Konferans Jeneral
Fwi Ki Dire
Konferans jeneral avril 2024


Fwi Ki Dire

Sa esansyèl pou Sentespri a sele òdonans nou yo si nou vle gen benediksyon yo pwomèt pou letènite yo.

Lè m te jèn gason, m te renmen pèch frèch ki mi. Jis jodia, ide pou m mòde yon pèch mi avèk tigou pike a fè bouch mwen kouri dlo. Lè moun keyi pèch yo lè yo konplètman mi, yo dire de a kat jou anvan yo pouri. Mwen gen bèl souvni sou moman m te pase avèk manman m ak frè m ak sè m yo nan kwizin nan pou nou te mete pèch nou te rekòlte yo nan bokal pou nou te ka konsève yo pou livè. Si nou te mete pèch yo nan konsèv kòrèkteman, fwi delisye sa a te ka dire plizyè ane, pa sèlman de a kat jou. Pou pèch, si yo byen prepare epi yo byen chofe, fwi a prezève jiskaske w louvri bokal la.

Kris la di nou pou nou “ale epi pote fwi, … pou fwi w yo ka dire.”1 Men, Li pa t ap pale de pèch. Li t ap pale de benediksyon Bondye pou pitit Li yo. Si nou fè ak kenbe alyans avèk Bondye, benediksyon ki asosye avèk alyans nou yo ka etann ale pilwen pase lavi sa a epi yo ka sele sou nou, oubyen prezève pou tout tan, pou yo vin fwi ki rete pou tout letènite.

Sentespri a, nan wòl diven L kòm Sentespri Pwomès la, ap sele chak òdonans sou moun ki fidèl anvè alyans yo pou yo ka valid apre mòtalite a.2 Fè Sentespri a sele òdonans nou yo esansyèl si nou vle gen benediksyon yo pwomèt pou letènite yo, pou nou ka vin fwi ki dire.

Sa patikilyèman enpòtan si nou vle egzalte.3 Jan Prezidan Nelson anseye an: nou ta dwe “kòmanse avèk lafen an nan panse nou. … Asireman, pou nou chak, ‘fen’ nou ta pi vle atenn nan se viv pou tout tan avèk fanmi nou nan yon eta egzalte kote nou pral nan prezans Bondye, Pè Selès nou an ak Pitit Gason L lan, Jezikri.”4 Prezidan Nelson te di tou: “Maryaj Selès se yon gon pòt preparasyon pou lavi etènèl la. Sa mande pou yon moun marye avèk moun apwopriye a, nan bon andwa a, anba bon otorite a, epi obeyi alyans sakre sa a fidèlman. Lèsa a, moun sa a ka gen asirans egzaltasyon nan wayòm selès Bondye a.”5

Kisa benediksyon egzaltasyon yo ye? Yo enkli demere nan prezans Bondye pou letènite antanke mari ak madanm, pou eritye “twòn, wayòm, prensipote, ak pouvwa, … ak yon kontinyasyon desandan pou toujou ajamè,”6 epi resevwa tout sa Bondye Papa a genyen.7

Senyè a te revele pa lantremiz Joseph Smith:

“Nan laglwa selès la gen twa syèl oubyen degre;

“Epi pou jwenn pi wo degre a, yon nonm dwe antre nan lòd sa a ki nan prètriz la [ki vle di nouvo alyans etènèl maryaj la];

“Epi san sa li pa kapab jwenn li.

“Li kapab antre nan lòt la, men, se la wayòm li an fini; li pa kapab grandi.”8

Nou aprann la a ke yon moun ka nan wayòm selès la, oubyen demere nan prezans Bondye, epi l pa marye. Men, pou egzalte nan piwo degre wayòm selès la, yon moun dwe antre nan maryaj atravè otorite aprwopriye a epi apresa rete fidèl a alyans li fè yo nan maryaj sa a. Lè nou fidèl a alyans sa yo, Sentespri Pwomès la ka sele alyans maryaj nou an.9 Benediksyon ki sele sa yo vin tounen fwi ki dire.

Kisa sa mande pou nou fidèlman kenbe nouvo alyans etènèl maryaj la?

Prezidan Russell M. Nelson anseye ke gen de kalite lyen lè nou antre nan alyans etènèl maryaj sa a: yon lyen lateral ant mari ak madanm, epi yon lyen vètikal avèk Bondye.10 Pou nou gen benediksyon egzaltasyon yo sele sou nou epi dire apre lavi sa a, nou dwe fidèl a lyen lateral ak vètikal alyans la alafwa.

