2010–2019
Venk mond lan
Avril 2017


Venk mond lan

Venk mond lan se pa yon moman detèminan nan yon lavi, men se yon lavi moman ki detèmine yon etènite.

Sa gen kèk ane, Prezidan David O. McKay te rakonte yon bèl eksperyans li te fè pandan l t ap vwayaje nan yon bato pou l t al Samoa. Apre dòmi te fin pran li, li te “fè yon vizyon enfiniman siblim. Li te di: “Nan distans lan, m te wè yon bèl vil tou blanch. … Bèl pyebwa ak fwi delisye … ak flè pafètman bèl te an abondans toupatou. … Yon gran kantite moun [t ap] apwoche vin nan vil la. Yo chak te abiye ak yon rad blan ki t ap flote. … Tousuit atansyon m te … atire sou dirijan yo a, e, malgre m se pwofil li sèlman m te ka wè … , m te rekonèt Sovè m nan tousuit! … Reyònman figi Li [te] siblim. … Lapè ki t ap degaje nan Li a … te divin!”

Prezidan McKay kontinye: “Vil la … sete vil pa L … Site Etènèl la; epi moun ki t ap suiv Li yo ta pral abite ladan nan lapè ak bonè etènèl.”

Prezidan McKay te mande tèt li “[Men, kiyès yo ye? Kiyès moun sa yo ye?]”

Li eksplike sa k te rive nan apre:

“Kòmsi Sovè a t ap li panse mwen, Li te reponn, kote L te montre m [pawòl] ki te ekri nan yon demi sèk ki … te parèt anlè tèt [moun yo], ki te ekri annò … :

“‘Moun sa yo se moun ki venk mond lan—

“Moun ki vrèman nedenouvo!’”1

Pandan dèzane, m te toujou sonje pawòl sa yo: “Moun sa yo se moun ki venk mond lan.”

Benediksyon Senyè a pwomèt moun ki venk mond lan yo mayifik. Yo pral “Abiye an blan … non yo ap [enskri nan] liv lavi a.” Senyè a “ap konfese [non yo] devan Papa a, ak devan zanj Li yo.”2 Yo chak pral “fè pati premye rezirèksyon an,”3 resevwa lavi etènèl,4 epi “yo p ap soti”5 nan prezans Bondye ankò.

Èske l posib pou nou venk mond lan pou n ka resevwa benediksyon sa yo? Wi, sa posib.

Lanmou pou Sovè a

Moun ki venk mond lan yo devlope yon amou total pou Senyè ak Sovè nou an, Jezikri.

Nesans divin ni, lavi pafè li, Ekspyasyon enfini l la nan Jetsemani an ak Gòlgota a asire Rezirèksyon nou chak. Ak repantans sensè nou, Limenm sèlman kapab pwòpte nou anba peche nou, pou pèmèt nou retounen nan prezans Bondye. “Nou renmen li, paske Li te renmen nou anpremye.”6

Jezi te di: “Pran kouraj, mwen venk mond lan.”7

Nan apre Li te ajoute: “M vle nou gen viktwa sou mond lan.”8

Gen viktwa sou mond lan se pa yon moman detèminan nan yon lavi, men se yon lavi moman ki detèmine yon etènite.

Sa ka kòmanse lè yon timoun ap aprann priye ak chante avèk reverans: “M ap eseye vin tankou Jezi.”9 Sa kontinye lè yon moun etidye lavi Sovè a nan Nouvo Testaman an epi medite sou pouvwa Ekspyasyon Sovè a nan Liv Mòmon an.

Priye, repanti, suiv Sovè a, ak resevwa gras Li fè nou vin gen yon pi bon konpreyansyon sou rezon k fè nou isit la ak kisa nou dwe devni.

Alma dekri l nan fason sa a: “Yon gwo chanjman [fèt] nan kè yo tou, yo [gen] imilite, e yo mete konfyans yo nan vrè Bondye ki vivan an. … Epi gade, yo [rete] fidèl jiska lafen.”10

Moun ki venk mond lan yo konnen yo pral gen pou yo rann Pè Selès yo a kont. Sensèman chanje e repanti pou peche yo vin pa yon kontrent pou yo ankò men yon bagay liberatè, lè “peche [tou wouj] yo … [vin] blan tankou lanèj.”11

Responsablite devan Bondye

Moun nan mond lan gen difikilte pou aksepte zafè responsablite yo devan Bondye a---tankou yon timoun ki pwofite fè fèt lè paran l pa la, k ap jwi bri a, e refize panse sou konsekans k ap vini lè paran yo retounen nan 24 trè. 

Mond lan pi enterese nan satisfè lòm natirèl la olye pou yo metrize li.

Venk mond lan se pa yon envazyon global men yon batay prive ak pèsonèl, ki mande yon konba pèsonèl avèk pwòp enmi ki andedan nou yo.

