2010–2019
Pa gade sou kote, gade anlè!
Avril 2017


Pa gade sou kote, gade anlè!

Envite moun vin jwenn Kris la se objektif nou, e nou ka atenn objektif sa a nan leve je nou gade Jezikri.

Objektif mwen se pou “envite lòt moun vin jwenn Kris la.”1 Sa se objektif pa nou tou. Nou ka atenn objektif sa a lè nou gade sou Jezikri.

Imaj
Fanmi Èldè Choi

M te batize avèk paran mwen lè m te gen 16 zan. Ti frè m nan, Kyung-Hwan, ki te gen 14 zan, te jwenn Legliz la atravè tonton mwen, Young Jik Lee, epi li te envite nou ale legliz li a. Chak nan 10 manm fanmi nou yo te fè pati yon legliz diferan, konsa, nou te kontan jwenn verite a epi nou te vle pataje lajwa nou te jwenn nan levanjil Jezikri a lè nou te fin batize.

Imaj
Papa Èldè Choi avèk lòt moun

Papa m te pi eksite pami nou tout pou aprann ak pataje verite a. Li te abitye leve bonè nan maten pou l etidye ekriti yo pandan plizyè èdtan chak jou. Apre travay, li te konn soti avèk misyonè yo pou al vizite fanmi, zanmi, ak vwazen tou pre yo chak jou. Sèt mwa apre nou te fin batize, 23 nan manm fanmi m ak zanmi m te vin manm Legliz la. Sa te suiv pa mirak pou n te wè 130 moun batize nan ane apre a gras ak travay misyonè papa m.

Imaj
Papa Èldè Choi ak lòt moun
Imaj
Travay misyonè elaji

Istwa familyal te enpòtan pou li tou, epi li te prepare uit jenerasyon zansèt. Apati lè sa a, fwi konvèsyon fanmi nou yo, ki te kòmanse pa frè m nan ki te gen 14 zan an, te ogmante nan pil kalite fason non sèlman pami vivan yo men pami mò yo tou. Bati sou travay papa m ak lòt, ab jeneyalojik nou an gen 32 jenerasyon kounyeya, epi kounyeya nou fin fè travay pou anpil branch ladan yo. Jodia mwen emèveye e m santi yon gwo lajwa pou m relye zansèt ak desandans nou yo.

Imaj
Istwa familyal elaji

Prezidan Gordon B. Hinckley te rakonte yon eksperyans konsa li te viv nan Tanp Columbus la nan Ohio:

“Pandan m t ap reflechi sou lavi [gran gran-papa m, granpapa m, ak papa m] pandan m te chita nan tanp lan, m te gade pitit fi m nan, ak pitit fi pa li, … Ak pitit pa l tou, ki se pitit pitit pitit mwen. Toudenkou m te reyalize ke m te kanpe nan mitan sèt jenerasyon-twa anvan mwen ak twa apre mwen.

“Nan mezon sakre sa a, m te santi nan lespri m ke m te gen gwo obligasyon pou m te transmèt eritaj m te resevwa nan men zansèt mwen sa yo bay jenerasyon ki vin apre m nan kounyeya.”2

Imaj
Nan mitan jenerasyon nou

Nou tout nan mitan yon fanmi etènèl. Wòl nou kapab yon pwen enpòtan ki ka pèmèt chanjman siyifikan rive nan fason pozitif oswa negatif. Prezidan Hinckley kontinye: “Pa janm pèmèt tè ouvin tounen yon lyen fèb nan chenn jenerasyon w yo.”3 Fidelite ou nan levanjil la ap fòtifye fanmi ou. Kijan nou ka asire n ke n ap yon lyen solid nan fanmi etènèl nou?

Yon jou, kèlke mwa apre batèm mwen, m te tande kèk manm ki t ap kritike lòt nan legliz la. M te desi anpil. M t al lakay mwen epi m te di papa m ke petèt m pa ta dwe al legliz la ankò. Sa te difisil pou m te wè manm ap kritike lòt konsa. Lè l te fin koute, papa m te anseye ke levanjil la retabli epi li pafè menm manm yo poko pafè, ni limenm ni mwenmenm. Li te di m byen fèm: “Pa pèdi lafwa w poutèt moun bò kote ou, men bati yon relasyon solid avèk Jezikri. Pa gade bò kote w, gade anlè!”

Gade Jezikri—konsèy saj papa m nan fòtifye lafwa m kèlkeswa lè m anfas pwoblèm nan lavi. Li te anseye m kijan pou m te aplike ansèyman Kris yo, nan pawòl sa yo: “Gade sou mwen nan chak panse; pa doute, pa pè.”4

Imaj
Misyonè nan Tanp Seattle la nan Washington

Lè m te prezidan Misyon Seattle la nan Washington, li te konn fè lapli pandan plizyè jou nan ane a. Men, nou te toujou enstwi misyonè nou yo pou yo te al travay nan lapli a. M te konn di yo: “Ale nan lapli a, gade syèl la, louvri bouch nou, epi bwè li! Lè nou gade anlè, n ap jwenn fòs pou n louvri bouch nou devan chak moun san okenn krent.” Sete yon leson senbolik pou yo te gade anlè lè yo te rankontre pwoblèm menm apre misyon yo. Tanpri pa eseye fè sa nan zòn ki ‘pollués’ yo.

