2010–2019
Men Li k ap dirije nou chak jou
Avril 2017


Men Li k ap gide nou chak jou

Papa Ki nan Syèl konn kisa oumenm avèk mwen bezwen pi byen pase nenpòt lòt moun.

Youn nan zouti Pè Selès la pi renmen pou gide Pitit Li yo se granparan ki jis. Manman papa m sete yon dam konsa. Nan yon okazyon ki te pase lè m te twò jèn pou m sonje, papa m t ap reprimande m. Grann mwen, ki t ap obsève koreksyon sa a, te di, “Monte, m panse w ap korije l twò sevè.”

Papa m te reponn, “Manman, m ap korije pitit mwen jan m vle.”

Epi grann saj mwen an te di tout dousman, “Se sa m ap fè tou.”

M si ke papa m te tande konsèy saj sa a nan men manman l lan jou sa a.

Lè n ap reflechi apwopo gidans, nou kapab panse a yon kantik nou tout konnen e renmen — “Je Suis Enfant de Dieu.” Nan refren an nou jwenn pawòl sa yo “Conduis moi, et marche avec moi, sur le bon chemin (Kondi m, gide m, mache bò kote m, ede m jwenn wout la).”1

Jiska dènyèman, m te panse refren sa a sete direksyon divin pou paran yo. Pandan m t ap reflechi sou pawòl sa yo, m te reyalize ke, menmsi yo gen direksyon sa a, yo gen yon pi gwo siyifikasyon toujou. Endividyèlman, nou chak dwe priye chak jou pou Papa nou ki nan Syèl la kondui nou, gide nou, epi mache avèk nou.

Prezidan Dieter F. Uchtdorf te eksplike: “Papa nou ki nan Syèl la konnen bezwen pitit Li yo pi byen pase nenpòt lòt moun. Se zèv Li ak laglaw L pou ede nou tout kote, pou ban nou resous tanporèl ak spirityèl mèveye pou ede nou sou chemen nou pou n tounen al jwenn ni an.”2

Koute pawòl sa yo: Pè Selès la konnen sa oumenm avèk mwen bezwen pi byen pase nenpòt lòt moun. Kòm rezilta, Li prepare yon pake swen pèsonèl pou chak nan nou. Gen anpil bagay ki konpoze li. Yo enkli Pitit Gason L lan ak Ekspiyasyon an, Sentespri a, kòmandman, ekriti, lapriyè, pwofèt, apot, paran, granparan, dirijan lokal Legliz yo, ak anpil lòt — tout sa pou ede nou retounen al viv avè L yon jou.

Èske m mèt pataje avèk nou jodi a kèk nan eleman ki nan pake swen sa a ki fè m rekonèt ke yon Papa eman ap dirije, gide, ak mache bò kote m ak fanmi mwen? Priyè m se pou nou chak rekonèt nan eksperyans pa nou ke Papa nou ki nan Syèl la ap dirije nou, gide nou, epi mache bò kote nou epi, avèk konesans sa a, n ap avanse ak konfyans, paske nou konnen nou pa janm vrèman poukont nou.

Kòmandman Pè Selès la ba nou yo se eleman kle nan pake swen an. Alma te deklare: “Inikite pa t janm bay bonè.”3 Lè nou tolere konpòtman deplase san nou pa reprimande l avèk amou, sa se fo konpasyon e sa ranfòse nosyon popilè ki di ke inikite ta kapab anfèt pote bonè a. Samyèl, Lamanit la, te klèman kontredi nosyon sa a: “Nou te chèche bonè nan fè inikite, nan fè bagay ki kontrè avèk nati lajistis ki nan gwo chèf etènèl nou an.”4

Palentèmedyè pwofèt Li yo, Pè Selès la toujou raple nou ke ladwati se bonè. Wa Benjamen, pa egzanp, te ansenye ke Pè Selès la “mande nou pou nou fè sa li kòmande nou; e si nou fè sa, li beni nou imedyatman.”5 Nan yon lòt nan kantik nou yo nou jwenn menm rapèl la:

Respekte kòmandman yo; Respekte kòmandman yo!

Nan sa gen sekirite; nan sa gen lapè.

