2010–2019
“Mache avèk Mwen”
Avril 2017


“Mache avèk mwen”

Òdinasyon nou nan prètriz la se yon envitasyon Senyè a fè nou pou n mache avèk Li, pou fè sa L fè, epi sèvi fason Li sèvi.

Frè byeneme yo nan prètriz la, objektif mwen jodiya se pou alafwa rasire noue pi remotive nou nan sèvis nou nan prètriz la. Nan kèk fason, sa menmjan avèk objektif m imajine Sovè a te genyen lè L te rankontre yon jenòm rich ki te mande L: “Kisa m bezwen fè, pou m ka gen lavi etènèl?” (Matye 19:16). Petèt ou vini nan konferans sa a, menmjan jèn gason sa a te ale kote Sovè a, ap mande tèt ou si sèvis ou akseptab. Nan mènm tan tou, ou ka santi gen plis pou w fè—petèt anpil plis bagay! M priye pou m ka transmèt aprobasyon eman Senyè a pou sa w deja fè yo, pandan m’ap ofri yon apèsi ankourajan sou ou ka akompli, avèk èd Li, antanke yon detantè prètriz sakre L la.

Sovè a te mande jenòm rich la pou l te vann tout sa l te genyen pou l te vin suiv Li; pwogresyon fiti ou gen dwa pa mande pou w fè sa, men li ka mande w yon tip sakrifis. Nenpòt jan sa ye, m espere mesaj mwen an pa p fè w “[ale] lakay ou tou tris” menmjan jèn gason an te fè a. (Gade Matye 19:20–22.) Okontrè, m gen konfiyans ke w pral “ale fè wout ou avèk rejwisans (D&A 84:105) paske ou vle amelyore tèt ou epi ou panse ke w ap kapab.

Toutfwa, li natirèl pou n santi nou pa alawotè lè nou konsidere sa Senyè a aple nou pou n fè. An efè, si w di m ou santi w pafètman kapap akonpli devwa prètriz ou yo, m gen dwa panse ke w pa konprann yo. Yon lòtbò, si w di m ou santi w anvi abandone paske tach la two difisil pou ou, enben, m ta renmen ede w konprann kòman Senyè a magnifiye e afèmi detantè prètriz Li yo pou yo fè dè bagay yo pa t ap janm ka fè poukont yo.

Sa osi vrè pou mwen tou nan apèl mwen menm jan li vrè pou ou nan apèl pa w la. Pa gen okenn nan nou ki ka fè travay prètriz la, epi fè l byen, nan depann sèlman sou pwòp sajès ak talan pa nou. Se paske sa se pa travay nou—se travay Senyè a. Konsa, sèl fason nou ka reyisi l se depann sou Li, menm si w se yon nouvo dyak ki gen responsablite pou pote yon nivo pouvwa spirityèl nan odonans sentsèn nan; oubyen yon jèn enkstriktè ofwaye Senyè a mande pou renmen ak pran swen yon fami ou pa konnen e ki sanble l pa vle amou ou ni sèvis ou; oubyen yon papa ki konnen w dwe prezide nan fwaye ou nan lajistis, men petèt ou pa vrèman konnen kijan pou w fè sa, pepi tan sanble ap pase, paske timoun yo ap grandi byen vit e mond la sanble si difisil ak si ostil.

Konsa, si w santi w yon tijan depase, pran sa kòm yon bon siy. Sa endike ke w ka santi gwosè konfyans Bondye mete nan ou a. Sa vle di ke w gen yon ti konpreyansyon sou sa prètriz la vrèman ye.

Pa gen anpil moun nan mond la ki gen konpreyansyon sa a. Menm moun ki ka resite yon definisyon rezonab yo gen dwa pa vrèman konprann li. Gen kèk ekriti ki, atravè pouvwa Lespri yo pote a, kapab apwofondi santiman adorasyon nou konsènan prètriz sen an. Men kèk nan ekriti sa yo:

“Pouvwa ak otorite ... Prètriz Mèlkisedèk la, se pou l kenbe kle tout benediksyon espirityèl ki nan legliz la—

“Pou l gen privilèj pou resevwa mistè wayòm syèl la, pou gen syèl la ouvè devan yo, pou kominike avèk asanble jeneral legliz Premyene a, epi pou jwi kominikasyon ak prezans Bondye ki Papa a ak Jezi ki se medyatè nouvo alyans la.

