Konferans Jeneral
Leve! L ap Rele Ou
Konferans jeneral avril 2024


Leve! L ap Rele Ou

Levanjil la se pa yon mwayen pou nou evite difikilte ak pwoblèm men se yon solisyon pou nou ogmante lafwa nou epi aprann kijan pou nou pou jere yo.

Sa gen yon ti tan, mwen te mande madanm mwen, “Èske ou kapab di m, pou pi lwen mwen rive sonje, poukisa nou pa janm gen gwo pwoblèm nan lavi nou?

Li te gade m epi li te di: “Oke M pral di w poukisa nou pa janm gen gwo pwoblèm; se paske w gen yon memwa ki trè kout!”

Repons rapid e entelijan li te ban mwen an te pèmèt mwen yon fwa ankò reyalize ke viv levanjil Jezikri a pa retire lapenn ak eprèv, ki nesesè pou nou grandi.

Levanjil la se pa yon mwayen pou nou evite difikilte ak pwoblèm men se yon solisyon pou nou ogmante lafwa nou epi aprann kijan pou nou pou jere yo.

Mwen te gen yon apèsi sou verite sa a, sa gen kèk mwa, lè yon jou pandan m t ap mache, epi bridsoukou vizyon m te vin flou, sonb, epi li t ap fè ond. M te pè. Epi, doktè a te di m: Si w pa kòmanse tretman tousuit, ou ka pèdi vizyon w nan jis lespas kèk semèn. Mwen te vin pi pè toujou.

Epi aprèsa li te di: Ou bezwen enjeksyon enjeksyon entravitreyèn—yon enjeksyon dwat nan zye w—pandan li ouvè byen gran—chak kat semèn, pou tout rès lavi w.

Se te yon rapèl pou mwen ki pa t fasil ditou.

Lè sa a, yon refleksyon te vini sou fòm yon kesyon. Mwen te di tèt mwen: OK! Vizyon fizik mwen pa bon, men kòman vizyon espirityèl mwen ye? Èske m bezwen nenpòt tretman pou li? Epi, kisa sa vle di pou w gen yon vizyon espirityèl ki klè?

Mwen te reflechi sou istwa mesye avèg la ki te rele Batime a, ke yo dekri nan levanjil Mak la. Ekriti yo di, “Epi lè li te tande se te Jezi, Moun Nazarèt la, li te kòmanse kriye, epi li te di, Jezi Pitit David la, gen pitye pou mwen.”1

Teknikman, nan je anpil moun, Jezi se te pitit Jozèf, alò poukisa Batime te rele l “Pitit David”? Tou senpleman paske li te rekonèt ke Jezi se te Mesi a, yo te pwofetize ki t ap fèt kòm yon desandan David la.2

Sa enteresan ke mesye avèg sa a, ki pa t gen vizyon fizik, te rekonèt Jezi. Li te wè espirityèlman sa li pa t kapab wè fizikman, pandan ke anpil lòt te ka wè Jezi fizikman, men te totalman avèg espirityèlman.

Apati istwa sa a, nou aprann plis sou yon vizyon espirityèl ki klè.

Nou li, “Anpil moun t ap kouri dèyè l pou te fè l pe bouch li, men li t ap rele pi rèd: -Pitit David la, gen pitye pou mwen.”3

Tout moun bò kote l t ap mande l pou li te pe bouch li, men li te rele pifò paske li te konnen kiyès Jezi te ye. Li te inyore vwa sa yo epi li te rele menm pifò toujou.

Li te aji olye pou yo te aji pou li. Malgre sikonstans limite l yo, li te itilize lafwa l pou l te ale pi lwen pase limitasyon l yo.

Konsa, premye prensip nou aprann se nou kenbe yon vizyon espirityèl ki klè lè nou konsantre sou Jezikri, epi nou rete fidèl ak sa nou konnen ki se verite.

Frè m ak sè m yo, pou nou kapab kenbe yon vizyon espirityèl ki entak, nou bezwen deside pou nou pa koute vwa mond lan ki antoure nou yo. Nan mond plen konfizyon ak dezoryante sa a, nou dwe rete fidèl nan sa nou konnen, fidèl nan alyans nou yo, fidèl nan kenbe kòmandman yo, epi reyafime kwayans nou menm pi fò toujou, tankou mesye sa a te fè a. Nou dwe kriye temwanyaj nou konsènan Senyè a menm pifò bay mond lan. Mesye sa a te konnen Jezi, li te rete fidèl nan sa li te kwè, epi li pa t distrè pa vwa ki te antoure l yo.

Jounen jodi a gen anpil vwa k ap eseye afebli vwa nou antanke disip Jezikri. Vwa mond lan ap eseye fè nou fè silans, men se egzakteman pou rezon sa a nou dwe deklare temwanyaj nou sou Sovè a pi fò epi ak plis fòs. Pami tout vwa yo nan mond lan, Senyè a konte sou mwenmenm avèk ou pou nou deklare temwanyaj nou, pou leve vwa nou, epi pou nou vini vwa pa Li. Si nou pa fè sa, kiyès ki pral temwanye konsènan Jezikri? Kiyès ki pral site non L, epi deklare misyon divin Li an?

Nou gen yon responsabilite espirityèl ki soti nan konesans nou genyen sou Jezikri.

Men kisa Batime te fè apre sa?

Jan Senyè a te kòmande l pou l te levea, li te aji ak lafwa ankò.

Ekriti yo di, “Epi, avèg la voye rad li jete, se vole li t ap vole pou l te vin bò kot Jezi.”4

Mesye enb ak fidèl sa a te konprann ke li te kapab leve al nan yon yon pi bon lavi selon jan Jezi te kòmande l la. Li te konnen ke l te vo pi plis pase sikonstans li yo, epi premye bagay li te fè lè li te tande Jezi te rele l la, se te voye manto mandyan l lan jete.