Pou kenbe lyen lateral la avèk konjwen nou, Bondye konseye nou pou “renmen madanm [oubyen mari] ou avèk tout kè [ou], epi … atache a [li] epi a onkenn lòt moun.”11 Pou moun ki marye yo, pou yo atache avèk mari oubyen madanm yo, epi avèk onkenn lòt moun, sa vledi nou konsilte ansanm avèk amou epi yonn pran swen lòt, ou bay priyorite a tan w ap pase avèk konjwen ou lan olye de tan w ap pase nan lòt bagay, epi ou priye Bondye pou ede w simonte feblès ou yo.12 Sa veldi tou pa gen onken kalite relasyon emosyonèI entim oubyen seksyèl andeyò maryaj ou, ni koze womatik oubyen soti ade, epi pa gen pònografi, ki anjandre konvwatiz.13

Pou kenbe lyen orizontal la nan alyans la, chak patnè dwe vle rete nan maryaj la. Prezidan Dallin H. Oaks te anseye resaman: “Nou konnen ke Li [Bondye] p ap fòse okenn moun antre nan yon relasyon sèlman kont volonte li. Benediksyon yon relasyon ki sele asire pou tout moun ki kenbe alyans yo men, se pa janm nan fòse yon relasyon sele sou yon lòt moun ki pa diy oubyen ki pa vle. ”14

Kisa ki lyen vètikal Prezidan Nelson refere a? Lyen vètikal la se sa nou fè avèk Bondye a.

Pou kenbe lyen vètikal la avèk Bondye, nou dwe fidèl a alyans tanp nou fè yo konsènan lwa obeyisans la, lwa sakrifis, lwa levanjil la, lwa chastete ak lwa konsekrasyon an. Nou fè alyans avèk Bondye tou pou nou resevwa konpayon etènèl nou an epi pou nou yon konjwen ak paran ki jis. Lè nou kenbe lyen vètikal la, nou kalifye pou benediksyon pou nou fè pati nan fanmi Bondye a atravè alyans Abraram nan, ansanm avèk benediksyon posterite, levanjil la ak prètriz la.15 Benediksyon sa yo tou se fwi ki dire yoye.

Byenke nou espere ke tout moun ki antre nan nouvo alyans etènèl la rete fidèl epi pou yo jwenn benediksyon yo sele sou yo pou tout letènite, kèkfwa, ideyal sa a sanble li pa alapòte nou. Atravè sèvis mwen nan ministè a, mwen rankontre manm ki fè ak kenbe alyans, men konjwen yo pa fè sa. Gen moun tou ki selibatè, paske yo pa janm gen opòtinite pou yo marye nan mòtalite a. Epi gen moun ki pa fidèl nan alyans maryaj yo. Kisa k ap pase moun ki nan chak sityasyon sa yo?

  1. Si w rete fidèl a alyans ou te fè lè w te dote yo, w ap resevwa benediksyon pèsonèl yo te pwomèt ou nan dotasyon an menm lè konjwen w kraze alyans li oubyen li soti nan maryaj la. Si w te sele epi apresa ou divòse, epi si sèlman w lan pa anile, benediksyon pèsonèl sèlman sa a rete an vigè pou ou si w rete fidèl.16

    Kèkfwa, akoz santiman trayizon ak yon blesi trè reyèl, yon konjwen fidèl ka vle anile sèlman l te fè avèk konjwen enfidèl li a pou l ka rete osi lwen posib de moun sa a, ni sou tè a ak pou letènite. Si w gen enkyetid nan panse ke w pral kanmèm rete lye avèk yon ansyen konjwen ki pa repantan, sonje, ou p ap avèk li! Bondye pa p egzije onkenn moun rete nan yon sele atravè tout letènite kont volonte li. Pè Selès la ap asire L ke nou pral resevwa chak benediksyon dezi nou ak chwa nou pèmèt.17

    Sepandan, si yon manm toujou vle anile yon sèlman, n ap respekte libabit li. Gen kèk pwosedi ki dwe suiv. Men, sa pa dwe fèt alalejè! Premye Prezidans lan gen kle pou lye sou tè a ak nan syèl la. Yonfwa Premye Prezidans lan fin akòde anilasyon yon sèlman, benediksyon ki anrapò avèk sèlman sa a pa gen efè ankò; yo elimine ni lateralman ni vètikalman. Li enpòtan pou nou konprann ke pou resevwa benediksyon egzaltasyon yo, nou dwe demontre ke nou dispoze pou nou antre nan nouvo alyans etènèl sa a epi kenbe li, nan lavi sa a ak nan lavi apre a.