“Pouvwa ak otorite … Prètriz Aawon an, se pou l kenbe kle ministè zanj yo” (D&A 107:18–20).

“Nan odonans [prètriz] yo, pouvwa Bondye a manifeste. …

“Paske san sa, pèsonn moun pa kapab wè figi Bondye, Papa a menm, epi pou l viv” (D&A 84:20, 22).

“Paske gran prètriz sa a nan lòd Pitit Gason [Bondye] a, lòd sa a ki te la depi nan fondasyon mond lan; otreman di, paske li pa gen jou li te kòmanse oubyen li pa gen ane pou l fini, paske li te prepare depi nan letènite jouk nan tout letènite dapre presyans li nan tout bagay” (Alma 13:7).

“Chak moun ki òdone daprè lòd ak apèl sa a ta dwe gen pouvwa, pa lafwa, pou kraze montay, pou separe lanmè, pou seche dlo, e fè yo soti nan wout yo;

“Pou bay lame nasyon yo defi, pou divize tè a, pou brize tout kòd, pou kanpe nan prezans Bondye; pou fè tout bagay selon volonte Li, selon komanman Li, pou metrize otorite yo ak pouvwa yo; e tout bagay sa yo pa volonte Pitit Gason Bondye a ki te la egziste depi anvan fondasyon mond la” (Tradiksyon Joseph Smith, Genèz 14:30–31 [nan apendiks Bib la]).

Yon fason pou reponn a jan deskripsyon grandyoz sa yo sou pouvwa prètriz la se asime ke yo pa aplike a nou menm. Yon lòt fason pou reponn se avèk kesyon sensè ki soti nan nanm nou, pou mande nan kè nou, bagay tankou: Eske m jan konn santi syèl yo ouvri pou mwen? Eske yon moun ta ka itilize fraz “ministè zanj yo” pou dekri sèvis prètriz mwen? Eske m pote “pouvwa Bondye” nan lavi moun m sèvi yo? Eske m janm kraze montay, defye yon lame, kase chenn ki mare yon moun, oubyen kontwole pouvwa mond lan—menm si se nan sans figire—pou m akonpli volonte Bondye ?

Jan entwospeksyon sa a toujou pote yon santiman ke nou ta ka fè plis nan sèvis Senyè a. M espere ke sa ap ba w yon santiman ke ou vle fè plis—yon anvi pou patisipe pi totalman nan travay mirakile Senyè a. Santiman sa yo se premye etap ki mennen nan vin kalite gason sèvis prètriz la pou pwodui yo.

Prochenn etap la dekri nan yon konvèsasyon ant Jewova ak Enòk. Nou konnen Enòk kòm yon pwofèt puisan ki te etabli Siyon nan mitan gwo mechanste. Men avan l te vin yon pwofèt puisan, Enòk te wè tèt li “kòm yon tigason, … ak difikilte pou l pale” epi tout pèp la te rayi li (Moses 6:31). Tande pawol Senyè a te itilize pou ankouraje Enòk. Yo se pawòl Li pou oumenm tou ki aple pou sèvi lòt moun antanke yon detantè prètriz la:

“Epi Senyè a te di Enòk: ale epi fè jan m kòmande ou, epi pèsonn p ap kapab pèse w. Louvri bouch ou, epi l ap ranpli. Epi m ap ba w enspirasyon, paske tout kò fizik nan men mwen, epi m ap fè jan m vle. …

“Gade, Lespri m sou ou, se sa ki fè, m ap jistifye tout pawòl ou; epi mòn yo pral kouri devan w, epi rivyè yo pral detounen nan chemen yo; epi ou pral rete nan mwen, epi mwen menm nan ou menm; se poutèt sa, mache avèk mwen” (Moyiz 6:32, 34).

