Konferans Jeneral
Pran Jezikri Senyè a sou nou
Konferans jeneral avril 2024


Pran Jezikri Senyè a sou nou

Lè nou onore alyans nou yo, nou pèmèt Bondye vide tout miltitid benediksyon Li pwomèt ki asosye avèk alyans sa yo.

Lè de dènye pitit mwen yo t ap grandi, m te dekouvri liv ki te amizan ak kaptivan, men ki te itilize senbòl nan istwa yo tou. Lè nou te konn li ansanm nan aswè, m te renmen ede timoun mwen yo konprann senbòl otè a t ap itilize pou l te anseye prensip ki pi pwofon, menm prensip levanjil.

Mwen te konnen ke abitid sa t ap pran rasin lè dènye pitit gason m nan te kòmanse adolesans li. Li te kòmanse li yon nouvo liv epi li te anvi jwi istwa a, men, panse li te kontinye ap eseye jwenn sans ki pi pwofon nan chak sa l t ap li a. Li te kontrarye, men mwen t ap souri andedan.

Jezi te anseye atravè istwa ak senbòl1—yon ti grenn moutad pou anseye pouvwa lafwa,2 yon mouton pèdi pou anseye valè yon nanm,3 yon anfan pwodig pou anseye karaktè Bondye.4 Parabòl Li yo te senbòl Li te sèvi pou L te ka anseye leson ki pi pwofon yo pou moun ki te gen “zòrèy pou yo tande.”5 Men moun ki pa p chèche yon sans pi pwofon pa t ap konprann,6 menm jan ak anpil moun ki li menm liv mwen te konn li pou timoun mwen yo pa t janm te konnen ke te gen sens pi pwofon ak plis bagay pou yo te tire nan istwa sa yo.

Lè Bondye Papa a te bay sèl Pitit Gason Literal Li a kòm ofrand pou nou, Jezikri Limenm te vin pi gwo senbòl lanmou enkondisyonèl Papa nou ki nan Syèl la genyen pou chak youn nan nou.7 Jezikri te ti Mouton Bondye a.8

Nou gen privilèj ak benediksyon pou nou resevwa yon envitasyon pou n rantre nan yon relasyon alyans avèk Bondye, kote lavi nou ka vin yon senbòl alyans sa a. Alyans yo kreye kalite relasyon ki pèmèt Bondye modle nou ak chanje nou avèk letan epi elve nou pou n vin plis tankou Sovè a, pou rapwoche nou plis an plis a Limenm ak Papa nou9 epi evantyèlman prepare nou pou n rantre nan prezans Yo.

Chak moun sou tè a se yon pitit byenneme Bondye.10 Lè nou chwazi pou n rantre nan yon alyans, li ogmante ak ranfòse relasyon nou avèk Li. Prezidan Russell M. Nelson te anseye ke lè nou chwazi pou n fè alyans avèk Bondye, relasyon nou avèk Li ka vin pi rapwoche pase sa l te ye anvan alyans nou an, epi sa pèmèt Li beni nou avèk yon mezi adisyonèl nan mizèrikòd Li ak lanmou Li, yon lanmou pou alyans ke nou fè rele hesed nan lang Ebre a.11 Chemen alyans lan gen pou wè ak relasyon nou avèk Bondye—relasyon hesed nou avèk Li.12

Papa nou vle yon relasyon ki pi pwòch avèk tout pitit gason ak pitit fi Li yo,13 men se chwa pa nou. Lè n chwazi pou n pwoche pi plis de Li atravè yon relasyon alyans, sa pèmèt Li rapwoche L pi plis de nou menm14 epi beni nou pi totalman.

