2010–2019
Mete konfyans ou nan Bondye san doute
Avril 2017


Mete konfyans ou nan Bondye san doute

Si nou fèm epi nou pa kite lafwa nou ebranle, Senyè a ap ogmante kapasite nou pou simonte difikilte lavi yo.

Chè frè m ak sè m yo, mwen vle kòmanse mesaj mwen an jodi a ak temwanyaj ke m konnen Prezidan Thomas S. Monson se pwofèt Bondye nan epòk nou an. Konseye l yo nan Premye Prezidans lan ak Douz Apot yo, anfèt, se pwofèt, vwayan, ak revelatè tou. Yo reprezante Senyè a Jezikri e yo gen dwa pou deklare lespri ak volonte L jan li revele ba yo. Mwen temwaye ke gen n ap gen sekirite lè nou suiv konsèy yo. Senyè a enspire yo pou yo mete aksan sou fòtifye lafwa nou nan Pè Selès la ak nan Pitit Gason L la, Jezikri, ak nan Ekspiyasyon L la pou nou pa ebranle devan pwoblèm epòk nou yo.

Nan Liv Mòmon an, nou li konsènan yon nonm ki te rele Amon ke yo te voye soti nan peyi Zarayemla a pou al nan peyi Leyi-Nefi a pou l te mennen yon ankèt sou frè l yo. Lè l te rive, li te jwenn Wa Limi ak pèp li a, ki te nan esklavaj anba men Lamanit yo. Wa Limi te pran fòs nan sa Alma te pataje avèk li sou pèp li a nan Zarahemla a. Kè l te sitèlman ranpli ak gwo espwa ak lajwa ke l te rasanble pèp li a nan tanp lan epi l te di yo:

“Se poutèt sa, leve tèt nou e rejwi, mete konfyans nou nan Bondye. …

“... Si nou tounen vin jwenn Senyè a ak tout kè nou, … e si nou sèvi l avèk tout dilijans panse nou, … l ap delivre nou anba esklavaj dapre volonte l ak plèzi pa l. ”1

Pawòl Amon yo te sitèlman gen efè sou lafwa pèp Wa Limi an ke yo te fè alyans avèk Bondye pou yo te sèvi L epi respekte kòmandman L yo, malgre sikonstans difisil yo. Gras ak lafwa yo, yo te kapab fè yon plan pou yo te sove anba men Lamanit yo. 2

Frè m ak sè m yo, tanpri reflechi sou enpòtans envitasyon Wa Limi te bay pèp li a ak enpòtans li pou nou. Li te di: “Leve te nou, epi rejwi, epi mete konfyans nou nan Bondye.” Ak pawòl sa yo, Limi te envite pèp li a pou gade demen ak je lafwa; pou ranplase krent yo pa optimis ak esperans ki soti nan lafwa; epi pou yo pa ezite plase konfyans yo nan Bondye kèlkeswa sikonstans lan.

Lavi nan mòtalite a se yon peryòd tès kote yo pral pase nou aleprèv pou wè si nou ap fè tout sa Senyè Bondye nou an kòmande nou.3 Sa ap mande yon lafwa inebranlab nan Kris la menm nan tan gran difikilte. Sa ap mande pou nou avanse avèk fèmte nan Kris la, sou direksyon Lespri a, epi kwè ke Bondye ap satisfè bezwen nou.4

Nan fen ministè Li nan mòtalite a, jis anvan yo te arete l la, Sovè a te ansenye disip Li yo: “Nan mond sa a nou va gen tribilasyon: Men pran kouraj; Mwen te venk mond lan.” 5

Reflechi avèk mwen pou yon moman—Jezikri, Sèl Pitit Literal Papa a, te viv yon lavi san peche e l te venk tout tantasyon, soufrans, pwoblèm, ak afliksyon mond lan. Li te vèse gout san nan Jetsemani; Li te soufri doulè terib ki depase tout deskripsyon. Li tan pran sou tèt Li tout doulè ak maladi nou yo. Li te pare pou ede—pou ede chak nan nou—anba tout chay. Atravè lavi L, soufrans, lanmò, and Rezireksyon Li, Li te retire tout obstak ki anpeche nou rejwi ak jwenn lapè sou tè sa a. Benefis Sakrifis Ekspiyatwa L la etann pou tout moun ki aksepte Li e ki bliye tèt yo ak pou moun ki pran kwa Li sou zepòl yo epi suiv Li kòm vrè Disip li.6 Se poutèt sa, si nou egzèse lafwa nan Jezikri ak nan Ekspiyasyon L lan, n ap fòtifye, chay nou yo ap vin pi lejè, epi atravè Li menm n ap venk mound lan.

