Konferans Jeneral
Aksede nan Pouvwa Bondye atravè Alyans yo
Konferans jeneral avril 2023


Aksede nan pouvwa Bondye atravè Alyans yo

Pandan w ap mache nan chemen alyans lan, soti depi batèm rive nan tanp epi atravè tout lavi a, mwen pwomèt ou pouvwa pou w reziste kont tandans natirèl mond la.

Novanm dènye, mwen te gen privilèj pou m te konsakre Tanp Belém la nan Brezil. Se te yon jwa pou m te avèk manm legliz konsakre yo nan nò peyi Brezil. Nan moman sa a, mwen te aprann ke Belém se pòtay yon rejyon ki enkli landan rivyè ki pi puisan nan mond lan, rivyè Amazòn nan.

Malgre fòs rivyè a, de fwa chak ane, yon bagay ki sanble anòmal rive. Lè solèy la, lalin nan ak tè a aliyen yo nan yon sètèn fason, yon vag mare (raz-de-marée) puisan remonte rivyè a, kont kouran natirèl dlo a. Yo dokimante vag ki konn gen 6 mèt wotè1 k ap vwayaje jiska 50 kilomèt2 nan sans envès rivyè a. Fenomèn sa a, ki koni jeneralman kòm yon mare montan, yo lokalman fè referans avèk li kòm pororoca, oswa “gwo rijisman” paske li fè yon gwo bri. Nou kapab kòrèkteman konkli ke menm Amazòn puisan an dwe soumèt li devan puisans selès yo.

Menmjan ak Amazòn nan, nou gen yon kouran natirèl nan lavi nou; nou gen tandans fè sa ki vini tou natirèlman. Menmjan ak Amazòn nan, avèk èd selès, nou ka akonpli sa ki parèt anòmal. Dayè, sa pa tou natirèl pou nou enb, dou, oubyen dispoze pou soumèt volonte nou devan Bondye. Men, se sèlman lè nou fè sa n ap kapab transfòme, retounen viv nan prezans Bondye, epi reyalize destine etènèl nou.

Kontrèman ak Amazòn nan, nou ka chwazi si n ap soumèt nou devan pouvwa selès yo oswa “suiv kouran an”3 Ale kont kouran an gendwa difisil. Men, lè nou soumèt “anba enfliyans Sentespri a” epi nou retire tandans egoyis lòm oswa fi natirèl la,4 nou ka resevwa pouvwa transfòmasyon Sovè a nan lavi nou, pouvwa pou fè bagay ki difisil.

Prezidan Russell M. Nelson te anseye nou kijan pou nou fè sa. Li te pwomèt, “Chak moun ki fè alyans nan fon batismo yo ak nan tanp yo—epi ki kenbe yo—ogmante aksè yo nan pouvwa Jezikri … [pou leve] nou pi wo pase atraksyon mond dechi sa a.”5 Otremandi, nou ka jwenn aksè nan pouvwa Bondye, men sèlman lè nou konekte avèk Li atravè alyans sakre yo.

Anvan tè a te kreye, Bondye te etabli alyans yo kòm metòd k ap pèmèt nou menm, antanke pitit Li, ini tèt nou avèk Li. Baze sou yon lwa etènèl ki enchanjab, Li te presize kondisyon ki pa negosyab ke n ap bezwen pou nou transfòme, sove, ak egzalte yo. Nan lavi sa a, nou fè alyans sa yo lè nou patisipe nan òdonans prètriz yo epi pwomèt pou nou fè sa Bondye mande nou fè, epi anretou, Bondye pwomèt nou yon seri benediksyon.6

Yon alyans se yon angajman ke nou ta dwe prepare pou n resevwa, klèman konprann, ak absoliman onore.7 Fè alyans avèk Bondye diferan de yon pwomès nou fè alalejè. Premyèman, otorite prètriz la obligatwa. Dezyèmman, yon pwomès ki fèt alalejè pa gen fòs koneksyon pou leve nou pi wo ke atraksyon kouran natirèl la. Nou fè yon alyans sèlman lè nou gen entansyon pou nou soumèt tèt nou pou nou respekte l san konpwomi.8 Nou vin pitit alyans Bondye ak eritye wayòm Li a, espesyalman lè nou konplètman idantifye tèt nou avèk alyans lan.

