Konferans Jeneral
Tout Bagay pou Byen Ou
Konferans jeneral avril 2024


Tout Bagay pou Byen Ou

Nan letan ak letènite, bi kreyasyon an ak nati Bondye Limenm se pou reyini tout bagay ansanm pou byen nou.

Jodia se 6 Avril, anivèsè jou Jezikri te retabli Legliz Li a nan dènye Jou yo— ak yon pati nan sezon Pak la, kote nou jwayezman temwaye de lavi pafè Jezikri, sakrifis ekspyatwa L la, ak Rezirèksyon gloriye L la.

Gen yon istwa Chinwa ki kòmanse kote pitit gason yon mesye jwenn yon bèl cheval.

Vwazen yo di: “Ala l gen chans.”

Mesye a di, “Na wè sa.”

Epi pitit gason an tonbe sou cheval la epi li blese pou lavi.

Vwazen yo di “Ala yon malè.”

Mesye a di “Na wè sa.”

Yon lame sòlda rive men yo pa chwazi pitit gason ki blese a.

Vwazen yo di “Ala l gen chans.”

Mesye a di “Na wè sa.”

Mond enkonstan sa a sanble l souvan sekwe pa tanpèt, ensèten, pafwa plen chans, epi—twò souvan—pa gen chans. Poutan, nan mond tribilasyon sa a,1 “nou konnen ke tout bagay ap travay ansanm pou byen moun ki renmen Bondye yo.”2 Anfèt, si nou mache dwat epi nou sonje alyans nou yo, “tout bagay ap travay ansanm pou byen nou.”3

Tout bagay pou byen nou.

Ala yon pwomès remakab! Asirans rekonfòtan ke Bondye ba nou Limenm! Nan yon fason mirakile, objektif kreyasyon an ak nati Bondye Papa nou an, ak Pitit Gason L lan, Jezikri, se konnen kòmansman an ak lafen an,4 pou reyalize tout sa ki pou byen nou, ak pou ede nou vin sanktifye ak sen atravè lagras Jezikri ak Ekspyasyon L lan.

Ekspyasyon Jezikri a ka delivre nou ak rachte nou anba peche. Men, nan yon fason entim, Jezikri konprann tout soufrans, afliksyon, maladi nou,5 chagren, ak separasyon nou. Nan letan ak letènite, triyonf Li sou lanmò ak lanfè a kapab fè tout bagay vin byen.6 Li ede geri moun ki brize ak meprize, rekonsilye moun ki an kòlè ak divize, rekonfòte moun ki solitè ak izole, ankouraje moun ki ensèten ak enpafè, ak pwodui mirak ki posib sèlman avèk Bondye.

Nou chante alelouya epi nou rele ozana! Avèk pouvwa etènèl ak bonte enfini, nan plan bonè Bondye a, tout bagay ka travay ansanm pou byen nou. Nou ka fè fas a lavi a avèk konfyans, non pa ak laperèz.

Poukont nou, nou gen dwa pa konnen sa ki byen pou nou. Lè “m chwazi mwenmenm,” mwen chwazi pwòp limitasyon, feblès, ak enpèfeksyon pa m. Alafen, pou nou fè plis byen, nou dwe bon.7 Etandone se Bondye sèlman ki bon,8 nou chèche pèfeksyon nan Jezikri.9 Nou vin tounen vrè ak pi bon vèsyon noumenm nan sèlman lè nou debarase nou de lòm oswa fi natirèl la epi nou vin tounen yon timoun devan Bondye.

