2010–2019
Rasanbleman Fanmi Bondye a
Avril 2017


Rasanble Fami Bondye a

Bondye Papa a vle pitit Li yo retounen lakay Li ankò, an fanmi epi nan laglwa.

Chè frè ak sè m yo, m rejwi pou opòtinite pou m avè nou nan kòmansman sesyon konferans jeneral sa a. M swete nou yon kòdyal byenveni.

Konferans jeneral te toujou yon moman rasanbleman pou Sen Dènye Jou yo. Sa fè lontan ke nou vin sitèlman twòp ke nou depase kapasite pou nou tout ta rasanble fizikman ansanm nan yon sèl kote a, men, Senyè a ba nou mwayen pou benediksyon konferans jeneral yo rive jwenn nou, kèlkeswa kote nou ye. Byenke sa enpresyonan pou n wè rasanbleman Sen yo nan gwo Sant Konferans sa a, noumenm ki sou chè sa a toujou gen nan lespri nou milyon moun yo ki rasanble avèk nou toupatou nan mond lan pou gade ak koute konferans la. Anpil nan nou rasanble avèk fanmi nou; gen kèk ki reyini avèk zanmi yo oubyen avèk lòt manm Legliz.

Kèlkeswa kote ou ye, e kèlkeswa fason w ap tande vwa m la a, silvouplè konnen ke menm si nou pa avè ou an pèson, nou santi prezans ou spirityèlman. Nou espere pou nou tout santi nou fè yon sèl — pou nou tout santi fòs spirityèl ki manifeste chak lè yon gwoup kwayan reyini nan non Jezikri.

Lespri a enspire m pou m pale avèk nou jodia de yon lòt fòm rasanbleman. Rasanbleman sa a pa fèt sèlman chak si mwa, tankou konferans jeneral. Men, li kontinye fèt san rete, depi nan premye jou Retablisman Legliz la, epi li akselere nan dènye ane sa yo. M ap pale de rasanbleman fanmi Bondye a.

Pou m dekri rasanbleman sa a, li ta pi bon pou m ta kòmanse pale de anvan nou te fèt, anvan sa Bib la rele “kòmansman an” (Jenèz 1:1). Nan epòk sa a, nou te viv avèk Pè Selès la antanke pitit lespri Li. Sa vrè pou tout moun ki te janm viv sou tè a.

Nou wè, tit “frè” ak “sè” yo se pa sèlman salitasyon amikal yo ye, ni yon tèm dafeksyon nou itilize ant noumenm. Yo se ekspresyon yon verite etènèl: Bondye se literalman Papa tout limanite; nou chak fè pati fanmi etènèl Li. Paske Li renmen nou avèk amou yon Papa pafè, Li vle nou pwogrese epi avanse epi vini menm jan avèk Li. Li prepare yon plan pou n ka vin sou tè a, nan yon fanmi, epi fè eksperyans ki ap prepare nou pou retounen al jwenn ni e viv menm jan Li viv.

Eleman santral nan plan sa a sete pwomès ke Jezikri t ap ofri tèt Li kòm yon sakrifis, pou rachte nou anba peche ak lanmò. Tach nou nan plan sa a se pou aksepte sakrifis Sovè a nan obeyi lwa ak òdonans levanjil yo. Oumenm avèk mwen te aksepte plan sa a. Anfèt, nou te rejwi nan li, menm kant li te mande pou n kite prezans Papa nou e menm bliye eksperyans nou te fè la avèk Li.

Men nou pat vin isit la konplètman nan fènwa. Nou chak te resevwa yon pòsyon nan limyè Bondye, ki rele “Limyè Kris” la, pou ede nou distenge ant byen ak mal, ant sa ki vrè ak sa ki fo. Se poutèt sa, menm moun ki viv ak yon ti kras oubyen san konesans plan Papa a ka toujou santi, nan kè yo, ke kèk aksyon jis e moral e kèk lòt pa jis ni moral.

