2010–2019
Mete konfyans nou nan Senyè a epi pa apiye sou konpreyansyon pa nou
Avril 2017


Mete konfyans ou nan Senyè a epi pa apiye sou sajès pa w

Nou ka santre lavi nou sou Sovè a nan vin aprann konnen Li, epi L ap dirije chemen nou.

Pandan m t ap vwayaje ann Azi, yon chè sè te vin pwoche kote m, li te pase men nan kou m, epi l te mande m: “Èske w reyèlman kwè ke levanjil sa a vrè?” Chè sè mwen, m konnen li vrè. Mwen gen konfyans nan Senyè a.

Nan Pwovèb 3:5–6, nou li konsèy sa a:

“Mete konfyans ou nan Senyè a ak tout kè w; epi pa apiye w sou pwòp konpreyansyon pa ou.

“Rekonèt li nan tout sa w ap fè, epi l ap dirije wout ou.”

Ekriti sa a vini avèk de egzòtasyon, yon avètisman, ak yon pwomès gloriye. De egzòtasyon yo se: “Mete konfyans ou nan Senyè a ak tout kè ou” epi “rekonèt li nan tout sa w ap fè.” Avètisman an se: “Pa apiye sou pwòp konpreyansyon pa ou.” Epi pwomès gloriye a se: “L ap dirije wout ou.”

Annou pale de avètisman an toudabò. Imaj vizyèl la banou anpil pou n reflechi. Avètisman an repoze nan mo “pa apiye” a—“pa apiye sou pwòp konpreyansyon ou.” Ann Anglè mo apiye a gen yon sans ki vle di fizikman panche oubyen enkline sou yon bò. Lè nou fizikman panche sou yon bò oswa yon lòt, nou soti nan sant lan, nou pèdi ekilib, epi nou baskile. Lè nou spirityèlman apiye sou pwòp konpreyansyon pa nou, nou elwanye de Sovè nou an. Si nou panche, nou pa santre; nou pèdi ekilib; nou pa konsantre sou Kris la.

Sè m yo, sonje, nan lavi premòtèl la, nou te kanpe avèk Sovè a. Nou te kwè nan Li. Nou te eksprime sipò nou, antouzyas nou, ak lajwa nou pou plan bonè a Pè Selè la te prepare pou nou an. Nou p a t panche sou yon bò. Nou te batay avèk temwayaj nou epi nou te “aliyen nou avèk fòs Bondye yo, epi fòs sa yo te pote laviktwa.”1 Batay sa a ant byen ak mal la ap kontinye sou tè a. Yon fwa ankò, nou gen responsablite sakre pou nou kanpe kòm temwen epi mete konfyans nou nan Senyè a.

Nou chak dwe mande tèt nou: Kijan m ka rete santre sou Sovè a epi pa apiye sou pwòp konpreyansyon pa mwen? Kijan m ka rekonèt vwa Sovè a epi suiv li lè vwa yo nan mond lan si atiran konsa? Kijan m ka fè konfyans mwen nan Sovè a grandi?

Kite m sigjere twa fason pou nou ogmante konesans nou sou Sovè a ak konfyans nou nan Li. Nou pral wè ke twa prensip sa yo pa nouvo, men yo fondamantal. Yo chante yo nan Primè, yo repete yo nan leson Jènfi yo, epi yo se repons pou anpil kesyon nan Sosyete Sekou. Yo se prensip santral—ki ede nou pou nou pa devye.

Premyèman, nou vin konn Senyè a e mete konfyans nan li lè nou “fè yon festen ak pawòl Kris la yo; paske gade, pawòl Kris yo ap di nou tout bagay nou dwe fè.”2

Sa gen kèlke mwa, nou t ap fè etid ekriti familyal. Pitit pitit gason m dezan an te chita sou mwen pandan nou t ap li a. Mwen t ap savoure wòl granmè a, e m te kontan vizite fanmi pitit gason m nan.

Lè nou te fini etid ekriti a, m te fèmen liv mwen an. Pitit pitit gason m nan te konnen lè dòmi an ta pral rive. Li te leve tèt gade m avèk bèl zye ble l yo epi li te pwononse yon verite etènèl: “Plis ekriti, Nana.”