Frè m yo, òdinasyon nou nan prètriz la se yon envitasyon Seyè a fè nou pou n mache avèk Li. E kisa sa vle di pou n mache avèk Senyè a? Sa vle di pou fè sa L fè, sèvi nan fason L sèvi. Li te sakrifye pwòp konfò Li pou beni moun ki te nan bezwen, e se sa nou ap eseye fè. Li sanble L te pote atansyon patikilye ak moun sosyete a te neglije oubyen menm rejte, se sa nou ta dwe eseye fè tou. Li te temwaye klèman men avèk afeksyon de vrè doktrin li te resevwa nan men Papa L la, menm si li pat popilè, e se konsa nou dwe fè tou. Li te di tout moun, “Vin jwen mwen” (Matthew 11:28), epi nou di tout moun, “Vin jwenn ni.” Antanke detantè prètriz, nou se reprezantan Li. Nou p ap aji pou tèt pa nou men pou Li. Nou pa pale pawòl pa nou men nou pale pawol pa Li. Moun n ap sèvi yo ap vin konnen Li pi byen akoz sèvis nou.

Osito ke nou aksepte envitasyon Senyè a “Mache avèk mwen” an, nati sèvis prètriz nou chanje. Li vin toudenkou pi gran e pi nòb men pi fasil pou fè tou, paske nou konnen nou pa poukont nou. M te santi sa anpil lè Prezidan Thomas S. Monson te mete men l sou tèt mwen sa gen nevan pou l te beni m lè m t ap konmanse sèvis mwen nan apèl m genyen kounyea. Nan benediksyon sa a, li te resite pawòl sa yo Sovè a te di: ”Epi nenpòt moun ki resevwa ou, m ap la tou, paske m prale devan ou. M ap sou kote dwat ou ak sou kote goch ou, epi Lespri m ap nan kè ou, epi zanj mwen yo ap alantou ou pou pote ou anlè” (D&C 84:88).

M konn konte sou promès sa a anpil fwa, e m te wè li akonpli nan anpil fason pandan 72 zan m yo nan sèvis prètriz la. Sa te rive lè m te yon nouvo detantè Prètriz Aawon avèk yon tach pou te distribye Sentsèn. M te te pè pou m p at fè erè, epi m te ale deyo chapèl la avan reyinyon an te kòmanse epi m te priye ak tout kè m pou Bondye te ede mwen. Yon repons te vini. M te santi Senyè a te avèk mwen. M te santi konfyans Li nan mwen, epi konsa, m te santi konfyans nan pati pa m nan nan travay Li a.

Sa te rive ankò pandan m t ap sèvi kòm evèk. M te resevwa apèl telefòn yon dàm ki te fè yon peche grave pi ki bezwen pran yon desizyon difisil, ki chanje lavi. Pandan m t a pale avè l, m te santi m te konnen repons pou problèm li a, men m te grandman santi tou ke Mwen pa t dwe ba l repons sa a—li te bezwen jwenn ni pou tèt pa l. Pawòl m te di l sete: “Mwen kwè Bondye ap di w sa pou w fè si w mande Li.” Li te fè m konnen aprè ke l te mande Bondye, epi Bondye te di li.

Nan yon lòt okazyon, m te resevwa yon lòt apèl, fwa sa se te lapolis. Yo te di m ke yon chofè ki te sou te antre machin ni nan koulwa yon bank. Lè chofè sa a ki te afole te wè gad sekirite a rale zam li, li te kriye! “Pa tire m! M se yon Mòmon!”

Yo te dekouvir ke chofè sa a ki te sou a sete yon manm nan pawas mwen an, ki te fèk batize. Pandan m tap tann pou m pale avè l nan biwo evèk la, m te planifye sa m ta pral di pou m te fè l santi remò pou fason li te kraze alyans li yo e anbarase Legliz la. Men, pandan m te chita ap gade li, m te tande yon vwa nan lespri m ki te di, “M pral fè w wè li menm jan m wè l la” Epi, lè sa a, pou yon brèf moman, tout aparans li te chanje. M pat wè yon jenòm etoudi ankò men, yon bèl pitit gason Bondye, pwòp entèlijan, ak nòb. Mwen te toudenkou santi amou Senyè a pou li. Vizyon sa a te chanje konvèsasyon nou an. Li te chanje m tou.

M te aprann anpil leson enpòtan nan eksperyans sa yo pandan m t ap mache avèk Senyè ap fè travay Li. M ta renmen pataje twa ladan yo avèk nou. Premye a sèke Bondye note epi L sipòte menm dyak ki pi jèn e ki pi nouvo a. Ou pa dwe janm santi ke w twò piti ni twò ensiyifyan pou L remake oumenm ak sèvis w ap bay nan non L la.