Yon lòt fwa ankò, li te aji olye yo te aji pou li.

Petèt li te panse, “Mwen pa bezwen manto sa a ankò, kounyea ke m gen Jezi nan lavi m nan. Se yon nouvo jou. Mwen fini avèk lavi lamizè sa a. Avèk Jezi mwen kapab kòmanse yon nouvo lavi ki gen lajwa nan Li, avèk Li, epi atravè Li Epi, mwen pa sousye de sa mond lan panse sou mwen. Jezi ap rele m, epi Li ap ede m viv yon nouvo lavi.”

Ala yon chanjman remakab!

Pandan li te voye manto mandyan l lan jete a, li te mete tout eskiz sou kote.

Epi sa a se yon dezyèm prensip:nou kenbe yon vizyon espirityèl ki klè lè nou rejte lòm natirèl la, nou repanti, epi nou kòmanse yon nouvo lavi nan Kris.

Fason pou nou fè sa se nan fè ak kenbe alyans pou nou leve al viv yon pi bon lavi atravè Jezikri.

Toutotan n ap chèche eskiz pou nou santi nou dezole pou tèt nou, dezole pou sikonstans ak pwoblèm nou, ak dezole pou tout move bagay k ap pase nan lavi nou, e menm pou tout move moun nou panse ki fè kè nou pa kontan, nou kenbe manto mandyan an sou zepòl nou. Se vre ke pafwa moun, konsyamman oubyen san yo pa konnen, blese nou. Men nou bezwen deside pou nou aji avèk lafwa nan Kris la nan retire manto mantal ak emosyonèl ke nou ankò ap pote pou kache eskiz oswa peche a, epi voye l jete, ak konesans ke Li kapab epi L ap geri nou.

Se pa janm yon bon eskiz pou nou di, “Mwen janm ye a akoz kèk move sikonstans dezagreyab. Mwen pa kapab chanje, epi mwen jistifye.”

Lè nou panse konsa, nou deside kite yo aji sou nou.

Nou kenbe manto mandyan an.

Aji ak lafwa vle di, apiye sou Sovè a, ak kwayans ke atravè Ekspiyasyon L lan, nou kapab leve pi wo pase tout bagay sou kòmand Li.

Twazyèm prensip la nan kat dènye mo sa yo, “[li] te vin jwenn Jezi.”

Kòman li te fè vin jwenn Jezi pandan li te avèg? Sèl fason an se te mache vin jwenn Jezi pandan l t ap tande vwa L.

Epi sa a se yon twazyèm prensip: nou kenbe yon vizyon espirityèl ki klè lè nou tande vwa Senyè a epi pèmèt li gide nou.

Menm jan mesye sa a te leve vwa l pi wo pase vwa ki te antoure l yo, li te kapab tande vwa Senyè a nan mitan tout lòt vwa yo.

Se te menm lafwa sa a ki te pèmèt Pyè mache sou dlo a osi lontan ke l te kenbe atansyon espirityèl li fokis sou Senyè a epi li pa t kite van ki te bò kote li yo distrè li.

Epi istwa mesye avèg sa a fini avèk mo sa yo “li te resevwa vizyon li, epi li te suiv Jezi sou wout la.”5

Youn nan pi gwo lesyon ki gen nan istwa sa a sèke mesye sa a te egzèse vrè lafwa l nan Jezikri, epi li te resevwa yon mirak paske li te mande avèk yon entansyon reyèl, entansyon reyèl pou suiv Li.

Epi sa a se rezon final pou benediksyon nou resevwa nan lavi nou yo, ki se suiv Jezikri. Li mande pou nou rekonèt Li, fè epi kenbe alyans avèk Bondye poutèt Limenm, chanje vrè nati nou atravè Li, epi andire jiska lafen nan suiv Li.

Pou mwenmenm, kenbe yon vizyon espirityèl klè se esansyèlman konsantre nou sou Jezikri.

Konsa, èske vizyon espirityèl mwen klè, pandan m ap resevwa enjeksyon yo? Ebyen, kiyès mwen ye pou m reponn? Men mwen rekonesan pou sa mwen kapab wè.

Mwen klèman wè men Senyè a nan travay sakre sa a ak nan lavi mwen.

Mwen wè lafwa anpil moun kèlkeswa kote m ale, sa ki ranfòse lafwa pa m.

Mwen wè zanj toutotou mwen.

Mwen wè lafwa anpil moun ki pa wè Senyè a fizikman, men ki rekonèt Li espirityèlman, paske yo konnen lL byen.

Mwen temwaye ke levanjil sa a se repons pou tout bagay, paske Jezi se repons la pou tout moun. Mwen rekonesan pou sa mwen kapab wè pandan m ap suiv Sovè m nan.

Mwen pwomèt ke si nou koute vwa Senyè a, epi nou kite L gide nou sou chemen alyans Sovè a, n ap beni avèk yon vizyon klè, konpreyansyon espirityèl, ak lapè nan kè ak nan lespri pandan tout lavi nou.

Se pou nou kriye temwanyaj nou konsènan Li a pi fò pase vwa ki antoure nou yo, nan yon mond ki bezwen tande plis sou Jezi e pa mwens. Se pou nou retire manto mandyan an ke nou ankò genyen sou nou an, epi leve nou anlè mond lan pou n al nan yon pi bon lavi nan Kris la e atravè Kris la. Se pou nou debarase nou de tout eskiz nou genyen pou nou pa suiv Jezikri, epi jwenn tout bon rezon pou nou suiv Li, pandan n ap tande vwa Li. Sa se priyè mwen nan non Jezikri, amèn.