syèl la te rezève espri ki pi nòb Li yo—petèt, m ta kapab di, pi bon ekip Li a—pou faz final sa a. Espri nòb sa yo—pi bon jwè sa yo, ewo sa yo—se nou!” (Russell M. Nelson, “Lespwa Izrayèl,” Libreri Levanjil).

  34. “Adolesan ou renmen an ka byen te youn nan sòlda vanyan yo sou bò ajans ak verite. … Nou kapab ede nan fason nou reyaji anvè detèminasyon yo genyen pou yo chwazi poukont yo. Yo pral santi si nou wè yo tankou si yo te kapab youn nan vanyan sòlda fidèl yo nan egzistans premòtèl la tout bon vre, angaje toujou nan defans libabit moral ak okouran de gwo valè li pou pote yo kontantman. Si nou ka wè yo kòm sòlda fidèl nan egzistans premòtèl la, nou ka wè revandikasyon yo pou yo endepandan kòm yon siy sou potansyèl yo tou, yon siy ke y ap teste pouvwa libabit laki pral pote kontantman pou yo” (Henry B. Eyring, “A Life Founded in Light and Truth” [Devosyon nan Inivèsite Brigham Young, 15 out, 2000], speeches.byu.edu).