2010–2019
“M ap kite lapè m pou nou”
Avril 2017


“M ap kite lapè m pou nou”

Lè L ta pral kite yo a, Senyè a te pwomèt disip Li yo lapè. Li fè nou menm pwomès la tou.

Chè sè m yo, nou te beni pa prezans Lespri Bondye a aswè a. Mesaj enspire dirijant sè sa yo te bay yo ak mizik la te fòtifye lafwa nou e ogmante dezi nou pou n kenbe alyans sakre nou te fè avèk Pè Selès eman nou an. Nou te santi yon ogmantasyon lanmou pou Senyè a, Jezikri, ak rekonesans pou don mèveye sakrifis ekspyatwa L la.

Mesaj mwen an se yon mesaj senp. Nou te santi lapè aswè a. Nou tout ta renmen pou n ta santi lapè sa a souvan andedan nou, nan fanmi nou, ak nan moun bò kote nou. Nan moman L ta pral kite yo a, Senyè a te pwomèt disip Li yo lapè. Li fè nou menm pwomès la tou. Men Li di L ap ba nou lapè nan fason pa Li, e non pa nan fason mond lan. Li dekri fason Li pou bay lapè a konsa:

“Men, Konsolatè a, ki se Sentespri a, Papa a ap voye nan non m nan, li va anseye nou tout bagay, epi fè nou sonje tout bagay, tout sa m te di nou .

“M ap kite lapè avèk nou, m ap ba nou lapè mwen; mwen pap ba nou nan jan mond lan bay li a. Pa kite anyen toumante nou, nou pa bezwen pè” (John 14:26–27).

Pitit gason Mozya yo te bezwen don lapè sa a lè yo te anbake nan misyon yo kay Lamanit yo. Avèk plis pase yon sèten enkyetid lè yo te mezire gwosè tach ki t ap tann yo a, yo te priye pou yo te jwenn asirans. Epi “Senyè a te vizite yo avèk Lespri l, e li te di yo: konsole nou, e yo te konsole” (Alma 17:10; gade Alma 26:27) tou.

Pafwa, nou gen dwa anvi gen lapè sa a lè n ap travèse ensètitid ak sa ki sanble pwoblèm k ap tann nou pi devan. Pitit Gason Mozya yo te aprann leson sa a Senyè a te anseye Mowoni an. Li se yon gid pou nou tout. “Si lèzòm vin jwenn mwen, m ap montre yo feblès yo. M bay lèzòm feblès pou yo kapab gen imilite; epi lagras mwen ase pou tout moun ki gen imilite devan m; paske, si yo gen imilite devan m, epi yo gen lafwa nan mwen, lè sa a m ap fè bagay ki fèb vin fò pou yo” (Etè 12:27).

Mowoni di lè l te “tande pawòl sa yo,” li “te jwenn rekonfò” (Etè 12:29). Yo ka yon rekonfò pou nou tout. Moun ki pa wè feblès yo pa ka pwogrese. Pran konsyans feblès nou se yon benediksyon, paske sa ede nou rete enb e sa fè nou toujou tounen vè Sovè a. Lespri a non sèlman rekonfòte nou men li se ajan ki fè Ekspyasyon an travay pou fè yon chanjman nan nati nou tou. Lè sa a bagay fèb yo vin fò.

Pafwa Satan ap gen pou l atake lafwa nou; sa rive tout disip Jezikri. Defans nou kont atak sa yo se kenbe Sentespri a kòm konpayon nou. Lespri a ap pote lapè nan nanm nou. L ap pouse nou pou n avanse ak lafwa. Epi l ap fè nou sonje moman kote nou te santi limyè ak lanmou Jezikri yo.

Kapasite pou nou sonje sa se youn nan don ki pi presye Lespri a ka ba nou. L ap “fè nou sonje tout sa [Senyè a] te di nou” (Jan 14:26). Se kapab souvni yon priyè ki te jwenn repons, yon òdonans prètriz nou te resevwa, yon konfimasyon temwayaj nou, oubyen yon moman kote nou te wè men Bondye k ap gide lavi nou. Petèt nan yon jou fiti, lè nou bezwen fòs, Lespri a va raple nou sa nou te santi yo nan reyinyon sa a. M priye pou sa ka fèt.