Tèm chemen alyans lan fè referans ak yon seri alyans kote nou vin jwenn Kris la epi konekte avèk Li. Atravè lyen alyans sa a, nou gen aksè nan pouvwa etènèl Li. Chemen an kòmanse avèk lafwa nan Jezikri ak repantans, ki suiv pa batèm ak resevwa Sentespri a.9 Jezikri te montre nou kijan pou nou antre nan chemen an lè Li te batize.10 Dapre sa ki ekri nan Levanjil Nouvo Testaman an nan Mak ak Lik, Papa nou ki nan Syèl la te pale dirèkteman avèk Jezi nan jou batèm Li a, pou L te di: “Sa se pitit mwen renmen anpil la, Li fè kè m kontan anpil.” Lè nou anbake sou chemen alyans lan atravè batèm, mwen ka imajine Papa nou ki nan Syèl la ki ap di nou chak yon bagay ki parèy: “Ou se pitit byenenme mwen, ou fè kè m kontan anpil. Kontinye avanse.”11

Lè nou batize ak lè nou pran sentsèn,12 nou temwaye ke nou dispoze pran non Jezikri sou tèt nou.13 Nan kontèks sa a, se pou nou sonje kòmandman Ansyen Testaman an, “Piga nou sèvi mal ak non Sènyè a.”14 Nan zòrèy modèn nou, sa sonnen tankou yon entèdiksyon kont sèvi avèk non Senyè a san reverans. Kòmandman an enkli sa ladan l tou, men enjonksyon an pi pwofon toujou. Mo ebre yo tradui kòm “sèvi” a vledi “pran” oswa “pote,” tankou yon moun ki ta pote yon banyè/drapo ki idantifye moun nan avèk yon gwoup oswa yon moun.15 Mo yo tradui kòm “anven” an vledi “vid” oswa “twonpè.”16 Kòmandman pou pa pran non Senyè a anven an vledi konsa, “Ou pa ta dwe idantifye tèt ou kòm yon disip Jezikri sof si w gen entansyon pou w reprezante Li byen.”

Nou vin disip Li epi nou reprezante Li byen lè nou entansyonèlman ak pwogresivman pran non Jezikri sou tèt nou atravè alyans. Alyans nou yo ban nou pouvwa pou nou rete sou chemen alyans lan paske relasyon nou avèk Jezikri ak Papa nou ki nan Syèl la chanje. Nou konekte avèk Yo pa yon lyen alyans.

Chemen alyans lan mennen nan òdonans tanp yo, tankou dotasyon tanp lan.17 Dotasyon an se don alyans sakre Bondye ki konekte nou pi plis avèk Li. Nan dotasyon an, nou premyèman fè alyans pou n fè efò pou nou kenbe kòmandman Bondye yo; dezyèmman, pou nou repanti avèk yon kè brize ak yon lespi kontri; twazyèmman, pou nou viv levanjil Jezikri a. Nou fè sa nan egzèse lafwa nan Li, fè alyans avèk Bondye pandan n ap resevwa òdonans sali ak egzaltasyon yo, kenbe alyans sa yo nan lavi nou, epi fè efò pou nou viv de gwo kòmandman yo ki se renmen Bondye ak pwochen nou an. Katriyèman, nou fè alyans pou nou kenbe lwa chastete epi, senkyèmman, pou nou dedye tèt nou ak tout bagay Senyè a banou pou edifikasyon Legliz Li a.18

