2010–2019
Lanmou pafè chase tout krent
Avril 2017


Lanmou pafè chase tout krent

Annou abandone krent nou yo epi olyesa, viv ak lajwa, lesperans, ak yon konfyans fèm ke Senyè a avèk nou.

Frè ak sè byeneme m yo, chè zanmi mwen, ala yon privilèj ak yon lajwa sa ye pou n reyini antanke yon Legliz mondyal ini nan lafwa nou ak lanmou nou pou Bondye ak pitit Li yo.

M rekonesan pou prezans pwofèt byeneme nou an, , Thomas S. Monson. Prezidan, n ap toujou kwè ak obeyi pawòl direksyon, konsèy ak sajès ou yo. Nou renmen ou, Prezidan Monson, epi nou toujou priye pou ou.

Sa gen kèk ane, pandan m t ap sèvi kòm prezidan pieu nan Francfort, an Allemagne, yon chè sè aparaman mekontan te vin kote m nan fen youn nan reyinyon pieu nou yo.

Li te di: “Èske sa pa terib? Dwe te gen kat oubyen senk moun ki t ap dòmi byen pwofon pandan diskou w la!”

M te reflechi yon ti moman epi m te reponn: “M panse dòmi nan legliz nan pami pi bon nan tout dòmi ki genyen.”

Madanm mwen, Harriet, te tande echanj sa a epi nan apre li te di sete youn nan pi bèl repons m te janm bay.

Gran Revèy la

Sa gen kèk syèk, an Amerik di Nò a, yon mouvman ki te rele “Gran Revèy” te simaye toupatou nan andeyo yo. Youn nan objektif prensipal li sete pou reveye moun ki te parèt andòmi nan zafè bagay spirityèl.

Jèn Joseph Smith te enfliyanse pa sa l te tande nan bouch pastè yo ki te fè pati revèy relijye sa a. Se youn nan rezon k fè l te deside chèche volonte Senyè a sensèman nan lapriyè.

Pastè sa yo te gen yon estil prèch dramatik ak emouvan, avèk diskou ki te rekoni pou gwo ensistans yo te mete sou pil flanm laterè ki t ap tann pechè yo nan lanfè.1 Diskou yo pa t andòmi moun—men yo te petèt lakoz kèlke kochma. Objektif yo ak chema yo sanble sete pou yo te fè moun pè pou yo te ka vin repanti.

Laperèz kòm manipilasyon

Istorikman, yo te souvan itilize laperèz kòm mwayen pou pouse moun fè aksyon. Paran konn itilize l avèk pitit yo, patwon avèk anplwaye yo, epi politisyen avèk moun k ap vote yo.

Espesyalis nan zafè komès yo konprann pouvwa laperèz e yo itilize l souvan. Se poutèt sa kèk piblisite sanble yo transmèt mesaj souzantandi ki di, si nou pa achte mak sereyal pa yo a pou dejene oubyen si nou rate dènye jwèt videyo a oubyen dènye telefòn selilè a, nou riske mennen yon lavi mizerab epi mouri poukont nou nan tristès.

Nou souri lè nou tande sa epi nou panse ke nou pa t ap janm tonbe nan atrap yon manipilasyon konsa, men, se sa nou fè pafwa. Sa k pi mal la, nou pafwa itilize menm metòd sa yo pou konvenk lòt moun pou yo fè sa nou vle.

Mesaj mwen jodia gen de bi: Premye a se pou priye nou pou n reflechi epi panse jiska ki pwen nou itilize laperèz pou motive lòt moun—enkli tèt nou. Dezyèm nan se pou sigjere yon pi bon metòd.

Pwoblèm ki genyen avèk laperèz

Toudabò, ann pale sou pwoblèm laperèz la. Apretou, kiyès nan nou ki pa janm santi laperèz pouse l pou l manje pi byen, mete senti sekirite, fè plis egzèsis, fè ekonomi, oubyen menm repanti pou peche?

Se vre ke laperèz kapab gen yon enfliyans puisan sou aksyon nou ak konpòtman nou. Men, enfliyans sa a gen tandans pou l tanporè ak sipèfisyèl. Laperèz raman gen pouvwa pou chanje kè nou, e li pap janm transfòme nou pou fè nou vin tounen moun ki renmen sa ki byen epi ki vle obeyi Pè Selès la.

Moun ki pè yo gen dwa di oubyen fè bagay egzat yo, men yo pa santi bagay egzat yo. Yo souvan santi yo san defans e irite, menm fache. Avèk letan, santiman sa yo mennen nan mefyans, mepri, ak menm rebelyon

Malerezman, move apwòch sa a sou lavi ak sou jan pou dirije sa a pa limite ak moun nan mond la sèlman. Sa fè m mal pou m tande gen manm Legliz k ap egzèse dominasyon enjis—keseswa nan fwaye yo, nan apèl yo nan Legliz la, nan travay, oswa nan relasyon jounalye yo avèk lòt moun.