Santiman nou konsènan byen ak mal la sanble li pi entansifye toujou lè n ap elve timoun nou yo. Prèske tout paran gen yon dezi natirèl pou anseye pitit yo prensip moral. Sa fè pati mirak plan Pè Selès nou an. Li vle pou pitit Li yo vini sou tè a, selon modèl etènèl fanmi ki ekziste nan syèl la. Fanmi se inite òganizasyonèl debaz nan domèn etènèl yo, epi konsa, Li antann pou yo ka inite debaz sou tè a tou. Byenke fanmi terès yo pa pafè, yo bay pitit Bondye yo yon pi bon chans pou yo vin nan mond lan avèk sèl amou sou tè a ki pi pwòch de sa nou te santi nan syèl la — amou paran. Fanmi se pi bon mwayen pou sovgade ak anseye valè moral ak prensip verite ki ka plis ede nou tounen nan prezans Bondye tou.

Se sèlman yon ti minorite nan pitit Bondye yo ki akeri yon konpreyansyon konplè sou plan Bondye a nan lavi sa a, ansanm ak aksè nan òdonans ak alyans prètriz yo ki rann sakrifis ekspiyatwa Sovè a totalman efektif nan lavi nou an. Menm sila yo ki gen pi bon paran yo ka viv fidèlman selon limyè yo genyen an men yo gen dwa pa janm tande pale de Jezikri ak Ekspyasyon L lan ni resevwa envitasyon pou vin batize nan non Li. Sa vrè pou dè milyon frè ak sè nou atravè istwa mond la.

Kèk moun ka panse ke sa pa jis. Yo ka menm pran sa kòm prèv ke pa gen yon plan, pa gen okenn kondisyon pou sali — ak panse ke yon Bondye ki jis e eman pa t ap kreye yon plan ki la sèlman pou yon ti gwoup nan pitit Li yo. Kèk lòt moun ki gen dwa panse ke Bondye déjà detèmine alavans kiyes nan pitit li yo Li t ap sove e fè levanjil la disponib pou yo, pandan moun ki pa janm tande levanjil la se senpleman moun ki pa “chwazi.”

Men oumenm avèk mwen konnen, gras ak verite ki te retabli pa Pwofèt Joseph Smith yo, ke plan Bondye a pi eman e pi jis pase sa. Papa nou ki nan syèl la grandman vle rasanble ak beni tout fanmi Li. Byenke Li konnen ke se pa tout ladan yo ki pral chwazi pou yo rasanble, plan Li a bay chak pitit Li yo opòtinite pou yo aksepte oubyen rejte envitasyon L la. Epi fanmi se eleman santral nan plan sa a.

Sa gen dè syèk, pwofèt Malachi te di ke nan yon jou k ap vini, Bondye pral voye Eli pou “fè kè papa yo tounen vè pitit yo epi kè pitit yo tounen vè papa yo” (Malachi 4:6).

Pwofesi sa a tèlman enpòtan ke Sovè a te site l lè Li te vizite Amerik yo aprè Rezirèksyon Li (gade 3 Nefi 25:5–6). Epi lè anj Mowoni te vizite Joseph Smith la, li te site pwofesi sa a tou sou Eli ak kè yo, papa yo, ak pitit yo (gade Istwa—Joseph Smith 1:36–39).

Jodi a se premye  Avril. Nan 2 jou, 3  Avril, sa pral fè 181 an depi jou kote pwofesi Malachi a te akonpli. Nan jou sa a, Eli te vini, epi li te bay Joseph Smith pouvwa prètriz pou sele fanmi yo etènèlman an (gade D&A 110:13–16).

Depi jou sa a a rive jodia, enterè pou eksplore istwa familyal nou devlope nan yon fason eksepsyonèl. Ak gran vitès pase jamè anvan, moun yo sanble yo pouse pou chèche jwenn zansèt yo plis pase yon senp kiryozite. Bibliyotèk jeneyalojik, asosyasyon, ak teknoloji vin kreye atravè mond lan pou sipòte enterè sa a. Kapasite entènèt la genyen pou amelyore kominikasyon yo pèmèt fanmi yo travay ansanm pou fè rechèch jeneyalojik avèk yon vitès ak yon presizon ki te pa t janm te posib anvan sa.

Poukisa tout bagay sa yo rive? Paske nou pa gen yon pi bon tèm, nou rele l “espri Eli a.” Nou ta ka rele l “akonplisman pwofesi” tou. Mwen rann temwayaj ke Eli te vini. Kè timoun yo — oumenm avèk mwen — te tounen vè papa nou, zansèt nou yo. Afeksyon ou santi pou zansèt ou yo fè pati akonplisman pwofesi sa a. Li pwofondeman baze sou santiman idantite ou. Men li plis pase jis yon zafè kòd jenetik.

