Konferans Jeneral
Fè Senyè a konfyans
Konferans jeneral avril 2024


Fè Senyè a konfyans

Relasyon nou avèk Bondye kapab grandi nan degre nou vle fè Li konfyans.

Souvan nan fanmi nou, nou jwe yon jwèt nou rele “Egzèsis konfyans avèg.” Petèt ou konn jwe l tou. De moun kanpe yon ti distans apa, youn bay lòt la do. Sou sinyal moun ki kanpe dèyè a, moun ki kanpe devan an lage kò l sou do nan bra zanmi dèyè a.

Konfyans se fondasyon tout relasyon. Yon kesyon debaz pou nenpòt relasyon se “Èske mwen ka fè lòt moun nan konfyans?” Yon relasyon fòme sèlman lè moun yo vle mete konfyans youn nan lòt. Se pa yon relasyon sa ye si yon moun fè konfyans konplètman epi lòt la chwazi pa fè konfyans.

Nou chak se “yon pitit lespri gason oswa fi byeneme yon Pè Selès eman .”7 Men, pandan ke jeneyaloji espirityèl bay yon fondasyon, poukont li, li pa kreye yon relasyon solid avèk Bondye. Yon relasyon kapab bati sèlman lè nou chwazi mete konfyans nan Li.

Papa nou ki nan Syèl la chache etabli yon relasyon pwofon ak pèsonèl ak chak pitit lespri L yo.2 “Pou yo tout ka vin fè yonn; menmjan oumenm, Papa, ou nan mwen, epi m nan ou a, pou yo ka vin fè youn avèk nou tou.”3 Relasyon Bondye ap chèche avèk chak pitit Lespri L yo se yon relasyon si rapwoche ak pèsonèl ke L ap kapab pataje tout sa L genyen ak tout sa L ye.4 Kalite relasyon pafè, etènèl sa a ka devlope sèlman lè li bati sou yon konfyans pafè epi total.

Bò kote pa l, Papa nou ki nan Syèl la te travay depi nan konmansman pou kominike tout konfyans L:i nan potansyèl divin chak pitit Li yo. Konfyans se baz plan Li te prezante pou kwasans ak pwogresyon nou anvan nou te vini sou tè a. Li te anseye nou lwa etènèl yo, kreye yon tè, ba nou kò mòtèl, ba nou don pou nou chwazi pou tèt pa nou, epi pèmèt nou aprann ak pwogrese nan fè pwòp chwa pa nou lwen prezans Li. Li vle pou nou chwazi suiv lwa Li yo epi retounen pou n al jwi lavi etènèl avèk Li ak Pitit Gason Li a.

Paske Li konnen nou pa t ap toujou fè bon chwa, Li te prepare yon fason tou pou nou chape anba konsekans move chwa nou yo. Li te banou yon Sovè—Pitit Gason Li a, Jezikri—pou ekspye peche nou yo epi fè nou pwòp ankò sou kondisyon pou nou repanti.5 Li envite nou sèvi avèk kado presye repantans la regilyèman.6

Chak paran konnen kijan li difisil pou fè yon timoun konfyans nan pran desizyon, sitou lè paran an konnen timoun nan ap fè erè epi li pral soufri kòm rezilta. Men Papa nou ki nan Syèl la fè nou konfyans pou nou fè bon chwa ki ap ede nou atenn potansyèl diven nou! Paske, jan Èldè Dale G. Renlund te anseye,“Objektif Papa nou ki nan Syèl la antanke paran se pa pou fè pitit Li yo sa ki jis; men se pou fè pitit Li yo chwazi pou yo fè sa ki jis epi alafen pou yo vin tankou L. ”7

Men, malgre Bondye gen konfyans nan nou, relasyon nou avèk Li ka grandi sèlman nan degre nou vle fè Li konfyans. Defi a sèke n ap viv nan yon mond dechi epi nou tout fè eksperyans trayizon nan konfyans nou akoz malonètete, manipilasyon, trayizon, oswa lòt sikonstans. You fwa yo trayi nou, nou twouve l difisil pou n fè konfyans ankò. Eksperyans konfyans negatif sa yo avèk dè moun mòtèl enpafè ka afekte dispozisyon nou pou nou fè Papa nou ki nan Syèl la konfyans.