Bondye fikse tout kondisyon ak obligasyon pou alyans n ap fè yo.15 Lè nou chwazi pou n rantre nan relasyon sa a, nou rann Bondye temwayaj atravè aksyon senbolik ki nan chak alyans ke nou dispoze pou n konfòme nou a kondisyon Li tabli yo.16 Lè nou onore alyans nou yo, nou pèmèt Bondye vide tout miltitid benediksyon Li pwomèt ki asosye ak alyans sa yo,17 sa gen ladann plis pouvwa pou n chanje epi pou n vin plis tankou Sovè nou an. Jezikri se eleman santral nan tout alyans nou fè yo, epi benediksyon alyans sa yo vin posib gras ak sakrifis ekspyatwa L la.18

Batèm pa imèsyon se pòt senbolik nou pase pou n antre nan yon relasyon alyans avèk Bondye. Lè nou plonje anba dlo a epi soti nan dlo a ankò, se senbòl lanmò ak Rezirèksyon Sovè a pou yon nouvo lavi.19 Lè nou batize, nou senbolikman mouri epi nou nedenouvo nan fanmi Kris la epi nou montre ke nou vle pote non Li sou nou.20 Nou enkane nan noumenm senbòl alyans a a. Nan Nouvo Testaman an nou li, “Paske tout moun pami nou ki te batize nan Kris la te pran Kris la sou yo.”21 Avèk batèm nou an, nou mete Kris la sou nou senbolikman.

Òdonans sentsèn nan pwente sou Sovè a tou. Pen an ak dlo a se senbòl kò ak san Kris la ki te vèse pou nou.22 Chak semèn yon detantè pretriz senbolikman ofri nou kado Ekspyasyon Kris la, ki reprezante Sovè a Menm, lè yo ofri nou pen an ak dlo a. Lè nou pran aksyon pou n manje ak bwè enblèm san ak kò Li, Kris la senbolikman vin yon pati nan nou.23 Nou mete Kris la sou nou ankò lè nou fè nouvo alyans chak semèn.24

Lè nou fè alyans avèk Bondye nan kay Senyè a, nou apwofondi relasyon nou avèk Li pi plis ankò.25 Tout sa nou fè nan tanp lan pwente sou plan Papa a pou nou, Sovè a ak sakrifis ekspyatwa Li a se eleman santral la.26 Senyè a ap anseye nou liy apre liy27 atravè senbòl òdonans ak alyans yo lè nou ouvri kè nou epi nou chèche ak lapriyè pou konpann sans ki pi pwofon yo.

Kòm yon pati nan dotasyon nan tanp lan, nou jwenn otorizasyon pou nou mete gaman pretriz sen an. Li se yon obligasyon ak yon privilèj sakre tou.

Nan anpil tradisyon relijye, moun yo mete rad espesyal sou deyò antanke senbòl kwayans ak angajman yo anvè Bondye,28 epi moun k ap ofisye seremoni adorasyon sa yo souvan mete rad seremonyal sa yo. Rad sakre sa yo gen yon sans pi pwofon pou moun ki mete yo sou yo. Nou li nan ekriti yo ke nan tan ansyen yo, moun te mete rad seremonyal sakre sa yo an konjonksyon avèk rit tanp yo.29

Antanke manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, moun nan nou ki chwazi pou nou fè alyans sakre avèk Bondye nan kay Senyè a mete rad seremoni sakre sou nou nan adorasyon nou nan tanp lan, ki se senbòl rad yo te mete nan ansyen rit tanp yo. Nou mete gaman pretriz sen an tou, nan adorasyon nou nan tanp lan ak nan lavi nou chak jou.30

Gaman pretriz sen an vrèman senbolik epi li pwente nou sou Kris la tou. Lè Adan ak Èv te manje fwi a epi yo te oblije kite Jaden Edèn nan, yo te resevwa rad po bèt pou kouvri kò yo.31 Se pwobab yo te sakrifye yon bèt pou yo te ka fè rad po bèt sa yo—ki se senbòl pwòp sakrifis Sovè a pou nou. Kaphar se mo debaz Ebre pou ekspiyasyon, youn nan siyifikasyon li vle di “kouvri.”32 Gaman tanp nou an raple nou de kijan Sovè a ak benediksyon Ekspiyasyon Li kouvri nou nan lavi nou. Lè nou mete gamen pretriz sen an sou nou chak jou, bèl senbòl sa a vin fè yon pati nan nou.

