Konferans Jeneral
Preòdone pou sèvi
Konferans jeneral avril 2024


Preòdone pou sèvi

Papa nou ki nan Syèl la vle revele w preòdinasyon pèsonèl ou, epi l ap fè sa si w chèche aprann epi suiv volonte Li.

Aswè a, m ap pale avèk jèn yo nan Legliz la, jenerasyon jènjan ak jènfi k ap grandi a ki se pòtdrapo pwochen jenerasyon an.

An Oktòb 2013, pwofèt byenneme nou, Prezidan Russell M. Nelson te deklare: “Papa w ki nan Syèl la konnen w depi lontan. Oumenm, antanke pitit gason oswa pitit fi Li, Li te chwazi w pou vin sou tè a nan moman presi sa a, pou w ka yon dirijan nan gwo travay Li a sou tè a.”1

Sa gen dezan, Prezidan Nelson te kontinye:

“Jodi a mwen reyafime avèk fòs ke Senyè a mande chak jènjan ki diy, e ki kapab, pou yo prepare yo pou sèvi yon misyon. Pou jènjan Sen Dènye Jou yo, sèvis misyonè se yon responsablite prètriz. Noumenm jènjan, nou te rezève pou peryòd sa a kote pwomès rasanbleman Izrayèl la ap pran plas la. …

“Nou menm jèn sè ki kapab yo, yon misyon se yon opòtinite puisan tou, men li se yon opòtinite ki opsyonèl. … Priye pou w konnen si Senyè a vle w sèvi yon misyon, epi Sentespri a ap reponn nan kè w ak nan lespri w.”2

Referans pwofèt nou an fè a Senyè a ki kenbe jèn yo nan epòk nou an an rezèv pou tan sa a nan rasanbleman Izrayèl la ak envitasyon li pou yo priye pou konnen kisa Senyè a ta vle yo fè a se, an pati, referans a lavi w te viv ak benediksyon w te resevwa an men Bondye anvan ou te fèt sou tè a.3 Nou tout ki fèt sou tè sa a te viv toudabò avèk Papa nou ki nan Syèl la antanke pitit lespri Li.4 Senyè a te deklare Moyiz, “Mwen menm, Senyè Bondye a, mwen te kreye tout bagay … espirityèlman, anvan yo te natirèlman sou sifas tè a.”5

Lè li te kreye nou espirityèlman an, Li te renmen nou antanke pitit gason ak pitit fi espirityèl Li epi Li te entegre nan nou chak yon nati diven ak yon destine etènèl.6

Pandan lavi premòtèl ou a, “ou te devlope idantite [ou] epi ogmante kapasite espirityèl [ou].”7 Ou te beni avèk don libabit la, kapasite pou w fè chwa pou tèt pa ou, epi ou te pran kèk desizyon enpòtan, tankou desizyon pou w suiv plan bonè Papa nou ki nan Syèl la, ki se pou w “jwenn yon kò fizik epi akeri eksperyans sou tè a pou w pwogrese. … epi finalman reyalize destine divin [ou] kòm eritye lavi etènèl.”8 Desizyon sa a te afekte lavi w lè sa a, nan lavi premòtèl ou a, epi li kontinye afekte lavi w kounye a.9 Pandan w t ap viv kòm yon pitit Bondye nan lavi premòtèl ou a, ou “te grandi nan entèlijans epi aprann renmen laverite.”10