Sa gen kèk ane, de zanmi mwen, Leonid ak Valentina, te eksprime enterè pou yo te vin manm Legliz la. Lè li te kòmanse aprann levanjil la, Leonid te twouve li difisil pou l te priye. Byen bonè nan lavi li, Leonid te fè eksperyans abi otorite ak manipilasyon ak kontwòl nan men siperyè l yo epi li te devlope yon mank konfyans anvè otorite. Eksperyans sa yo te afekte kapasite l pou l te louvri kè l epi eksprime santiman l bay Papa nou ki nan Syèl la. Pandan Leonid t ap kontinye etidye, li te vin pi byen konprann karaktè Bondye epi li te kòmanse fè eksperyans santi lanmou Bondye pou li. Alafen, lapriyè te vin tounen yon fason natirèl pou li pou l t eksprime remèsiman ak demontre lanmou li te santi pou Bondye. Konfyans ogmante L nan Bondye te finalman mennen limenm ak Valentina antre nan alyans sakre pou fòtifye relasyon yo avèk Bondye epi youn ak lòt.

Si gen yon trayizon ki anpeche w fè Bondye konfyans, silvouplè suiv egzanp Leonid la. Kontinye avèk pasyans pou w aprann plis sou Papa nou ki nan Syèl la, sou karaktè Li, kalite Li, ak objektif Li. Chèche epi ekri eksperyans kote w te santi lanmou L ak pouvwa L nan lavi ou. Pwofèt vivan nou an, Prezidan Russell M. Nelson, te anseye ke plis nou aprann sou Bondye, lse plis ap pi fasil pou nou fè Li konfyans.8

Pafwa pi bon fason pou w aprann fè Bondye konfyans se tou senpleman nan fè L konfyans. Tankou jwèt “Egzèsis Konfyans Avèg ” la, pafwa nou jis bezwen dispoze pou nou lage kò sou do epi kite L kenbe nou. Lavi nou nan mòtalite a se yon tès. Eprèv ki detire nou odela pwòp kapasite nou yo fè pati lavi mòtèl la. Lè konesans nou ak konpreyansyon nou pa sifi, nou natirèlman chèche resous pou ede nou. Nan yon mond ki ranpli ak enfòmasyon, pa gen rate sous k ap fè nou konnen ke yo gen solisyon pou pwoblèm nou yo. Toutfwa, konsèy senp-ki teste nan Pwovèb la banou pi bon sous la: “Mete konfyans ou nan Senyè a avèk tout kè ou.”9 Nou montre konfyans nou nan Bondye nan vire al jwenn Li anpremye lè nou rankontre pwoblèm nan lavi a.

Apre m te fini nan lekòl dedwa nan Utah, fanmi nou te fè fas ak desisyon enpòtan sou ki kote nou t apral travay epi rete. Apre nou youn te chita ansanm epi avèk Senyè a, nou te dirèkteman demenaje fanmi nou ale nan lès Etazini, lwen paran nou ak frè ak sè nou yo. Okòmansman, bagay yo te byen mache, e nou te santi ke desizyon nou an te konfime. Men, bagay yo te chanje apresa. Yo t ap redui kabinè avoka a, epi mwen te pèdi ni travay mwen ak asirans medikal mwen nan menm moman kote Dora, pitit fi nou an te fèt, epi l te gen gwo pwoblèm medikal ak asistans espesyal alontèm. Pandan mwen t ap travèse eprèv sa yo, mwen te resevwa yon apèl Legliz la ki t apral mande anpil tan ak angajman.

Mwen pa t janm fè fas a yon pwoblèm konsa epi m te santi m depase. Mwen te kòmanse kesyone desizyon nou te pran an ak konfimasyon ki te akonpaye l la. Nou te mete konfyans nan Senyè a, epi bagay yo te sipoze ap byen pase. Mwen te lage kò mwen, epi kounyea sete kòmsi okenn moun pa ta pral kenbe mwen.

