Konferans Jeneral
Nou bezwen Atizan Lapè
Konferans jeneral avril 2023


Nou bezwen Atizan Lapè

Nou gen libabit nou pou nou chwazi kontansyon oswa rekonsilyasyon. Mwen egzòte nou pou nou chwazi vin tounen atizan lapè, kounyea e pou tout tan.

Chè frè m ak sè m yo, m kontan pou m avèk nou. Pandan sis mwa ki sot pase yo, nou te konstaman nan panse m ak nan priyè mwen. Mwen priye pou Sentespri a kominike nou sa Senyè a vle pou nou tande pandan m ap pale avèk nou la a.

Pandan m t ap fè entèna mwen nan chiriji sa gen anpil ane, mwen te asiste yon chirijyen ki t ap koupe yon janm ki te ranpli ak gangrèn trè kontajye. Operasyon an te difisil. Apresa, pou ajoute sou tansyon an, youn nan manm ekip la te mal ranpli tach li, epi chirijyen an te eklate an kòlè. Nan mitan kòlè l la, li te voye bistouri chaje mikwòb li a jete. Li te ateri sou avanbra mwen!

Tout moun nan sal operasyon an—ekspete chirijyen an ki te pèdi kontwòl li a—te terifye pa vyolasyon danjere sa a kont règleman ak prensip chirijikal yo. Erezman, mwen pa t enfekte. Men eksperyans sa a te kite yon enpresyon dirab sou mwen. Nan moman sa a menm, mwen te pwomèt tèt mwen ke kèlkeswa sa ki te rive nan sal operasyon m, mwen pa t ap janm pèdi kontwòl mwen. Mwen te pwomèt tou jou sa a pou m pa janm lanse anyen pandan m an kòlè—kit se bistouri oswa pawòl.

Menm kounyea, dè deseni apre, mwen toujou ap mande tèt mwen si bistouri kontamine a ki te ateri sou bra m nan te pi toksik pase kontansyon anpwazonen ki enfekte dyalòg nou ant sitwayen ak anpil nan relasyon pèsonèl nou yo jodia. Koutwazi ak desans sanble yo disparèt pandan epòk polarizasyon ak dezakò pasyone sa a.

Vilgarite, kritik, ak pale mal sou lòt moun rive twò souvan. Twòp ekspè, politisyen, atis, ak lòt enfliyansè afiche ensilt yo konstaman. Mwen enkyete anpil dèske si anpil moun sanble yo kwè ke sa konplètman akseptab pou yo kondane, fè kalomni, ak denigre nenpòt moun ki pa dakò avèk yo. Anpil moun sanble yo pa ka tann pou yo gate repitasyon yon lòt moun avèk remak mechan ak pitwayab!

Kòlè pa janm konvenk okenn moun. Ostilite pa fòtifye pèsonn. Chirepit pa mennen nan solisyon enspire. Malerezman, nou pafwa wè konpòtman chirepit nan atitid menm nan mitan manm nou yo. Nou tande istwa moun ki rabese konjwen yo ak pitit yo, ki itilize kòlè pou yo kontwole lòt moun, ak moun ki pini manm fanmi yo avèk “tretman ansilans.” Nou tande istwa jèn ak timoun k ap entimide lòt ak anplwaye k ap denigre kòlèg yo.

Chè frè m ak sè m yo, sa pa ta dwe fèt. Antanke disip Jezikri, nou dwe vin egzanp nan fason nou entèaji avèk lòt moun—espesyalman lè nou gen opinyon diferan. Youn nan fason pi fasil pou idantifye yon vrè disip Jezikri se nan jan moun sa a trete lòt moun avèk konpasyon.

Sovè a te fè sa klè nan diskou L te bay disip Li yo nan toulède emisfè yo. “Benediksyon pou patizan lapè yo,” Li te di.1 “Si nenpòt moun frape sou bò figi dwat la, vire lòt bò a ba li tou.”2 Epi apresa, evidaman, Li te bay avètisman ki se yon defi pou nou chak la: “Renmen ènmi nou yo, beni moun ki modi nou, fè byen ak moun ki rayi nou, epi priye pou moun ki maltrete nou ak moun ki pèsekite nou.”3

Avan lanmò Li, Sovè a te kòmande Douz Apot Li yo pou youn renmen lòt jan Li te renmen yo a.4 Apresa Li te ajoute, “Si nou youn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.”5

Mesaj Sovè a klè: Vrè disip Li yo sipòte, edifye, ankouraje, pèsyade, ak enspire—kèlkeswa jan sitiyasyon an difisil. Vrè disip Jezikri yo se patizan lapè.6