Souvan, moun ka kondane pèsekisyon nan lòt moun, men, yo pa ka wè l nan yomenm. Yo egzije pou lòt moun konfòme yo avèk règ abitrè yo, men lè lòt moun pa suiv règ sa yo, yo reprimande yo vèbalman, emosyonèlman, e pafwa menm fizikman.

Senyè a di “lè nou …nou egzèse kontwòl oubyen dominasyon oubyen presyon sou nanm pitit lèzòm, nan nenpòt degre enjistis, …syèl la wete tèt li [epi] Lespri Senyè a atriste.”2

Ka gen moman kote nou tante pou n jistifye aksyon nou, nan kwè ke rezilta a jistifye mwayen yo. Nou ka menm panse ke kontwole lòt moun, manipile yo, ak trete yo mal se pou byen yo. Se pa vre, paske Senyè a di klèman ke “fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, jantiyès, bonte, lafwa, dousè, [ak] tanperans.”3

Yon pi bon mwayen

Plis m vin konn Pè Selès la, se plis m wè kijan li enspire ak dirije pitit li. Li pa ankòlè, ni plen vanjans, ni chèche kont.4 Men objektif li—travay li ak laglwa li—se pou gide nou, egzalte nou, epi mennen nou nan plenitid li.5

Bondye te dekri tèt li bay Moyiz kòm yon Bondye “plen mizèrikòd e konpatisan, ki pasyan, ki rich an bonte ak verite.”6

Lanmou Papa nou ki nan syèl la pou noumenm, pitit li yo, se yon bagay depasan ke nou pa ka konprann.7

Èske sa vledi Bondye tolere oubyen fèmen je l sou konpòtman ki al nan sans kontrè ak kòmandman l yo? Non, definitivman non!

Men, li vle chanje plis pase jis konpòtman nou. Li vle chanje pwòp nati nou. Li vle chanje kè nou.

Li vle nou lonje lamen pou n kenbe ba fè a fèm, afwonte laperèz nou yo, epi bravman avanse e elve nou sou wout dwat ak kwense a. Li vle sa pou nou paske li renmen nou epi paske sa se chemen bonè a.

Konsa, kijan Bondye motive pitit li yo pou yo suiv li nan epòk nou an?

Li te voye Pitit Gason L lan!

Bondye te voye Sèl Pitit Gason Literal li a, pou montre nou vrè chemen an.

Bondye motive nou nan pèsyade, avèk pasyans, ak jantiyès, dousman, epi avèk amou enfayib.8 Se nan kan pa nou Bondye ye. Li renmen nou, epi lè nou bite, Li vle nou leve, eseye ankò, epi vin pi solid.

Li se gid nou.

Li se gwo espwa ke nou cheri

Li vle motive nou ak lafwa.

Li gen konfyans ke n ap aprann apati erè nou epi fè chwa kòrèk.

Sa se pi bon fason an!9

E apwopo mal yo ki nan mond lan?

Youn nan fason Satan vle nou manipile lòt moun se nan konsantre sou mal ki nan mond lan e menm egzajere mal ki nan mond lan.

Asireman mond nou an te toujou enpafè, e l ap kontinye enpafè. Twòp pil moun inosan soufri akoz sikonstans lanati osi byen akoz mank imanite lakay lèzòm. Koripsyon ak mechanste nan epòk nou yo san parèy epi yo enkyetan.

Men malgre tout sa, m pa ta renmen chanje epòk m ap viv la avèk okenn lòt epòk nan istwa mond lan. Nou gen benediksyon depase pou n viv nan yon epòk pwosperite, limyè ak avantaj san parèy. Plis pase tout sa, nou gen benediksyon plenitid levanjil Jezikri a, ki ba nou yon pèspektiv enkonparab sou danje ki nan mond lan e ki montre nou kijan pou nou oubyen evite oubyen trete danje yo.

Lè m panse ak benediksyon sa yo, m anvi mete m ajenou pou m ofri lwanj pou Pè Selès nou an pou lanmou enfini li pou tout pitit li yo.

