2010–2019
Kijan Sentespri a ede nou?
Avril 2017


Kijan Sentespri a kapab ede nou?

Sentespri a avèti nou, Sentespri a rekonfòte nou, epi Sentespri a rann nou temwayaj.

Yon Lendi swa, sa pa gen lontan, madanm mwen, Lesa, avèk mwen t al vizite yon jèn fanmi nan vwazinaj nou an. Pandan nou te la a, fanmi an te envite nou rete pou sware familyal, yo te presize ke sete tigason nevan yo a ki te prepare leson an. Natirèlman, nou te rete!

Apre kantik ouvèti a, priyè ak biznis fanmi an, tigason nevan an te kòmanse pa yon kesyon reflechi li te note nan leson l te ekri a: “Kijan Sentespri a kapab ede nou?” Kesyon sa a te kòmanse yon diskisyon familyal siyifikan kote chak moun te pataje ide yo ak panse yo. M te enpresyone pa preparasyon leson enstriktè nou an ak trè bon kesyon l lan, ki toujou rete nan tèt mwen.

Imaj
Leson sware familyal ki ekri alamen

Depi lè sa a, m kontinye ap mande tèt mwen: “Kijan Sentespri a ede nou?” —yon kesyon espesyalman apwopriye pou timoun Primè ki pral gen uitan e k ap prepare pou batèm yo, ak timoun ki fèk batize yo ki resevwa don Sentespri a. Li konsène dè milye nouvo konvèti.

M ap envite nou chak, spesyalman timoun Primè yo, pou n reflechi sou “Kijan Sentespri a ede nou?” Lè m te kòmanse medite sou kesyon sa a, m te imedyatman sonje yon eksperyans m te fè nan jenès mwen. Sa se yon istwa m te rakonte Èldè Robert D. Hales tousuit apre apèl mwen nan Kolèj Douz Apot yo, ke l te mete nan yon atik li te ekri sou lavi m ki te pibliye nan yon revi Legliz la.1 Kèk nan nou gen dwa konn tande istwa sa a deja, men anpil nan nou petèt pa konnen l.

Lè m te gen onzan, papa m avèk mwen t al fè pwomnad nan yon jou ete byen cho nan montay tou pre lakay nou yo. Pandan papa m t ap monte santye apik la, m t ap vole sot sou yon gwo wòch al sou yon lòt, sou bò chemen an. Paske m te gen entansyon monte sou youn nan gwo wòch yo, m te kòmanse grenpe pou al anlè li. Pandan m t ap fè sa a, m te sezi lè papa m te gripe m nan sentiwon m epi li te rale m desann byen vit, li te di “Pa monte sou wòch sa a. An nou rete sou santye a.”

Kèk minit apre, lè nou te rive anlè epi nou t ap gade anba nan santye a, nou te sezi lè n te wè yon gwo sèpan ki te kouche nan solèy la egzakteman anlè wòch m ta pral monte a.

Nan apre, lè nou t ap kondui retounen lakay, m te konnen Papa m t ap tann mwen mande l “Kijan w te fè konnen te gen yon sèpan la a?” Konsa, m te poze kesyon an, epi kesyon m nan te mennen nan yon diskisyon sou Sentespri a ak sou fason li ka ede nou. M pap janm bliye sa m te aprann jou sa a.

Èske nou wè kijan Sentespri a te ede m? Mwen rekonesan ajamè dèske papa m te koute ti vwa piti Sentespri a, paske sa te petèt sove lavi m.

Kisa nou konnen apwopo Sentespri a

Anvan n al pi lwen nan kesyon “Kijan Sentespri a ede nou?” an, annou repase kèk nan sa Senyè a te revele osijè Sentespri a. Gen anpil verite etènèl nou ka konsidere, men jodia m ap souliyen twa sèlman.