Pa egzanp, lè w suiv enspirasyon pou aprann sou istwa familyal ou, ou ka vin dekouvri ke yon manm fanmi byen lwen gen menm trè vizaj avèk ou oubyen gen menm amou pou liv avèk ou oubyen menm talan pou chante avèk ou. Sa ta ka trè enteresan e menm trè enstriktif. Men si travay ou rete la, ou ka santi ke gen yon bagay ki manke. Rezon an se paske pou rasanble ak ini fanmi Bondye a, sa mande plis pase senp santiman afektyon pou yo. Sa mande alyans sakre ki fèt an koneksyon avèk òdonans prètriz yo.

Anpil nan zansèt ou yo pat resevwa òdonans sa yo. Men, nan pwovidans Bondye, ou te resevwa yo. Epi Bondye te konnen ou t ap devlope yon amou pou zansèt ou yo epi ou t ap gen teknoloji ou bezwen pou idantifye yo a. Li te konnen tou ke w ta pral viv nan yon epòk kote aksè nan tanp sakre yo, kote òdonans yo akonpli yo, ta pral pi fasil pase tout tan nan listwa. E Li te konnen ke Li ta ka fè w konfyans pou w akonpli travay sa a pou zansèt ou yo.

Natirèlman, nou tout gen anpil responsabilite ijan e enpòtan ki mande tan nou ak atansyon nou. Nou tout konn panse gen kèk bagay Senyè a atann pou nou fè ki depase kapasite nou. Erezman, Senyè a bay yon mwayen pou nou chak ka jwenn konfyans ak satisfaksyon nan tout sèvis nou, menm sèvis istwa familyal. Nou jwenn fòs pou n fè sa L mande a atravè lafwa nou ke Sovè a pa bay okenn komannman “san li pa prepare yon mwayen pou nou kapab akonpli bagay li komande nou an” (1 Nefi 3:7).

M konnen sa vrè apati pwòp eksperyans pa m. Sa gen kèlke ane, pandan m te yon etidyan nan inivèsite, m te rankontre yon mesye ki t ap travay pou yonn nan pi gwo konpayi odinatè nan mond lan. Sete nan premye epòk odinatè yo, epi konpayi l la te voye l vin vann òdinatè nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Daprè sa m te panse, vandè sa a pa t manm okenn legliz. Men, li te di avèk emèveyman ak etonman: “Nan legliz sa a, yo t ap fè sa yo rele ‘jeneyaloji,’ ap chèche non moun ki mouri, ap eseye idantifye zansèt yo. Moun, fi pou pifò, t ap kouri toupatou nan mitan tiwa klasè yo ap chèche enfòmasyon nan yon pakèt ti kat.” Si m byen sonje, li te di ke fi yo te mete tenis pou yo te ka kouri pi vit. Mesye a te kontinye: “Lè m te wè grandlè sa yo t ap eseye fè a, m te reyalize ke m te dekouvri rezon k te fè yo envante òdinatè a.

Oke, li te yon tijan gen rezon. Odinatè t ap vin yon pati enpòtan nan fiti travay istwa familyal la — men se pat odinatè li tap vann yo. Yon dirijan enspire nan Legliz la te deside pou l pat achete òdinatè sa yo. Legliz la te gen pou l te ret tann teknoloji ke yo pa t ko menm imajine nan epòk sa a. Men, atravè pila ne ki te suiv yo depi lè sa a, mwen te vin aprann ke menm pi bon teknoloji a pap janm ka ranplase revelasyon ki soti nan syèl la, revelasyon tankou sa dirijan Legliz sa a te resevwa a. Sa se yon travay spirityèl, e Senyè a dirije li atravè Sentespri li.

Sa gen kèk semèn, m tap travay sou istwa familyal mwen avèk yon konsiltan bò kote m ak yon lòt asistan ki t ap ede m nan telefòn. Sou ekran òdinatè a devan m nan, te gen yon pwoblèm ke moun mòtèl pa t gen pouvwa pou rezoud. M te wè de non, ke m te resevwa gras ak mèvèy teknoloji a, nou moun ki te petèt ap tann òdonans tanp. Men pwoblèm nan sete ke non yo te diferan, men te gen rezon pou m te sete petèt menm moun nan. Tach mwen sete si sete vre.

