2010–2019
Pou zanmi ak envestigatè yo nan Legliz la
Avril 2017


Pou zanmi ak envestigatè yo nan Legliz la

Si ou peye pri revelasyon an, se pou w bese tèt ou, li, priye, epi repanti, syèl yo va louvri epi w ap vin konnen Jezi se Kris la.

Yon jou Vandredi aprèmidi, 16 Septanm 1988, nan chapel pawas Vencente López la nan Buenos Aires, an Ajantin, mwen te batize kòm manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Yon trè bon zanmi m, Alin Spannaus, te batize m jou sa a, e mwen te santi m kontan, lejè, epi pare pou m aprann plis.

Imaj
Batèm Èldè Costa

Jodia, mwen ta renmen pataje kèk leson m te aprann sou chemen pou m t al nan batèm nan---leson m espere k ap kapab ede moun ki poko manm Legliz la k ap koute yo. Mwen priye pou kè nou kapab touche pa Lespri a menmjan avèk mwen.

Premyèman, rankontre misyonè yo

Pouki rezon yon moun ki san pwoblèm, san bezwen, oubyen san kesyon patikilye ta enterese pou rankontre misyonè yo epi tande leson yo? Ebyen, nan ka pa m nan, sete lanmou---lanmou pou yon jènfi, yon jènfi ki te rele Renee. M te tonbe damou pou li, epi m te vle marye avèk li. Li te diferan e l te gen prensip diferan de tout lòt jènfi m te konnen yo. Men mwen te tonbe pou li epi m te mande li pou marye avèk mwen—e li te di m non!

Imaj
Èldè Costa ak Sè Costa

Mwen te twouble. M te toujou panse ke m te yon bon zafè! M te bèl gason, 24 tan, epi m te diplome nan inivèsite e n te gen yon bon travay. Li te pale m de objektif li—ki sete marye avèk yon moun ki t ap ka mennen l nan tanp sèlman, pou l ka gen yon fanmi etènèl---epi li te refize demann mwen an. Mwen te vle kontinye relasyon an, konsa mwen te dakò pou m rankontre misyonè yo. Èske sa se yon bon rezon pou rankontre misyonè yo? Eben sete youn pou mwen.

Lè m te fèk rankontre avèk misyonè yo, mwen pat prèske konprann anyen nan sa yo t ap di a, e pou m di nou laverite, m te petèt pat reyèlman pote atansyon ak sa yo t ap di. Kè m te fèmen a tout nouvo relijyon. Objektif mwen sete sèlman pwouve yo ke yo te nan erè epi jwenn plis tan pou m te ka konvenk Renee pou l te marye avèk mwen kanmèm.

Jodia, pitit mwen yo te sèvi misyon e genyen k ap sèvi misyon kounyea, e m konprann sakrifis jènjan ak jènfi sa yo ap fè pou ansenye levanjil Jezikri a. Kounyea m regret m pa t pote plis atansyon a Èldè Richardson, Èldè Farrell, ak Èldè Hyland, misyonè mèveye sa yo ki te ansenye m yo.

Konsa, apati premye leson m nan, m ap di nou zanmi ak envestigatè Legliz yo: lè nou rankontre misyonè yo, tanpri, pran yo oserye; yo sakrifye ane enpòtan nan lavi yo jis pou noumenm.

Dezyèman, ale Legliz

Premye fwa m t al nan yon reyinyon Legliz la, m te tande anpil pawòl ki pa t fè okenn sans pou mwen. Kiyès Abèy yo te ye? Kisa k te Prètriz Aawon an? Sosyete Sekou?

Si se premye fwa ou ale nan yon reyinyon Legliz la epi ou santi w twouble pa yon bagay ou pa konprann, ou pa bezwen pè! Mwen menm tou m te konsa. Men m toujou sonje enpresyon m yo, nouvo santiman lapè ak lajwa m te santi yo. M pat konn sa nan moman an, men sete Sentespri a ki t ap chichote nan zòrèy mwen ak nan kè m ke “Sa se vre.”

Konsa, kite m fòmile leson sa a nan yon sèl fraz:si w twouble, pa enkyete w—sonje santiman ou te santi yo; yo soti nan Bondye.

Twazyèman, Li Liv Mòmon an.

Apre plizyè reyinyon avèk misyonè yo, m pa t ap fè okenn pwogrè. Mwen te santi m pa t resevwa yon konfimasyon sou verasite levanjil la.

Yon jou, Renee te mande m, “Èske w li Liv Mòmon an?”

M te reponn: “Non.” M toujou ap tande misyonè yo—èske sa pa t ase?

Avèk dlo nan je li, Renee te asire m ke li konnen Liv Mòmon an vrè e li te eksplike m ke, si m te vle konnen liv la vrè, sèl fason an se—devine kisa—li l! Epi apresa mande!