M pa kwè Bondye vle pou pitit li yo efreye oubyen rete chita sou mal ki nan mond lan. “Paske se pa yon espri laperèz Bondye mete nan nou; men, se yon espri fòs, lanmou, ak sajès.”10

Li banou yon abondans rezon pou nou rejwi. Nou jis bezwen jwenn yo epi rekonèt yo. Senyè a souvan raple nou pou n “pa pè,” pou n “fè kè nou kontan,”11 epi pou n “pa pè, timoun mwen yo.”12

Senyè a ap konbat pou nou

Frè m ak sè m yo, nou se “ti twoupo” Senyè a. Nou se Sen dènye jou. Yon bagay karakteristik nan nou se angajman nou pou nou tann retou Sovè a ak lajwa ak prepare tèt nou ak mond lan pou resevwa Li. Se poutèt sa, annou sèvi Bondye epi renmen pwochen nou. Annou fè sa avèk yon konfans tou natirèl, avèk imilite, san nou pa janm meprize okenn lòt relijyon ni okenn lòt gwoup moun. Frè m ak sè m yo, nou gen tach pou n etidye pawòl Bondye a epi koute vwa Lespri a, pou nou ka “konnen siy tan yo, ak siy aparisyon Pitit Lòm nan yo.”13

Se poutèt sa, nou pa inyore pwoblèm ki nan mond lan, ni nou pa inyore difikilte epòk nou yo. Men sa pa vledi pou nou chaje tèt nou oubyen chaje tèt lòt moun ak freyè konstan. Olye nou ret chita sou gwosè pwoblèm nou yo, èske l pa t ap pi bon pou n ta konsantre sou grandè enfini, bonte ak pouvwa absoli Bondye nou an, pou nou fè l konfyans, epi prepare n jwayezman pou retou Jezi, Kris la?

Antanke pèp alyans Li, nou pa bezwen kite laperèz paralyze nou paske move bagay gen dwa rive. Men, nou ka avanse ak lafwa, kouraj, detèminasyon, ak konfyans nan Bondye pandan n ap afwonte pwoblèm ak opòtinite pi devan yo.14

Nou p ap mache sou wout disip la poukont nou. “Senyè Bondye nou an … ap mache avèk nou; li p ap janm lage nou, li p ap janm abandone nou.”15

“Letènèl pral konbat pou nou, epi noumenm, poze san nou.”16

Anfas laperèz, annou jwenn kouraj nou, rasanble lafwa nou, epi mete konfyans nan pwomès ke “tout zàm y ap pran pou sèvi kont [nou] p ap mache.”17

Èske n ap viv nan yon tan peril ak toumant? Natirèlman.

Bondye Limenm te di: “Nou va gen tribilasyon nan mond lan: men, pran kouraj; mwen te venk mond lan.”18

Èske nou ka egzèse lafwa pou n kwè ak aji an konsekans? Èske nou ka viv alawotè angajman ak alyans sakre nou yo? Èske nou ka respekte kòmandman Bondye yo menm nan sikonstans difisil? Men wi, nou kapab!

Nou kapab paske Bondye pwomèt nou: “tout bagay ap travay ansanm pou byen nou, si nou mache dwat.”19 Konsa, annou abandone krent nou yo epi annou viv ak lajwa, lespwa, ak yon konfyans fèm ke Senyè a avèk nou.

Lanmou pafè chase tout krent

Zanmi byeneme mwen, chè frè m ak sè m yo nan Kris la, si nou janm twouve n ap viv nan laperèz ak anksyete, oubyen si nou janm twouve ke pawòl nou, atitid nou, oswa aksyon nou ka lakoz lòt moun pè, mwen priye ak tout fòs nanm mwen pou nou ka libere nou anba laperèz sa a nan aplike remèd divin yo ba nou pou laperèz la: amou pi Kris la, paske “amou pafè chase tout krent.”20

Amou pafè Kris la efase tantasyon pou nou blese, entimide, pèsekite oswa oprime lòt moun.

Amou pafè Kris la pèmèt nou mache ak imilite, diyite, ak yon konfyans fèm kòm disip Sovè byeneme nou an. Amou pafè Kris la ba nou konfyans pou simonte krent nou yo epi mete konfyans total nan pouvwa ak bonte Pè Selès nou an, ak Pitit Gason L lan, Jezikri.

Nan fwaye nou, nan lye travay nou, nan apèl nou nan Legliz la, nan kè nou, annou ranplase lakrent pa amou pafè Kris la. Amou Kris la ranplase krent pa lafwa!

Amou li ap pèmèt nou rekonèt, mete konfyans, e gen lafwa nan bonte Pè Selès nou an, nan plan diven L la, nan levanjil Li a, ak nan kòmandman L yo. 21 Renmen Bondye ak pwochen nou ap fè obeyisans nou nan kòmandman Bondye yo vin tounen yon benediksyon olye de yon fado.

Si nou ranpli kè nou ak lanmou Kris la, n ap vin gen yon espri spirityèlman renouvle epi nou va mache jwayezman, ak konfyans, vivifye, epi egzalte nan limyè ak lagwa Sovè byeneme nou an, Jezikri.