Venk mond lan vledi cheri pi gwo kòmandman an: “Se pou ou renmen Senyè a, Bondye ou, avèk tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout lide ou, avèk tout fòs ou.”12

Otè kretyen an C. S. Lewis te dekri l nan fason sa a: “Kris la di ‘Ban m tout. M pa vle enpe nan tan w ak enpe nan lajan ou ak enpe nan travay ou: M vle oumenm.’”13

Venk mond lan se kenbe pwomès nou fè avèk Bondye yo — alyans batèm nou ak alyans tanp nou ak sèman fidelite nou anvè konjwen etènèl nou. Venk mond lan mennen nou enbleman sou tab sentsèn nan chak semèn, pou n mande padon epi pwomèt pou n “sonje kòmandman L yo,” pou nou “ka toujou gen Lespri Li avèk [nou].”14

Lanmou nou pou jou Saba a pa fini lè pòt chapèl la fèmen dèyè nou men olyesa, li ouvri pòt pou yon bèl jounen repo anba tach woutin yo, pou n etidye, priye, epi sèvi fanmi nou ak lòt moun ki bezwen atansyon nou. Olye nou pouse yon soupi soulajman lè reyinyon legliz yo fini, ak espwa ke nou pral byenvit jwenn yon televizyon anvan match foutbòl la kòmanse, panse nou dwe rete konsantre sou Sovè a ak sou jou sakre L la.

Mond la anvayi san rete anba yon flo vwa atiran ki vle sedui nou.15

Venk mond lan se kwè nan vwa sa a ki avèti, rekonfòte, eklere, ak pote lapè a, “pa nan fason mond lan bay li.”16

Dezenteresman

Venk mond lan vledi fokis sou lòt moun olye de tèt nou, pandan n ap sonje dezyèm kòmandman an17: “Moun ki pi gran nan pami nou an dwe sèvitè nou.”18 Bonè konjwen an pi enpòtan pase pwòp satisfaksyon pa nou. Ede pitit nou renmen Bondye ak kenbe kòmandman L yo se priyorite prensipal nou. Nou dispoze pou pataje benediksyon materyèl nou resevwa yo atravè dim, ofrann jèn, ak bay moun ki nan bezwen. Epi, si antèn spirityèl nou pwente nan dirèksyon syèl la, Senyè a ap gide nou vè moun nou ka ede.

Mond la bati inivè li otou limenm sèlman, e l pwoklame avèk ogèy: “Gade m, konpare avèk vwazen m nan! Gade sa m genyen! Gade jan m enpòtan!”

Mond lan fasilman irite, endiferan, li egzijan, li renmen aklamasyon foul la, pandan ke venk mond lan pote imilite, senpati, pasyans, ak konpasyon pou moun ki diferan de nou yo.

Sekirite nan Pwofèt yo

Venk mond lan ap toujou vledi ke n ap gen kèk kwayans ke mond lan ap pase nan betiz. Sovè a te di:

“Si mond la rayi nou, sonje ke l te rayi m anvan l te rayi nou.

“Si nou te moun mond lan, mond lan t ap renmen moun paske nou se pou li.”19

Prezidan Russell M. Nelson te di maten an: “Vrè disip Jezikri yo se moun ki dispoze pou demake yo, pou yo fè tande yo, epi pou yo diferan ak moun nan mond lan.”20

Yon disip Kris la pa alame si yon bagay li poste sou kwayans li sou entènèt pa resevwa 1.000 apwobasyon ni menm kèk emojis amikal.

Venk mond lan se mwens sousye pou koneksyon nou sou entènèt e plis sousye de koneksyon nou avèk Bondye.

Senyè a ba nou sekirite lè nou koute konsèy pwofèt ak apot vivan L yo.

Imaj
Prezidan Monson k ap pale

Prezidan Thomas S. Monson te di: “Mond lan kapab difisil … [Si nou ale nan tanp], … n ap plis kapab sipòte chak eprèv e simonte chak tantasyon. … N ap renouvle ak fòtifye.”21

Avèk ogmantasyon tantasyon, distraksyon, ak defòmasyon sou laverite yo, mond lan eseye twonpe moun fidèl la pou fè l rejte bèl eksperyans spirityèl lepase l yo, e redefini yo kòm twonpri ensanse.

Venk mond lan se pou, menm lè nou dekouraje, nou sonje moman kote nou te santi amou ak limyè Sovè a. Èldè Neal A. Maxwell te eksplike youn nan eksperyans sa yo fason sa a: “Mwen te beni, epi m te konnen Bondye te konnen ke m te konnen m te beni.”22 Malgre nou gen dwa tanporèman santi yo bliye nou, noumenm nou pa janm bliye.

Venk mond lan pa vledi pou n mennen yon lavi izole, pwoteje kont enjistis ak difikilte mòtalite yo. Men, sa ba nou yon pi gwo konpreyansyon sou lafwa, ki mennen nou pre Sovè a ak pwomès Li yo.