  2. Nou menm ki manm selibatè yo nan Legliz la, silvouplè, sonje ke “nan fason Senyè a ak tan pa Li, Li p ap refize onkenn benediksyon a Sen fidèl Li yo. Senyè a pral jije ak rekonpanse chak moun daprè [dezi] sensè yo ansanm avèk aksyon yo.”18

  3. Si w pa rete fidèI a alyans tanp yo, èske gen espwa? Wi! Levanjil Jezikri a se yon levanjil lespwa. Espwa sa a vini atravè Jezikri avèk repantans sensè ak suiv ansèyman Kris yo avèk obeyisans. M wè moun ki fè erè ki grav, ki kraze alyans sakre yo. Mwen wè regilyèman dè moun ki repanti, ki jwenn padon, epi ki retounen sou chemen alyans la. Si w te kraze alyans tanp ou yo, mwen mande w pou w retounen vin jwen Jezikri, pale avèk evèk ou, repanti, epi ouvri nanm ou bay gran pouvwa gerizon ki disponib gras ak Ekspyasyon Jezikri a.

Frè m ak sè m yo, Pè Selès eman nou an ba nou alyans pou nou ka gen aksè a tout bagay Li rezève pou nou. Benediksyon sakre sa yo ki soti nan Bondye a pi delisye pase nenpòt fwi terès. Yo ka prezève pou nou pou tout tan, pou fè nou vin fwi ki rete, si nou rete fidèl a alyans nou yo.

Mwen temwaye ke Bondye te retabli otorite pou lye sou tè a pou l ka lye nan syèl la. Nou jwenn otorite sa a nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Se Premye Prezidans la ak Kolèj Douz yo ki geyen l epi li egzèse sou direksyon Prezidan Russell M. Nelson. Moun ki antre nan nouvo alyans etènèl maryaj la epi ki kenbe alyans sa yo ka vin pafè epi alafen y ap resevwa plenitid glwa Papa a, kèlkeswa sikonstans ki depase kontwòl yo.19

Benediksyon sa yo ki anrapò avèk alyans nou yo ka sele sou nou atravè Sentespri Pwomès la pou yo vin tounen fwi ki dire pou toujou e ajamè. Mwen temwaye konsènan sa, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Jan 15:16.

  2. Gade nan Dale G. Renlund, “Jwenn Aksè a Pouvwa Bondye atravè Alyans,” Liahona, Me 2023, 35–38; Doktrin ak Alyans 132:7.

  3. Yon òdonans sele lè li vin valid ni nan syèl la ni sou tè a paske li fèt pa yon moun ki gen otorite epi l ratifye pa Sentespri a.

    “Nou gen tandans panse ke otorite sèlman an aplike sèlman pou kèk nan òdonans tanp yo, men otorite sa a nesesè pou rann nenpòt òdonans valid epi lye apre lamò. Pouvwa sèlman an konfere yon so legitimite sou batèm ou, pa egzanp, pou ke yo rekonèt li isit la ak nan syèl la. Alafen, tout òdonans prètriz yo akonpli anba kle Prezidan Legliz la, epi jan Prezidan Joseph Fielding Smith te eksplike; ‘Li [Prezidan Legliz la] ban nou otorite, li mete pouvwa sèlman an nan prètriz nou an, paske li kenbe kle sa yo’ [sitasyon Harold B. Lee, nan Conference Report, Okt. 1944, 75]” (D. Todd Christofferson, “Pouvwa Sèlman an,” Lyawona, Nov. 2023, 20).

    “Yon aksyon ki sele pa Sentespri Pwomès la se youn Sentespri a ratifye; se youn Senyè a apwouve. … Pèsonn pa ka bay Sentespri a manti epi pase inapèsi. … Prensip sa yo aplike tou pou chal lòt òdonans ak pèfòmans nan Legliz la. Konsa si toude pati yo [nan yon maryaj] ‘vrè ak sensè’ [Doktrin ak Alyans 76:53], si yo diy, yon so ratifikasyon apoze sou maryaj tanp yo a; si yo enfidèl, Sentespri a pa jistifye yo epi ratifikasyon Sentespri retire. Si yo vin diy nan apre, sa ap mete so a an aplikasyon, epi enjistis la anile nenpòt so” (Bruce R. McConkie, “Sentespri Pwomès la,” nan Prepare pou yon Maryaj Etènèl Manyèl Etidyan [2003], 136).