Premyèman, Sentespri a se twazyèm manm Divinite a. Nou aprann verite sa a nan premye atik lafwa a: “Nou kwè nan Bondye, Papa Etènèl la, ak Pitit Gason li a, Jezikri, ak Sentespri a.”2

Dezyèmman, Sentespri a se yon pèsonaj lespri, jan yo dekri l nan ekriti modèn yo: “Papa a gen yon kò chè ak zo moun ka touche menm jan avèk pa lòm nan; Pitit Gason an tou; Sentespri a pa gen yon kò chè ak zo, sepandan li se yon pèsonaj lespri. Si se pa t sa, Sentespri a pa t ap kapab rete andedan nou.”3 Sa vledi Sentespri a gen yon kò lespri, ki pa menmjan ak kò Bondye Papa a ak Jezikri, ki yomenm gen kò fizik. Verite sa a klarifye lòt non yo bay Sentespri a ke nou tout konnen yo, pami yo, Espri Sen, Espri Bondye, Espri Senyè a, Sentespri Pwomès la, ak Konsolatè a.4

Twazyèmman, nou resevwa don Sentespri a pa enpozisyon men. Òdonans sa a, ki suiv batèm nan, kalifye nou pou n gen konpayi Sentespri a tout tan.5 Pou akonpli òdonans sa a, detantè Prètriz Mèlkisedèk ki diy mete men sou tèt moun nan,6, yo site non li, ak ki otorite prètriz yo detni, epi, nan non Jezikri, yo konfime l kòm manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, epi yo repete fraz enpòtan sa a: “Resevwa Sentespri a.”

Kijan Sentespri a ede nou?

Ak senp repase sou twa verite kle sa yo sou Sentespri a, n ap retounen nan premye kesyon nou an: “Ki fason Sentespri a ede nou?”

Sentespri a avèti nou

Jan m te dekri nan eksperyans anfans mwen an, Sentespri a kapab ede nou nan avèti nou alavans sou danje fizik ak spirityèl. M te aprann enpòtans wòl avètisman Sentespri a ankò pandan m t ap sèvi nan Prezidans Entèrejyon an nan Japon.

Nan epòk sa a, m te travay kolesere avèk Prezidan Reid Tateoka, prezidan Misyon Seindai a nan Japon. Selon abitid woutin nòmal misyon an, Prezidan Tateoka te planifye yon reyinyon pou misyonè ki te lidè zòn yo nan pati sid misyon l lan. Kèlke jou anvan reyinyon an, Prezidan Tateoka te resevwa yon enpresyon, yon santiman nan kè l, pou l te envite tout misyonè nan zòn sid yo nan reyinyon lidèchip la, olye de ti kantite èldè ak sè ki te lidè yo te prevwa yo.

Lè l te anonse entansyon li, yo te raple l ke reyinyon sa a se pa t pou tout misyonè men sèlman pou misyonè ki te lidè yo. Men, li te mete tout abitid woutin yo akote pou l te suiv enspirasyon l te resevwa a, epi l te envite tout misyonè ki t ap sèvi nan plizyè nan vil kotyè yo, enkli vil Fukushima a, pou yo te vini nan reyinyon an. Nan jou reyinyon an, 11 Mas  2011, misyonè yo te reyini ansanm pou gwo reyinyon misyonè sa a andedan vil Koriyama a.

Pandan reyinyon sa a t ap fèt la, yon tranblemandtè 9.0 ak yon tsunami te frape zòn Japon kote Misyon Sendai la te lokalize a. Trajiman, anpil vil kotyè—enkli vil kote misyonè yo te abite yo—te devaste epi anpil moun te pèdi lavi yo. Epi, vil Fukishima a te soufri anba yon gwo pwoblèm nikleyè apresa.

Malgre chapèl kote misyonè yo te reyini jou sa a te sibi domaj anba tranblemandtè a, palefèt ke yo te suiv chichotman Sentespri a, Prezidan Tateoka ak Sè Tateoka ak tout misyonè yo te an sekirite. Yo te alabri nan yon zòn ki te a plizyè kilomèt byen lwen devastasyon tsunami an ak kontaminasyon nikleyè a.

Si nou suiv enspirasyon Sentespri yo—enpresyon ki pi souvan trankil e kalm—san nou pa menm konnen, n ap kapab epanye anba danje spirityèl ak tanporèl.