Lè nou fè ak kenbe alyans tanp yo, nou aprann plis sou objektif Senyè a ak sou resevwa yon plenitid Sentespri a.19 Nou resevwa direksyon pou lavi nou. Nou vin gen matirite kòm disip yon fason pou nou pa rete dè timoun ki pèpetyèlman inyoran.20 Okontrè, nou viv avèk yon pèspektiv etènèl epi nou pi motive pou n sèvi Bondye ak lòt moun. Nou resevwa yon kapasite ogmante pou nou akonpli objektif nou nan mòtalite a. Nou pwoteje kont sa ki mal,21 epi nou jwenn pi gwo pouvwa pou n reziste anba tantasyon ak repanti lè nou bite.22 Lè nou trebiche, souvni alyans nou yo avèk Bondye ede nou retounen sou chemen an. Lè nou konekte ak pouvwa Bondye, nou vin pwòp pororoca, pa nou, nou kapab ale kont kouran mond lan, nan tout lavi nou ak nan letènite. Alafen, destine nou chanje paske chemen alyans lan mennen nan egzaltasyon ak lavi etènèl.23

Lè nou kenbe alyans ki fèt nan fon batismo yo ak nan tanp yo, sa ban nou fòs pou nou reziste anba eprèv ak chagren mòtalite yo.24 Doktrin ki asosye avèk alyans sa yo fasilite chemen nou epi li bay espwa, rekonfò, ak lapè.

Granparan m yo, Lena Sofia ak Matts Leander Renlund te resevwa pouvwa Bondye atravè alyans batèm yo lè yo te antre nan Legliz la an 1912 nan Fenlann. Yo te kontan fè pati premye branch Legliz la nan Fenlann.

Leander te mouri ak tibèkiloz senkan apre lè Lena te ansent dizyèm pitit yo. Pitit sa a, ki se papa m, te fèt de mwa apre lanmò Leander. Lena te finalman antere non sèlman mari li, men sèt nan dis pitit li yo tou. Kòm yon vèv pòv, li te soufri. Pandan 20 ane, li pa t pase yon bon nuit repo. Lajounen, li te chache jwenn manje pou fanmil li. Lannuit, li te pran swen manm fanmi li ki t ap mouri. Li difisil pou n imajine kijan l te fè fas ak sitiyasyon an.

Lena te pèsevere paske li te konnen mari l ak pitit li yo ki mouri yo te kapab pou li nan letènite. Doktrin benediksyon tanp lan, ki enkli doktrin fanmi etènèl la, te pote lapè pou li paske li te mete konfyans nan pouvwa sèlman an. Pandan l te nan mòtalite a, li pa t resevwa dotasyon li ni li pa t sele avèk Leander, men Leander te rete yon enfliyans enpòtan nan lavi l e l te yon pati nan gwo esperans li pou lavni.

An 1938, Lena te soumèt dosye pou òdonans tanp yo te ka akonpli pou manm fanmi l ki te mouri yo, kèk nan premye dosye ki te sòti nan Fenlann. Apre l te mouri, òdonans tanp yo te akonpli pa lòt moun pou limenm, Leander, ak pitit li ki te mouri yo. Pa pwokirasyon, li te dote, Lena ak Leander te sele youn ak lòt, epi pitit yo ki te mouri yo ak papa m te sele avèk yo. Tankou lòt moun, Lena “ki te mouri ak lafwa, san l pa t resevwa pwomès yo, men ki te wè yo byen lwen adistans, …[te] konvenki de yo, epi l te anbrase yo.”25

Lena t ap viv kòmsi li te deja fè alyans sa yo nan lavi l. Li te konnen ke alyans batèm ak sentsèn li yo te konekte li avèk Sovè a. Li “te kite anvi dous pou l te abite nan fwaye [Redanmtè] a pote lespwa nan kè dezole [li].”26 Lena te konsidere sa kòm youn nan pi gwo mizèrikòd Bondye ke l te aprann konsènan fanmi etènèl anvan l te fè fas ak trajedi yo nan lavi l. Atravè alyans li te resevwa pouvwa Bondye pou l te pèsevere ak leve l pi wo atraksyon depriman difikilte ak pwoblèm li yo.

Pandan w ap mache nan chemen alyans lan, soti depi batèm rive nan tanp lan ak atravè tout lavi a, mwen pwomèt ou pouvwa pou w ale kont kouran natirèl mond lan—pouvwa pou aprann, pouvwa pou repanti ak vin santifye, ak pouvwa pou jwen lespwa, rekonfò, ak menm lajwa pandan w ap fè fas a pwoblèm lavi yo. Mwen pwomèt ou ansanm ak fanmi w pwoteksyon kont enfliyans advèsè a, espesyalman lè w fè tanp lan vin objè prensipal nan lavi ou.