Dezyèm leson an sèke travay Senyè a se pa jis pou rezoud pwoblèm, se pou bati moun tou. Konsa, lè w mache avè L nan sèvis prètriz la, ou ka reyalize ke pafwa, sa k tansle tankou solisyon ki pi efikas la se pa solisyon Senyè a prefere a paske li pa ede moun pwogrese. Si w koute, L ap anseye w fason Li. Sonje ke travay Bondye ak laglwa Li se pa sèlman pou dirije yon òganizasyon efikas; se “pou reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm.” (Moyiz 1:39). Apre tou, se poutèt sa Li bay otorite prètriz Li a moun ki enpafè tankou oumenm avèk mwen epi L envite nou pou patisipe nan travay Li a. Pwogresyon nou se travay Li !

Kounye a trazyèm leson an: Mache avèk Sovè a nan sèvis prètriz la ap chanje fason w gade lòt moun. L’ap anseye w pou w wè yo atravè je pa Li, kivledi gade odela aparans eksteryè yo ak nan kè yo (gade 1 Samyèl 16:7). Se konsa Sovè a te kapab wè Simon, non pa tankou yon pechè pwason fouge men, antanke kòm Pyè, wòch solid e fiti dirijan Legliz Li a (gade Lik 5:1–11). Se konsa Li te ka wè Zache, non pa kòm pèseptè kontribisyon kowonpi lòt yo te wè a men tankou yon pitit Abraam ki te onèt e dwat (gade Lik 19:1–9). Si w mache avèk Sovè a lontan ase, w ap aprann wè chak moun kòm yon pitit Bondye avèk potansyèl ilimite, kèlkeswa sa pase moun nan te ye. Epi, si w kontinwe mache ak Sovè a, w ap devlope yon lòt don Li genyen---kapasite pou ede moun wè potansyèl sa a nan yomenm e pou yo repanti.

Chè frè m yo nan prètriz la, nan anpil fason, nou tankou de disip yo ki t ap mache sou wout Emayis la nan premye Dimanch Pak sa a. Sete maten Rezirèksyon an, men yo potko konnen te gen yon rezirèksyon ni menm kisa rezirèksyon te vledi. Yo te “te gen konfyans ke [Jezi, Nazarèt la] t ap rachte Izrayèl,” men yo te “kè yo pa t ka kwè” tout sa ekriti yo te anseye apwopo rezirèksyon. Pandan yo tap mache epi yo t ap panse sou sa ansanm, “Jezi limenm te apwoche bò kote yo, epi li te mache avèk yo. Men je yo te bouche e yo pa t ka rekonèt li.” (gade Lik 24:13–32).

M temwaye ke lè n ap mache nan chemen sèvis prètriz la, Sovè a Jezikri mache avèk nou, paske se chemen Li, fason Li. Limyè L aprale devan nou, epi zanj Li yo ap antoure nou. Nou gen dwa pa totalman konprann sa prètriz la ye ni kijan pou nou egzèse l menmjan avèk Li. Men, si nou pote bonjan atansyon a moman kote kè nou “boule andedan nou” yo (Lik 24:32), je nou kapab louvri, epi na va wè men Li nan lavi nou ak nan sèvis nou. Mwen temwaye ke n ap vin konnen L pi byen lè nou travay avèk Li e sèvi Li nan gwo travay pou pote sali bay pitit Bondye yo. “Paske, kouman yon nonm ap fè rekonèt yon mèt li pa sèvi, e ki se yon etranje pou li, e ki pa nan panse l ak desizyon kè l?” (Mozya 5:13). Jezikri se Mèt nou. Sa a se Legliz Li. Se prètriz Li a nou genyen. Ke nou chak chwazi pou nou mache avèk Li e rekonèt kòman Li mache avèk nou.

Mwen rann nou temwayaj solanèl mwen ke Jezi se Kris la, Senyè resisite nou an. Mwen rann nou temwayaj ke prètriz Li konfye nou an se pouvwa pou nou pale ak aji nan non Li. Nou se pitit yon Pè Selès ki renmen nou, ki reponn priyè nou e Li voye Sentespri a pou fòtifye nou nan tout responsabilite prètriz nou gen benediksyon resevwa yo. Joseph Smith te wè Papa a ak Pitit Gason an. Li te resevwa kle prètriz yo, ke yo pase bay Prezidan Thomas S. Monson, ki egzèse yo jodia. M temwaye konsa, nan non Jezikri, amèn.