Jodia se Dimanch Ramo. N ap prepare pou nou komemore evenman pi transandan ki te janm anrejistre sou latè, ki se Ekspyasyon ak Rezirèksyon Senyè a, Jezikri. Youn nan pi bon fason nou ka onore Sovè a se nan vin tounen yon atizan lapè.7

Ekspyasyon Sovè a te rann posib pou nou simonte tout mal—enkli kontansyon. Pa twonpe tèt nou sou sa: kontansyon se zèv malen an! Jezikri te deklare ke moun ki gen “lespri kontansyon” se pa Li ki voye yo men “se dyab la, ki se papa chirepit, e [dyab] la soulve kè lèzòm pou yo goumen nan chirepit youn ak lòt.”8 Moun ki alimante chirepit ap aplike plan Satan an, kit yo reyalize sa ou pa. “Pèsonn pa ka sèvi de mèt.”9 Nou pa ka sipòte Satan avèk atak vèbal nou yo epi panse ke nou toujou ka sèvi Bondye.

Chè frè m ak sè m yo, fason nou youn trete lòt vrèman enpòtan! Fason nou pale ak lòt moun e konsènan lòt moun nan fwaye nou, nan legliz la, nan travay nou, ak anliy vrèman enpòtan. Jodia, m ap mande nou pou nou entèaji avèk lòt moun nan yon fason ki pi elve ak pi sakre. Tanpri koute avèk atansyon. “Si genyen yon bagay vètye, eman, oswa ki gen bon repitasyon oswa merite louwanj”10 ke nou ka di konsènan yon lòt moun—kit se anfas li oswa dèyè do l—sa ta dwe prensip kominikasyon nou.

Si yon koup nan pawas nou divòse, oubyen yon jèn misyonè retounen lakay li anvanlè, oswa yon tinedjè gen dout sou temwayaj li, yo pa bezwen pou nou jije yo. Yo bezwen fè eksperyans lanmou Jezikri ki reflete nan pawòl nou ak aksyon nou.

Si yon zanmi nan medya sosyal gen yon gwo opinyon politik oswa sosyal ki vyole tout bagay ou kwè, yon repons kòlè, blesan ou bay pa p ede. Bati lyen konpreyansyon ap mande pou w fè plis efò, men se sa egzakteman zanmi w yo bezwen.

Chirepit ekate Lespri a—chak fwa. Chirepit ranfòse nosyon ewone ki di ke konfwontasyon se mwayen pou rezoud diferans yo; men se pa janm vre. Chirepit se yon chwa. Chèche fè lapè se yon chwa. Ou gen libabit ou pou chwazi chirepit oswa rekonsilyasyon. Mwen egzòte nou pou n chwazi vin tounen atizan lapè, kounyea e pou tout tan.11

Frè m ak sè m so, nou ka literalman chanje mond lan—yon moun e yon entèraksyon alafwa. Kijan? Nan demontre kijan nou ka jere diferans opinyon reyèl nou yo avèk respè mityèl ak dyalog edifyan.

Diferans opinyon fè pati lavi a. Mwen travay chak jou avèk sèvitè devwe Senyè a ki pa toujou wè yon pwoblèm menmjan avèk mwen. Yo konnen m vle tande ide yo ak santiman sensè yo konsènan tout bagay nou diskite—espesyalman kesyon delika yo.

Imaj
Prezidan Dallin H. Oaks ak Prezidan Henry B. Eyring

De konseye onorab mwen yo, Prezidan Oaks ak Prezidan Eyring, se bon modèl nan fason yo eksprime santiman yo—espesyalman lè yo diferan. Yo aji konsa avèk lanmou pur youn pou lòt. Yo youn pa sigjere ke li konnen pi byen epi poutèt sa oblije defann pozisyon l avèk rigè. Yo youn pa montre nesesite pou fè konpetisyon avèk lòt la. Paske yo chak ranpli ak charite, “lanmou pur Kris la,”12 deliberasyon nou yo ka resevwa gidans Lespri Senyè a. Mwen vrèman renmen e onore de gran mesye sa yo!

Charite se antidòt pou chirepit. Charite se don espirityèl ki ede nou rejte lòm natirèl la, ki egoyis, siseptib, ògeye, ak jalou a. Charite se karakteristik prensipal yon vrè disip Jezikri.13 Charite defini yon patizan lapè.