    Sentespri Pwomès la se Sentespri a ki mete so apwobasyon an sou chak òdonans, batèm, òdinasyon, maryaj. Pwomès la sèke benediksyon yo pral vini atravè fidelite. Si yon moun vyole yon alyans, kit li se batèm, òdinasyon, maryaj oswa nenpòt lòt bagay, Lespri a retire so apwobasyon an, epi moun pa reseva okenn benediksyon. Chak òdonans sele avèk yon pwomès pou yon rekonpans ki baze sou fidelite. Sentespri a retire so apwobasyon an kote alyans yo kraze” (Joseph Fielding Smith, Doctrines du Salut, comp. Bruce R. McConkie [1954], 1:45).

  4. Russell M. Nelson, Heart of the Matter: What 100 Years of Living Have Taught Me (2023), 15. Sentespri pwomès la dwe sele tout alyans si yo dwe aplike apre rezireksyon mò yo” (gade nan Doktrin ak Alyans 132:7).

  5. Russell M. Nelson, “Maryaj Selès,” Lyawona, Nov. 2008, 94.

  6. Doktrin ak Alyans 132:19.

  7. Gade Doktrin ak Alyans 84:38.

  8. Doktrin ak Alyans 131:1–4.

  9. Gade Doktrin ak Alyans 132:19–20. “Destinasyon ki pi elve sa a—egzaltasyon nan wayòm selès la—se konsantrasyon Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.” (Dallin H. Oaks, “Wayòm Laglwa yo,” Lyawona, Nov. 2023, 26).

  10. “Menm jan maryaj ak fanmi yo pataje yon lyen lateral spesyal {ki} kreye yon amou espesyal, konsa tou nouvo relasyon an fòme lè nou lye tèt nou atravè alyans vètikalman avèk … Bondye” lè nou antre nan nouvo alyans etènèl maryaj la (Russell M. Nelson, Heart of the Matter, 41–42).

  11. Doktrin ak Alyans 42:22; gade tou Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 38.6.16. Nan diskisyon sou maryaj la, m fèreferans a maryaj darpre lwa Bondye a, ki defini maryaj kòm inyon legal ak otorize ant yon gason ak yon fi (gade ”Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lanBiblyotèk Levanjil la).

  12. Gade nan “Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” Biblyotèk Levanjil la.

  13. Gade Doktrin ak Alyans 42:22–24.

  14. Dallin H. Oaks, “Wayòm Laglwa yo,” 29; italik ajoute.

  15. Gade nan Doktrin ak Alyans 86:8–11; 113:8; Abraram 2:9–11.

  16. Gade nan Manyèl Jeneral, 38.4.1

    Pandan m t ap sèvi yon misyon aplentan nan Lasuis, konpayon m ak mwen te pataje levajil la avèk yon koup Swis ektraòdinè laj 60 ane. Pandan n t ap anseye koup sa a konsènan levanjil retabli Jezikri a, fi a te montre gran enterè nan sa n t ap anseye a. Pandan semèn ki te vini apre yo, li te akeri yon temwayaj sou reyalite ke Legliz Jezikri a te retabli, avèk otorite apwopriye ki soti nan Bondye, epi ke Jezikri ap dirije Legliz li aatravè pwofèt ak apot vivan yo. Nou pa t ka tann pou n anseye koup sa a konsvènan youn nan doktrin ki pi egzaltan nan Retablisman an, opòtinite pou maryaj etènèl. Etonaman, toutfwa, pandan nou t ap anseye koup sa a konsènan doktrin maryaj etènèl la, fi Suis la te remake ke li pa t gen okenn enterè nan marye ak mari li pou letènite. Pou li, syèl la pat enkli pou l rete ak mari li ke l te deja marye depi 36 an yo. Sè sa a te batize, men mari l pa t batize. YO pa t janm sele nan tanp.

    Pou anpil moun, toutfwa, syèl la pa t ap syèl san yo pa ansanm avèk moun yo te marye a . Pou viv ansanm avèk konjwen ou renmen an, pou tout tan, vrèman sa sanble l tankou syèl la. Jan Elder Jeffrey Holland te pataje konsènan madanm cheri byenneme li a, Pat, syèl la pa t ap syèl san madanm li (gade nan “Scott Taylor: For Elder Holland, Heaven without His Wife and Children ‘Wouldn’t Be Heaven for Me,’” Church News22 Jiyè, 2023).

  17. Gade Dallin H. Oaks, “Wayòm Laglwa yo,” 26.

  18. Russell M. Nelson, “Maryaj Selès,” 94.

  19. Gade Jan 14:15.