Li, medite nan kè nou, epi “mande Bondye, Papa Etènèl la, nan non Kris la … avèk yon kè sensè, avèk yon entansyon reyèl, ak lafwa nan Kris la” (Mowoni 10:4 si Liv Mòmon an se verite, si Legliz sa a se vrè Legliz la.

Konsa, twazyèm leson an, nan yon fraz: Lè nou resevwa bagay sa yo—Liv Mòmon an—epi yo mande nou pou nou li li epi mande Bondye si bagay sa yo vrè, jis fè sa!

Dènye bagay la, repanti.

Dènye eksperyans m ta renmen pataje a se sou repantans. Apre m te fin pran tout leson misyonè yo, m te toujou pa t konvenki ke m te bezwen chanje anyen nan lavi m. Sete Eldè Cutler, yon jèn misyonè plen konfyans, ki te pale yon tikras espanyòl, ki te di m yon jou: “Joakin, ann li Alma 42 ansanm, epi n ap mete non w pandan n ap li l la.”

M te panse sa te ridikil, men m te fè sa Eldè Cutler te mande a e m te li nan vèsè 1 an: “Kounyeya, pitit gason m nan [Joaquin], m sispèk gen kèk bagay plis ki twouble panse w, kèk bagay ou pa kapab konprann.” O! Liv la t ap pale avè m.

Epi nou te li vèsè 2 a: “Kounyeya, koute, pitit gason m nan [Joaquin], m ap esplike w bagay sa a,” epi apresa yo te dekri Chit Adan an.

Epi apre nan vèsè 4 la: “Epi konsa, nou wè [Joaquin] te resevwa yon peryòd tan pou li repanti.”

Nou te kontinye li lantman, vèsè pa vèsè, jiskaske nou te rive nan twa dènye vèsè yo. Lè sa a gen yon fòs puisan ki te frape mwen. Liv la t ap pale dirèkman avèk mwen e m te kòmanse kriye pandan m t ap li: “Kounyeya, [Joaquin,]m vle pou w pa kite bagay sa yo annwiye w ankò, epi se pou peche w yo sèlman annwiye w, avèk anvi sa a k ap mennen w desann … nan repantans” (vèsè 29).

M reyalize kounyea ke m te atann pou m te resevwa revelasyon san m pa t peye pri a. Jiska moman sa a, mwen pa t janm reyèlman pale avèk Bondye, e lide pale avèk yon moun ki pa t prezan an te sanble yon foli pou mwen menm. M te bezwen imilye tèt mwen epi fè sa yo te mande m pou m te fè a menmsi, nan lespri monden m nan, sa te parèt ridikil.

Jou sa a m te louvri kè m bay Lespri a, ak dezi pou m te repanti, epi m te vle batize! Anvan moman sa a, m te panse sou repantans kòm yon bagay negatif, ki asosye sèlman avèk peche ak movezaksyon, men, toudenkou, m te wè l nan yon limyè diferan---tankou yon bagay pozitif k ap klere chemen ki mennen nan pwogresyon ak bonè a.

Eldè Cutler isit la jodia, e m vle remèsye li paske l te louvri je mwen. Chak desizyon m te pran nan lavi m depi lè sa a te enfliyanse pa moman sa a kote m te imilye tèt mwen, priye pou mande padon an, epi Sakrifis Ekspyatwa Jezikri te fè pou mwen an te vin pran plas li nan lavi m.

Konsa, dènye leson an, nan yon sèl fraz: fè eksperyans repantans; pa gen anyen ki rapwoche nou pipre Senyè a Jezikri pase yon dezi pou n chanje.

Chè envestigatè, zanmi Legliz la, si w ap koute jodia, ou tou pre pou atenn pi gwo lajwa a. Ou pre!

Kite m envite ou, avèk tout enèji kè m, soti nan pwofondè nanm mwen: ale epi batize! Se pi bon bagay w ap janm fè. Sa ap chanje non sèlman lavi ou men lavi pitit ou ak pitit pitit ou tou.

Imaj
Èldè Costa ak Sè Costa nan jou maryaj yo

Senyè a beni m avèk yon fanmi. M te marye avèk Renee, epi nou gen kat bèl pitit. Epi, gras ak batèm m an, menmjan ak pwofèt Leyi ansyen an, m kapab envite yo pou yo pataje fwi pyebwa lavi a, ki se lanmou Bondye (gade 1 Nefi 8:15; 11:25). M kapab ede yo vini jwenn Kris la.

Konsa, tanpri, panse ak eksperyans mwen yo, epi (1)  pran misyonè yo oserye, (2)  ale legliz epi sonje santiman espirityèl yo, (3)  li liv Mòmon an epi mande Senyè a si li vrè, epi (4)  fè eksperyans repantans epi batize.

Mwen temwanye nou ke si nou peye pri revelasyon a, nou bese tèt nou, nou li, priye, epi nou repanti, syèl yo ap louvri epi n ap kapab konnen, menmjan m konnen an, ke Jezi se Kris la, Li se Sovè mwen, epi Li se Sovè ou. Nan non Jezikri, amèn.