Lè nou mete nou enb devan Bondye epi nou priye avèk tout enèji ki nan kè nou, Bondye ap akòde nou charite.14

Moun ki beni avèk don selès sa a se moun ki pasyan ak janti. Yo pa anvye lòt moun epi yo pa fè grandizè pou tèt pa yo. Yo pa pran nan pwovokasyon fasil ni yo pa panse mal de lòt moun.15

Frè m ak sè m yo, lanmou pur Kris la se repons pou chirepit ki afekte nou an jodia. Charite pouse nou “pou nou youn pote fado lòt”16 olye nou lage fado nou youn sou lòt. Lanmou pur Kris la pèmèt nou “kanpe kòm temwen Bondye nan tout tan ak nan tout bagay”17espesyalman nan sitiyasyon tansyon yo. Charite pèmèt nou demontre kijan gason ak fi ki nan Kris yo pale ak aji—espesyalman lè y ap sibi gwo kritik.

Kounyea, mwen pa p pale konsènan “lapè a nenpòt ki pri.”18 Ma p pale de trete lòt moun nan fason ki konsistan avèk kenbe alyans nou fè lè nou pran senstsèn nan. Nou fè alyans pou nou toujou sonje Sovè a. Nan sitiyasyon ki debòde e ranpli ak chirepit yo, mwen envite nou pou nou sonje Jezikri. Priye pou nou ka gen kouraj ak sajès pou di oswa fè sa Li t ap fè. Lè nou suiv Prens Lapè a, n ap vin tounen patizan lapè pou Li.

Nan pwen sa a, ou gendwa panse ke mesaj sa a tap vrèman ede yon moun ou konnen. Petèt ou gen espwa ke li pral ede moun nan vin pi janti avèk ou. Mwen espere sa! Men mwen espere tou ke w pral gade pwofondeman andedan ou pou wè si gen pikan ògèy ak jalouzi ki anpeche ou vin tounen yon patizan lapè.19

Si w serye konsènan ede rasanble Izrayèl ak konsènan bati relasyon ki pral dire pou tout letènite, kounyea se moman pou w mete tout move santiman akote. Kounyea se moman pou w sispann ensiste ke se fason pa w la oswa anyen. Kounyea se moman pou w sispann fè bagay ki fè lòt moun oblije pran anpil prekosyon pou yo pa fè w fache. Kounyea se moman pou w antere zam lagè w yo.20 Si asnal vèbal ou ranpli avèk ensilt ak akizasyon, kounyea se moman pou w chase yo al byen lwen.21 Wa va leve kòm yon gason oswa yon fi espirityèlman solid nan Kris la.

Tanp lan ka ede nou nan demach nou an. Ladan l, nou dote avèk pouvwa Bondye, ki ba nou kapasite pou nou venk Satan, enstigatè tout chirepit la.22 Mete l deyò nan relasyon w yo! Note ke nou repouse advèsè a chak fwa nou rezoud yon malkonprann oswa refize santi n ofanse. Olyesa, nou ka montre mizerikòd eman ki se karakteristik vrè disip Jezikri yo. Patizan lapè yo dewoute advèsè a.

Se pou antanke yon pèp, nou vin tounen yon vrè limyè sou tèt mòn nan—yon limyè ki “pa ka kache.”23 Se pou nou montre ke gen yon fason amikal pou rezoud pwoblèm konplèks yo ak yon fason eklere pou nou travay sou dezakò yo. Pandan n ap demontre charite ke vrè disip Jezikri yo manifeste a, Senyè a ap manyifye efò nou yo depase limit imajinasyon nou.

Nas levanjil la se pi gwo nas nan tout mond lan. Bondye envite tout moun pou vin jwenn Li, “nwa ak blan, esklav ak lib, gason ak fi.”24 Gen plas pou tout moun. Toutfwa, pa gen okenn plas pou prejidis, kondanasyon, ni kontansyon sou kèlkeswa fòm nan.

Chè frè m ak sè m yo, pi bon bagay gen pou vin jwenn moun ki pase lavi yo ap fòtifye lòt moun. Jodia mwen envite nou pou nou egzamine tèt nou kòm disip nan kontèks fason nou trete lòt moun. Mwen beni nou pou nou fè ajisteman ki ka nesesè pou atitid nou vin edifyan, koutwa, epi l ilistre yon vrè disip Jezikri.

Mwen beni nou pou nou ranplase agresivite pa konpasyon, animozite pa bon konprann, epi kontansyon pa lapè.

Bondye vivan! Jezi se Kris la. Li kanpe alatèt Legliz sa a. Nou se sèvitè Li. L ap ede nou vin patizan lapè pou Li. Mwen temwaye konsa nan non sakre Jezikri, amèn.