2010–2019
Plis an plis klere jiskaske jou pafè a rive
Avril 2017


Plis an plis klere jiskaske jou pafè a rive

Menm nan moman ki pi difisil ak pi sonb yo, gen limyè ak bonte toupatou bò kote nou.

Pòl te pataje yon bèl mesaj lespwa avèk Korentyen yo:

“Nou jwenn tout kalite difikilte; men, nou pa tonbe nan detrès; yo redui nou alekstrèm, men nou pa janm pèdi espwa.

“Yo pèsekite nou, men Bondye pa janm lage nou. Nou pran so, men nou pa ret atè a.”1

Kisa ki te sous esperans Pòl la? Tande eksplikasyon li: “Bondye ki te di: Mwen vle pou limyè a klere nan mitan fènwa a, se li menm tou ki fè limyè li a klere nan kè nou pou li fè nou konnen pouvwa li ki yon limyè ki klere byen bèl nan figi Kris la.”2

Menm nan moman ki pi difisil ak pi sonb yo, gen limyè ak bonte ki antoure nou. Oktòb ki sot pase a, Prezidan Uchtdorf te raple nou ke, “Nou antoure pa …. sitèlman limyè ak verite ke m ap mande tèt mwen si nou reyèlman apresye sa nou genyen an.”3

Sepandan, advèsè a ta prefere pou nou konsantre sou “ gouf tenèb … k ap vegle je nou, … andisi … kè nou … epi … fè nou … pèdi” a pito.4

Sepandan, paske l te pafètman konnen difikilte epòk nou yo, Senyè a pwomèt: “Yon bagay ki soti nan Bondye li se limyè; epi yon moun ki resevwa limyè epi ki kontinye nan Bondye, li resevwa plis limyè; epi limyè sa a vin pi klere jistan l fè jou klè.” 5

Nou se pitit Bondye. Resevwa limyè, pèsevere nan Bondye, epi resevwa plis limyè toujou se sa yo kreye nou pou nou fè. Depi nan kòmansman an, nou te suiv limyè a, nou te suiv Papa nou ki nan Syèl la ak plan Li a. Chèche limyè se yon bagay ki nan ADN espirityèl nou.

M te tande yon moun anseye verite etènèl sa a admirableman nan yon kontèks inatandi. Pandan m t ap travay pou yon gwo bank, m te resevwa envitasyon pou m te patisipe nan yon seminè pou egzekitif nan Inivèsite Michigan an. Pandan pwogram nan, Profesè Kim Cameron te ansenye konsèp lidèchip pozitif la ak efè natirèl li. Li te eksplike: “Sa fè referans ak tandans tout sistèm vivan genyen pou yo ale vè enèji pozitif [limyè] la e lwen enèji negatif [fènwa] la. Soti nan òganis yon grenn selil rive nan sistèm konplèks imen yo, tout bagay ki vivan gen yon tandans pou y ale vè pozitif la e rete lwen negatif.”6

Apiye sou anpil etid, li te egalman mete aksan sou twa eleman esansyèl nan yon kad travay reyisi: konpasyon, padon ak gratitid.7 Sa fè anpil sans ke lè moun vire vè sa ki pozitif [limyè] a, kalite Limyè Mond lan, Jezikri, pafètman egzanplifye yo prezan!

Frè m ak sè m yo, tanpri, pran rekonfò nan lefèt ke gen limyè ki disponib pou nou. Èske m ka sigjere twa sous kote n ap toujou jwenn limyè:

1. Limyè Legliz la

Legliz la se yon poto limyè nan yon mond ki plis anplis nan fènwa. Sa se yon epòk mèveye pou yon moun manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo! Legliz la pi fò pase toutan8 e literalman ap grandi chak jou pandan nouvo manm ap vin jwenn nou, nouvo kongregasyon ap fòme, nouvo misyonè aple, epi nouvo teritwa ap louvri pou levanjil la. Nou wè sila yo sispann vini nan aktivite nan Legliz la pou yon tan yo ap retounen pandan vizyon sovtaj Prezidan Thomas S Monson nan ap pote mirak chak jou.

Dènèman, m te vizite jèn yo nan Paragwe, Urugwe, Chili, ak Ajantin pandan konferans “Pou Fòs Jèn yo” a. Dè milye jènjan ak jènfi te pase yon semèn ap ranfòse lanmou yo pou Sovè a, epi apresa yo te retounen lakay al jwenn fanmi yo ak zanmi yo ak reyonman limyè ak lanmou Kris la.

Gade, Legliz la ap toujou gen moun k ap kritike l. Sa te toujou konsa depi nan kòmansman an e sa ap kontinye jiskalafen. Nou pa kapab kite kritik sa yo bouche sansiblite nou a limyè ki disponib pou nou an. Rekonèt limyè a epi chèche li ap kalifye nou pou n jwenn menm plis limyè.

Nan yon mond fènwa, limyè Legliz la ap briye pi klere e pi klere jiskaske jou pafè a rive.

2. Limyè Levanjil la.

Limyè levanjil la se chemen k ap “briye plis epi plis jiskaske jou pafè a rive” a9 epi li briye pi klere nan fanmi nou ak nan tanp yo atravè mond lan.

