2010–2019
Kèlkeswa sa L di w fè, fè li
Avril 2017


Kèlkeswa sa L di w fè, fè li

Lè nou pran desizyon pou n fè “kèlkeswa sa [Bondye] di” nou, nou onètman angaje pou n aliyen konpòtman chak jou nou avèk volonte Bondye.

Sovè a te akonpli premye mirak Li nan yon resepsyon nòs nan Cana nan Galile. Jezi, Mari, manman Li, ak disip Li yo te la. Mary te aparaman santi l yon tijan responsab pou siksè resepsyon an. Pandan selebrasyon an, yon pwoblèm te leve---mèt nòs la pa t gen diven ankò. Mary te enkyè epi li t al jwenn Jezi. Yo te pale brèfman; epi Mari te vire gade sèvitè yo epi l te di yo:

“Fè tout sa l di nou fè.

“Te gen sis gwo ja fèt an wòch … [Ja sa yo pa t itilize pou mete dlo pou bwè men yo te sèvi pou Juif yo te lavi kò yo dapre koutim lwa Moyiz la.]

“Jezi te di [moun ki t ap sèvi] yo: Plen ja yo dlo. Epi ranpli yo ra bouch.

“Epi lè yo fini Li te di yo, pran ti gout nan dlo sa a, epi pote l bay chèf kanbiz la goute. Epi yo te fè sa.

“[Epi] chèf kanbiz la … te goute dlo ki te tounen diven an” epi li te di l etone dèske yo te sèvi pi bon diven an si ta konsa nan resepsyon an.1

Nou abityèlman sonje evenman sa a paske dlo ki te transfòme an diven an sete yon demonstrasyon sou pouvwa Bondye---sete yon mirak. Sa se yon mesaj enpòtan, men, gen yon lòt mesaj enpòtan tou nan resi Jan an. Mari sete “yon veso presye ki te chwazi,”2 Bondye te aple pou te bay nesans, nouri, ak elve Pitit Gason Bondye a menm. Li te konn plis bagay sou Li pase tout lòt moun sou tè a. Li te konn verite sou nesans mirakile l la. Li te konnen ke L te san peche epi Li “pa t pale tankou lòt moun, ni lòt moun pa t ka anseye li; paske Li pa t bezwen pou okenn moun anseye li.”3 Mari te konnen kapasite ekstraòdinè Li pou rezoud pwoblèm, menm yon pwoblèm osi pèsonèl ke founi diven pou yon resepsyon maryaj. Li te gen yon konfyans inebranlab nan Li ak nan pouvwa divin Li. Enstriksyon senp e dirèk li te bay sèvitè yo pa t gen okenn rezèv, ni kondisyon, ni limitasyon: “Fè tout sa L di nou fè.”

Mari te yon jènfi lè anj Gabriyèl te parèt devan l. Toudabò li te “twouble” dèske li te di l li “jwenn anpil favè” epi li te “beni …. pami tout fi … epi li t ap mande nan kè l kisa salitasyon sa a te vledi.” Gabriel te reyasire li ke li pa t bezwen pè---nouvèl li te pote yo sete bon nouvèl. Li t apral “vin ansent … pou l pote Pitit Gason Bondye ki pi Wo a” epi “l ap akouche yon pitit gason … [ki] pral gouvène kay Jakòb la pou tout tan.”

Mari te di zanj la: “Kijan sa pral fè rive, paske m pa konn okenn gason?”

Zanj la te eksplike brèfman, pou afime li ke “Anyen pa enposib pou Bondye.”