Pandan m t ap lite anba santiman sa yo, pawòl “Pa mande poukisa; mande kisa m vle w aprann” yo te antre avèk fòs nan lespri ak nan kè mwen. Mwen te vin pi enkyè toujou. Nan moman menm kote m t ap lite anba premye desizyon m nan, , Bondye t ap envite m pou m te gen pi plis konfyans nan Li. Lè m ap gade an aryè, sa sete yon moman kritik nan lavi m—sete moman m te reyalize ke pi bon fason pou aprann mete konfyans nan Bondye sete nan senpleman kwè nan Li. Nan semèn apre yo, mwen te gade avèk emèveyman pandan Senyè a t ap mirakilezman deplwaye plan L pou L te beni fanmi nou.

Bon enstriktè ak antrenè yo konnen ke kwasans entelektyèl ak fòs fizik ka vini sèlman nan fokis sou lespri ak mis yo. Menm jan an tou, Bondye envite nou grandi nan mete konfyans nan fòmasyon Li atravè konsantrasyon espirityèl enteryè. Sepoutèt sa nou ka sèten ke kèlkeswa konfyans nou te demontre nan Bondye nan lepase, gen yon lòt eksperians pou ogmante konfyans k ap tann nou pi devan. Bondye fokis sou kwasans ak pwogrè nou. Li se mèt enstriktè a, antrenè konplè a ki toujou ap travay pou ede nou reyalize yon tikras plis nan potansyèl diven nou. Sa ap toujou enkli yon envitasyon a lavni pou n kwè nan Li jis yon tikras pi plis.

Liv Mòmon an anseye modèl Bondye itilize pou L detire nou pou L ka bati relasyon solid avèk nou. Nan Vini, Suiv Mwen, nou fèk etidye kòman konfyans Nefi nan Bondye te teste lè limenm ak frè li yo te resevwa lòd pou yo te retounen Jerizalèm al pran plak deren yo. Apre premye tantativ yo te echwe, frè l yo te abandone epi yo te pare pou yo te retounen san plak yo. Men, Nefi te chwazi mete tout konfyans li nan Senyè a epi li te reyisi jwenn plak yo.10 Eksperyas sa a te pwobableman ranfòse konfyans Nefi nan Bondye lè fistibal li a te kase epi fanmi an te fè fas ak grangou nan dezè a. La ankò, Nefi te chwazi fè Bondye konfyans, epi fanmi an te sove.11 Eksperyans youn apre lòt sa yo te menm bay Nefi pi plis konfyans nan Bondye pou yon lòt pi gwo opòtinite ogmante konfyans li ta pral rankontre pou l te konstwi yon bato.12

Atravè eksperyans youn apre lòt sa yo, Nefi te ranfòse relasyon li avèk Bondye nan toujou gen konfyans nan Li tout tan. Bondye itilize menm metòd la avèk nou tou. Li ba nou envitasyon pèsonèl pou nou ranfòse ak apwofondi konfyans nou nan Li.13 Chak fwa nou aksepte epi n aji sou yon envitasyon, konfyans nou nan Bondye ap grandi. Si nou inyore oswa refize yon envitasyon, nou sispann pwogrese jiskaske nou prepare pou nou aji sou yon nouvo envitasyon.

Bon nouvèl la sèke kèlkeswa konfyans nou te chwazi mete oswa pa mete nan Bondye nan lepase, nou ka chwazi fè Bondye konfyans jodi a ak chak jou a lavni. Mwen pwomèt ke chak fwa nou fè sa, Bondye ap la pou atrape nou, epi relasyon konfyans nou ap grandi vin pi solid jiskaske jou a va rive pou nou vin fè youn avèk Li ak Pitit Gason L lan. Lè sa a, nou ka deklare tankou Nefi , “O Senyè, m te konfye m nan ou, epi m ap konfye m nan ou pou tout tan.”14 Nan non Jezikri, amèn.