Frè m ak sè m yo, Sentespri a ap ede nou nan ba nou avètisman, jan L te fè pou papa m ak Prezidan Tateoka a.

Sentespri a rekonfòte

Pou kontinye reponn kesyon “Kijan Sentespri a ede nou?” an, annou eksplore wòl Li kòm Konsolatè a. Evenman sanzatann nan lavi nou tout kapab lakoz tristès, doulè, ak desepsyon. Men, nan mitan eprèv sa yo, Sentespri a sèvi nou nan youn nan wòl enpòtan L yo—Konsolatè, ki se aktyèlman youn nan non Li. Pawòl pezib ak rasiran sa yo Jezikri te di yo dekri wòl sakre sa a: “M ap priye Papa a, epi Li va ba nou yon lòt Konsolatè, pou l ka rete avèk nou pou tout tan.”7

Pou ilistre sa pi byen, kite m pataje yon istwa vrè konsènan yon fanmi ki te gen senk pitit gason ki te demenaje soti Los Angeles, nan Kalifòni, Etazini pou yo t al abite nan yon ti vil sa gen kèk ane. De pi gran yo te kòmanse jwe espò nan lekòl segondè epi yo te antre an relasyon avèk anpil zanmi, lidè, ak antrenè—anpil ladan yo sete manm Legliz fidèl. Relasyon sa yo te ede mennen Fernando, pi gran an, ak youn nan ti frè l yo nan batèm.

Nan apre, Fernando te kite lakay li, pou l t al kontinye etid li ak jwe foutbòl nan inivèsite. Li te marye nan tanp avèk ti mennaj li depi lekòl segondè a, Bayley. Lè Fernando ak Bayley te fini etid yo, yo t ap tann nesans premye pitit yo a avèk enpasyans—yon tifi. Men, pandan fanmi yo t ap ede Fernando ak Bayley bwote retounen lakay yo, Bayley ak sè l la te pran nan yon gwo aksidan sou otowout la ki te enplike plizyè machin, epi trajikman, Bayley te mouri ansanm ak tipitit fi l ki potko fèt la.

Imaj
Fernando ak Bayley

Men, osi pwofon doulè Fernando te ye, ansanm ak doulè paran ak frè ak sè Bayley yo, se konsa gwo lapè ak rekonfò ki te vide sou yo imedyatman an te pwofon tou. Sentespri a, nan wòl li kòm Konsolatè a, te vrèman soutni Fernando atravè afliksyon tèrib sa a. Lespri a te kominike yon lapè konstan ki te mennen Fernando nan yon atitid padon ak lanmou anvè sila yo ki te enplike nan aksidan trajik sa a.

Paran Bayley te rele frè l la ki t ap sèvi kòm misyonè nan moman aksidan an. Li te dekri nan yon lèt kisa l te santi lè l te aprann nouvèl terib sa a apwopo sè l te renmen anpil l la: “Sa te etonan pou m te tande vwa nou si kalm nan mitan yon tanpèt konsa. M pa t konn sa pou m te di. … Tout sa m te ka panse sèke sè m nan pa t ap la lè m retounen. … Mwen te rekonfòte pa temwayaj enfayib nou sou Sovè a ak sou plan L lan. Menm espri dous sa a ki fè m prèske kriye lè m ap etidye ak anseye a te ranpli kè m. Lè sa a, m te rekonfòte e m te sonje bagay m te konnen yo.”8

Sentespri a ap ede no unan rekonfòte nou, jan l te fè pou fanmi Fernando ak fanmi Bayley a.

Sentespri a temwaye

Sentespri a temwaye tou epi Li rann temwayaj konsènan Papa a ak Pitit la ak tout verite.9 Pandan L t ap pale ak disip Li yo, Senyè a te di yo: “Men, lè Konsolatè a vini, ke m ap voye ba nou soti kot Papa a, … li va rann temwayaj konsènan mwen.”10

Pou m dekri wòl presye Sentespri a kòm temwen an, m ap kontinye avèk istwa Fernando ak Bayley a. Si nou sonje, m te di nou Fernando ak frè l la te batize, men paran li ak twa ti frè l yo pa t batize. E, malgre kantite envitasyon yo te resevwa pou yo te rankontre misyonè yo atravè ane yo, yo te refize chak fwa.