Avèk konfyans ak lafwa nou nan Bondye, eprèv ak afliksyon yo kapab konsakre pou byen nou. Joseph, ke yo te vann an Ejip la, nan apre, te sove fanmi li ak pèp li a. Anprizonman Pwofèt Joseph Smith nan prizon Liberty a te anseye li ke “tout bagay sa yo ap ba ou eksperyans, epi se ap pou byen w.”10 Si nou viv yo ak lafwa, eprèv ak sakrifis nou pa t ap jamè chwazi yo kapab beni noumenm ak lòt moun nan fason nou pa t ap janm imajine.11

Nou ogmante lafwa epi nou mete konfyans nan Senyè a ke tout bagay ka travay ansanm pou byen nou si nou gen yon pèspektiv etènèl;12 si nou konprann ke eprèv nou yo se kapab “pou yon ti moman”;13 si nou rekonèt ke afliksyon yo kapab konsakre pou byen nou;14 nou rekonèt ke aksidan, lanmò prematire, maladi devastè fè pati mòtalite a; epi nou gen konfyans ke Papa eman nou ki nan Syèl la pa ba nou eprèv pou pini nou oubyen jije nou. Li p ap janm lonje yon wòch bay yon moun ki mande l pen, ni yon sèpan bay yon moun ki mande l yon pwason.15

Lè eprèv yo vini, sa nou souvan ta renmen plis se jwenn yon moun pou koute nou epi la avèk nou.16 Nan moman an, repons fòmèl yo kapab initil, kèlkeswa jan entansyon yo ka rekonfòtan. Pafwa, nou aspire a yon moun ki pou rele avèk nou, soufri avèk nou, epi kriye avèk nou; pou kite nou eksprime doulè, fristrasyon, e menm kòlè nou; epi rekonèt avèk nou ke gen bagay nou pa konnen.

Lè nou gen konfyans nan Bondye ak nan lanmou Li pou nou, menm pi gwo chagren nou yo kapab alafen travay pou byen nou.

Mwen sonje jou m te resevwa nouvèl sou yon gwo aksidan machin ki te enplike moun mwen te renmen. Nan moman sa yo, nan angwàs ak lafwa, nou ka sèlman di avèk Jòb, “Senyè a bay, Senyè a pran; se pou non Senyè m nan beni”17

Nan Legliz la atravè mond lan, genyen prèske 3.500 pieu ak distri ak anviwon 30.000 pawas ak branch ki ap bay refij ak sekirite kont tanpèt.18 Men andedan pieu ak pawas nou yo, anpil fanmi ak moun fidèl ap konfwonte pwoblèm difisil, pandan ke yo konnen (san yo poko konn kijan) bagay yo va mache ansanm pou byen yo.

Nan Huddersfield, Angletè, frè Samuel Bridgstock te aprann ke l te gen yon kansè ki te nan stad grav yon ti bout tan anvan apèl yon nouvo prezidan pieu. Etandone move nouvèl sa a, li te mande madanm ni, Anna, poukisa pou l ta menm al pase yon entèvyou.

Sè Bridgstock te di, “Paske” “yo pral aple w kòm prezidan pieu.”

Imaj
Fanmi Bridgstock.

Prezidan Bridgstock, ke yo te bay ennan oubyen dezan pou l te viv, (ki la avèk nou jodia), nan katriyèm ane sèvis li kounyea. Li gen yon jou byen, yon jou mal. Pieu l la rasanble ansanm avèk lafwa, sèvis, ak jantiyès ogmante. Sa pa fasil, men madanm ni ak fanmi li viv avèk lafwa, rekonesans, ak yon tristès konpreyansib ki, selon yomenm, ap vin tounen lajwa etènèl atravè Ekspyasyon retablisan Jezikri a.19

Lè nou kalm, ouvè, ak plen reverans, nou ka santi bote, objektif, ak serenite ki genyen nan apatenans nan alyans ke Senyè a ofri a. Nan moman sakre sa yo, Li ka ba nou yon ti apèsi sou pi gwo reyalite etènèl lavi kotidyèn nou fè pati a, kote ti bagay senp ak piti yo ap travay ansanm pou byen moun k ap bay yo ak moun k ap resevwa yo.

Rebekah, pitit fi premye prezidan misyon m nan, te pataje kijan Senyè a te reponn priyè li pou rekonfò a avèk yon opòtinite pou l te reponn priyè yon lòt moun.