M te mande konsiltan m yo pou yo te ede m. Yo te di: “Non, ou bezwen chwazi.” Epi yo te toutafè sèten ke m t ap dekouvri verite a. Sete yon benediksyon dèske òdinatè a, avèk tout kapasite li ak enfòmasyon l yo, te pèmèt mwen wè non sa yo sou ekran an, evalye enfòmasyon ki te disponib yo, fè lòt rechèch, priye an silans, epi dekouvri kisa k te vre. Pandan m t ap priye, m te konnen avèk asirans sa m te dwe fè---menm jan ak nan lòt sityasyon kote m te konn oblije repoze sou èd syèl la pou m te ka rezoud yon pwoblèm.

Nou pa konn ki mèvèy Bondye ap enspire lòm pou yo kreye pou ede travay rasanbleman fanmi Li a avanse. Men kèlkeswa bèl envansyon ki ka vini,n ap toujou bezwen Lespri a k ap travay nan moun tankou oumenm avèk mwen pou nou itilize yo. Sa pa ta dwe etone nou. Aprètou, zansèt nou sa yo se pitit gason ak pitit fi byeneme Bondye. L ap voye kèlkeswa enspirasyon nou bezwen an pou ba yo opòtinite pou retounen al jwenn ni.

Nan dènye ane yo, jèn yo nan Legliz la te reponn a espri Eli nan yon fason enspiran. Anpil ladan yo gen rekòmandasyon tanp limite yo jodia epi yo itilize l souvan. Fon Batismo nan tanp yo plis okipe pase tout tan anvan; kèk tanp te menm oblije ajiste orè yo pou yo te ka akeyi ogmantasyon nan kantite jèn k ap vin nan tanp yo.

Anvan, sa te ra men agreyab pou wè jèn yo ki t ap pote non zansèt yo nan tanp. Kounyea sa se yon pratik ki kouran, e trè souvan se jèn yo menm ki jwenn ansèt sa yo.

Anplis, anpil jèn vin dekouvri ke itilize tan yo pou fè rechèch jeneyalojik ak akonpli travay tanp apwofondi temwayaj yo sou plan sali a. Sa ogmante enflyans Lespri a nan lavi yo e diminye enflyans advèsè a. Sa ede yo santi yo pi pwòch fanmi yo ak Senyè a, Jezikri. Yo vin aprann ke travay sa a pa sèlman sove mò yo; li sove nou tout (gade D&A 128:18).

Jèn yo byen kapte vizyon an; kouneya paran yo bezwen fè menm bagay la tou. Gen anpil moun ki aksepte batèm nan mond lespri a kounyeya gras ak travay jèn yo akonpli a, epi y ap tann pou lòt òdonans ke sèlman adilt kapab fè nan tanp yo akonpli nan mond sa a. Travay rasanbleman fanmi Pè Selès la se pa sèlman pou jèn yo, ni li pa sèlman pou granparan yo. Li se pou tout moun. Nou tout se rasanblè.

Sa se travay jenerasyon nou an, sa Apot Pòl te rele “dispansasyon plenitid tan yo,” kote Bondye ta p “rasanble tout bagay ansanm fè youn nan Kris la, ni sa ki nan syèl la, ni sa ki sou tè a; menm nan limenm” (Efezyen 1:10). Sa vin posib gras ak travay sakrifis ekspyatwa Pitit Gason Byeneme Bondye a, Jezikri. Gras avèk li, manm fanmi nou yo, “ki kèk fwa te trè lwen yo vin pwòch akoz de san Kris la. Paske Li se lapè nou, ki fè youn nan toulède a, epi li kraze mi separasyon antre nou an” (Efezyen 2:13–14). Ou konn santi sa, menm jan m konn santi l tou, lè w santi yon ogmantasyon lanmou lè w ap gade foto yon zansèt ou. Ou konn santi sa nan tanp la, lè non nan yon konn parèt plis pase yon non pou ou, e ou pa ka anpeche w santi ke moun sa a konnen kiyès ou ye e li santi amou ou.

M temwaye ke Bondye Papa a vle pitit Li yo retounen lakay ankò, an fanmi e nan laglwa. Sovè a vivan. L ap dirije ak beni travay sa a, epi L ap veye sou nou e L ap gide nou. Li remèsye ou pou sèvis fidèl ou nan rasanbleman fanmi Papa L la, e m pwomèt ou w ap jwenn èd enspire w ap chèche a, ke w bezwen an. Nan non Jezikri, amèn.