Lè Bayley te trajikman mouri ansanm ak tipitit pitit fi l la, fanmi Fernando te enkonsolab. Kontrèman ak Fernando ak fanmi Bayley, yo pa t jwenn okenn konsolasyon ni lapè. Yo pa t ka konprann kijan k fè pitit gason yo a, ansanm ak fanmi Bayley, te ka pote fado lou sa a.

Finalman, yo te rive nan konklizyon ke, sa pitit gason yo te posede e ke yo pa t genyen an, sete levanjil retabli Jezikri a, e siman se sa k te sous lapè ak rekonfè pou li a. Lè yo te reyalize bagay sa a, yo te envite misyonè yo pou te vin anseye fanmi an levanjil la. Kòm rezilta, yo te resevwa pwòp temwayaj pa yo sou gwo plan bonè a, ki te pote lapè dous ak rekonfò kalm yo te si dezesperaman ap chèche a.

Imaj
Batèm fanmi Fernando

De mwa apre lanmò Bayley ak ti pitit pitit fi yo a ki potko fèt la, paran Fernando ansanm ak de ti frè li te batize, konfime, epi yo te resevwa don Sentespri a. Ti frè Fernando a pa ka tann pou l batize lè l gen uitan. Yo chak temwaye ke Lespri, Sentespri a, te rann yo temwayaj konsènan verasite levanjil la, sa k te vin fè yo gen dezi pou yo te batize ak resevwa don Sentespri a.

Frè m ak sè m yo, Sentespri a ap ede nou kote l ap temwaye ba nou jan l te fè pou fanmi Fernando a.

Rezime

Annou rezime sa nou sot di yo kounyeya. Nou idantifye twa verite revele ki vin fè nou gen yon konesans sou Sentespri a. Verite sa yo sèke Sentespri a se twazyèm manm Divinite a, Sentespri a se yon pèsonaj lespri, epi don Sentespri a vini pa enpozisyon dè men. Nou idantifye twa repons pou kesyon “Kijan Sentespri a ede nou?” an tou. Sentespri a avèti, Sentespri a konsole, Sentespri a temwaye.

Diyite pou konsève don an

Pou noumenm k ap prepare pou batize ak konfime yo oubyen sa ki fèk sot batize ou menm sa ki te fè sa depi lontan yo, sa enpòtan, pou sekirite fizik ak spirityèl nou, ke nou konsève don Sentespri a. Nou kòmanse fè sa nan efòse n pou n kenbe kòmandman yo, fè priyè familyal ak endividyèl, li ekriti yo, ak chèche gen relasyon eman e padone fanmi nou ak moun nou renmen yo. Nou dwe kenbe panse nou, aksyon nou, ak langaj nou pwòp. Nou dwe adore Pè Selès la nan fwaye nou, legliz la, epi, kèlkeswa lè sa posib, nan tanp sakre a.Rete pre Lespri a, epi Lespri a ap rete pre nou.

Temwayaj

Kounyeya, m ap fini avèk yon envitasyon ak temwayaj sèten mwen. M envite nou pou nou pi totalman viv pawòl timoun Primè nou yo chante si souvan yo, pawòl m si y ap rekonèt: “Koute, koute. Sentespri a ap chichote. Koute, koute ti vwa dous piti a.”11

Chè frè m ak sè m yo, jèn ak granmoun, m ap ofri temwayaj mwen konsènan egzistans gloriye èd diven yo ki konpoze Divinite a—Bondye Papa a, Jezikri, ak Sentespri a. Mwen rann temwayaj ke youn nan privilèj nou jwi antanke Sen Dènye Jou k ap viv nan plenitid tan yo se don Sentespri a. M konnen Sentespri a ede e l ap kontinye ede nou. M ap ajoute temwayaj espesyal mwen konsènan Jezikri tou ak wòl Li kòm Sovè ak Redanmtè nou, e konsènan Bondye kòm Papa nou ki nan Syèl la. Nan non Jezikri, amèn.