Imaj
Rebekah te bay fi a machin oksijèn manman l lan.

Yon jou swa byen ta, Rebekah, ki t ap kriye pou lanmò resan manman li, te resevwa yon enpresyon klè pou l t al achte gaz mete nan machin ni. Lè l te rive nan ponp gaz la, li te rakontre yon granmoun fi ki t ap lite pou l te respire avèk yon gwo tank oksijèn. Nan apre, Rebekah te kapab bay fi a machin oksijèn pòtab manman l lan. Sè sa a te di avèk rekonesans, “Ou remèt mwen libète mwen.” Bagay yo travay ansanm pou byen nou lè nou sèvi jan Jezikri t ap sèvi.

Yon papa, ke yo te bay pitit gason li ki te gen laj pou l te anseye, kòm konpayon sèvis pastoral, te eksplike, “Sèvis pastoral se lè nou soti nan wòl bon vwazen k ap pote bonbon an pou nou vin tounen zanmi de konfyans, premye moun k ap reponn spirityèlman an.” Apatenans a alyans nan Jezikri a rekonfòte, konekte, ak konsakre nou.

Menm nan trajedi, preparasyon spirityèl ka raple nou ke Papa nou ki nan Syèl la te konnen lè nou te santi nou te pi vilnerab ak pi solitè yo. Paregzanp, yon fanmi ki te gen yon pitit li yo t ap transpòte lopital te jwenn rekonfò nan apre lè yo te sonje ke Sentespri a te chichote yo alavans a kisa pou yo te atann.

Pafwa, pi gwo reyalite Senyè a fè nou santi a enkli fanmi nan lòtbò vwal la. Yon sè te jwenn lajwa nan konvèsyon l nan levanjil retabli Jezikri a. De gwo bagay twomatizan te pwofondeman fè enpak nan lavi li—li te wè yon aksidan bato epi l te pèdi manman l trajikman nan suisid.

Imaj
Sè a te simonte laperèz li epi l te batize.

Men, sè sa a te simonte laperèz pou dlo l te genyen an pou l te batize pa imèsyon. Epi nan jou sa a ki te vin yon jou plen kontantman, li te wè yon moun, ki t ap aji pa pwokirasyon pou manman l ki te mouri a, te batize nan tanp lan. Sè a te di, “Batèm nan tanp lan te geri manman m, epi l te libere mwen.” “Sete premye fwa ke m te santi lapè depi manman m te mouri a.”

Mizik sakre nou sa yo fè eko a asirans Li ke tout bagay kapab travay ansanm pou byen nou an.

Va ne crains pas, à la barre éternelle,

Ton Dieu connait l’avenir, le passé.

Que tes espoirs, ni ta foi ne chancellent,

Tous les secrets te seront dévoilés.20

Venez, venez, sans craindre le devoir;

Travailler au progrès.

Si le chemin à vos yeux paraît noir,

Le secours est tou près.

Et si la mort, nous arrête en chemin,

Heureux jour! Tout est bien!21

Liv Mòmon an se prèv nou ka kenbe nan men nou pou di ke Jezi se Kris la epi Bondye akonpli pwofesi L yo. Ekri pa pwofèt enspire ki te wè epòk nou an, Liv Mòmon an kòmanse avèk yon dràm difisil—yon fanmi ki ap fè fas a gwo diferans pwofon. Men, pandan n ap etidye ak medite soti 1 Nefi 1 rive nan Mowoni 10, nou atire vè Jezikri avèk yon temwayaj fèm ki fè nou konnen ke sa k te pase kote sa a ak lè sa a kapab beni nou isit la e kounyea.

