2010–2019
Rapò 2016 Depatman Odit Legliz la
Avril 2017


Rapò 2016 Depatman Odit Legliz la

Pou Premye Prezidans Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo

Chè frè: Jan sa preskri pa revelasyon nan seksyon  120 Doktrin ak Alyans yo, se Konsèy Dispozisyon Dim nan—ki konpoze pa Premye Prezidans lan, Kolèj Douz Apot yo, ak Episkopa Prezidan an—ki otorize depans Lajan Legliz la. Depatman yo nan Legliz la depanse lajan yo selon bidjè ki apwouve e konfòmeman ak règleman ak pwosedi ki apwouve yo.

Depatman Odit Legliz la, ki konpoze pa pwofesyonèl sètifye epi ki endepandan de tout lòt depatman Legliz yo, gen responsablite pou fè odit yo nan objektif pou bay yon asirans akseptab konsènan kontribisyon li resevwa, depans ki fèt ak pou pwoteje byen Legliz yo.

Baze sou odit ki fèt yo, Depatman Odit Legliz la estime ke, nan tout aspè materyèl, kontribisyon yo te resevwa, depans ki te fèt, ak byen Legliz yo pou ane 2016 la te anrejistre epi administre konfòmeman ak bidjè ki apwouve ak règleman ak pratik kontablite Legliz la apwouve yo. Legliz la aplike pratik li anseye manm yo konsènan viv selon yon bidjè, evite dèt, ak fè ekonomi pou tan bezwen.

Soumèt ak rèspè

Depatman Odit Legliz la

Kevin R. Jergensen

Direktè Jeneral