2010–2019
Kite Sentespri a dirije Nou
Avril 2017


Kite Sentespri a gide nou

Konfòmeman ak misyon divin ni, Sentespri a enspire nou, li temwaye ba nou, li anseye nou epi li pouse nou mache nan limyè Senyè a.

Frè ak sè m yo, menmjan avèk nou tout, mwen rekonèt ke n ap wè akselerasyon travay Senyè a atravè Prezidan Thomas S. Monson ak mesaj li a maten an. Prezidan Monson, nou renmen ou, nou soutni ou, epi nou toujou priye pou ou, “pwofèt byeneme nou an.”1

Nou te santi yon gwo devèsman Lespri a nan wikenn sa a. Keseswa ou isit la nan gran sal sa a oubyen w ap gade konferans la lakay ou oubyen ou rasanble nan chapèl nan pati elwanye nan mond la, ou te gen opòtinite pou w santi Lespri Senyè a. Lespri sa konfime verite yo te anseye nan konferans sa a nan kè w ak nan panse w.

Ann konsidere pawòl chan familye sa:

Kite Sentespri a gide nou;

Kite l anseye nou sa ki vre.

Lap temwaye konsènan Kris la,

Klere lespri nou avèk vizyon syèl la.2

Daprè revelasyon nan dènye jou yo, nou konnen Divinite a konpoze pa twa pèsonaj distenk e separe: Papa nou ki nan Syèl la; Sèl Pitit Gason Literal Li a, Jezikri; ak Sentespri a. Nou konnen “Papa a gen yon kò chè ak zo moun ka touche menm jan avèk pa lòm nan; Pitit Gason an tou; men, Sentespri a pa gen yon kò chè ak zo, sepandan li se yon pèsonaj lespri. Si se pa t sa, Sentespri a pa t ap kapab rete andedan nou.”3

Mesaj mwen jodia santre sou enpòtans Sentespri a nan lavi nou. Papa nou ki nan Syèl la te konnen nan mòtalite nou tap fè fas ak difikilte, tribilasyon, ak boulvèsman; Li te konnen nou ta pral lite anba kesyon, desepsyon, tantasyon ak feblès. Pou ba nou fòs ak direksyon diven nan mòtalite a, Li ban nou Lespri Sen an, yon lòt non pou Sentespri a.

Sentespri a lye nou avèk Senyè a. Konfòm ak misyon divin ni, Li enspire nou, temwaye ba nou, anseye nou, ak pouse nou mache nan limyè Senyè a. Nou gen responsablite sakre pou n aprann rekonèt enfliyans Li nan lavi nou epi pou nou suiv li.

Sonje pwomès Senyè a: “M ap ba ou yon mòso nan Lespri m, ki pral klere panse ou, ki pral ranpli nanm ou avèk lajwa.”4 M renmen asirans sa a. Lajwa ki ranpli nanm nou an pote yon pèspektif etènèl avèk li ki diferan avèk lavi jounalye nou.LajJwa sa vini kòm lapè nan mitan difikilte oswa chagren. Li pote rekonfò ak kouraj, li eksplike verite levanjil yo, epi li ogmante amou nou pou Senyè a ak pou tout pitit Bondye yo. Malgre nou sitèlman bezwen benediksyon sa yo, nan plizyè fason, mond la bliye yo e abandone yo.

Chak semèn lè nap pran Sentsèn, nou fè alyans pou nou “toujou sonje l,” Senyè a, Jezikri a, ak sakrifis ekspyatwa L la. Lè nou kenbe alyans sakre sa a, nou resevwa pwomès, ke nou “ka toujou gen Lespri li avèk [nou].”5

Kouman pou nou fè sa?

Premyèman, nou eseye viv diy pou n gen konpayi Lespri a.

Sentespri a akonpaye moun ki “sonje Senyè Bondye yo a chak jou avèk presizyon.”6 Jan Senyè a te konseye a, nou dwe “ou dwe mete bagay ki nan mond sa a sou kote, epi chèche bagay ki pou yon mond ki pi bon.”7 paske “Lespri Senyè a pa rete nan tanp ki pa sen.”8 Nou dwe toujou eseye obeyi lwa Bondye yo, etidye ekriti yo, priye, al nan tanp, epi aplike trèzyèm atik lafwa a, “pou nou onèt, vrè, chas byenveyan, gen vèti, epi … fè byen pou tout moun.”

Dezyèmman, nou dwe dispoze pou resevwa Lespri a.

Senyè a pwomèt, “M ap pale ou nan lespri ou ak nan kè ou, pa mwayen Sentespri a, ki pral vini sou ou epi ki pral rete nan kè ou.”9 M te kòmanse konprann sa lè m te yon jèn misyonè nan Scotch Plains, New Jersey. Yon jou maten cho nan mwa Jiyè, konpayon m avèk mwen te santi enspirasyon pou n t al pran kontak avèk yon moun yo te refere nou nan Temple Square. Nou te frape pòt kay Elwood Schaffer. Madanm Schaffer te poliman ranvwaye nou.