Liv Preche Levanjil Mwen andeklare: “Gras ak limyè levanjil la, fanmi yo kapab rezoud malantandi, kontansyon ak pwoblèm yo. Fanmi ki toumante anba diskòd yo kapab geri atravè repantans, padon ak lafwa nan pouvwa Sakrifis Expyatwa Jezikri a.”10 Kounyea, plis pase toutan, fanmi nou yo dwe sous gwo limyè pou tout moun bò kote nou. Fanmi yo ap grandi nan limyè lè yo grandi nan lanmou ak bonte. Pandan n ap etabli fanmi “lafwa, … repantans, padon, respè, lanmou, [ak] konpasyon,”11 n ap santi yon ogmantasyon nan lanmou nou pou Sovè a ak lanmou nou youn pou lòt. Fanmi an ap grandi pi solid, epi limyè ki nan nou chak la ap vin pi klere.

Nou li nan Diksyonè Bib la, “Se sèlman fwaye a ki ka konpare avèk tanp lan nan domèn sentete.”12 Nou gen 155 tanp k ap fonksyone kounyeya ak plis k ap vini byento. Plis an plis fanmi ap sele pou letan ak letènite. Manm yo ap pote plis non zansèt yo nan tanp lan pou akonpli òdonans sali pou yo. N ap fè eksperyans gran lajwa ak selebrasyon nan toulède bò vwal la!

Nan yon mond fènwa, Limyè levanjil la ap briye pi klere e plis anplis klere jiskaske jou pafè a rive.

3. Limyè Kris la

Nou pa ka pale de limyè nan mond lan san nou pa pale de LimyèMond lan, Jezikri. Sa yon Papa eman ki nan Syèl la akòde nou sèke tout moun ki vini nan lavi sa a beni avèk Limyè Kris la pou ede yo retounen lakay. Prezidan Boyd K. Packer te ansenye: Lespri Kris la toujou la. … Limyè Kris la osi inivèsèl ke limyè solèy la limenm. Kèlkeswa kote k gen lavi imen, gen Lespri Kris la.”13 Limyè Kris la “ envite nou epi ankouraje nou pou toujou fè byen”14 epi li prepare tout moun kap chèche bonte ak verite pou resevwa Sentespri a.

Sovè a ansenye ke L se Limyè k ap “klere je nou,” “k ap vivifye entelijans nou,” epi “ki bay tout bagay lavi.”15 Limyè Kris la ap ede nou wè lòt moun atravè je Sovè a. N ap vin pi eman e pi konprann pwoblèm lòt moun. L ap ede nou gen plis pasyans avèk moun ki pa kapab adore oubyen sèvi menmjan avèk nou. L ap ede nou konprann gwo plan bonè a pi byen epi n ap wè fason nou tout byen plase nan gran plan eman sa a. Li bay tout sa n ap fè lavi, sans, ak objektif. Malgre tout bonè n ap resevwa lè nou pi totalman konprann Limyè Kris la, sa p ap egal ak lajwa n ap santi lè nou wè Limyè Kris la ap travay nan lòt moun---fanmi, zanmi e menm total etranje.

Imaj
Ponpye k ap touye dife nan yon chapèl

Mwen santi lajwa sa a lè m aprann efò yon gwoup ponpye brav ki te batay pou yo te sove yon sant pieu ki t ap boule nan Sid Kalifòni an Jiyè 2015 la. Pandan dife a t ap ravaje, kòmandan yon batayon te rele yon zanmi SDJ pou mande l ki kote yo te konsève relik sentsèn yo ak kèp sentsèn yo pou yo te kapab sove yo. Zanmi li a te asire li ke pa t gen relik epi yo te ka ranplase kèp sentsèn yo fasilman. Men kòmandan an te santi li ta dwe fè plis, konsa, li te voye ponpye yo retounen nan batiman ki t ap boule a pou yo te retire chak tablo Kris la ki te sou mi yo pou yo te kapab prezève. Yo te menm mete youn nan kamyon ponpye a pou pwoteksyon. Mwen te vrèman touche pa jantiyès kòmandan sa a ak bonte l ak sansiblite li a Limyè a, espesyalman pandan yon moman danjere ak difisil.

Imaj
Yo sove tablo Sovè a nan yon dife
Imaj
Ponpye avèk tablo foto Sovè a

Nan yon mond fènwa, Limyè Kris la ap briye pi klè epi pi klere jiskaske jou pafè a rive.

Map repete pawòl Pòl yo ankò: “Annou mete manto limyè a.”16 Mwen temwanye de Kris la. Li se Limyè Mond lan. Se pou nou jwenn fòs atravè Limyè ki disponip pou nou an nan pi gwo patisipasyon nan leglis la ak nan pi byen aplike prensip levanjil yo nan fanmi nou. Se pou nou wè Limyè Kris la nan lòt moun tout tan epi ede yo wè l nan yomenm. Pandan n ap resevwa limyè sa a, n ap beni avèk plis limyè toujou, jiskaske jou pafè a rive kote n ap wè “Papa limyè yo,”17 ankò, Pè Selès nou an. Mwen temwanye konsènan sa nan non sakre Limyè Mond lan, nan non Jezikri, amèn.