Nan liv Women nan Nouvan Testaman an, nou li: “Nuit lan avanse fini, jou a prèt pou kase. Ann sispann fè bagay yo fè nan fenwa. Ann pran zam limyè nou. … Se pou nou pran Senyè a Jezikri sou nou.”33

Mwen rekonesan anpil pou privilèj mwen genyen pou m mete gaman pretriz sen an ki raple m ke Sovè a ak benedisksyon Ekspiyasyon enfini L la kouvri m pandan tout vwayaj mwen nan mòtalite a. Sa raple m tou ke lè m kenbe alyans mwen fè avèk Bondye nan kay Senyè a, mwen mete Kris la senbolikman sou mwen, epi Limenm Li se yon zam limyè. L ap pwoteje m kont sa ki mal,34 L ap ban m pouvwa ak plis kapasite,35 epi L ap limyè k ap gide mwen36 atravè tenèb ak difikilte mond lan.

Gen yon siyifikasyon senbolik ki bèl ak pwofon nan gaman pretriz sen an ak relasyon li genyen ak Kris la. Mwen kwè ke dispoziyon m37 pou m mete gaman pretriz sen an vin senbòl pa m anvè Li menm.38 Li se pwòp siy pèsonèl pa m anvè Bondye, pa yon siy anvè lòt moun.39

Mwen rekonesan anpil pou Sovè m nan, Jezikri.40 Sakrifis ekspiyatwa Sovè a pou nou te vin pi gwo senbòl lanmou enfini Limenm ak Papa nou ki nan Syèl la genyen pou chak youn nan nou,41 avèk yon senbòl vizib lanmou ak sakrifis sa a—mak ki sou men, pye, ak kòt Sovè a—ki rete menm apre rezirèksyon Li.42

Lè m kenbe alyans mwen ak obligasyon m avèk Bondye, enkli mete gaman pretriz sen an, pwòp lavi m kapab vin yon senbòl pèsonèl sou lanmou mwen ak rekonesans mwen pou Sovè m nan, Jezikri, ak dezi i m genyen pou Li rete avèk mwen tout tan.

Si w poko fè sa, mwen envite w pou w chwazi yon relasyon avèk Bondye ki pi pwofon nan fè alyans avèk li nan kay Senyè a. Etidye tout diskou pwofèt nou an fè yo (enkli bèl ansèyman ki nan referans anba diskou l yo, preske tout diskou konferans yo genyen yo). Li gen anpil ane depi l ap pale de alyans yo espesyalman depi li te vin Prezidan Legliz la. Aprann nan ansèyman l yo osijè tout bèl benediksyon ak pouvwa ak kapasite ogmante nou kapab resevwa lè nou fè ak kenbe alyans avèk Bondye.43

Manyèl Enstriksyon Jeneral la di li pa obligatwa pou yon moun resevwa yon apèl misyon oubyen fiyanse pou l ka fè alyans nan tanp.44 Yon moun dwe gen omwen 18 an daj, fini tout klas li oubyen sa ki egal avèk yo, yo dwe yon manm Legliz la pou omwen ennan. Konsa tou gen prensip sentete pèsonèl ki obligatwa.45 Si w gen dezi pou w apwofondi relasyon w avèk Pè Selès ou a ansanm ak Jezikri nan fè alyans sakre nan kay Senyè a, mwen envite w pou w pale avèk evèk ou oubyen prezidan branch ou pou fè l konnen entansyon w. L ap ede w konnen kijan pou w prepare w pou w ka resevwa ak onore alyans sa yo.

Atravè relasyon alyans nou avèk Bondye, pwòp lavi nou ka vin yon senbòl vivan sou angajman ak lanmou pwofon nou pou Papa nou ki nan Syèl la, hesed nou pou Li,46 ak dezi nou pou nou pwogrese epi evantyèlman vin tankou Sovè nou an, pou prepare nou pou rantre nan presans Yo. Mwen temwaye ke gwo benediskyon relasyon alyans sa a ofri yo vrèman vo pri a. Nan non Jezikri, amèn.