Pandan l tap kòmanse fèmen pòt la, m te santi m te dwe fè yon bagay m pat janm konn fè anvan sa epi m pa janm fè ankò apresa! M te bloke pòt la avèk pye m epi m te mande: “Èske gen yon lòt moun ki ta ka enterese nan mesaj nou an?” Pitit fi sèzan l la, Marti, te enterese, epi li te priye avèk fèvè pou direksyon nan jou anvan an. Marti te rankontre avèk nou epi kèk fwa, manman l te vin patisipe nan diskisyon yo. Yo toulède te vin manm Legliz la. Akoz batèm Marti a, 136 moun, enkli anpil nan pwòp fanmi li te vin batize e fè alyans nan levanjil la. Mwen rekonesan anpil dèske m te koute Lespri a epi m te bloke pòt la avèk pye m jou mwa jiyè plen chalè sa a. Marti ak anpil nan manm fanmi li la a jodia.

Imaj
Èldè Rasband lè l te misyonè

Kòm rezilta batèm Marti a, 136 moun, enkli anpil manm pwòp fanmi li, te batize epi fè alyans levanjil yo. Mwen rekonesan anpil dèske m te koute Lespri a epi m te mete pye m pou bloke pòt la nan jounen chalè mwa Jiyè sa a. Marti ak yon kantite manm fanmi li la a jodia.

Third, nou dwe rekonèt Lespri a lè l manifeste.

Daprè eksperyans pa m, pi souvan, Lespri a kominike tankou yon santiman. Ou santi l nan pawòl ki familye pou ou, ki fè sans pou ou, ki “envite ou.” Konsidere repons Nefit yo lè yo tap koute Senyè a ki t ap priye pou yo a: “Epi foul la te tande e yo te rann temwayaj; e kè yo te louvri e yo te konprann pawòl priyè a nan kè yo.”10 Yo te santi pawòl priyè L yo nan kè yo. Vwa Lespri Sen an trankil epi l piti.

Nan Ansyen Testaman an, Eli te lite kont prèt Baal yo. Prèt yo t ap tann pou “vwa” Baal desann tankou loray pou limen sakrifis yo a avèk dife. Men, pa t gen vwa, epi pa t gen dife.11

Nan aprè, Eli te priye. “Epi, gade, Senyè te vin pase, epi yon gwo van vyolan te separe montay yo, epi l te kase wòch yo fè timoso devan Senyè a; men, Senyè a pa t nan van an: epi apre van, te gen yon tranbleman tè; men Senyè a pat nan tranbleman tè a:

“Epi apre tranbleman tè a te gen yon dife; men, Senyè a pat nan dife a: epi apre dife a te gen yon ti vwa trankil.”12

Èske w konn vwa sa a?

Prezidan Monson te anseye, “Pandan nap pousuiv vwayaj lavi a, annou aprann langaj Lespri a.”13 Lespri a pale pawòl nou santi. Santiman sa yo janti, yon ti pouse pou nou aji, pou nou fè yon bagay, pou nou di yon bagay, pou nou reponn nan yon sèten fason. Si nou san konviksyon oubyen neglijan nan adorasyon nou, si aktivite monden yo dewoute e desansiblize nou, kapasite pou nous anti a ap diminye. Nefi te di Laman ak Lemyèl, “Nou te tande vwa l tanzantan; e li te pale avèk nou avèk yon ti vwa dous, men nou te san sansiblite, ki fè nou pa t kapab santi pawòl li yo.”14

Mwa Jen pase a, m te gen yon tach an Amerik Disid. Nou te gen yon orè 10 jou chaje, pou n te vizite Kolonbi, Perou, ak Ekwatè. Yon gwo tranbleman tè te touye dèsantèn moun, blese dèmilye, andomaje epi detwi kay ak kominote nan vil Portoviejo ak Manta nan Ekwatè. M te santi m pouse pou m ajoute yon vizit kay manm ki te abite nan vil sa yo nan orè nou an. Paske wout yo te kraze, nou pa t fin kwè nou te ka rive kote sa yo. Annefè, yo te di nou, nou pa ta p ka ale kote sa yo, men enspirasyon an pat kite nou—konsa, nou te jwenn benediksyon e nou te vin kapab vizite toulède vil sa yo.

Nan yon tan si kout konsa, m te panse sete sèlman kèlke detantè prètriz lokal ki t apral vit òganize reyinyon yo. Men, lè nou te rive nan chak sant pieu yo, nou te jwenn chapèl yo ranpli depi devan jis dèyè. Kèk nan moun ki te vini yo sete manm ki te pilye nan zòn nan, piyonye ki te rete fidèl nan Legliz la, k ap ankouraje lòt moun pou vin adore ansanm avèk yo, pou santi Lespri a nan lavi yo. Nan premye ranje yo, te gen manm ki te pèdi fanmi yo ak zanmi yo nan tranbleman tè a. M te santi m pouse pou m bay yon benediksyon apostolik pou tout moun ki te la yo, sete premye fwa m t ap fè sa. Malgre m te kanpe devan nan sal la, sete kòmsi men m te poze sou tèt yo chak, epi m te santi pawòl Senyè ta p devèse nan mwen.