Pandan ke Senyè a, atravè pwofèt vivan L lan, ap pote plis kay Senyè a pi pre anpil nan nou nan plis kote, nou wè benediksyon tanp yo k ap travay ansanm pou byen nou. Nou vini, atravè alyans ak òdonans, jwenn Bondye Papa nou ak Jezikri epi nou akeri yon pèspektiv etènèl sou mòtalite a. Youn pa youn, non pa non, nou ofri manm fanmi byeneme—zansèt—nou yo benediksyon òdonans ak alyans sakre yo nan modèl Senyè a konsènan sou mòn Siyon yo.22

Pandan tanp yo ap pwoche pi pre nou nan anpil kote, yon sakrifis tanp nou ka ofri se chèche sentete nan kay Senyè a pi souvan. Pandan plizyè ane, nou konn ap ekonomize, planifye, ak fè sakrifis pou nou ale nan tanp. Kounyea, si sikonstans yo pèmèt sa, tanpri, ale jwenn Senyè a pi souvan nan kay sakre L la. Kite adorasyon ak sèvis regilye nan tanp lan beni, pwoteje, ak enspire oumenm ak fanmi ou—fanmi w genyen an ak fanmi w pral genyen yon jou a.

Imaj
yon fanmi ki deyò tanp la

Epitou, lè sikonstans yo pèmèt sa, tanpri konsidere benediksyon ki se posede pwòp vètman tanp pa w la.23 Yon granmè nan yon fanmi enb te di ke yon bagay ke l te pi anvi nan mond lan sete posede pwòp rad tanp pa li. Pitit pitit gason l lan te di, “Grann mwen te chichote, ‘M pral sèvi nan pwòp vètman tanp pa m apre m fin mouri, mwen vle pou nou antere m avèk yo.’” Epi, lè moman an te rive, nou te fè sa.

Jan Prezidan Russell M. Nelson anseye a, “Tout sa nou kwè ak chak pwomès Bondye fè pèp alyans Li a travay ansanm nan tanp lan.”24

Nan letan ak letènite, bi Kreyasyon an ak nati Bondye Limenm se pou reyini tout bagay ansanm pou byen nou.

Sa se objektif etènèl Senyè a. Se pèspektiv etènèl Li. Se pwomès etènèl Li.

Lè lavi a ankonbre epi objektif li pa klè, lè nou anvi viv pi byen men nou pa konnen kijan, tanpri al jwenn Bondye, Papa nou an ak Jezikri. Gen konfyans ke Yo vivan, Yo renmen nou, epi Yo vle pou tout bagay travay pou byen nou. Mwen temwaye ke Y ap fè sa, enfiniman ak etènèlman, nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Jan 16:33.

  2. Women 8:28.

  3. Doktrin ak Alyans 90:24. Ekspresyon popilè ke “Tout bagay byen” an souvan enplike ke bagay yo oke epi yo nan lòd, san l pa nesesèman vledi ke yo reyèlman se pou byen nou.

  4. Gade Moyiz 1:3.

  5. Gade Alma 7:11.

  6. Gade 2 Nefi 9:10–12. Bondye respekte libète moral, ki pafwa pèmèt ke menm zak enjis lòt moun afekte nou. Men si nou chèche fè tout sa nou kapab, lagras Jezikri ak pouvwa abilitan ak ekspyatwa Jezikri kapab pwòpte nou, geri nou, liye nou, rekonsilye nou avèk tèt nou epi youn ak lòt, nan toulède bò vwal la.

  7. Gade Mowoni 6:10–12. Pwofesè Terry Warner ekri avèk pèspektiv sou sijè sa a.

  8. Gade Women 3:10; Mowoni 10:25.

  9. Gade Mowoni 10:32..

  10. Gade Doktrin ak Alyans 122:4–7

  11. Nou aprann atravè eksperyans ke nou pa t ap janm chwazi. Pafwa, pote fado yo avèk èd Senyè a kapab ogmante kapasite nou pou nou pote fado sa yo; Mozya 24:10–15 pou ilistre pwomès Senyè a pou “vizite pèp mwen an nan afliksyon yo” ak “fòtifye yo pou yo ka pote fado yo.” Alma 33:23 anseye ke “fado nou yo ka vin lejè, atravè lajwa Pitit Gason an.” Mozya 18:8 raple nou ke lè nou “dispoze pou youn pote fado lòt,” fado yo ka “vin lejè.”