Imaj
Pitit pitit gason Sè Cordon an

Pitit gason m nan, ki se yon bon paran konsyan, te avèti m: “Manman, pa pran nan pyèj sa a. Se yon mwayen l ap chèche pou l pa al nan kabann ni.”

Men, si pitit pitit gason m nan mande plis ekriti, nou dwe li plis ekriti! Plis ekriti eklere entelijans nou, nouri lespri nou, reponn kesyon nou yo, ogmante konfyans nou nan Senyè a, epi ede nou santre lavi nou sou Li. “Sonje fouye yo avèk dilijans, pou pwofi nou.”3

Dezyèmman, nou ka vin konnen Senyè a e mete konfyans nan Li atravè lapriyè. Ala yon benediksyon pou n kapab priye Bondye nou an! “Priye Papa a avèk tout enèji kè nou.”4

Mwen gen yon bèl souvni sou lapriyè ke m cheri anpil. Pandan youn nan vakans ete yo lè m te nan inivèsite, m te aksepte yon travay nan Texas. M te oblije kondui sou dè santèt kilomèt soti Idaho pou al Texas nan ansyen machin mwen an, yon machin m te afektyezman rele Vern. Vern te chaje jis anlè, epi m te pare pou nouvèl avanti a.

Lè m ta pral soti nan pòt la, mwen te anbrase manman m epi l te di: “Annou priye anvan w ale.”

Nou te mete ajenou epi manman m te kòmanse priye. Li te priye Pè Selès la pou sekirite mwen. Li te priye pou machin san èkondisyone m nan, kote l te mande pou machin nan te konfksyone jan m te bezwen an. Li te mande pou zanj akonpaye m pandan tout ete a. Li te priye epi priye epi priye.

Lapè ki te soti nan priyè sa a te ban m kouraj pou m te mete konfyans nan Senyè a e pa apiye sou pwòp konpreyansyon pa m. Senyè a te dirije chemen m nan pil desizyon m te pran yo an ete sa a.

Si nou pran abitid pou n adrese Pè Selès la nan lapriyè, n ap vin konnen Sovè a. N ap vin mete konfyans nou nan Li. Dezi nou yo ap vin plis tankou dezi pa Li. N ap vin kapab asire, pou tèt pa nou ak pou lòt moun, benediksyon Pè Selès la pare pou ba nou si nou mande l ak lafwa yo.5

Twazyèmman, nou ka vin konnen Senyè a e mete konfyans nan Li lè nou sèvi lòt moun. Kite m pataje istwa sa a ak pèmisyon Amy Wright, ki te rive konprann prensip sèvis la menm nan mitan yon maladi grav ki te terifyan. Amy te ekri:

“29 Oktòb 2015, m te aprann ke m te gen kansè. Kansè m nan se kalite kansè ki bay 17% chans pou siviv. Nouvèl yo pa t bon. M te konnen m ta pral oblije antre nan batay pou lavi mwen. M te detèmine pou m te fè tout sa m te kapab non sèlman pou tèt mwen, men, pi enpòtan, pou fanmi mwen. An Desanm, m te kòmanse chimiyoterapi. M te konn anpil bagay sou efè segondè medikaman pou trete kansè yo, men m pa t konnen ke sa te posib pou yon moun te si malad konsa epi l toujou rete vivan.

“Rive nan yon pwen, m te deklare ke chimiyoterapi se yon vyolasyon dwa imen. M te di mari m ke m te gen ase. M t ap kite sa! M pa t ap retounen nan lopital la ankò. Nan sajès li, li te koute avèk pasyans epi apresa li te reponn: “Enben, nou bezwen jwenn yon moun pou n sèvi.’”

Kisa? Èske li pa t reyalize ke madanm ni te gen kansè epi li pa t ka vomi ankò ni andire yon moman doulè atwòs ankò?

Amy kontinye eksplike: “Sentòm mwen yo te vin gradyèlman agrave nan pwen ke, an jeneral, me te gen youn oubyen de jou “OKE” pa mwa [kote] m te kapab yon tijan fonksyone tankou yon kretyen vivan. Sete nan jou sa yo fanmi m te chèche fason pou sèvi.”