Lè nou vin jwenn Kris la epi nou konekte avèk Li ansanm ak Papa nou ki nan Syèl la atravè alyans, yon bagay ki parèt anòmal ap rive. Nou transfòme epi nou vin pafè nan Jezikri.27 Nou vin pitit alyans Bondye ak yon eritye nan wayòm Li an.28 Mwen ka imajine L ki ap di w: “Ou se pitit byenenme mwen, ou fè kè m kontan anpil. Byenveni lakay ou.” Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Apeprè 20 pye.

  2. Apeprè 30 kilomèt.

  3. Nou gen yon chwa paske Bondye ban nou privilèj pou nou chwazi epi aji pou tèt pa nou. Gade Gid pou Ekriti yo,“Libabit,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org; 2 Nefi 2:27; Moyiz 7:32.

  4. Gade Mozya 3:19.

  5. Russell M. Nelson, “Venk Mond lan epi Jwenn Repo,” Lyawona, Nov. 2022, 96, 97.

  6. Gade Gid Ekriti yo, “Alyans,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org.

  7. Tout moun bite pafwa, men Bondye pasyan lè nou bite epi li ban nou kado repantans menm apre nou kraze yon alyans. Jan Èldè Richard G. Scott te anseye: “Senyè a wè feblès yon fason diferan pase li [wè] rebelyon … [paske] lè Senyè a pale de feblès, se toujou avèk mizèrikòd” (“Fòs pèsonèl atravè Ekspyasyon Jezikri a,” Lyawona, Nov. 2013, 83). Konsa, nou pa dwe gen dout sou kapasite Sovè a pou ede nou avèk feblès nou yo. Sepandan, konsyamman kraze yon alyans avèk yon plan pou repanti apre sa—otremandi, peche ak repantans premedite—repiyan pou Senyè a (gade Ebre 6:4–6).

  8. Gade Robert Bolt, A Man for All Seasons: A Play in Two Acts (1990), xii-xiv, 140.

  9. Gade 2 Nefi 31:17–18.

  10. Gade 2 Nefi 31:4-15.

  11. Lik rapòte: “Sentespri a desann sou li an fòm yon ti pijon. Yon vwa sòti nan syèl la, li di: Ou se Pitit mwen renmen anpil la, ou fè kè m kontan anpil” (Lik 3:22). Mak rapòte: “Li tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki di: Ou se Pitit mwen renmen anpil la. Ou fè kèm kontan anpil.” (Mak 1:11). Tradiksyon William Tyndale la menm plis vivan ak entim pase vèsyon King James la. Nan tradiksyon l an, vwa Papa nou ki nan Syèl la di: “Ou se pitit Gason byeneme m nan ki fèm kontan anpil” (nan Brian Monahan, God’s Bestseller: William Tyndale, Thomas More, and the Writing of the English Bible-—A Story of Martyrdom and Betrayal [2002], 58). Se sèlman Matye ki te rapòte ke vwa a te pi jeneralman oryante, li te di: “Lè sa a, yon vwa sòti nan syèl la, li di, Sa se Pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil” (Matye 3:17). Levanjil Jan an sèlman rapòte batèm pa Jan Batis la: “Mwen wè sa ak je m, se sa ki fè mwen di nou se li ki Pitit Bondye a vre” (Jan 1:34).

  12. Gade 2 Nefi 31:13; Doktrin ak Alyans 20:77.

  13. Prezidan Dallin H. Oaks te eksplike enpòtans tèm “dispozisyon” pandan n ap renouvle alyans batèm nou avèk Sentsèn nan: “Li enpòtan ke lè nou pran Sentsèn nan nou pa temwaye ke nou pran sou tèt nou non Jezikri. Men, nou temwaye ke nou dispoze pou nou fè sa. [Gade Doktrin ak Alyans 20:77.] Lefèt ke nou temwaye sèlman de dispozisyon nou pou n fè sa a sigjere ke gen yon lòt bagay ki dwe fèt anvan nou vrèman pran non sakre sa a sou nou nan sans ki pi enpòtan an” (“Prendre sur nous le nom de Jésus-Christ,” Ensign, Me 1985, 81). “Yon lòt bagay” la refere a benediksyon tanp ak egzaltasyon nan lavni.