Mwen temwaye, avèk Apot Jan, ke, “pa gen krent nan amou [Kris] la.”22 Frè m ak sè m yo, chè zanmi mwen, Bondye konnen nou pafètman. Li renmen nou pafètman. Li konnen sa demen ap pote. Li vle pou nou “pa pè, men kwè sèlman”23 epi pou nou “demere nan amou [pafè] Li.”24 Sa se priyè m ak benediksyon mwen, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. George Whitefield ak Jonathan Edwards se de egzanp selèb sou kalite prèch sa a.

  2. Doktrin ak Alyans 121:37.

  3. Galat 5:22–23.

  4. Nan yon okazyon, Sovè a te vle antre nan yon vilaj Samariten, men moun yo te rejte Jezi e yo pa t vle resevwa l nan vilaj yo a. De nan disip li yo te ofanse anpil poutèt sa epi yo te mande “Senyè, ou pa ta vle nou bay lòd pou dife nan syèl la desann pou fini avèk yo? Jezi te reponn ak avètisman sa a: “Nou pa konn ki kalite espri ki posede nou la a. Paske Pitit Gason Lòm nan pa vin pou detwi lavi lèzòm men pou sove yo” (gade Lik 9:51–56, Nouvo Vèsyon Wa Jak la [1982]).

  5. Gade Moyiz 1:39; gade tou Efezyen 3:19.

  6. Egzòd 34:6.

  7. Gade Efezyen 3:19.

  8. Doktrin ak Alyans 121:41. Si Bondye atann pou noumenm, pitit Li yo nan mòtalite a, nou konpòte nou nan fason sa a youn anvè lè, Limenm—yon èt pafè ki posded tout vèti—li sètènman dwe se modèl yon konpòtman konsa.

  9. Konsèy premòtèl la nan syèl la se yon ka etid ekselan ki demontre pèsonalite Bondye. Pè Selès nou an te prezante plan Li pou pwogresyon etènèl nou lè sa a. Eleman kle plan sa a te enkli libabit, obeyisans, ak sali atravè Sakrifis Ekspyatwa Kris la. Men, Lisifè te pwopoze yon apwòch diferan. Li te bay garanti ke tout moun t ap obeyi—youn pa t ap pèdi. Sèl fason pou l te rive fè sa se t ap atravè tirani ak lafòs. Men Pè Selès eman nou an pa t apwouve plan sa a. Li te respekte libabit pitit Li yo. Li te konnen ke nou t ap oblije fè erè sou chemen an pou nou ta aprann tout bon. Epi se poutèt sa Li te prevwa yon Sovè, ke sakrifis etènèl Li t ap ka pwòpte nou anba peche epi pèmèt nou retounen nan wayòm Bondye a.

    Lè Pè Selès la te wè Lisifè sedui si anpil nan pitit byeneme L yo, èske L te fòse yo pou yo te suiv plan L lan? Èske l te entimide oubyen menase sila yo ki te fè chwa si tèrib sa a? Non. Bondye toupuisan nou an te ka sètènman stope rebelyon sa a. Li te ka enpoze volonte Li sou disidan yo epi fè yo konfòme yo. Men olyesa, Li te kite pitit Li yo chwazi pou tèt pa yo.

  10. 2 Timote 1:7.

  11. Gade, paregzanp, Jozye 1:9; Ezayi 41:13; Lik 12:32; Jan 16:33; 1 Pyè 3:14; Doktrin ak Alyans 6:36; 50:41; 61:36; 78:18.

  12. Lik 12:32.

  13. Doktrin ak Alyans 68:11.

  14. Konsèy Moyiz te bay pèp la nan epòk li a toujou aplikab jodia: “Pa pè. … Gade delivrans Senyè a, ke l pral akonpli pou nou jodia” (Egzòd 14:13, Nouvo vèsyon Wa Jak la).

  15. Detewonòm 31:6.

  16. Egzòd 14:14, Nouvo vèsyon Wa Jak la.

  17. Ezayi 54:17.

  18. Jan 16:33.

  19. Doktrin al Alyans 90:24; gade tou 2 Korentyen 2:14; Doktrin ak Alyans 105:14.

  20. 1 Jan 4:18.

  21. Annou sonje ke Sovè a pa t vini “nan mond lan pou kondane mond lan; men pou l te ka sove mond lan” (Jan 3:17). Anfèt, “Li pa fè anyen si se pa pou benefis mond lan; paske li renmen mond lan tèlman, li bay lavi pa l pou l kapab atire tout moun sou li” (2 Nefi 26:24).

  22. 1 Jan 4:18; gade tou 1 Jan 4:16.

  23. Mak 5:36.

  24. Jan 15:10.