Imaj
Èldè Rasband ak Sè Rasband nan Amerik diSid

Sa pa t fini la. M te santi m pouse pou m te pale avèk yo mjan Jezikri te fè lè L te vizite moun an Amerik yo. “Li te pran timoun piti yo … epi L te beni yo, epi L te priye Papa a pou yo.”15 Nou te an Ekwatè, nou ta pral regle biznis Papa nou, epi moun sa yo sete pitit Li.

Katriyèmman, nou dwe aji sou premye enspirasyon an.

Sonje pawòl Nefi yo. Li te di: “Lespri a te dirije m, san m pa konnen anvan ki sa m ta dwe fè. Men, m te ale kanmèm.”16

E se konsa nou dwe fè. Nou dwe gen konfyans nan premye enpresyon nou yo. Kèk fwa nou fè lojik, nou made tèt nou si se yon enpresyon espirityèl n ap santi a oubyen si se jis pwòp panse pa nou. Lè nou kòmanse devine, menm re-devine santiman nou—e nou tout fè sa—nou rejte Lespri a; nou kesyone konsèy diven yo. Pwofèt Joseph Smith te di, “Si nou koute premye enpresyon yo, n ap byen tonbe nèf fwa sou dis.17

Men, atansyon: pa espere fedatifis poutèt ou te reponn a enpresyon Sentespri a. Sonje, w ap fè travay ti vwa trankil la.

Pandan m tap sèvi kòm prezidan misyon nan Vil Nouyòk, m te avèk kèk nan misyonè nou yo nan yon restoran nan Bronx. Yon jèn fanmi te antre e yo te vin chita bòkote nou. Yo te sanble moun ki te prepare pou levanjil la. M te gade misyonè nou yo ki te kontinye ap pale avèk mwen, epi, m te remake fanmi an te fin manje epi yo ta pral sòti nan pòt la. Lè sa a, m te di: “Èldè, gen yon leson la a jodia. Nou wè yon bèl fanmi sa a vini nan restoran sa a. Kisa nou te dwe fè?”

Youn nan èldè yo te pale rapidman. “M te anvi leve pou m t al pale avèk yo. M te santi yon pouse, men, m pat suiv li.”

Mwen te di : “Èldè, nou dwe toujou aji sou premye enpresyon nou resevwa a. Pouse sa a ou te santi a sete Sentespri a!”

Premye pouse yo se envitasyon pure ki sòti nan syèl la. Lè yo konfime oubyen temwaye ban nou, nou dwe rekonèt yo pou sa yo ye a, epi pa janm kite yo glise ale. Ase souvan, se Lespri a k ap enspire nou pou nou lonje men bay yon moun ki nan bezwen, fanmi ak zanmi an patikilye. “Wi … ti vwa dous, ki pale nan moun epi ki pèse tout bagay la,”18 pwente nou sou opòtinite pou anseye levanjil la, pou rann temwayaj konsènan Retablisman an ak Jezikri, pou ofri sipò ak senpati, epi pou sove yonn nan pitit presye Bondye yo.

Panse sou sa kòm yon bagay ki rele “premye sekou.” Nan pifò sosyete, premye sekou apre yon trajedi, dezas, oubyen kalamite se ponpye, polisye, anbilansye. Yo rive avèk limyè k ap flache, epi m ka ajoute, nou rekonesan anpil pou yo. Fason Senyè a mwens vizib men, li mande yon repons osi imedyat tou. Senyè a konn bezwen tout pitit Li yo—epi Li konn kiyès ki prepare pou ede. Si nou fè Senyè a konnen nou pare, nan priyè nou fè le maten yo, L ap rele nou pou nou reponn. Si nou reponn, L ap rele nou ankò, epi ankò, jiskaske nou twouve nou nan sa Prezidan Monson rele “travay Senyè a.”19 N ap vin tounen premye sekou espirityèl k ap pote èd soti nan syèl la.

Si nou pote atansyon a enspirasyon nou resevwa yo, n ap grandi nan lespri revelasyon an epi n ap resevwa plis anplis ide ak direksyon nan men Lespri a. Senyè a te di, “mete konfyans ou nan Lespri sa a ki dirije moun pou yo fè byen an.”20

M swete pou nou pran apèl Senyè a pou “fè kè nou kontan, paske m ap dirije nou”21 an oserye. L ap dirije nou atravè Sentespri a. Se pou nou viv pwòch Lespri a, pou n aji vit sou premye enspirasyon nou yo, ak konesans ke yo soti nan Bondye. M rann temwayaj konsènan pouvwa Sentespri a pou gide nou, pwoteje nou, epi menm rete avèk nou, nan non Jezikri, amèn.