Youn nan souvni Lespri a souvan pote nan lespri m se souvni yon reyinyon sentsèn ki te fèt yon jou swa sa gen kèk ane, nan yon nan yon anga an metal nan Innsbruck, an Autriche. Anga a te anba yon wout tren. Te gen anviwon yon douzèn moun sèlman ki te prezan, ki te chita sou chèz anbwa. Pifò ladan yo sete fi, kèk jèn e kèk granmoun. M te wè dlo gratitid lè yo t ap distribye sentsèn nan bay ti kongregasyon sa a. M te santi amou Sovè a pou Sen sa yo, epi yo menm tou yo te santi l. Men mirak m sonje pi klè a sete limyè ki te sanble l te ranpli anga an metal sa a, ki te pote yon santiman lapè. Li te prèske lannuit epi pa t gen fenèt, men sal la te klere tankou solèy midi.

Limyè Sentespri a te eklatan e abondan jou swa sa a. Epi, fenèt ki te pèmèt limyè a antre yo sete kè enb Sen sa yo, ki te vin devan Senyè a pou chèche padon pou peche yo ak pou pran angajman pou yo toujou sonje Li. Sa pa t difisil pou n te sonje l lè sa a, epi, souvni eksperyans sakre sa a te rann pi fasil pou m te sonje Limenm ak Ekspyasyon L lan nan ane k te suiv yo. Jou sa a, pwomès ki nan priyè sentsèn nan ki di Lespri a ap avèk nou an te akonpli epi konsa, li te pote santiman limyè ak lapè.

Menmjan avèk nou, m rekonesan pou pil fason Senyè a vizite m avèk Konsolatè a lè m bezwen lapè. Men, Papa nou ki nan syèl la pa sèlman sousye pou rekonfò nou men Li menm sousye pi plis sou pwogrè n ap fè. “Konsolatè” a se sèlman youn nan fason yo dekri Sentespri a nan ekriti yo. Men yon lòt: “Epi kounyeya, anverite, anverite, m di ou, mete konfyans ou nan Lespri sa a ki dirije moun pou yo fè byen an” (D&A 11:12). Pi souvan, byen l ap mennen nou fè a enplike ede yon lòt moun resevwa rekonfò sa a nan men Bondye.

Nan sajès li, Senyè a mete nou ansanm nan òganizasyon ak nan klas andedan Legliz Li a. Li fè sa pou ogmante pouvwa nou pou fè byen. Andedan òganizasyon sa yo, nou gen tach espesifik pou n sèvi lòt moun pou Li. Paregzanp, si w se yon jènfi, evèk ou oubyen dirijan Jènfi a gen dwa mande w pou w ede yon Loreyòl ki vin tonbe nan sa nou pafwa rele “mwens aktif.” Ou gen dwa ka konnen l pi byen pase evèk la oswa dirijant Jènfi a. Ou petèt ka konnen ke l santi l twouble lakay li oswa nan lekòl li e petèt nan toulède kote sa yo. Dirijan w yo gen dwa pa konn poukisa yo santi yo pouse pou mande w pou w ede l la, men, Senyè a konnen, epi L ap dirije travay sa a atravè enspirasyon Lespri Li.

Pou w gen siksè nan efò w yo, sa ap mande yon mirak nan kè ou ak nan kè jènfi sa a yo te voye w al sekouri a—epi sa mande konpayi Sentespri a. Lespri a kapab pèmèt ou wè Loreyòl inaktif sa a jan Senyè a wè li. Senyè a konn kè li ak kè pa w, epi Li konn posiblite ki genyen pou kè chanje. Li ka vizite nou toulède avèk Lespri Li pou enspire imilite, padon, ak lanmou.

Lespri sa a ka enspire pawòl, aksyon, ak pasyans ki nesesè pou nenpòt nan nou envite yon brebi retounen nan twoupo a. Epi, Li ka touche kè twoupo nan klas Loreyòl la pou fè yo renmen ak akeyi brebi pèdi a, konsa, lè l retounen, li va santi l retounen lakay.

Pouvwa nou pou fè byen antanke yon gwoup pitit fi Bondye a ap depann, an gran pati, sou inite ak lanmou ki egziste nan mitan nou. Sa se yon lòt don lapè ki vini atravè Sentespri a.

Alma te konprann sa. Se poutèt sa li te plede ak pèp li a “pou pa t gen chirepit youn kont lòt, men okontrè, pou yo gade nan yon sèl direksyon, pou yo gen yon sèl lafwa, ak yon sèl batèm, pou yo gen kè yo makonnen ansanm nan inite ak lanmou youn pou lòt.” (Mozya 18:21).