  12. Pwofèt Ezayi pale de Mesi a: “Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m’, li voye m’ pou m’ anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m’ geri tout moun k’ap soufri yo, … pou m’ ankouraje tout moun ki nan lafliksyon, pou m’ bay moun mòn Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo a. M’ap mete nan bouch yo chante remèsiman nan plas chante plenyen.” (Ezayi 61:1–3 Menmjan tou, salmis la ofri pèspektiv pwomès sa a: “Lannwit nou kriye, Kou l’ jou, kè nou kontan.” (Som 30:5 Sa enkli pwomès gloriye pou jis yo nan maten Premye Rezirèksyon an.

  13. Doktrin ak Alyans122:4. Kwè ke, nan pèspektiv letènite, eprèv yo kapab pou yon “ti moman” pa vledi pou nou minimize ni pou nou rann doulè ak soufrans atwòs nou ka ap atravèse jou apre jou nan lavi sa a, nuit rèd san dòmi yo, oubyen ensètitid atwòs chak nouvo jou yo mwens epwouvan. Petèt pwomès pou nou kapab gade annaryè epi wè soufrans nou yo nan mòtalite a nan pwendi limyè konpasyon ak vizyon etènèl Bondye ka ajoute kèk pèspektiv sou konpreyansyon nou de mòtalite a ak sou espwa nou pou nou andire ak lafwa ak konfyans nan Li jiskalafen. Epitou, lè nou gen je pou nou wè, gen souvan byen nan moman an;p nou pa nesesèma bezwen tann yon moman nan lefiti pou nou ka wè byen an.

  14. Gade 2 Nefi 2:2

  15. Gade Matye 7:7–8. Bay Bondye priyorite nan lavi nou se pa aksepte tout sa ki vini pasivman. Se kwè aktivman ke, Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou an, vle toujou e sèlman sa ki byen pou nou. Lè trajedi frape, nou ka mande ak lafwa, non pa “poukisa se mwen?” men “Kisa m ka aprann?” Epi nou ka kriye avèk kè brize ak lespri kontri, konesan ke, nan moman pa li ak nan fason pa Li, benediksyon ak opòtinite konpansasyon yo ap vini.

  16. Nou fè alyans pou nou kriye avèk moun k ap kriye epi konsole moun ki bezwen konsolasyon.(gade Mozya 18:9

  17. Jòb 1:21

  18. Gade Doktrin ak Alyans 115:6

  19. Lafwa anfas difikilte se opoze angwaz ak dezespwa pwofon yo dekri nan Liv Mò an sou moun ki “modi Bondye, e mande lanmò,” yo men ki, sepandan … te goumen ak epe pou lavi yo” (Mòmon 2:14).

  20. “Va, ne crains pas,” Cantiques, no. 150.

  21. “Venez, venez, sans craindre le devoir,” Cantiques, no. 18. Konsidere tou:

    Ala Yon Gran Sajès ak Lanmou

    Le divin plan de Vie

    Qui réunit justice, amour et miséricorde,

    En celeste harmonie!

    “Oh, quel amour,” Cantiques, no. 113.)

    Nan mitan ensètitid lavi yo, nou konnen ke gran desen plan redanmsyon an ap mete jistis, lanmou, ak mizèrikòd ansanm pou byen nou.

  22. Gade Abdyas 1:21. Pwofèt Joseph Smith te anseye: “Kijan yo [Sen Dènye Jou yo] ka vin sovè sou Mòn Siyon? Se nan bati tanp yo, nan konstwi fon batismo, ak nan ale epi resevwa tout òdonans yo … nan non zansèt yo ki mouri yo” (Teachings of Presidents of the Church: Joseph Smith [2007], 473).

  23. Manm ki ale nan tanp pou premye fwa yo kapab achte rad tanp avèk yon gwo rabè.

  24. Russell M. Nelson, “Tanp ak Fondasyon Espirityèl Nou,” Liahona, Nov. 2021, 94.