Nan youn nan jou sa yo, Amy ak manm fanmi l yo te distribye sache rekonfò bay lòt malad yo, ki te ranpli ak ti bagay pou remonte moral yo ak ede soulaje sentòm tretman yo. Lè Amy pa t ka dòmi, li te konn reflechi sou sa l ta dwe fè pou l te klere jounyen yon lòt moun. Kèk nan fason yo te gwo, men, anpil ladan yo sete jis ti bagay minim tankou nòt oswa ti mesaj tèks ankourajman ak lanmou. Nan nuit sa yo kote doulè li te twòp e li pa t ka dòmi yo, li te kouche nan kabann nan avèk iPad li epi l te chèche òdonans ki te bezwen fèt pou zansèt li ki te mouri yo. Doulè a te konn bese mirakilezman, epi li te kapab sipòte li.

Amy temwaye: “Sèvis te sove lavi m. Kote m te finalman jwenn fòs pou m te pèsevere sete nan bonè m te dekouvri lè m t ap eseye soulaje soufrans moun ki te bò kote mwen. M te tann pwojè sèvis nou yo avèk gwo lajwa ak enpasyans. Jis jounen jodia, sa sanble yon bagay etranj pou mwen. Ou ta panse ke yon moun ki te chòv, anpwazonnen, epi ki t ap konbat pou lavi li ta gen rezon pou l ta panse ‘pou moman an, se mwen menm ki konsène.’ Men, lè m te panse ak tèt mwen, ak sitiyasyon m, ak soufrans ak doulè m yo, mond lan te parèt sonb ak dekourajan. Lè m te konsantre m sou lòt moun, te gen limyè, lespwa, fòs, kouraj, ak lajwa. M konnen sa posib gras ak pouvwa Ekspyasyon Jezikri a genyen pou soutni, geri, ak ranfòse a.”

Amy te vin gen konfyans nan Senyè a lè l te vin konnen L pi byen. Si l te apiye l menm yon tikras sou pwòp konpreyansyon pa li, li te gen dwa te rejte ide pou l te sèvi a. Sèvis te pèmèt li sipòte doulè ak afliksyon l yo epi mete an pratik ekriti sa a ki di: “Lè n ap sèvi pwochen nou yo, se sèlman nan sèvi Bondye nou ye.”6

Jezikri te venk mond lan. Epi, gras avèk Li, gras ak Ekspyasyon enfini L lan, nou tout gen gwo rezon pou nou gen konfyans, konesan ke finalman tout bagay ap byen.

Sè m yo, nou chak kapab mete konfyans nan Senyè a epi pa apiye sou pwòp sajès pa nou. Nou ka santre lavi nou sou Sovè a nan vin aprann konnen Li, epi L ap dirije wout nou.

Nou isit sou tè a pou n demontre menm konfyans nan Li ki te pèmèt nou kanpe avèk Jezikri lè L te deklare “Men mwen, voye m”7 nan.

Imaj
Kris la ak Kreyasyon an

Chè sè m yo, Prezidan Thomas S. Monson temwaye ke “benediksyon yo pwomèt nou yo depase tout mezi. Menmsi nyaj ki anonse loraj yo rasanble, menmsi lapli vide sou nou, konesans nou sou levanjil la ak lanmou nou pou Pè Selès nou an ak Sovè nou an ap rekonfòte nou ak soutni nou … si nou rete fidèl. … Pap gen anyen nan mond sa a ki ap ka venk nou.”8

Mwen ajoute temwayaj mwen sou pa pwofèt byeneme nou an. Si nou mete konfyans nou nan Pè Selès nou an ak nan Sovè nou an epi nou pa apiye sou pwòp konpreyansyon pa nou, Y ap dirije chemen nou epi y ap lonje bra mizèrikòd yo ba nou. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt: 1er Avril  2017, Sè Cordon te rekve jòm Dezyèm Konseyè nan Prezidans Jeneral Primè a epi yo te aple li kòm Premyè Konseyè.