Pandan m t ap sèvi nan misyon Seattle la, m te resevwa apèl telefòn pi gran pitit gason m nan, Sunbeam, ki se yon pyanis. Li te di m li t ap gen gwo onè pou l te jwe nan Carnegie Hall nan Nouyòk paske li te genyen yon konkou entènasyonal. Nou te kontan epi nou te eksite anpil pou li. Men, jou swa sa a, pandan l t ap priye avèk rekonesans, madanm mwen te vin sonje ke nou pa t ap ka al asiste prezantasyon l lan epi li te di Pè Selès la yon bagay tankou sa a: “Pè Selès, mwen rekonesan pou benediksyon Ou bay Sunbeam nan. An pasan, mwen regrèt m p ap ka al asiste konsè a. M t ap ka ale si W te ba l benediksyon sa a anvan oubyen apre misyon sa a. M p ap plenyen, men m yon tijan regrèt.”

Osito ke l te fini priyè sa a, li te tande yon vwa byen klè ki te di: “Se paske ou pa ka ale, ki fè pitit ou a jwenn privilèj sa a. Èske w ta renmen chanje li?”

Madanm mwen te sezi. Li te konnen pitit te konn jwenn benediksyon atravè travay fidèl paran yo nan wayòm Senyè a, men sete premye fwa l te konprann wòl li avèk sitèlman klate konsa. Li te reponn tousuit: “Non, non. Sa oke pou mwen pou m pa ale. Kite l jwenn onè sa a.”

Frè m ak sè m yo, li pa fasil pou nou rekonèt amou Pè Selès la lè nou gade bò kote nou avèk je tanporèl nou paske nou wè deranjman, pèt, fado, oswa solitid anpremye. Yon lòtbò, nou ka wè benediksyon yo lè nou gade anlè. Senyè a te revele: “Lè nou resevwa nenpòt benediksyon nan men Bondye, se nan obeyisans lalwa sa a kote benediksyon an tabli a.”5 Nou tout ki anbake nan nenpòt sèvis Bondye, konnen ke nou se yon koneksyon solid pou fè benediksyon puisan devèse sou moun avan nou yo ak jenerasyon apre nou yo.

Jodia, mwen rekonesan pou m wè anpil manm nan fanmi nou rete fidèl nan chemen alyans la men mwen santi m tris lè m imajine yon plas vid bò kote nou. Èldè M. Russell Ballard te di: “Si w chwazi pou w vin inaktif oubyen pou w kite Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou retabli a, ki kote w prale? Kisa w pral fè? Desizyon pou w “pa mache ankò” avèk manm Legliz yo ak dirijan Senyè a chwazi yo ap gen yon enpak alontèm ke ou p ap kapab wè kounyeya.”6 Prezidan Thomas S. Monson ankouraje nou konsa: “Se pou nou toujou fè bon chwa, menmsi yo difisil, olye nou fè move chwa ki pi fasil yo.”7

Li pa janm twò ta pou nou leve je gade Jezikri. Bra l toujou louvri pou nou. Gen jenerasyon anvan nou e apre nou ki depann sou nou pou yo suiv Kris la pou ke nou ka vin yon fanmi etènèl Bondye.

Lè m te relve nan apèl mwen kòm prezidan pieu, pitit gason m yo te eksite paske yo t a pral pase plis tan avèk mwen. Twa semèn apre, yo te aple m kòm Swasanndis. Toudabò m te panse yo te petèt desi, men enb repons pi jèn pitit gason m nan sete: ‘Papa, pa enkyete w. Nou se yon fanmi etènèl.” Ala yon verite senp e klè sa te ye! Mwen te sousye paske m t ap gade bò kote lavi mòtèl sa a sèlman men, pitit gason m nan te kontan paske li pa t gade bò kote li men li te gade anlè avèk je li sou letènite ak bi Senyè a.

Li pa toujou fasil pou n gade anlè lè paran nou opoze a levanjil la, lè nou se manm yon ti inite piti nan Legliz la, lè konjwen nou pa manm, lè nou toujou rete selibatè malgre nou fè sa n te kapab pou nou marye, lè yon timoun kite wout la, lè nou twouve nou tounen paran selibatè, lè nou gen pwoblèm fizik oswa emosyonèl, oubyen lè nou viktim anba dezas, eksetera. Akwoche nou nan lafwa nou nan moman difisil sa yo. Leve je gade Kris la pou nou jwenn fòs, balans, ak gerizon. Atravè pouvwa ekspyasyon Jezikri a, “tout bagay ap travay ansanm pou byen ou.”8

Mwen rann temwayaj konsènan Jezikri, ke Li se Sovè ak Redanmtè nou. Lè nou suiv pwofèt vivan nou an, Prezidan Thomas S. Monson, n ap gade vè Jezikri. Si nou priye epi nou li ekriti yo chak jou, epi nou pran sentsèn sensèman chak semèn, n ap jwenn fòs pou nou toujou gade Li. Mwen kontan dèske m se yon manm Legliz sa a epi m fè pati yon fanmi etènèl. Mwen renmen pataje gran levanjil sa a ak lòt moun. Envite lòt moun pou vin jwenn Kris la se objektif nou, e nou ka atenn objektif sa a nan leve je nou gade Jezikri. Mwen enbleman temwaye konsènan bagay sa yo, nan non Jezikri, amèn.