Pandan ke nou pa ka atenn pèfeksyon nan lavi sa a, simonte mond lan kenbe flanm espwa nou limen pou ke yon jou nou “pral kanpe devan [Redanmtè] nou an; [epi] nou pral wè figi l ak kè kontan,”23 epi nou pral tande vwa l ki di: “Vin jwenn mwen, ou menm Papa m beni, vin eritye wayòm ki prepare pou ou a.”24

Egzanp Èldè Bruce D. Porter a

28 Desanm ane pase a, chè zanmi nou e Otorite Jeneral byeneme nou, Èldè Bruce D. Porter te fini lavi l nan mòtalite a. Li te gen 64 tran.

M te rankontre Bruce pou lapremyèfwa lè nou te etidyan nan Inivèsite Brigham Young. Li sete youn nan pi bon etidyan k te pi entèlijan yo. Lè l te fin resevwa doktora li nan Inivèsite Harvard, apre yon spesyalizasyon sou zafè Ris yo, kapasite entelektyèl li ak ekri li te pote renome ki ta ka fè l devye sou wout la men, richès ak lwanj mond lan pa t janm te bouche je li.25 Lwayote li sete pou Sovè a, Jezikri; pou konpay etènèl li, Susan; pou pitit li ak pitit pitit li yo.

Imaj
Èldè Porter avèk jèn fanmi li

Bruce te fèt avèk yon pwoblèm nan ren. Li te fè operasyon, men, atravè ane yo, ren li te kontinye ap deteryore.

Tousuit apre Bruce te fin aple kòm Otorite Jeneral an 1995, nou te sèvi ansanm avèk fanmi nou nan Frankfort, an Almay, kote travay li te santre prensipalman sou LaRisi ak nan Lès Ewòp.

Lavi te chanje dramatikman pou Èldè Porter an 1997 lè ren li ak sante l te kòmanse febli. Fanmi an te retounen Salt Lake City.

Pandan 22 zan sèvis li nan Swasanndis yo, Bruce te ospitalize plizyè fwa, li te fè 10 operasyon. Nan de okazyon, doktè yo te di Susan ke Bruce pa t ap menm pase nuit la, men li te siviv.

Pandan plis pase douzan nan sèvis li kòm Otorite Jeneral yo, Bruse te sou tretman dyaliz pou yo te ka pwòpte san li. Pou pifò tan sa a, dyaliz la te konn pran senk sware pa semèn pandan katrèdtan pou chak tretman pou l te ka sèvi nan apèl li pandan jounen an ak aksepte tach yo te ba li nan wikenn yo. Lè sante l pa t amelyore apre plizyè benediksyon prètriz, Bruce te kalkile, men li te konnen nan kimoun li te mete konfyans li.26

An 2010, Bruce te resevwa yon ren nan men pitit gason li, David. Fwa sa a, kò li pa t rejte grèf la. Sete yon mirak, ki te rebali la sante, sa k te finalman pèmèt li retounen avèk Susan nan peyi LaRisi yo te si renmen an, kote l t ap sèvi nan Prezidans Entèrejyon an.

Imaj
Èldè Porter ak Sè Porter an Risi

26 Desanm ane pase a, apre anpil konba kont enfeksyon san rete nan yon lopital nan Salt Lake, li te mande doktè yo pou yo te soti nan sal la. Bruce te di Susan “Lespri a te fè l konnen pa t gen anyen doktè yo te ka fè pou te sove lavi li. Li te konnen … Pè Selès la t apral pran l retounen lakay. Li te ranpli ak lapè.”27

28 Desanm , Bruce te retounen lakay li. Kèlke èdtan apre, antoure pa fanmi li, li te retounen pezibleman nan fwaye selès li.

Imaj
Foto Èldè Bruce D. Porter

Sa gen kèk ane, Bruce Porter te ekri pawòl sa yo pou pitit li yo:

“Temwayaj mwen genyen sou reyalite ak lanmou Jezikri a sete bousòl lavi mwen. … Se yon temwayaj pur Lespri a k ap boule andedan m pou di m ke li vivan, li se Redanmtè mwen ak zanmi mwen nan tout moman bezwen.”28

“Tach nou … se vin konnen [Sovè a] epi, atravè lafwa nan li, simonte eprèv ak tantasyon mond sa yo.”29

“Annou rete fidèl ak vrè, ann mete konfyans nan li.”30

Bruce Douglas Porter te venk mond lan.

Se pou nou chak eseye yon ti jan pi plis nan efò nou pou venk mond lan, san nou pa jistifye peche grav yo men nan rete pasyan nan ti erè yo, vivman akselere pwogresyon nou epi ede lòt moun jenerezman. Si nou kwè pi totalman nan Sovè a, m pwomèt nou benediksyon yon pi gwo lapè nan lavi sa a ak yon pi gwo asirans sou destine etènèl nou, nan non Jezikri, amèn.