  14. Egzòd 20:7.

  15. Gade James Strong, The New Strong’s Expanded Exhaustive Concordance of the Bible (2010), seksyon diksyonè grèk la, paj 192, nimewo 5375.

  16. Gade Strong, The New Strong’s Expanded Exhaustive Concordance of the Bible, seksyon diksyonè ebre an, paj 273, nimewo 7723.

  17. Èldè David A. Bednar te anseye: “Alyans batèm nan klèman anvizaje yon evenman oubyen plizyè evenman ki gen pou vini epi gade pi devan pou tanp lan. … Pwosesis pou pran non Jezikri sou tèt nou an, ki kòmanse nan dlo batèm yo kontinye epi elaji nan kay Senyè a. Pandan nou kanpe nan dlo batèm nan, rega nou dirije sou tanp lan. Pandan n ap pran sentsèn, rega nou dirije sou tanp lan. Nou pwomèt pou nou toujou sonje Sovè a epi respekte kòmandman l yo kòm preparasyon pou patisipe nan òdonans sakre tanp yo epi resevwa benediksyon ki pi wo ki disponib atravè non ak pa otorite Senyè Jezikri. Se konsa, nan òdonans tanp sen an nou pi konplètman e antyèman pran non Jezikri sou tèt nou” (“Onore Non Li ak Pozisyon Li,” Liahona, Me 2009, 98). Pwosesis la pwobableman pa konplè jiskaske “nou vin tankou l” (Mowoni 7:48), lè nou konplètman transfòme.

  18. Jan li eksplike nan Manyèl Jeneral la: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 27.2 (ChurchofJesusChrist.org) alyans yo se pou viv lwa obeyisans lan, obeyi lwa sakrifis la, obeyi lwa levanjil Jezikri a, kenbe lwa chastete a, epi kenbe lwa konsekrasyon an; gade tou David A. Bednar, “Se Pou Kay Sa a bati Nan Non Mwen,” Lyawona, Me 2020, 84-87.

  19. Gade Doktrin ak Alyans 109:14-15. Èldè D. Todd Christofferson te anseye: “Plenitid Sentespri a gen ladan sa Jezi te dekri kòm ‘pwomès lavi etènèl mwen ba nou, menm laglwa wayòm selès la; laglwa sa se legliz Premyene a, menm Bondye, ki pi sen, atravè Jezikri Pitit li a’ (D&A 88:4–5) “Le pouvoir des alliances Pouvwa Alyans yo,” Liahona, Me 2009, 23 nòt 5).

  20. Gade Doktrin ak Alyans 109:15.

  21. Gade Doktrin ak Alyans 109:22, 25-26.

  22. Gade Doktrin ak Alyans 109:21.

  23. Gade Doktrin ak Alyans 109:15, 22; Russell M. Nelson, “Pouvwa Momentòm Espirityèl,” Lyawona, Me 2022, 98.

  24. Gade Russell M. Nelson, “Venk Mond lan epi Jwenn Repo,” 96; Doktrin ak Alyans 84:20. Note, Prezidan Nelson te di: “Chak fwa nou chèche jwenn epi suiv enspirasyon Lespri a, chak fwa nou fè nenpòt bon bagay—bagay ke ‘lòm natirèl la’ pa t ap fè—nou ap venk mond lan” (“Venk Mond lan epi Jwenn Repo,” 97).

  25. Ebre 11:13.

  26. Sauveur d’Israel,” Cantiques, nimewo. 5, vèsè 5. Sa a sete kantik Lena Sofia Renlund te pi renmen.

  27. Gade Morowi 10:30–33.

  28. Gade Doktrin ak Alyans 132:19–20.