L ap voye benediksyon. 6

Lè m ta pral gen 14 zan, mwen te aprann osijè kèk nan benediksyon sa yo. M te remake konpòtman paran m te chanje. Pandan m t ap reflechi sou sa m te obsève a, m te mande: “Èske nou pral nan misyon?” Chòk nan figi manman m nan te konfime sa m te sispèk la. Nan apre, nan yon konsèy familyal, mwenmenm ak frè m ak sè m yo te aprann ke yo te aple paran nou pou yo t al prezide sou yon misyon.

Nou t ap viv nan yon bèl abitasyon nan Wyoming nan Etazini. Selon pwendvi pa m, lavi a te pafè. M te ka vin sot lekòl, fè travay nan kay la, epi al lachas, lapèch, oubyen al mache avèk chen m nan.

Tousuit apre nou te fin aprann apèl la, m te reyalize ke m tap oblije abandone chyen m nan, Blue. Mwen te konfronte papa m, m t ap mande kisa m te dwe fè ak Blue. M te vle souliyen enjistis nan bagay sa a Bondye te mande yo a. M pap janm bliye repons sa a. Li te di, “M pa konnen. Pwobableman li pa kapab ale avèk nou, donk li t ap pi bon si w ta mande Pè Selès la.” Se pa t repons sa a m t ap tann.

M te kòmanse li liv Mòmon an. M te priye sensèman pou m te konnen si m te oblije bay yon moun chyen m nan. Mwen pa t resevwa repons la tousuit men, yon panse spesifik t ap pede penetre nan lespri mwen: “Pa tounen yon fado pou paran ou. Pa tounen yon fado. Se mwen k aple paran w yo.”

M te konnen sa Pè Selès la te mande. Konesans sa a pa t diminye doulè abandone chyen m nan. Men, atravè ti sakrifis sa a, kè m te adousi e m te jwenn lapè nan chèche konn volonte Pè Selès la.

Mwen remèsye Papa m ki nan Syèl la pou benediksyon ak bonè m jwenn atravè ekriti yo, lapriyè, Sentespri a, ak yon papa terès diy ki te anbrase wòl li antanke pwofesè levanjil prensipal pitit li. Yo te dirije m, gide m, e menm mache bò kote m pou ede m jwenn chemen an — spesyalman lè m te gen pou m fè yon bagay difisil.

Anplis eleman ki nan pake swen an m sot mansyone yo, nou chak gen chans pou n gen yon dirijan prètriz pou dirije nou ak gide nou.

Prezidan Boyd K. Packer te di: “Evèk yo enspire! Nou chak gen libète pou nou akspete oubyen rejte konsèy dirijan nou yo, men pa janm neglije konsèy evèk nou, keseswa li ba ou l sou chè a oubyen endividyèlman.” 7

Mesye sa yo ap efòse yo pou yo reprezante Senyè a. Ke nou aje oubyen nou jèn, lè Satan vle fè nou panse ke tout bagay pèdi, evèk yo la pou gide nou. Lè m ap pale ak evèk yo, m toujou dekouvri yon tèm komen konsènan konfesyon dezobeyisans oubyen soufrans inosan ki soufri anba tò terib. Evèk yo enstantaneman anvi eksprime lanmou Pè Selès la pou moun nan ak yon dezi pou mache bò kote l pandan l ap chèche jwenn chemen lakay la.

Petèt pi gwo eleman ki nan pake swen Pè Selès la pou nou an dekri nan pawòl sa yo: “Paske Bondye sitèlman renmen mond lan, ke li te bay sèl Pitit Gason Byeneme L la.”8

Pou anseye nou tout sa nou dwe fè, Jezikri te dirije chemen an kote l te ba nou egzanp pafè nou dwe eseye imite a. Avèk bra l louvri, Li priye nou pou nou vini, epi suiv Li.9 Epi lè nou tonbe, sa k rive nou tout, Li raple nou, “Paske gade, mwen menm Bondye, m te soufri bagay sa yo pou tout moun, pou yo pa soufri si yo repanti.”10

Ala yon bèl kado! Repantans se pa yon pinisyon; se yon privilèj. Se yon privilèj ki dirije nou e gide nou. Se pa etonan ke ekriti yo deklare ke nou pa pa ta dwe preche anyen eksepte repantans.11

Papa nou ki nan Syèl la gen anpil resous, men souvan Li itilize yon lòt moun pou asiste Li. Chak jou, Li ban nou opòtinite pou nou dirije, gide, epi mache bò kote yon moun ki nan bezwen. Nou dwe suiv egzanp Sovè a. Nou menm tou nou dwe ap mache fè travay Papa a.