Mari te renponn enbleman ke l t ap fè sa Bondye te mande a, san l pa t mande pou l konn detay epi, san dout, malgre ke l te gen anpil kesyon sou enplikasyon sa ta pral genyen pou lavi li. Li te angaje tèt li san l pa t egzakteman konprann pouki Bondye t ap mande l bagay sa a oubyen kijan bagay yo pral pase. Li te aksepte pawòl Bondye a san kondisyon e alavans,4 avèk yon ti kal konesans sou sa k t ap tann ni. Avèk senp konfyans nan Bondye, Mari te di: “Mwen se sèvant Senyè a; ke bagay yo rive jan ou di a.”5

Lè nou deside fè “sa Bondye di” nou, nou onètman pran angajman pou aliyen konpòtman chak jou nou avèk volonte Bondye. Senp zak lafwa tankou li ekriti yo chak jou, jene regilyèman, epi priye avèk entansyon reyèl ranpli ja nou avèk kapasite espirityèl pou n reponn egzijans mòtalite yo. Avèk letan, senp abitid lafwa sa yo pwodui rezilta mirakile. Yo transfòme lafwa nou soti nan yon ti semans piti fè l vin tounen yon pouvwa dinamik pou byen nan lavi nou. Epi, lè pwoblèm vini, fondasyon nou nan Kris la bay nanm nou solidite. Bondye sipòte feblès nou yo, li ogmante lajwa nou, epi li fè “tout bagay travay ansanm pou byen [nou].”6

Sa gen kèk ane, m te pale avèk yon jèn evèk ki te konn pase pil èdtan chak semèn nan reyinyon avèk manm pawas li yo pou ba yo konsèy. Li te fè yon obsèvasyon ki te frape mwen. Li te di, pwoblèm manm pawas li yo t ap rankontre yo sete pwoblèm manm Legliz la toupatou ap rankontre---pwoblèm tankou kijan pou yo tabli yon bon maryaj; lit pou balanse travay, fanmi, ak responsablite yo nan Legliz la; pwoblèm pou obeyi Pawòl Sajès la, pwoblèm anplwa, oswa pònografi; oubyen difikilte pou jwenn lapè osijè yon règ nan Legliz la oubyen yon kesyon istorik yo pa t konprann.

Konsèy Li te bay manm pawas yo te souvan enkli pou yo retounen nan senp pratik lafwa, tankou li Liv Mòmon an—jan Prezidan Thomas S. Monson konseye nou pou nou fè a— peye dim, epi sèvi nan Legliz la ak devouman. Souvan repons yo te ba li sete yon repons plen dout: “M pa dakò avèk ou, Evèk. Nou tout konnen bagay sa yo se bon bagay pou nou fè. Nou pale de bagay sa yo tout tan nan Legliz la. Men m pa kwè w konprann mwen. Ki rapò bagay sa yo genyen avèk pwoblèm m ap konfwonte a?”

Se yon kesyon nòmal. Avèk letan, jèn evèk sa a avèk mwen te remake ke moun ki chwazi pou yo fè “ti bagay ki senp”7yo—ki obeyi nan ti bagay aparaman piti yo—jwenn benediksyon lafwa ak fòs ki ale odela zak reyèl obeyisans yo an yomenm epi, anfèt, ki ka sanble yo totalman san rapò avèk yo. Sa ka parèt difisil pou n wè yon koneksyon ant zak debaz obeyisans chak jou yo ak solisyon pou gwo pwoblèm konplike n ap rankontre yo. Men yo gen rapò. Daprè eksperyans pa m, suiv ti abitid kotidyèn lafwa yo se sèl bon mwayen pou fòtifye tèt nou kont pwoblèm lavi yo, kèlkeswa sa yo ka ye. Senp zak lafwa yo, menm lè yo parèt ensiyifyan oubyen totalman pa anrapò avèk pwoblèm spesifik ki aflije nou yo, yo beni nou nan tout sa n ap fè.

Ann konsidere Naaman, yon “chèf lame … Siri a, … yon nonm wa a te renmen anpil,” epi li te gen maladi lalèp. Yon sèvant te pale de yon pwofèt an Izrayèl ki te ka geri Naaman, epi konsa li te vwayaje avèk yon eskòt sèvitè, sòlda, ak kado pou Izrayèl, li te finalman rive lakay Elize. Sèvitè Elize a, pa Elize limenm, te enfòme Naaman ke kòmandman Senyè a sete senpleman pou l t “ale lave kò li sèt fwa nan Rivyè Jouden an.” Petèt preskripsyon senp sa a te parèt pou gèrye puisan sa a tankou yon bagay ki te si ilojik, si senplis, si anba diyite li ke l te twouve senp sigjesyon an ofansan. Anfèt, enstriksyon Elize a pa t fè sans pou Naaman, “konsa li te vire do l ale byen move.”