Anvan nou te fèt, Bondye te chwazi chak nan nou pou akonpli dè misyon espesifik pandan lavi mòtèl nou sou tè a.11 Si nourete diy, benediksyon ki nan dekrè premòtèl sa a ap pèmèt ou gen tout kalite opòtinite nan lavi sa a, enkli opòtinite pou sèvi nan Legliz la ak patisipe nan travay ki pi enpòtan k ap fèt sou tè a jodi a: rasanbleman Izrayèl la.12 Yo rele pwomès ak benediksyon premòtèl sa yo preòdinasyon w. “Doktrin preòdinasyon an aplike pou tout manm nan Legliz la.”13 Preòdinasyon pa garanti ke w ap resevwa sèten apèl oswa responsablite. Benediksyon ak opòtinite sa yo vini nan lavi sa a kòm rezilta lè ou egzèse libabit ou byen, menm jan preòdinasyon w nan lavi premòtèl la te vini kòm rezilta ladwati w la tou.14 Pandan w ap montre w diy epi w ap pwogrese sou chemen alyans la, w ap resevwa opòtinite pou w sèvi nan klas Jènfi w yo oswa nan kowòm prètriz ou a. W ap jwenn benediksyon pou w sèvi nan tanp, pou w vin yon frè oswa yon sè sèvis pastoral, epi pou w sèvi yon misyon kòm yon disip Jezikri.

Poukisa li enpòtan pou w chèche konnen ak konprann preòdinasyon w la? Nan yon epòk kote gen anpil kesyon, kote anpil moun ap chèche konnen vrè idantite yo, lefèt ke nou konnen ke Bondye konnen epi L beni nou chak endividyèlman anvan nou te janm fèt sou tè sa a avèk “karakteristik esansyèl [yo] sou … idantite ak objektif premòtèl, mòtèlak etènèl” nou an, sa pote lapè ak asirans dous nan lespri nou ak nan kè kè nou.15 Konnen kiyès ou ye kòmanse avèk konprann benediksyon preòdone Bondye te ba ou yo, anvan ou te fèt sou tè a. Papa nou ki nan Syèl la vle revele w preordinasyon pèsonèl ou, epi L ap fè sa si chèche aprann ak suiv volonte Li.16

Mwen renmen li pòs Instagram Prezidan Nelson yo. Youn nan sa m pi renmen yo sete sa 20 jiyè 2022 a. Li te ekri:

“Mwen kwè ke si Senyè a t ap pale avèk ou dirèkteman, premye bagay li t ap asire L ke w konprann se t ap vrè idantite w. Chè zanmi m yo, nou se literalman pitit lespri Bondye. …

“… Pa fè erè sou sa: potansyèl nou divin. Avèk rechèch dilijan nou, Bondye ap ba nou yon ti apèsi sou kimoun nou ka devni.”17

Èske m ka pataje avèk nou kijan papa terès mwen an te anseye m pou m dekouvri idantite m ak plan Bondye nan lavi m?

Yon Samdi maten, lè m te gen 13 an, m t ap koupe gazon an ki sete youn nan responsabilite m chak semèn. Lè m te fini, m te tande pòt la fèmen dèyè kay nou an epi m te wè papa m t ap rele m pou m vin jwenn li. Mwen te mache ale sou galri dèyè a, epi li te envite m chita avèk li sou eskalye yo. Se te yon bèl maten. Mwen ankò sonje limenm ki te chita sitèlman pre m ke zepòl nou te touche. Li te kòmanse di m ke li renmen mwen. Li te mande m ki bi m m te genyen nan lavi. Mwen te panse, “Oke, sa fasil.” Gen de bagay ke m te konnen avèk asirans: mwen te vle vin pi wo, epi m te vle ale nan kan pi souvan. Mwen sete yon moun senp. Li te souri, li te fè yon ti poz, epi li te di: “Steve, mwen ta renmen pataje avèk ou yon bagay ki trè enpòtan pou mwen. Mwen te priye pou Papa nou ki nan Syèl la fè sa m pral di w yo kounye a ka grave nan lespri w ak nan nanm ou pou w pa janm bliye yo.”

Papa m te gen tout atansyon m nan moman sa a. Li te vire gade m nan je epi l te di: “Pitit gason m, pwoteje moman prive nan lavi w yo.” Te gen yon poz byen long pandan li te kite siyifikasyon pawòl li yo antre byen fon nan kè mwen.