Inite nesesè pou nou gen Lespri a nan klas nou ak nan fanmi nou. Men nou konnen apati eksperyans, jan m konnen an, ke inite lanmou sa a difisil pou kenbe. Sa mande pou n gen Sentespri a kòm konpayon pou louvri je nou ak tanpere santiman nou.

M sonje yon fwa yon tigason sèt oswa yuitan ki t ap sitèlman vole sou kabann nan ke m te panse li ta pral kase l. M te santi yon sèl kòlè, epi m te deplase toudenkou pou m t al mete lòd nan kay mwen. M te rale pitit gason m nan nan ti zepòl li yo epi m te leve l rive nivo kote je nou te rankontre.

Lespri a te soufle m kèk pawòl. Sete kòmsi yon ti vwa tou piti men ki te pèse kè mwen. “Se yon gwo moun ou kenbe la a.” M te remete l sou kabann nan tou dousman epi m te eskize m.

Kounyeya, li vin gwo moun Sentespri a te fè m wè sa gen 40 tan an. Mwen etènèlman rekonesan dèske Senyè a te sove m anba santiman endiy sa yo nan voye Sentespri a pou te fè m wè yon pitit Bondye jan L te wè li.

Inite n ap chèche nan fanmi nou ak nan Legliz la ap vini si nou kite Sentespri a enfliyanse sa nou wè lè nou youn ap gade lòt e menm lè nou youn ap panse ak lòt. Lespri a gade avèk amou pi Kris la. Koute pawòl Mòmon te itilize pou dekri charite. Panse sou moman kote ou te konn santi li:

“Charite gen pasyans, li janti, li pa gen anvi, li pa chaje avèk lògèy, li pa chèche enterè pa l, li pa fache fasil, li pa panse mal, li pa pran plèzi nan inikite, men, li pran plèzi nan verite, li sipòte tout bagay, li kwè tout bagay, li espere tout bagay, li andire nan tout bagay.

“Se poutèt sa, frè byenneme m yo [e m ap ajoute sè], si nou pa gen charite, nou pa anyen, paske charite pa janm peri. Se poutèt sa, apiye sou charite, ki se pi gwo don pase tout lòt, paske tout bagay gen pou peri—

“Men, charite se lanmou pi Kris la, e li dire pou tout tan; e nenpòt moun ki genyen l nan dènye jou a, l ap bon pou li.

“Se poutèt sa, frè [ak sè] byenneme m yo, priye Papa a avèk tout enèji kè nou, pou nou kapab chaje avèk lanmou l, li te devèse sou tout moun ki se vrè disip Pitit Gason li a, Jezikri; pou nou kapab vin tounen pitit gason [ak pitit fi] Bondye; pou lè l parèt, pou nou kapab tankou l, paske n ap wè l jan li ye a; pou nou kapab gen esperans sa a; pou nou pirifye menm jan li pi a” (Mowoni 7:45–48).

Sa se bi Papa nou ki nan syèl la genyen pou nou menm, pitit fi presye L yo. Sa ka sanble yon bi lwenten pou nou, men, nan pwendvi pa Li, nou pa si lwen pase sa. Konsa, Li vizite nou avèk Lespri Li pou rekonfòte nou, ankouraje nou, ak enspire nou pou nou kontinye avanse.

M ap kite nou avèk temwayaj sèten mwen ke Papa a konnen nou—Li konn bezwen nou e Li konn non nou—Li renmen nou epi L tande priyè nou. Pitit Gason Byeneme L la envite nou pou nou vin jwenn ni. Epi Yo voye Sentespri a pou ede nou nan efò nou pou sèvi lòt moun pou Yo a.

Gras ak Ekspyasyon Jezikri a, konpayi konstan Sentespri a ap gen yon efè sanktifyan ak pirifyan sou lespri nou. Lè sa a, n ap santi lapè Sovè a te pwomèt Li t ap kite pou disip Li yo. Ak lapè sa a, n ap vin gen yon bèl esperans ak yon santiman limyè ak lanmou ki soti kot Papa ak Pitit Gason byeneme L la, ki ap dirije wayòm ni an sou tè a atravè revelasyon Li bay pwofèt vivan L lan. Konsènan sa m temwaye nan non Senyè a, Jezikri, amèn.