Men, sèvitè Naaman yo te pwoche kote li jantiman epi yo te fè l wè ke, si pwofèt la te mande l pou l te fè “yon gwo bagay”, li t ap fè li. Yo te di l paske li te sèlman mande l pou l fè yon ti bagay piti a, èske l pa ta dwe fè l, menmsi li pa t konprann poukisa? Naaman te rekonsidere reyaksyon li epi ,petèt plen dout, men obeyisan, li “te ale …, epi li te plonje tèt li sèt fwa nan Jouden an” epi li te geri mirakilezman.8

Kèk rekonpans pou obeyisans vini byenvit; gen lòt ki sèlman vini apre nou fin pase tès. Nan Pèl Gran Pri a, nou li apwopo dilijans enfatigab Adan nan respekte kòmandman pou ofri sakrifis la, aparaman pandan plizyè ane. Lè zanj la te mande Adan poukisa li t ap ofri sakrifis, li te reponn: “M pa konnen, eksepte Senyè a te kòmande m.” Zanj la te eksplike ke sakrifis li yo sete “yon resanblans sakrifis Sèl Pitit Literal Papa a.” Men, eksplikasyon sa a te vini sèlman apre Adan te fin demontre angajman li pou obeyi Senyè a pandan “plizyè jou” san l pa t konn poukisa li te sipoze ofri sakrifis sa yo.9

Bondye ap toujou beni nou pou obeyisans san fay nou nan levanjil li ak lwayote nou anvè Legliz li a, men Li raman montre nou alavans kilè L ap fè sa. Li pa montre nou tout imaj la davans. Se la lafwa, lesperans, ak konfyans nan Senyè a vini.

Bondye mande nou pou n gen pasyans avèk Li---fè l konfyans epi suiv Li. Li priye nou pou n “pa diskite paske w pa wè.” Li avèti nou ke nou pa dwe atann repons fasil ni solisyon rapid nan men syèl la. Bagay yo ap mache lè nou kanpe fèm pandan “tès lafwa [nou]” an, kèlkeswa jan tès sa a ka difisil pou n andire oubyen repons la lan pou vini.10 Mwen pa p pale de “obeyisans avèg”11 men de konfyans rezoli nan amou pafè ak kalandriye pafè Senyè a.

Tès lafwa nou ap toujou mande pou n rete fidèl nan senp abitid lafwa toulèjou yo. Epi, e sèlman lè sa a, Li pwomèt ke n ap resevwa repons diven n ap tann anpil la. Se sèlman lè nou pwouve l volonte nou pou fè sa L mande nou an san nou pa mande pou n konnen kilè, pouki, ak kijan, n ap “jwenn rekonpans pou lafwa [nou], ak dilijans [nou], ak pasyans nou, ak rezistans nou.”12 Vrè obeyisans aksepte kòmandman Bondye yo san kondisyon e alavans.13

Chak jou, konsyamman ou non, nou tout chwazi “kiyès [nou] vle sèvi .”14 Nou montre detèminasyon nou pou sèvi Senyè a nan fidèlman akonpli zak devosyon chak jou yo. Senyè a pwomèt L ap dirije wout nou,15 men, pou L ka fè sa, nou bezwen mache, ak konfyans ke Li konn chemen an paske Li se “chemen an.”16 Nou dwe ranpli ja nou yo ra bò. Lè nou mete konfyans nan Li epi nou suiv Li, tankou dlo k tounen diven an, lavi nou transfòme. N ap vin yon bagay nou pa ta janm panse nou t ap ye. Kwè nan Senyè a, epi “fè tout sa l mande nou fè.” Nan non Jezikri, amèn.