Apre sa, li te kontinye, “Ou konnen, moman sa yo kote w poukont ou epi pèsonn pa konnen kisa w ap fè? Moman sa yo kote w panse, ‘Kèlkeswa sa m ap fè kounye a p ap afekte okenn lòt moun, sèlman mwenmenm’?

Apre sa, li te di, “Plis pase nenpòt lòt moman nan lavi w, sa w ap fè pandan moman prive lavi w yo ap gen pi gwo enpak sou fason w pral fè fas a difikilte ak soufrans ou pral fè fas yo; epi sa w ap fè pandan moman prive lavi w yo ap gen yon pi gwo enpak tou sou fason w pral fè fas a siksè ak lajwa w pral genyen yo pase nenpòt lòt moman nan lavi ou.”

Souwè papa m nan te egzose. Son vwa li ak fason vwa li, ak lanmou mwen te santi nan pawòl li yo, te grave nan lespri m ak nan nanm mwen jou sa a.

Mwen aprann, atravè ane yo, ke pi gwo mirak ki te fèt jou sa a sou eskalye lakay yo pandan anfans mwen an sete ke, nan moman prive lavi m yo, mwen te kapab ale jwenn Bondye nan lapriyè pou m resevwa revelasyon. Papa m t ap anseye m kijan m te ka aprann benediksyon preòdone Bondye yo. Nan moman prive sa yo, mwen te aprann ke Liv Mòmon an se pawòl Bondye. Mwen te aprann ke Bondye te preòdone m pou m sèvi yon misyon. Mwen te aprann ke Bondye konnen m, Li tande ak reponn priyè m yo. Mwen te aprann ke Jezi se Kris la, Sovè nou ak Redanmtè nou.

Malgre ke m te fè anpil erè depi jou memorab sa a avèk papa m nan, efò pou m pwoteje moman prive lavi m yo te rete yon ankraj nan mitan tanpèt lavi yo epi sa te pèmèt mwen chèche yon refij an sekirite ak gerizon, benediksyon ranfòsman ki soti nan lanmou Sovè nou an. ak sakrifis ekspyatwa a.

Jèn frè m ak sè m yo, si nou pwoteje moman prive lavi nou yo avèk divètisman ki gen bon kalite; si nou koute mizik ki edifyan; li ekriti yo; fè lapriyè regilye ki siyifikan; epi fè efò pou nou resevwa benediksyon patriyakal nou epi medite sou li, n ap resevwa revelasyon. Nan pawòl Prezidan Nelson, je nou ap vin “ouvè byen gran pou nou wè verite ki montre ke lavi sa a se vrèman moman kote nou ka deside ki kalite lavi nou vle viv pou tout tan.”18

Papa nou ki nan Syèl la pral reponn priyè w yo, espesyalman priyè w ofri pandan moman prive lavi w yo. L ap revele w don ak talan ki te te pre-òdone pou ou, epi w ap santi lanmou Li anvlope w, si w mande sensèman epi w vrèman anvi konnen. Pandan w ap pwoteje moman prive lavi w yo, patisipasyon w nan òdonans ak alyans levanjil yo ap vin gen plis sans. Ou pral liye tèt ou pi totalman avèk Bondye nan alyans w ap fè avèk Li, epi w ap edifye epi w ap vin gen plis esperans, lafwa, ak asirans nan pwomès Li fè w yo. Èske w vle konnen plan Bondye pou ou? Mwen rann temwayaj ke Li vle w konnen, epi Li enspire pwofèt Li a nan mond lan pou l envite nou chak pou nou priye epi pou nou resevwa eksperyans edifyan sa yo pou tèt pa nou.19 Mwen rann temwayaj sou reyalite ak pouvwa sakrifis ekspyatwa Sovè nou an ki rann posib pou nou viv an amoni avèk jwi tout benediksyon Bondye te preòdone yo, nan non Jezikri, amèn.