Frè m ak sè m yo, pandan n ap reflechi sou fòs ak esperans nou ka resevwa nan men Sovè a, nou gen rezon pou n leve tèt nou, pou nou rejwi, epi avanse devan ak lafwa san doute. “Paske moun ki doute, li tankou yon vag lanmè van an ap pouse. .... Yon moun ki pa konnen sa l vle toujou ap chanje lide l nan tout bagay.”7

Wa Limi te di menm jan an tou: “Tounen vin jwenn Senyè a ak tout kè nou, … sèvi l avèk tout dilijans panse nou, si nou fè sa, l ap delivre nou anba esklavaj dapre volonte l ak plèzi pa l.”8

Koute pwòp pawòl Sovè a ki sipliye nou:

“Pa kite bagay sa yo toumante nou. Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou. …

Si nou renmen m’, se pou n’ obeyi kòmandman m’ yo. …

“Moun ki asepte kòmandman m’ yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m’ va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m’a renmen l’, epi m’a fè l’ wè mwen. ”9

Bondye beni nou selon lafwa nou.10 Lafwa se sous yon lavi ki gide pa objektif diven ak pèspektif etènèl. Lafwa se yon prensip pratik ki enspire dilijans. Li se yon fòs vital ak vivan ki manifeste nan atitid pozitif nou ak dezi pou nou dispoze pou n fè tout sa Bondye ak Jezikri mande nou. Li pouse nou pou n mete n ajenou pou nou mande Senyè a direksyon epi pou nou leve e aji ak konfyans pou fè sa ki konfòm avèk volonte Li.

Sa gen kèk ane pandan m t ap sèvi kòm prezidan misyon, m te resevwa apèl telefòn paran youn nan misyonè byeneme nou yo ki te enfòme m de lanmò sè li. Wen sonje, nan moman douloure sa a, mwen menm ak misyonè sa a te diskite sou plan sali mèveye Bondye a pou pitit Li yo ak sou kijan konesans sa a t ap rekonfòte li.

Malgre li te sezi epi l te tris akoz advèsite sa a, misyonè sa a — atravè kriye l ak lafwa nan Bondye — te rejwi nan lavi sè l la. Li te eksprime konfyans inebranlab nan tand mizèrikòd Senyè a. Avèk rezolisyon, li te di m ke l t ap kontinye sèvi misyon li ak tout lafwa ak dilijans pou l te ka diy pou pwomès Bondye te gen pou limenm ak fanmi l yo. Nan moman bezwen sa a, misyonè fidèl sa a te tounen kè l bay Bondye, li te mete tout konfyans li nan Li, epi l te renouvle angajman l pou sèvi Senyè a ak lafwa ak tout dilijans.

Frè m ak sè m yo, si nou pa byen anrasinen nan konfyans fèm nou nan Bondye ak dezi pou nou sèvi Li, eksperyans douloure mòtalite yo kapab fè nou santi kòmsi nou chaje anba yon fado ki lou; epi nou kapab pèdi motivasyon pou nou viv levanjil la plènman. San lafwa, n ap fini pa pèdi kapasite pou apresye desen Bondye nou an konsènan bagay ki ap rive nan apre nan lavi nou.11

Nan moman eprèv sa yo, advèsè a — ki toujou ap siveye — eseye itilize lojik ak rezònman kont nou. Li eseye konvenk nou ke sa initil pou nou viv prensip levanjil yo. Frè m ak sè m yo, tanpri sonje ke lojik lòm natirèl la “pa resevwa bagay Lespri Bondye yo: paske yo se pawòl moun fou pou li.”12 Sonje ke Satan “se ènmi Bondye, e l ap goumen avèk li tout tan, li envite e pouse moun nan peche, epi pou yo fè sa ki mal tout tan.”13 Nou pa dwe kite l twonpe nou; paske lè nou twonpe nou, nou kilbite nan lafwa nou e nou pèdi pouvwa pou resevwa benediksyon Bondye.

Si nou fèm epi nou pa ebranle nan lafwa nou, Senyè a ap ogmante kapasite nou pou simonte pwoblèm lavi yo. N ap kapab venk dezi negatif yo epi n ap devlope kapasite pou nou simonte, menm sa ki parèt obstak ensimontab yo. Se sa k te fè pèp wa Limi an te kapab fè yon chape remakab soti nan kaptivite Lamanit yo.

Frè m ak sè m yo, m envite nou pou nou mete tout konfyans nou nan Bondye ak nan ansèyman pwofèt Li yo. Mwen envite nou pou nou renouvle alyans nou avèk Bondye, pou nou sèvi Li ak tout kè nou, kèlkeswa sitiyasyon konplèks lavi yo. Mwen temwanye ke pa pouvwa lafwa inebranlab nou nan Kris la, n ap kapab libere anba kaptivite peche, dout, enkwayans, tristès, soufrans; epi n ap resevwa tout benediksyon Pè Selès eman nou an pwomèt yo.

Mwen temwanye ke Bondye reyèl. Li vivan. Li renmen nou Li tande priyè nou nan moman kontantman ak nan moman dout, tristès, ak dezespwa nou yo. Mwen temwanye ke Jezikri se Sovè mond lan. Li se Redanmtè a.

M ap fini diskou m nan jodi a avèk pawòl yon kantik yo rele: “Pa kounyea men nan ane k ap vini yo” ke n ap jwenn nan liv kantik Pòtigè a:

Si olye de solèy la nyaj yo mete lonbraj sou kè nou,

Si lapenn aflije nou, sa pa fè anyen; nou pral byen vit konnen kiyès Ou ye.

Jezi gide nou avèk men Li, epi L ap di nou poukisa;

Si nou koute vwa Li, L ap di nou tikras pa tikras.

Konfye nou nan Bondye san doute, epi kite L soutni nou;

Chante laglwa Li san rete, paske pita L ap eksplike nou.14

M di bagay sa yo nan non sakre Jezikri, amèn.