Antanke Prezidans Jeneral Jènjan yo, nou konnen ke jèn yo beni lè yo gen paran ak dirijan ki aji pou Pè Selès la nan dirije, gide, ak mache bò kote yo. Twa prensip12 k ap ede nou vin fè pati pake swen Pè Selès la pou lòt moun se:

Premyèman, kanpe avèk jèn yo. Prezidan Henry B. Eyring te mete aksan sou pwen sa a: “Gen kèk bagay nou ka fè ki ka vo anpil. Egzanp nou nan viv doktrin nan ap pi puisan pase itilize mo pou n ansenye doktrin nan.”13 Pou nou dirije jèn yo sa mande pou nou kanpe avèk yo. Tan nou konsakre pou yo a se yon ekspresyon lanmou ki pèmèt nou ansenye an pawòl e pa legzanp.

Dezyèmman, pou nou vrèman gide jèn yo, nou dwe ede konekte yo avèk syèl la. Gen yon moman an ki toujou rive kote yo chak gen pou kanpe poukont yo. Se sèl Pè Selès la ki ka la pou gide yo tout tan ak nan tout kote. Jèn nou yo dwe konnen kijan pou yo chèche gidans Pè Selès la.

Twazyèmman, nou dwe kite jèn yo dirije. Tankou yon paran eman ki kenbe men yon ti bebe k ap aprann mache, nou dwe lage men yo pou jèn yo ka pwogrese. Pou nou kite jèn yo dirije, sa mande pasyans ak lanmou. Li pi difisil e li pran plis tan ke si nou t ap fè l noumenm. Yo gen dwa bite sou wout la, men n ap mache bò kote yo.

Frè m ak sè m yo, ap gen moman nan lavi nou kote benediksyon gidans yo sanble yo lwen oubyen yo pa la. Nan tan detrès sa yo, Èldè D. Todd Christofferson te pwomèt: “Ke alyans ou yo primòdyal e obeyisans ou egzak. Lè sa a ou ka mande ak lafwa, san doute, selon bezwen ou, epi Bondye va reponn. Li va soutni ou pandan w ap travay ak veye a. Nan tan pa Li e nan fason pa L, Li va lonje lamen ba ou, pou di ou, ‘Men Mwen.’”14

Nan yon moman konsa, m te chèche konsèy Pè Selès la atravè lapriyè konstan e sensè pandan plis pase ennan pou m te ka jwenn solisyon pou yon sitiyasyon difisil. M te konnen lojikman ke Pè Selès la reponn tout priyè sensè. Men m te sitèlman dezespere ke yon jou m t al nan tanp la avèk yon sèl kesyon: “Pè Selès, èske W reyèlman sousye de mwen?”

M te chita dèyè nan sal datant Tanp Logan nan nan Utah lè, avèk etonman, prezidan tanp lan, Vaughn J. Featherstone, yon bon zanmi fanmi mwen, te vin antre nan sal la. Li te kanpe devan kongregasyon an epi l te swete tout moun byenveni. Lè l te wè m nan pami moun nan tanp lan, li te sispann pale, li te gade m nan je, epi l te di, “Frè Brough, se yon plezi pou m wè w nan tanp lan jodi a.”

Mwen pa p janm bliye sa m te santi nan senp moman sa a. Se te kòmsi—nan akèy sa a—Pè Selès la t ap lonje men L epi di m: “Men Mwen.”

Papa nou ki nan Syèl la vrèman sousye pou nou epi Li tande e L reponn priyè chak pitit Li.15 Antanke youn nan pitit Li yo, m konnen repons priyè m nan te vini nan moman Senyè a te vle a. Epi, atravè eksperyans sa a, m te konprann plis pase jamè ke nou se pitit Bondye e Li voye nou isit la pou nou ka santi prezans Li kounyea epi retoune al viv avèk Li yon jou.

Mwen temwanye ke Papa nou ki nan Syèl la dirije nou, gide nou, epi mache bò kote nou. Si nou suiv Pitit Gason L la epi nou koute sèvitè L yo, apot yo ak pwofèt yo, n ap jwenn chimen lavi etènèl la. Nan non Jezikri, amèn.